Vini, Suiv Mwen
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Kay Izrayèl la


“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Kay Izrayèl la,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“Kay pèp Izrayèl la,” Vini, Suiv mwen: 2026

senbòl panse

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

Kay Izrayèl la

Yon kote nan dezè sou lès Kanaran an, ak anksyete, Jakòb te rete ap tann pou l te rankontre avèk frè marasa l la, Ésaü. Dènye fwa Jakòb te wè Ésaü, sa te gen 20 tan, Ésaü te fè l menas pou l te touye l. Jakòb te pase tout nuit la ap lite nan dezè a, pou l chèche yon benediksyon nan men Bondye. Kòm rezilta lafwa, pèsistans ak detèminasyon Jakòb, Bondye te reponn priyè li. Lannuit sa a, yo te chanje non Jakòb pou Izrayèl, yon non ki vle di, pami lòt bagay, “ou goumen ak Bondye” oswa pèsevere ak Bondye (Jenèz 32:28, referans b).

Rivyè Jabòk

Tou pre Rivyè Jabòk la, Jakòb te resevwa non Izrayèl la.

Se premye fwa non Izrayèl la parèt nan Bib la, epi se yon non ki pèsevere atravè liv la ak atravè tout listwa. Non sa a te vin byen vit fè referans ak plis pase yon sèl lòm. Izrayèl te gen 12 pitit gason, epi kolektifman, desandan yo te vin pote non “kay Izrayèl,” “tribi Izrayèl,” “pitit Izrayèl,” oubyen “Izrayelit yo.”

Atravè tout listwa, pitit Izrayèl yo te atache gwo siyifikasyon a desandans yo ki soti nan youn nan douz tribi Izrayèl yo. Lineyaj yo te yon pati enpòtan nan idantite alyans yo. Apot Pòl te pwoklame ke l te fè pati “tribi Benjamen an” (Women 11:1). Youn nan rezon ki fè Leyi te voye pitit gason l yo Jerizalèm pou yo t al chèche plak eren yo sete paske plak yo te gen “yon jenealoji zansèt li yo” (1 Nefi 5:14). Leyi te aprann li te yon desandan Jozèf, epi paske posterite li te konnen koneksyon yo avèk kay Izrayèl la, sa te vin enpòtan pou yo nan ane ki te vini apre yo.

Nan Legliz la jodia, ou ka tande pale de Izrayèl nan ekspresyon tankou “rasanbleman Izrayèl.” Nou chante sou “Redanmtè Izrayèl,” “Espwa Izrayèl,” ak “Ansyen Izrayèl.” Nan ka sa yo, nou pap pale oubyen chante sèlman sou ansyen wayòm Izrayèl la oubyen nasyon modèn ki rele Izrayèl la. Okontrè, nou fè referans a moun ki ap rasanble soti nan pami tout nasyon nan mond lan pou vin nan Legliz Jezikri a. Nou fè referans a moun ki pèsevere avèk Bondye, k ap chèche benediksyon l yo avèk senserite, epi ki, atravè batèm vin tounen pèp alyans Li a. Nan pawòl Prezidan Russell M. Nelson, pou nou fè pati Izrayèl vle di “bay priyorite nan lavi nou, … pou kite Bondye vin enfliyans ki pi puisan nan lavi nou.”

Benediksyon patriakal ou deklare koneksyon ou nan youn nan tribi kay Izrayèl la. Sa plis pase yon pyès enfòmasyon enteresan sou istwa familyal. Li gen pou l wè avèk prezan ou ak fiti w tou. Fè pati kay Izrayèl la vledi ke w gen yon relasyon alyans avèk Pè Selès la ak Jezikri. Sa vledi ke oumenm, menmjan ak Abraram, dwe yon “benediksyon” pou pitit Bondye yo (Jenèz 12:2; Abraram 2:9–11). Sa vledi, daprè pawòl Pyè yo, ke “nou se yon ras Bondye chwazi, yon pretriz wayal, yon nasyon k ap viv apa pou Bondye, yon pèp pa li. Li fè tout sa pou n te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè a” (1 Pyè 2:9). Sa vle di pou ou “bay Bondye priyorite”—ke w se moun k ap “pèsevere avèk Bondye” pandan w ap onore alyans ou fè avèk Li.

ab familyal

Ab Jeneyalojik Jakòb (Izrayèl) , pa Brent Evans

Nòt

  1. Gade tou Jenèz 32:24–32. Gen lòt siyifikasyon pou non Izrayèl la, san wete “Bondye dirije,” “Bondye goumen oswa pèsevere,” ak “Bay Bondye priyote.”

  2. Gade Alma 26:36; 3 Nefi 20:25.

  3. Cantiques (1985), nos. 5, 169202.

  4. Russell M. Nelson, “Bay Bondye Priyorite,” Liahona, Nov. 2020, 92.