Vini, Suiv Mwen
30 Mas–5 Avril. “L ap Ranpòte Viktwa Sou Lanmò”: Pak


“30 Mas–5 Avril. ‘L ap Ranpòte Viktwa Sou Lanmò‘: Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“30 Mas–5 Avril. ‘L ap Ranpòte Viktwa Sou Lanmò‘: Pak’” Vini, Suiv Mwen: Ansyen Testaman 2026

Tonbo vid Jezi a

Ilistrasyon tonbo vid la

30 Mas–5 Avril: “L ap Ranpòte Viktwa Sou Lanmò”

Pak

Lavi Jezikri “se eleman santral tout istwa limanite” (“Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo,” ChurchofJesusChrist.org). Kisa sa vledi? An pati, li vledi ke lavi Sovè a enfliyanse destine etènèl chak moun ki te janm viv oubyen ki pral janm viv. Ou ta gendwa di tou ke Rezirèksyon Jezikri a, nan premye Dimanch Pak sa a, konekte tout pèp Bondye a atravè listwa: moun ki te fèt anvan Rezirèksyon Li an t ap rete tann li avèk lafwa (gade Jakòb 4:4), epi moun ki te fèt apre l yo voye je gade dèyè sou li ak lafwa. Pandan n ap li resi ak pwofesi Ansyen Testaman yo, nou pa janm wè non Jezikri, men nou wè prèv lafwa ansyen kwayan yo nan rete tann Mesi ak Redanmtè yo a. Konsa, noumenm ki jwenn envitasyon pou nou sonje L yo ka santi yon koneksyon avèk moun ki t ap tann Li yo. Paske vrèman Jezikri te pran “inikite nou tout sou do L (Ezayi 53:6; italik ajoute), epi “nan Kris tout moun pral jwenn lavi” (1 Korentyen 15:22; italik ajoute).

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Pwofèt ansyen ak modèn yo temwaye konsènan sakrifis ekspyatwa Sovè a.

Anpil pasaj nan Ansyen Testaman an pwente sou ministè ak sakrifis ekspyatwa Sovè a. Tablo anba la a gen lis sou kèk nan pasaj sa yo. Pandan w ap li vèsè sa yo, ki enpresyon w resevwa konsènan Sovè a?

Ansyen Testaman

Nouvo Testaman

Ansyen Testaman

Zakari 9:9

Nouvo Testaman

Matye 21:1–11

Ansyen Testaman

Zakari 11:12–13

Nouvo Testaman

Matye 26:14–16; 27:3–8

Ansyen Testaman

Ezayi 53:4 .

Nouvo Testaman

Matye 8:16–17; 26:36–39

Ansyen Testaman

Ezayi 53:7 .

Nouvo Testaman

Mak 14:60–61

Ansyen Testaman

Sòm 22:16

Nouvo Testaman

Jan 19:17–18; 20:25–27

Ansyen Testaman

Sòm 22:18

Nouvo Testaman

Matye 27:35

Ansyen Testaman

Sòm 69:21

Nouvo Testaman

Matye 27:34, 48

Ansyen Testaman

Sòm 118:22

Nouvo Testaman

Matye 21:42

Ansyen Testaman

Ezayi 53:9,12

Nouvo Testaman

Matye 27:57–60; Mak 15:27–28

Ansyen Testaman

Ezayi 25:8

Nouvo Testaman

Mak 16:1–6; Lik 24:6

Ansyen Testaman

Danyèl 12:2

Nouvo Testaman

Matye 27:52–53

Pwofesi ki anseye sou Sovè a menm pi abondan ak pi klè toujou nan Liv Mòmon an. Konsidere kijan lafwa w te fòtifye gras ak pasaj tankou sa yo: 1 Nefi 11:31–33; 2 Nefi 25:13; Mozya 3:2–11; Alma 7:10–13.

Pwofèt dènye jou yo kontinye rann temwayaj espesyal konsènan Jezikri ak misyon ekspyatwa L la. Pandan w ap koute konferans jeneral nan wikenn Pak sa a, pran nòt sou temwayaj konsènan Kris la ke w tande yo. Kisa vèsè sa yo anseye w konsènan Li?

senbòl seminè
Jezikri ofri m lapè ak lajwa.

Pak se yon tan kè kontan, paske se yon moman pou selebre Ekspyasyon ak Rezirèksyon Sovè a. Epoutan, menm pandan Pak, gen anpil moun ki pa santi yo kontan pou plizyè rezon. Kisa w ka fè pou w simaye lapè ak lajwa Sovè a pandan Pak sa a?

Yon ide se jwenn mesaj nan ekriti yo konsènan lapè ak lajwa Jezikri ofri a, tankou sa yo: Sòm 16:8–11; 30:2–5; Ezayi 12; 25:8–9; 40:28–31; Jan 14:27; 16:33; Alma 26:11–22. Konsidere kijan w ka pataje mesaj sa yo avèk lòt moun. Pou egzanp, petèt ou ta ka kreye kat Pak pou w pataje, ki baze sou mesaj sa yo. Priye pou w ka konnen kiyès ki bezwen resevwa salitasyon Pak ou a. Ou gendwa deside pataje mesaj ou yo sou rezo sosyal tou, kote anpil moun ka wè yo.

Kantik sou Kris la ak Rezirèksyon an, tankou “Chantons tous, pleins d‘allégresse!” (Cantiques, no. 121), ka ede nou tou santi lapè ak lajwa nan Pak tou. Chèche fraz nan kantik ki, nan opinyon pa w, kapte lajwa Pak la.

Gade tou Jeffrey R. Holland, “Pa tankou Mond lan Bay la,“ Lyawona, Me 2021, 35–38; Mak S. Palmer, “Lapenn nou an pral tounen kè kontan,“ Lyawona, Me 2021, 88–90.

Jezi ap akeyi Mari deyò tonb Li a

Poukisa w Ap Kriye, Simon Dewey (detay)

Akoz Ekspyasyon L lan, Jezikri gen pouvwa pou ede m simonte peche, lanmò, eprèv, ak feblès.

Men yon aktivite ki ka ede w wè pakèt benediksyon yo ki vini atravè Jezikri ak Ekspyasyon L lan. Li ekriti ki anba la yo konsènan sa Jezikri ede nou simonte. Eseye klase pasaj yo nan kategori sa yo: peche, lanmò, eprèv, ak feblès (kèk pasaj ka tonbe nan plis pase yon kategori). Pandan w ap li, ki enpresyon ou genyen sou pouvwa Sovè a?

Kijan ou ta eksplike yon zanmi ki pa yon Kretyen poukisa Jezikri enpòtan pou ou? Mesaj Èldè Ahmad S. Corbitt la “Èske ou konnen poukisa mwen kòm yon Kretyen Kwè nan Kris la?“ (Lyawona, Me 2023, 119–21) a ka ede.

Gade tou Reyna I. Aburto, “Tonb lan pa gen okenn viktwa,“ Lyawona, Me 2021, 85–87; Sijè ak Kesyon, “Ekspyasyon Jezikri,“ “Rezirèksyon,“ Bibliyotèk Levanjil.

Jezikri te peye pri final la pou sali mwen.

Kisa nou aprann nan vèsè sa yo konsènan pri Jezikri te peye pou sali nou: Ezayi 53:3–5; Mozya 3:7; Doktrin ak Alyans 19:16–19? Ki pri Pè Selès la te peye? (gade Jan 3:16).

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Lyawonamwa sa a ak revi Pou Fòs Jèn yo

senbòl seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Jezikri te soufri e mouri pou mwen.

  • Semèn Pak la se yon bon moman pou anseye timoun ou yo sou sa Sovè a te fè pou nou nan Jetsemane ak sou kwa a. Ou ta ka kòmanse pa montre yo foto ki anba yo epi kite yo pale sou sa k ap pase nan foto yo. Pandan pitit ou yo ap gade foto yo, ou ka li vèsè ki dekri evènman sa yo (gade Matye 26:36–46; 27:35–50; Lik 22:39–46; Jan 19:16–30). Timoun ou yo te ka endike detay yo nan foto yo ke yo tande nan vèsè yo.

imaj konpoze sou Jezi nan Jetsemane ak sou kwa a

Agoch: Kris la nan Jetsemane, pa Harry Anderson Adwat: Krisifiksyon an, pa Harry Anderson

  • Ki benediksyon nou resevwa akoz sakrifis Jezi a pou nou? Ede timoun ou yo chèche pawòl ak fraz ki reponn kesyon sa a nan Ezayi 53:4–12; Alma 7:11–13; ak Doktrin ak Alyans 19:16–19. Pataje youn ak lòt kijan ou santi ou konsènan Sovè a apre ou fin li ekriti sa yo.

Jezi te mouri epi Li te resisite pou mwen.

  • Ou ta ka itilize paj aktivite semèn sa a oswa lòt foto nan plan leson sa a pou rakonte timoun ou yo istwa Rezirèksyon an (gade tou “Jezi Resisite,“ nan Istwa Nouvo Testaman yo, 139–44). Apresa kite timoun ou yo repete istwa a ba ou.

  • Konsidere kijan w ap ede timoun ou yo jwenn lajwa nan Kris la pou Pak sa a. Pa egzanp, nou ta ka chante ansanm yon kantik favori sou Pak, tankou “Le Christ est Ressucité” (Cantiques, no. 122) oswa “Gethsemane“ (Bibliyotèk Levanjil). Pou jwenn lòt kantik sou Rezirèksyon an, ou ta ka gade nan endèsk liv Cantiques la ak nan Chants pour les Enfants. Oumenm ak timoun ou yo te kapab pataje youn ak lòt poukisa nou renmen chan sa yo ak fason nou santi n lè n ap chante yo. Kisa chante sa yo anseye nou konsènan Pè Selès la ak Jezikri?

Timoun yo ka santi Lespri a men yo gendwa bezwen èd pou yo rekonèt enfliyans li. “Anseye timoun yo sou diferan fason Lespri a kominike avèk nou. Ede yo rekonèt vwa Li lè L ap pale avèk yo. Sa ap prepare yo pou yo devlope abitid chèche ak aji sou revelasyon pèsonèl atravè tout lavi yo” (Anseye nan Fason Sovè a32). Pa egzanp, pandan w ap chante kantik konsènan Sovè a avèk timoun ou yo, gade foto Li, oubyen li istwa konsènan Li, pataje youn ak lòt santiman espirityèl ou genyen yo.

  • Bibliyotèk Levanjil la gen yon koleksyon videyo Pak ke timoun ou yo ka renmen. Petèt ou ta kapab kite yo chwazi youn pou yo gade. Mande yo kisa yo aprann konsènan Jezikri nan videyo a. Ou ta ka mande yo tou pou yo rezime mesaj videyo a nan yon fraz.

Pwofèt yo temwaye konsènan Jezikri a ak Ekspyasyon Li a.

  • Pandan w ap gade konferans jeneral ansanm avèk timoun ou yo nan fen semèn Pak sa a, ede yo remake lè temwayaj espesyal Sovè a rann temwayaj konsènan Rezirèksyon an. Petèt ou ta ka fè yon jwèt avèk sa—envite yo kanpe chak fwa yo tande mo tankou Pak oswa Ekspyasyon oswa Rezirèksyon. Pataje youn ak lòt poukisa nou rekonesan pou temwayaj pwofèt vivan yo konsènan Sovè a.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi an pou mwa sa a.

tablo Jezi apre Rezirèksyon an

Pou Objektif Sa a, pa Yongsung Kim havenlight.comImaj koutwazi

Paj aktivite Primè: Jezi te resisite pou mwen