“6–12 Avril. ‘Sonje jou sa a, nou te soti kite Lejip la’: Egzòd 7–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“6–12 Avril. ‘Sonje Jou Sa a, Jou Nou Te Soti Kite Lejip la,’” Vini, Suiv Mwen: Ansyen Testaman 2026
Ilistrasyon sou Moyiz ak Aawon nan lakou Farawon an, pa Robert T. Barrett
6–12 Avril: “Sonje Jou Sa a, Jou Nou Te Soti Kite Lejip la”
Egzòd 7–13
Plè apre plè te aflije Lejip men, Farawon te toujou refize libere Izrayelit yo. Epi malgre sa, Bondye te kontinye demontre pouvwa L ak bay Farawon an opòtinite pou l te aksepte lè Senyè di “se mwenm menm menm ki Senyè a vre” ak “pa gen tankou m sou tè a” (Egzòd 7:5; 9:14). Pandan tan sa a, Moyiz ak pèp Izrayèl yo te siman ap gade manifestasyon pouvwa Bondye pou yo, avèk etònman. Asireman, siy kontinyèl sa yo te konfime lafwa yo nan Bondye epi sa te fòtifye dispozisyon yo pou yo te suiv Pwofèt Bondye. Epi, apre nèf plè terib yo te echwe libere pèp Izrayèl la, sete dizyèm plè an—lanmò premyene yo, enkli premyene Farawon an—ki te finalman fini kaptivite a. Sa sanble l te byen mezire paske nan chak ka kaptivite spirityèl, gen reyèlman yon sèl mwayen pou chape. Se sèlman sakrifis Jezikri, Premyene a—san Anyo san fot la—k ap sove nou.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Egzòd 7–11
M ka chwazi asoupli kè m.
Chans pou nou, volonte w pa p janm osi dramatikman opoze ak volonte Bondye tankou Farawon an. Kanmèm, nou tout gende fwa kote kè nou pa dou jan l ta dwe ye an. Kisa ki atire atansyon w sou reyaksyon Farawon an kont plè ki nan Egzòd 7:14–25; 8:5–32; 9:1–26; 10:12–29; 12:29–33? Remake klarifikasyon ki nan tradiksyon Egzòd 7:3, 13; 9:12 Joseph Smith yo.
Poukisa “di” se yon bon deskripsyon pou kè Farawon? Ann konsidere kisa ou aprann nan vèsè sa yo konsènan yon kè ki dou: 1 Nefi 2:16; Mozya 3:19; Alma 24:7–8; 62:41; Etè 12:27. Pandan w ap li sou konsekans kè di Farawon an, medite sou kondisyon kè pa w. Ki chanjamn ou enspire pou w fè?
Egzòd 12:1–42
Jezikri kapab sove m poutèt Ekspyasyon L lan.
Sèl fason pou Izrayelit yo te epaye anba dizyèm plè a, ki dekri nan Egzòd 11:4–5la, sete pou yo te presizeman suiv enstriksyon Senyè a te bay Moyiz nan Egzòd 12yo, yon seremoni ki pote non Pak. Pak la anseye nou atravè senbòl yo ke menmjan Senyè a te delivre Izrayelit yo anba esklavaj nan Lejip la, Li ka delivre nou anba esklavaj peche tou. Pou eksplore senbòl sa a nan Egzòd 12:1–42, ou ta ka itilize yon tablo tankou sa a:
|
Senbòl |
Siyifikasyon posib |
Mesaj Bondye ban mwen |
|---|---|---|
Senbòl Kòmansman mwa yo (vèsè 2; Senyè a te kòmande Izrayelit yo pou yo itilize evènman sa a pou make kòmansman kalandriye yo). | Siyifikasyon posib Se te yon nouvo kòmansman pou pèp Izrayèl la. Yo te dwe “fèt ankò.” | |
Senbòl Ti mouton an (vèsè 3–5). | Siyifikasyon posib Gade Jan 1:29; 6:54; 1 Pyè 1:19. | |
Senbòl San ti mouton an sou pòt yo (vèsè 7, 13, 23). | Siyifikasyon posib Gade nan Mozya 4:2; Revelasyon 12:11. | |
Senbòl Pen san ledven (vèsè 8, 15, 19–20). | Siyifikasyon posib Ledven, oswa levi, kapab yon senbòl nan koripsyon paske li gate fasil. Gade Matye 16:6–12; Jan 6:35. | |
Senbòl Fèy anmè (vèsè 8). | Siyifikasyon posib Pou raple kijan peche ak kaptivite anmè. Gade Egzòd 1:14; Moyiz 6:55. | |
Senbòl Manje prese prese, tou abiye pou ale (vèsè 11). | Siyifikasyon posib Yon senbòl ijans pou kite kaptivite peche. Gade Jenèz 39:12; 2 Timote 2:22. | |
Senbòl Destriktè a (vèsè 13, 23). | Siyifikasyon posib | |
Senbòl Izrayelit yo te libere (vèsè 29–32). | Siyifikasyon posib | |
Kisa w jwenn ankò nan enstriksyon ak senbòl Pak yo ki raple w de Jezikri ak Sakrifris Ekspyatwa L la? Kisa sijesyon senbòl sa yo ba ou konsènan fason pou w resevwa benediksyon Sakrifis Ekspyatwa yo?
Vin jwenn Kris la lè nou idantifye senbòl ki temwaye de Li. “Tout bagay,” Senyè a te deklare, “te kreye ak fèt pou rann temwayaj konsènan mwen” (Moyiz 6:63; gade tou 2 Nefi 11:4). Nan Egzòd 12, senbòl tankou yon ti mouton, san, pen san ledven, mirak, ak delivrans tout pwente nou sou Kris la. “Yon fwa nou fin konprann fason senbòl sa yo gen rapò avèk Sovè a, yo ka anseye nou sou pouvwa Li ak kalite Li” (Anseye nan Fason Sovè a, 7).
In Remembrance of Me [Pou Nou Ka Sonje M], pa Walter Rane
Egzòd 12:14–17, 24–27; 13:1–16
Sentsèn nan ede m sonje delivrans mwen atravè Jezikri.
Sovè a te kòmande Izrayelit yo pou yo obsève fèt Pak la chak ane pou ede yo sonje Li te delivre yo, menm apre kaptivite yo te vin yon memwa byen lwen. Pandan w ap li enstriksyon L yo nan Egzòd 12:14–17, 24–27; 13:1–16, panse sou sa w ap fè pou w sonje benediksyon Bondye ba ou yo. Kòman w ka prezève souvni sa a “atravè jenerasyon w yo”? (gade nan Egzòd 12:14, 26–27).
Ki similarite ou wè ant bi fèt Pak la ak Sentsèn nan? Kisa w ka fè pou w “toujou sonje” Jezikri? (Mowoni 4:3; 5:2).
Epi tou, ou ta ka medite sou lòt bagay Senyè a vle pou w sonje; gade, paregzanp, Elaman 5:6–12; Mowoni 10:3; Doktrin ak Alyans 3:3–5, 10; 18:10; 52:40.
Gade tou Kevin W. Pearson, “Èske ou toujou vle?,” Liahona, Nov. 2022, 67–69; “Toujou sonje Li” (videyo), Libreri Levanjil; “En souvenir de Jésus-Christ,” Cantiques, no. 114.
Always Remember Him
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak Pou fòs jèn yo .
Ide pou Anseye Timoun yo
Egzòd 7–11
Senyè a gen pouvwa sou tout bagay.
-
Plè yo te dekri nan Egzòd 7–11 te montre Ejipsyen yo ak Izrayelit yo ke Senyè a gen gwo pouvwa. Senyè a ap ede timoun ou yo pandan tout lavi yo lè yo gen lafwa nan pouvwa Li. Pou ede yo aprann nan istwa sa a, ou ta ka bay chak timoun yon papye divize nan 10 seksyon, epi envite yo pou yo desine foto kalamite ki dekri nan vèsè sa yo: Egzòd 7:17–18; 8:1–4; 8:16–17; 8:20–22; 9:1–6; 9:8–9; 9:22–23; 10:4–5; 10:21–22; 11:4–7 (gade tou “Plè Ejip yo” nan Istwa Ansyen Testaman yo, 67–69). Li ansanm Egzòd 7:5 ak 9:14 pou eksplike poukisa Senyè a te voye plè yo bay Lejip.
2:3The Plagues of Egypt
-
Pataje ak timoun ou yo kijan Senyè a te montre w “ke pa gen okenn tankou [L] sou tout latè” (Egzòd 9:14). Kite timoun yo pataje kijan yo fè konnen Senyè a puisan.
Egzòd 8:28–32; 9:7
Senyè a ka ede m gen yon kè adousi.
-
Pou ede timoun ou yo vizyalize sa sa vle di pou yon moun gen yon kè ki dou, li ta ka yon plezi pou w montre yo yon objè ki di, tankou yon wòch, ak yon lòt ki dou epi ki absòbe, tankou yon eponj. Ou ta ka vide dlo sou objè sa yo pou demontre kijan li fasil pou yon kè ki mou resevwa pawòl Senyè a. Apresa, ou ta ka li ansanm kèk vèsè ki dekri kijan Farawon te reponn kont plè Senyè a te voye (gade Egzòd 8:28–32; 9:7). Kiyès nan objè sa yo ki pi byen reprezante kè Farawon an oswa atitid li? Kisa sa vledi pou n gen yon kè adousi? (gade nan Mozya 3:19).
-
Oumenm ak pitit ou te kapab fè yon lis kèk aksyon ki ta ka montre lè nou gen yon kè di (pa egzanp, lè l sèvi avèk move pawòl oswa yo pa dispoze pataje). Kijan nou ka montre Senyè a ke nou vle gen kè ki adousi?
Egzòd 12:1–13
Sentsèn nan ka ede m sonje Jezi.
-
Fèt Pak la te anseye Izrayelit yo pou yo vire gade Sovè a ak sakrifis Li a pou nou. Pandan w ap eksplore Egzòd 12:1-13 ansanm, ede timoun ou yo wè koneksyon ant detay fèt Pak la ak Ekspyasyon Jezikri a (gade tou “Pak” nan Istwa Ansyen Testaman, 70–74). Pa egzanp, kijan Jezi tankou ti mouton yo dekri nan vèsè 5la?
2:54The Passover
-
Jodi a, nou pran sentsèn pou nou sonje sakrifis Jezi a. Ou ka montre pitit ou yon foto Sentsèn nan epi pale sou kijan òdonans sa a ede nou sonje Jezikri. Ou ka ede pitit ou yo jwenn mo “sonje” nan priyè Sentsèn yo (gade Mowoni 4–5). Oubyen chante ansanm yon kantik prefere nou sou sentsèn nan, epi ede timoun ou yo remake santiman lapè yo genyen lè yo reflechi sou Sovè a. Kijan nou kapab chèche santiman sa a lè nou pran Sentsèn la?
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.