Doctrine and Covenants 2025
1–7 Septanm: “Pou Sali Siyon”: Doktrin ak Alyans 94–97


“1–7 Septanm: ‘Pou Sali Siyon’: Doktrin ak Alyans 94–97,” Vini Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 94–97,” Vini Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Tanp Kirtland nan

Tanp Kirtland, pa Al Rounds

1–7 Septanm: “Pou Sali Siyon”

Doktrin ak Alyans 94-97

Lè Senyè a te kòmande Moyiz pou l te bati yon tabènak la, Li te di Moyiz pou l te “fè tout bagay selon modèl yo te montre [li] sou montay lan” (Ebre 8:5; gade tou Egzòd 25:8–9 Tabènak la te dwe rete nan mitan kan Izrayèl la nan dezè a (gade nan Resansman 2:1–2

An 1833, Senyè a te kòmande Joseph Smith pou l bati tanp yo “pa selon modèl mond lan” men pito “selon fason ke mwen pral montre w” (Doktrin ak Alyans 95:13–14; gade tou 97:10). Tankou tabènak la nan dezè a, tanp lan te dwe vin yon eleman santral nan Kirtland (gade Doktrin ak Alyans 94:1).

Jodia, tanp yo tout kote nan mond lan. Menm si tyo -pa nan mitan vil nou yo, yo dirije nou sou kote Kris la, ki t a dwe sant lavi nou. Malgre chak tanp diferan nan aparans, andedan yo nou aprann menm modèl diven an—yon plan selès pou mennen nou tounen nan prezans Bondye. Òdonans ak alyans sakre yo konekte nou avèk Kris la epi ede nou bati lavi nou ak fòtifye fanmi nou “non pa dapre modèl mond lan” men dapre modèl Bondye montre nou an.

Gade Les Saints, 1:169–70; “Une Maison de Dieu,” nan Révélations dans leur contexte , 165–73.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 94; 97:10–17

Mwen ka “totalman konsakre a Senyè a.”

Nan Doktrin ak Alyans 94, Senyè a bay enstriksyon osijè konstwi batiman administratif nan Kirtland—yon biwo ak yon enprimri. Kisa ki enpresyone w nan sa Senyè a di apwopo batiman sa yo nan Doktrin ak Alyans 94:2-12? Kijan l ka konpare avèk sa Senyè a di apwopo tanp la nan 97:10-17?

Kisa sa vledi pou ou pou w “totalman konsakre a Senyè a”?

Doktrin ak Alyans 95

Senyè a chatye moun Li renmen.

Lè revelasyon nan seksyon 95 la te resevwa, anviwon senk mwa te pase depi Senyè a te kòmande Sen yo pou yo te bati yon kay Bondye (gade Doktrin ak Alyans 88:117, 19)—epi yo potko kòmanse. Remake kijan Senyè a te korije yo nan revelasyon sa a. Ou ta ka menm fè yon lis sou prensip ou jwenn pou korije nan fason enspire yo. Kisa w aprann sou Sovè a nan fason Li te korije Sen L yo?

Gade tou Doktrin ak Alyans 121:43–44; D. Todd Christofferson, “As Many as I Love, I Rebuke and Chasten,” Liahona, Me 2011, 97–100.

8:40

Bondye renmen pitit Li

Doktrin ak Alyans 95:8, 11–17; 97:10–17

senbòl seminè
Tanp lan se kay Senyè a.

Apre yo te fin blame yo paske yo pa t bati yon kay pou Senyè a nan Kirtland, dirijan Legliz yo te chwazi yon moso tè nan yon chan ble kote yo ta pral bati li. Hyrum Smith, frè pwofèt la, te imedyatman kouri al pran yon kouto digo epi l te kòmanse netwaye teren an. Li te di: “Na p prepare pou nou bati yon kay pou Senyè a, epi m detèmine pou se mwen ki premye ouvriye a” (nan Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 271, 273). Poukisa w panse Hyrum te si prese pou bati tanp lan? Medite sou sa pandan w ap li Doktrin ak Alyans 95:8, 11–17; 97:10–17 yo.

Nan epòk pa nou an, Senyè a “ap akselere vitès n ap bati tanp yo” (Russell M. Nelson, “Konsantre sou Tanp,” Liahona, Nov. 2022, 121). Si yon moun te mande w poukisa Legliz Jezikri a ap bati si anpil tanp konsa, kisa w t ap di li? Chèche repons posib nan:

5:41

What Is a Temple?

Ou ta ka konpare efò Sen yo pou bati Tanp Kirtland nan avèk efò w pou prepare eksperyans siyifikatif avèk Senyè a nan tanp. Kijan w ka montre menm santiman ijans Hyrum Smith te santi pou kay sakre Senyè a? Paregzanp, kisa w ta ka fè ki t ap sanble ak netwaye teren an, jan Hyrum te fè a? Ki sakrifis ou santi Senyè a vle pou w fè? (gade Doktrin ak Alyans 97:12.).

Gade tou Holy Temples on Mount Zion,” Hymns, no. 289; Sijè ak Kesyon, “Tanp,” Bibliyotèk Levanjil.

lamwason fèmye

Hyrum Smith k ap netwaye teren pou Tanp Kirtland nan.

Doktrin ak Alyans 97:8–9

“M ap aksepte yo.”

Panse a yon lè kote yo te aksepte w—oubyen pa t aksepte w—nan yon gwoup oswa yon ekip. Kijan sa sanble oubyen diferan avèk sa Doktrin ak Alyans 97:8- 9 la anseye apwopo kisa sa vledi pou Senyè a aksepte nou? Kisa w panse Senyè a ap eseye anseye w avèk metafò ki nan vèsè 9 la?

Gade tou Erich W. Kopischke, “Being Accepted of the Lord,” Liahona, Me 2013, 104–6.

Kreye yon anviwonman espirityèl pou aprantisaj ak ansèyman. “Sentespri a,” Jezi pwomèt, “ap anseye nou tout bagay” (Jan 14:26). Konsa, keseswa w ap aprann pou tèt pa w oubyen avèk lòt moun, fè sa vin yon priyorite pou w envite Lespri a. Mizik sakre, priyè, ak entèraksyon plen lanmou kapab ede kreye yon anviwonman pezib ak espirityèl kote Sentespri a kapab anseye w laverite.

Doktrin ak Alyans 97:18–28

Siyon se “moun ki gen kè pwòp.”

Pou Sen yo nan ane 1830 yo, Siyon sete yon lye. Nan revelasyon nan seksyon 97 la, Senyè a te elaji definisyon an pou dekri yon pèp—ki “gen kè pwòp” (vèsè 21). Pandan w ap li vèsè 18–28 yo, ou ta ka ranplase definisyon sa a lè w li mo Siyon an. Kisa sa vledi pou yon moun gen kè pwòp?

Gade tou Moyiz 7:18.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Liahona ak Pou Fòs Jèn yo.

senbòl 02 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 95:8; 97:10–17

Tanp lan se kay Senyè a.

  • Pou kèk enfòmasyon sou seksyon 95 ak 97 yo, ou ta ka pataje avèk timoun ou yo “Tanp Kirtland nan” nan Istwa Doktrin ak Alyans pou Jèn Lektè yo (Bibliyotèk Levanjil; gade tou Les Saints, 1:210). Timoun yo ta ka renmen pretann ke y ap ede bati tanp Kirtland nan (koupe bwa, kloure klou, pentire mi, etsetera). Ou ta ka montre yo yon foto Tanp Kirtland nan tou, tankou sa ki nan plan leson sa a, pandan w ap li Doktrin ak Alyans 95:8 pou anseye timoun yo poukisa Senyè a vle nou bati tanp.

1:17

The Kirtland Temple

  • Apre nou fin li ansanm Doktrin ak Alyans 97:15, 16, oumenm ak timoun yo ta ka pataje youn ak lòt poukisa tanp lan espesyal pou nou. Chante yon kantik ansanm pou ede timoun yo santi reverans pou kay Senyè a, tankou “Oh, j’aime voir le temple” (Chants pour les enfants 95). Poukisa tanp lan sakre?

Doktrin ak Alyans 97:1–2, 8–9, 21

Siyon se “moun ki gen kè pwòp.”

  • Pou ede timoun ou yo konprann kisa mo pur la ta ka vledi nan Doktrin ak Alyans 97:21 an, nou ta ka gade yon vè dlo pwòp ansanm epi ajoute yon bagay nan dlo a ki ap rann ni vin pa pwòp (tankou tè oubyen pwàv). Poukisa li enpòtan pou dlo rete pur? Apresa timoun ou yo ta ka li vèsè 21 epi mete dwèt yo sou mo purla. Kisa sa vledi pou kè nou pur? Vèsè 1–2 ak 8–9 yo ta ka bay kèk ide. Kijan Sovè a ede fè kè nou pur?

dlo sal ak dlo pwòp

Pè Selès la vle pou m gen kè pur.

Doktrin ak Alyans 97:8–9

Senyè a beni moun ki kenbe alyans yo avèk Li.

  • Èske timoun ou yo konnen ki alyans nou fè avèk Senyè a lè nou batize oubyen nan tanp lan? Panse pou w repase alyans sa yo avèk yo kote w ap li Mozya 18:9–10, 13 oswa Manyèl Jeneral, 27.2. Pataje youn ak lòt kijan n ap efòse nou pou nou “obsève alyans [nou] yo pa sakrifis” Doktrin ak Alyans 97:8).

  • Ou ta ka envite timoun yo desine foto sou sa Doktrin ak Alyans 97:9 la dekri yo. Pandan y ap pataje foto yo, di kijan Senyè a beni w paske w respekte alyans ou yo. Kijan benediksyon sa yo se tankou w se yon “fwi ki plante … nan yon bon tè”?

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

konstriksyon Tanp Kirtland nan

Konstriksyon Tanp Kirtland nan, tablo Walter Rane

paj aktivite pou timoun yo