“22–28 Septanm: ‘Lòd Pitit Gason Bondye a’: Doktrin ak Alyans 106–108,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 106–108,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
22–28 Septanm: “Lòd Pitit Gason Bondye a”
Doktrin ak Alyans 106–108
Sou premye koudèy, Doktrin ak Alyans 107 sanble sèlman se konsènan òganizasyon ofis prètriz yo an yon estrikti dirijan pou Legliz Senyè a. Nan moman premye revelasyon sa a te pibliye a, kantite manm yo nan Legliz la te depase kapasite kèk grenn dirijan li te genyen an plas. Souliye wòl ak responsablite yo pou Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, Swasanndis yo, evèk yo, ak prezidans kowòm yo te definitivman nesesè ak itil. Men gen plis toujou nan enstriksyon diven ki nan seksyon 107 la pase jis fason lidèchip Legliz la ta dwe òganize. Ladan, Senyè a anseye nou konsènan pouvwa ak otorite Li, “Prètriz Sent lan, dapre Lòd Pitit Gason Bondye a”” (vèsè 3). Rezondèt prètriz la se pou libere “tout benediksyon spirityèl yo nan legliz la” yon fason pou tout pitit Bondye yo ka “fè syèl yo louvri pou yo” epi “benefisye kominyon ak prezans Bondye Papa a, ak Jezi medyatè nouvo alyans lan” (vèsè 18–19). Nan anseye nou konsènan prètriz Li a, Sovè a ap anseye nou sou Limenm ak sou fason nou ka vin jwenn Li.
Gade “Rétablir l‘ordre ancien,” nan Révélations dans leur contexte, 208–12.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Senyè a sipòte mwen lè Li aple m pou m sèvi.
Nan Doktrin ak Alyans 106 ak 108, Senyè a te bay konsèy ak pwomès pou de manm ki te resevwa apèl pou sèvi nan Legliz Li a. Lè w ap etidye konsèy Li, ou gendwa reflechi konsènan pwòp opòtinite pa w pou sèvi Senyè a—petèt yon asiyasyon sèvis pastoral, yon apèl Legliz la, responsablite yo nan fanmi ou, oswa enspirasyon spirityèl yo pou fè byen.
Kisa w santi mesaj Senyè a ye pou ou nan chapit sa yo? Ki pasaj ekriti ki espesyalman siyifikatif pou ou? Men kèk pou w konsidere:
-
Kilè Senyè a te ba ou “gras [oswa èd divin] ak asirans” pou jwenn kapasite pou sèvi Li? (Doktrin ak Alyans 106:8).
-
Kisa w panse sa vledi pou fòtifye lòt moun “nan tout sa w ap fè”? (Doktrin ak Alyans 108:7).
Lè Eldè Carl B. Cook te resevwa yon asiyasyon difisil nan Legliz la, li te puize fòs nan eksperyans yon zansèt. Li konsènan sa nan mesaj li a “Sèvi” (Lyawona, Nov. 2016, 110–12). Konsidere ekri yon lèt pou ankouraje desandan ou yo—oswa oumenm alavni—pou aksepte opòtinite yo pou sèvi Senyè a. Enkli nan lèt ou an verite yo ou te aprann nan mesaj Èldè Cook la, Doktrin ak Alyans 106 ak 108, ak pwòp eksperyans pa w.
Gade tou Henry B. Eyring, “Mache avèk Mwen,” Lyawona, Me 2017, 82–85; Sijè ak Kesyon yo, “Sèvi nan Apèl Legliz la,” Bibliyotèk Levanjil; “Warren Cowdery” ak “‘Wrought Upon’ to Seek a Revelation,” nan Revelations en Context, 219–23, 224–28.
Doktrin ak Alyans 107:1–4, 18–20
Prètriz la se “dapre Lòd Pitit Gason Bondye a.”
Senyè a kòmanse “revelasyon Li sou prètriz” la (Doktrin ak Alyans 107, seksyon antèt) nan anseye nou non orijinal Prètriz Melkisedèk la (gade vèsè 1–4). Poukisa ou panse l enpòtan pou konnen sa? Kijan non sa a enfliyanse fason nou panse konsènan prètriz la?
Kenbe panse sa yo nan espri w pandan w ap li konsènan prètriz la, espesyalman nan vèsè 18–20. Kisa sa vledi pou “fè syèl yo louvri”? Kisa li vledi pou “benefisye kominyon ak prezans Bondye Papa a, ak Jezi”? Kijan pouvwa ak otorite prètriz Sovè a mete tout bagay sa yo disponib{ pou ou?
Gade tou Alma 13:2, 16; Doktrin ak Alyans 84:19–27.
Fokis sou Jezikri. “Genyen anpil bagay pou nou anseye konsènan levanjil retabli Jezikri a—prensip, kòmandman, pwofesi, ak istwa ekriti yo. Men, tout sa yo se branch menm pyebwa a, paske yo tout gen yon sèl objektif: pou ede tout moun vini jwenn Kris la epi pèfeksyone yo nan Li (gade Jawòm 1:11; Mowoni 10:32). Konsa, kèlkeswa sa w ap anseye a, sonje ke w ap reyèlman anseye konsènan Jezikri ak fason pou nou vin tankou Li” (Ansenye nan Fason Sovè a, 6). Pa egzanp, lè w ap anseye—ak aprann—konsènan prètriz la nan Doktrin ak Alyans 107, mande souvan, “Kisa n ap aprann konsènan Sovè a?”
Sèvitè Senyè yo “resevwa èd selon konfyans, lafwa, ak priyè Legliz la.”
Kisa ou panse li vledi pou sipòte sèvitè Senyè yo avèk konfyans ou? avèk lafwa? avèk priyè ou?
Gade tou “Dieu, veuille nous garder,” Cantiques, no. 9.
Doktrin ak Alyans 107:23–24, 33–35, 38, 91–92
Pwofèt yo ak Apot yo temwaye de Jezikri.
Joseph Smith te pataje seksyon 107 an 1835 avèk Kolèj Douz Apot yo ki te fèk aple yo (gade antèt seksyon an). Kisa Senyè a te anseye yo konsènan apèl yo nan vèsè 23–24, 33–35, 38 yo? Kijan temwayaj ou sou Jezikri te fòtifye pa ansèyman ak ministè Apot vivan Li yo?
Nan vèsè 91–92, Senyè a anseye konsènan Apot senyò Li a, Prezidan Legliz la. Kijan li se “tankou pou Moyiz”? (gade Gid nan Ekriti yo, “Moyiz,” Bibliyotèk Legliz).
Gade tou David A. Bednar, “Chwazi pou Rann Temwayaj de Non Mwen,” Lyawona, Nov. 2015, 128–31.
Doktrin ak Alyans 107:27–31, 85–89
Senyè a akonpli travay Li atravè konsèy yo.
Note kisa Senyè a te anseye konsènan konsèy yo nan Doktri ak Alyans 107:27–31, 85–89. Kisa ki yon konsèy efikas? Kijan ou ta ka aplike prensip sa yo nan apèl ou nan Legliz la, fwaye ou, oswa lòt responablite ou yo?
Gade tou M. Russell Ballard, “Konsèy Familyal,” Lyawona, Me 2016, 63–65; Manyèl Jeneral, 4.3–4.4, Bibliyotòk Levanjil la.
Senyè a envite fanmi yo pou fè konsèy ansanm.
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo a.
Ide pou Anseye Timoun yo
Jezikri beni mwen atravè pouvwa prètriz Li a.
-
Lè ou ak timoun yo ap li ansanm Doktrin ak Alyans 107:18–19, mete aksan sou fraz “tout benediksyon spirityèl yo.” Petèt oumenm ak timoun ou yo ta ka drese lis benediksyon ki soti nan prètriz la. Ou gendwa fè yon jwèt sou li—gade kiyès ki ka fè lis ki pi long nan. Timoun ou yo ta ka tou desinen oswa jwen imaj pou reprezante benediksyon sa yo (gade paj aktivitesemèn sa a). Ou ta ka apresa pale konsènan fason òdonans prètriz yo (tankou batèm oswa senstsèn nan) ede nou resevwa benediksyon Bondye yo.
Doktrin ak Alyans 107:21–26, 33–35, 91–92
Sèvitè Senyè a chwazi yo ap dirije Legliz Li a.
-
Chak piblikasyon konfernas nan Lyawona a enkli yon paj ki gen foto Otorite Jeneral yo. Konsidere gade foto sa yo avèk timoun ou yo lè n ap li konsènan responsablite yo nan Doktrin ak Alyans 107:21–26, 33–35, 91–92. Oumenm ak timoun ou yo ka pale konsènan rezon nou rekonesan ke Senyè a te ba yo responsablite sa yo.
-
Timoun ou yo ka aprann plis konsènan sèvitè Senyè yo nan “Lidèchip Jeneral Legliz la” nan ChurchofJesusChrist.org. Petèt chak nan timoun ou yo ta ka aprann konsènan youn nan dirijan sa yo epi anseye youn lòt konsènan li gason oswa fi. Pataje avèk youn lòt kijan ou konnen ke dirijan sa yo se vrè sèvitè Jezikri.
-
Apre nou li Doktrin ak Alyans 107:22 ansanm, oumenm ak timoun ou yo ta ka youn apre lòt yo leve yon foto Premye Prezidans la epi pataje fason nou ka soutni yo kòm Senyè a.
Premye Prezidans lan
Mwen ka fè atansyon nan viv alyans mwen yo.
-
Pou kòmanse yon konvèsasyon konsènan vèsè sa a, ou ta ka envite timoun ou yo pou fè yon bagay ki mande atansyon patikilye, tankou ranpli yon kèp san l pa ranvèse. Kisa k ap pase si nou pa fè atansyon? Apresa nou ta ka li Doktrin ak Alyans 108:3 pou jwenn kisa Senyè a vle pou nou fè avèk atansyon. Ki “sèman” (pwomès oswa alyans) nou fè avèk Bondye? Kijan nou kapab fè plis atansyon konsènan kenbe yo? Ou gendwa pataje pati nan mesaj Sè Becky Craven la “Atansyone oswa Neglijan” (Lyawona, Me 2019, 9–11) ke ou santi ki ta ka enspire timoun ou yo pou kenbe alyans yo. Ou ta ka chante avèk timoun yo yon chan konsènan kenbe alyans yo, tankou “Je serai vaillant” (Chants pour les enfants,, 85).
Vide dlo avèk atansyon ta ka konpare ak kenbe alyans nou yo avèk atansyon.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.