Doctrine and Covenants 2025
15–21 Septanm: “Apre Anpil Tribilasyon … Benediksyon an Vini””: Doktrin ak Alyans 102–105


“15–21 Septanm: “Apre Anpil Tribilasyon … Benediksyon an Vini””: Doktrin ak Alyans 102–105,” Vini Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 102–105,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Kan Siyon an

C. C. A. Christensen (1831–1912), Kan Siyon an,c. 1878, penti aluil tanpera sou twal mouslin, 78 × 114 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, kado pitit pitit C.C.A. Christensen yo, 1970

15–21 Septanm: “Apre anpil Tribilasyon … Benediksyon an Vini”

Doktrin ak Alyans 102–105

Sen nan Kirtland yo te gen kè brize lè yo te tande moun te chase frè ak sè nan Jackson County, Missouri yo sòti lakay yo. Sa te siman ankourajan, lè sa a, lè Senyè a te deklare ke “redanmsyon Siyon“ t ap “vini avèk pouvwa“ (Doktrin ak Alyans 103:15.). Avèk pwomès sa a nan kè yo, plis pase 200 gason ak anviwon 25 fi ak timoun te anwole nan sa yo te rele Kan Izrayèl la, ki te vin rele Kan Siyon nan apre. Misyon l sete pou l te mache al Missouri epi rachte Siyon.

Pou manm yo nan kan an, rachte Siyon te vledi retabli Sen yo nan teritwa yo. Men, prèske anvan yo te rive nan Jackson County, Senyè a te di Joseph Smith pou l te demobilize Kan Siyon an. Kèk manm nan kan an te nan konfizyon epi yo te fache; te sanble ke ekspedisyon an te echwe epi Senyè a pa t kenbe pwomès Li. Sepandan, kèk lòt te wè l nan yon fason diferan. Pandan ke Sen yo te egzile yo pa t janm te rejwenn tè yo ak kay yo, eksperyans la te pote yon degre “redanmsyon” pou Siyon, epi l te “vini avèk pouvwa.” Nan pami manm fidèl Kan Siyon yo, anpil te vin dirijan Legliz la nan apre, yo te temwaye ke eksperyans la te apwofondi lafwa yo nan pouvwa Bondye, nan apèl diven Joseph Smith, ak nan Siyon—non sèlman Siyon, andwa a, men Siyon, pèp Bondye a tou. Olye ke yo te kesyone enpòtans tach sa a ki te sanble l pa t reyisi a, yo te aprann ke vrè tach la se suiv Sovè a, menm lè nou pa konprann tout bagay. Se konsa Siyon pral rachte alafen.

Gade Les Saints, 1:194–206; “L’offrande acceptable du Camp de Sion,” nan Revelations dans leur contexte, 213–18.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 102:12–23

Ki objektif yon konsèy pou manm yo?

Seksyon 102 a genyen rapò sou reyinyon nan Kirtland, Ohio a, kote premye gran konsèy Legliz la te òganize a. Nan Vèsè 12–23, Senyè a dekri pwosedi ke gran konsèy yo suiv lè yo ap fè konsèy disiplinè pou moun ki te komèt transgresyon grav yo.

Prezidan M. Russell Ballard te anseye: “Pafwa, manm yo mande poukisa Legliz la fè konsèy disiplinè pou [manm yo]. Objektif la gen twa aspè: pou sove nanm transgresè a, pou pwoteje inosan an, epi pou sovgade pureté, entegrite ak renome Legliz la” (“Yon Chans pou Rekòmanse: Konsèy Disiplinè Legliz la ak Restorasyon Benediksyon,” Ensign, Sept. 1990, 15).

Gade tou Sijè ak Kesyon, “Konsèy pou Manm yo,” Bibliyotèk Levanjil la.

Doktrin ak Alyans 103:1–12, 36; 105:1–19

Se sèlman sou prensip jistis Siyon ka bati.

Poukisa Sen yo te pèdi tè pwomiz yo a nan Missouri? Gendwa te genyen anpil rezon—omwens youn, Senyè a te di, sete “transgresyon pèp mwen an.” Si se pa t pou sa, Siyon “te gendwa rachte” (Doktrin ak Alyans 105:2). Lè w ap li Doktrin ak Alyans 103:1–12, 36; 105:1–19, ou ka remake kèk bagay ki te anpeche etablisman Siyon nan Missouri a ak lòt bagay ki ta ka ede. Kisa w aprann ki ka ede w etabli Siyon nan kè w, fwaye, ak kominote w?

Doktrin ak Alyans 103:12–13, 36; 105:1–6, 9–19

senbòl seminè
Benediksyon yo vini apre lafwa nou fin epwouve.

Nan anpil fason, patisipe nan Kan Siyon an sete yon eprèv lafwa. Vwayaj la te long, tanperati a te cho, epi manje ak dlo te manke pafwa. Epi apre tout sa yo te andire, kan Siyon an te toujou pa reyisi retounen Sen yo sou tè yo. Imajine ke w te gen opòtinite pou w te ekri yon lèt voye bay yon manm kan Siyon an ki te gen lafwa l nan Senyè a akoz eksperyans li a. Kisa w ta ka di pou ankouraje moun sa a? Ki verite ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 103:5–7, 12–13, 36; 105:1–6, 9–19 yo ki ta ka ede?

Apresa ou gendwa reflechi konsènan yon egzanp ki pi modèn sou yon eprèv tankou Kan Siyon—tankou yon misyonè ki travay di, men pèsonn pa rantre nan Legliz la akoz efò li. Baze sou sa w etidye yo, kijan ou t ap ede misyonè sa a reyalize ke misyon li sete kanmèm yon siksè?

Kijan Senyè a te beni ou “apre anpil tribilasyon”? (Doktrin ak Alyans 123:12).

Gade tou 1 Nefi 11:16–17; Alma 7:11–12; Doktrin ak Alyans 6:33–36; 84:88; 101:35–36; David A. Bednar, “Sou Bò Senynè a: Leson yo apati Kan Siyon an,” Ensign, Jiyè 2017, 26–35, oswa Lyawona, Jiyè 2017, 14–23; Sijè ak Kesyon yo, “Andire jiska Lafen,” Bibliyotèk Levanjil la; “Quels Fondements fermes,” Cantiques, no. 42.

Prepare nan etidye kontèks istorik revelasyon yo. Konprann kontèks revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans yo gendwa ede w konprann ak aplike prensip yo anseye yo. Vini, Suiv Mwen founi lyen pou anpil nan resous sa yo. Pou Doktrin ak Alyans 102–5, gade Les Saints, 1:194–206; “Ofrann Akseptab Kan Siyon an,” nan Revelasyon nan Kontèks yo, 213–18; ak “Vwa sou Retablisman yo: Kan SIyon an.”

rivyè nan Missouri, USA

Jan Izrayèl la te tabli sou longè rivaj Rivyè Little Fishing lan.

Kisa rezondèt eprèv yo ye?

Konsidere konsèy Èldè Orson F. Whitney a konsènan rezondèt eprèv yo: “Pa gen okenn doulè ke nou soufri, pa gen okenn eprèv nou fè eksperyans ki gaspiye. Sa kontribye nan edikasyon nou, nan devlopman kalite tankou pasyans, lafwa, fòs moral ak imilite. Tout sa nou soufri ak tout sa nou andire, sitou lè nou andire l avèk pasyans, bati karaktè nou, pirifye kè nou, elaji nanm nou, epi rann nou pi sansib, e pi charitab, pi diy pou yo rele nou pitit Bondye… e se nan tristès ak soufrans, travay di ak tribilasyon ke nou jwenn edikasyon ke nou vin chèche isit la e ki ap fè nou pi sanble avèk Papa nou ak Manman nou ki nan syèl a” (nan Spencer W. Kimball, La Foi Précède Le Miracle [1972], 98).

Doktrin ak Alyans 104:11–18, 78–83

Senyè a te etabli m yon “entandan sou benediksyon tèrès yo.”

Anplis eprèv nan Missouri yo, an 1834, Legliz la te fè fas ak difikilte finansyè, ki enkli gwo dèt ak depans. Nan seksyon 104 la, Senyè a te bay konsèy sou sitiyasyon finansyè Legliz la. Kijan w ka aplike prensip ki nan vèsè 11–18 ak 78–83 yo nan desizyon finansyè pa ou?

Gade tou “Trezò nan Syèl la: Istwa John Tanner A” ak “Travay Men Li” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

20:32

Treasure in Heaven: The John Tanner Story

3:42

The Labor of His Hands

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo a.

senbòl 01 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 103:9

Mwen kapab vin “yon pou mond lan” nan suiv Jezi.

  • Ou ta ka envite timoun ou yo pou kenbe foto yon anpoul, yon bouji, oswa yon lòt sous limyè pandan w ap li Doktrin ak Alyans 103:9. Kijan nou ka yon limyè pou lòt moun lè nou suiv Jezikri? Gade tou “Brillant pour Lui” (Chants pour les Enfants, 38).

bouji ki limen

Mwen ka vin tankou yon limyè pou lòt yo lè mwen suiv Jezikri.

Doktrin ak Alyans 104:13–18

Senyè a vle m pataje sa m genyen avèk moun ki nan bezwen yo.

  • Ou gendwa vle pou bay timoun ou yo kèk minit pou fè yon lis benediksyon Bondye te ba yo (tankou manje, rad, talan yo, lafwa, ak yon fwaye). Ankouraje yo pou yo mete nan lis la otan yo kapab. Apresa, nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 104:13–18, pandan n ap chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kiyès ki vrè mèt tout bagay yo? Kisa Li vle nou fè avèk bagay sa yo? Ou ak timoun ou yo ta ka pataje eksperyans yo kote yon moun te ba yo yon bagay yo te bezwen (gade tou “The Coat” [videyo], Bibliyotèk Levanjil la).

    2:8

    The Coat

Doktrin ak Alyans 104:42

Senyè a ap beni m lè m obeyi kòmandman L yo.

  • Plizyè fwa nan seksyon 104 la Senyè a pwomèt “yon miltiplisite benediksyon” pou moun ki fidèl nan obeyi kòmandman Li yo. Pou ede timoun yo konprann kisa “miltiplisite” vledi, ou ta ka desinen yon wonn epi mande timoun ou yo pou ede ou miltipliye kantite wonn yo—nan desinen de, twa, kat, apresa yuit, apresat sèz, disèt, epi a kontinye. Chak fwa nou ajoute wonn yo, ede timoun ou yo panse a yon benediksyon Pè Selès la ba yo.

Doktrin ak Alyans 105:38–40

M ka yon atizan lapè.

  • Pou ede timoun ou yo aprann istwa Kan Siyon an, ou ta ka pataje “Chapit 36: Kan Siyon an” (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 135–39, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la). Poze peryodikman pou pale konsènan leson nou ka aprann nan Kan Siyon an—pa egzanp, ke Senyè a vle nou vin pasifikatè epi travay ansanm olye nou vye diskisyon ak goumen (gade tou Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Atizan Lapè,” Lyawona, Me 2023, 98–101).

  • Ou ta ka li tou Doktrin ak Alyans 105:38–40 epi mande timoun yo pou yo kanpe chak fwa yo tande mo “lapè” a. Eksplike ke Senyè a te vle pou Sen yo fè lapè avèk moun ki pa te janti yo. Ede timoun yo panse a kèk bagay yo kapab fè pou yo ka vin tounen atizan lapè, epi envite yo pou yo jwe senaryo sou kèk sitiyasyon.

4:25

The Camp of Israel

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

tablo sou Kan Siyon an

Kan Siyon (Kan Siyon nan Fishing River), tablo: Judith A. Mehr

paj aktivite pou timoun yo