“8–14 Septanm: ‘Rete trankil epi Konnen M se Bondye’: Doktrin ak Alyans 98–101,” Vini Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 98–101,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
C. C. A. Christensen (1831–1912), Moun k ap chase Sen yo soti nan Konte Jackson nan Missouri,c. 1878, penti sou twal mouslin, 77 ¼ × 113 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, kado pitit pitit C.C.A. Christensen yo, 1970
Doktrin ak Alyans 98—101: “Rete Trankil epi Konnen M Se Bondye.”
Doktrin ak Alyans 98–101
Pou Sen an 1830 yo, Independence, Missouri te literalman tè pwomiz la. Sete “lye santral” Siyon (Doktrin ak Alyans 57:3)—Site Bondye sou tè a—epi rasanbleman Sen yo kote sa a sete yon prelid eksitan pou Dezyèm Vini an. Men, vwazen yo nan kote sa a te wè bagay yo nan yon fason diferan. Yo te konteste deklarasyon ki te deklare ke Bondye te bay Sen yo peyi a, epi yo pa t santi yo konfòtab avèk konsekans politik, ekonomik, ak sosyal yon bann moun nan yon relijyon t ap pote si rapidman konsa. Enkonfò a te vin tounen pèsekisyon ak vyolans. An 1833, yo te detwi enprimri Legliz la, epi yo te fòse Sen yo kite kay yo.
Joseph Smith te nan yon distans plis pase 800 kilomèt nan Kirtland, epi sa te pran plizyè semèn pou l te resevwa nouvèl sa yo. Men, Senyè a te konnen sa k t ap pase a ,epi Li te revele Pwofèt Li a prensip lapè ak ankourajman ki t ap rekonfòte Sen yo—prensip ki ka ede nou tou lè nou devan pèsekisyon, lè bon dezi nou yo pa akonpli, oubyen lè nou bezwen sonje ke afliksyon n ap travèse chak jou yo ap vin finalman “travay ansanm pou byen [nou]” (Doktrin ak Alyans 98:3).
Gade Les Saints, 1:171–93; “Waiting for the Word of the Lord,” nan Revelations in Context, 196–201.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Doktrin ak Alyans 98:1–3, 11–14, 22; 101:1–16, 22–31, 36
Eprèv mwen yo ka travay pou byen mwen.
Se nou ki lakoz kèk nan afliksyon nou yo pa pwòp chwa nou fè. Gen kèk lòt ki rive akoz chwa lòt moun. Epi, pafwa, gen bagay ki senpleman rive ki fè pati mòtalite a. Kèlkeswa koz la, advèsite kapab ede ranpli bi diven yo si nou vire gade Bondye.
Sa te vrè pou Sen nan Missouri yo an 1833 a, epi sa vrè pou nou jodia. Pandan w ap li sa Senyè a te di Sen yo nan Doktrin ak Alyans 98 and 101 yo, medite sou fason mesaj Li a aplike pou kalite eprèv oswa difikilte varye nou ka ka rankontre yo. Men kèk kesyon ak resous pou ede ou.
Si yon eprèv se rezilta:
-
Chwa pèsonèl: Ki konsèy—ak pwomès—ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 98:11–12; 101:1–9? Kisa w aprann nan vèsè sa yo apwopo Pè Selès la ak Jezikri? Kisa w santi Bondye t ap vle pou w fè?
-
Chwa lòt moun: Ki rekonfò ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 98:1–3, 22; 101:10–16, 22? Kijan Senyè a vle pou nou reponn a abi, pèsekisyon, oswa vyolans? (Gade Èd pou Lavi, “Abi,” Bibliyotèk Levanjil, Sijè ak Kesyon, “Abi,” Bibliyotèk Levanjil.) Kisa vèsè sa yo anseye konsènan fason pou nou mete konfyans nou nan Senyè a?
-
Difikilte mòtalite yo: Ki pèspektiv ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 98:1–3; 101:22–31, 36 yo? Kisa w aprann apati eprèv ou yo? Kisa w ap fè pou w envite èd Bondye? Kijan L ap ede ou?
Pou w aprann plis sou fason Bondye ka fè “tout bagay ki te aflije nou … travay ansanm pou byen nou” (Doktrin ak Alyans 98:3), panse etidye mesaj Èldè Elder Anthony D. Perkins lan “Sonje Sen W Yo K ap Soufri yo, O Bondye nou” ((Liahona, Nov. 2021, 103–5). Ou ta ka chèche yon pasaj nan mesaj li a ki ede w konprann kijan Sovè a envite ou pou w konsidere pwoblèm ou yo. Nan ki fason eprèv ou yo travay ansanm pou byen ou oubyen akonpli objektif Bondye pou ou?
Gade tou Women 8:28; 2 Nefi 2:2; Doktrin ak Alyans 90:24; D. Todd Christofferson, “Vini nan Siyon,” Liahona, Nov. 2008, 37–40; “Eprèv Advèsite,” “Santi Lanmou ak Bonte Bondye nan Eprèv yo,” “Dife Rafinè a” (videos),.
Trial of Adversity
Feeling the Lord's Love and Goodness in Trials
The Refiner's Fire
Senyè a vle m chèche lapè nan fason pa Li.
Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Disip Jezikri yo dwe montre egzanp pou tout mond lan suiv. Mwen priye nou pou nou fè tout sa nou kapab pou mete fen a konfli ki aktyèlman ap fè raj nan kè nou ak nan lavi nou yo” (“Pouvwa Elan Espirityèl la,” Liahona, Me 2022, 97).
Menmsi se pa tout bagay nan Doktrin ak Alyans 98:23–48 la ki aplikab nan entèraksyon ou avèk lòt moun, ki prensip ou jwen ki ka gide w pou mete fen ak konfli pèsonèl nan lavi ou? Ou ta ka jwenn verite adisyonèl nan yon chan sou lapè ak padon, tankou “Truth Reflects upon Our Senses” (Hymns, no. 273).
Detay ki soti nan Kris la ak Jenòm Rich la, tablo Heinrich Hofmann.
Senyè a pran swen moun k ap sèvi Li.
Revalasyon nan seksyon 99 ak 100 yo te bay pou moun ki te gen responsablite enpòtan nan Legliz la men yo te konsène fanmi yo tou. Kisa w jwenn nan revelasyon sa yo ki ta ka ede yo? Ki mesaj Senyè a gen pou ou nan revelasyon sa yo?
Gade tou “Misyon John Murdock nan Missouri” nan “‘I Quit Other Business’: Early Missionaries” and “A Mission to Canada,” nan Revelations in Context, 87–89, 202–7.
Lè nou suiv konsèy Bondye, sa kenbe nou an sekirite.
Parabòl nan Doktrin ak Alyans 101:43–62 a eksplike poukisa Senyè a te pèmèt moun yo mete Sen yo deyò nan Siyon. Lè w ap li vèsè sa yo, èske w wè gen similarite ant oumenm ak sèvitè yo ki nan parabòl la? Kòman ou ka montre Bondye ke w “dispoze pou L dirije w nan fason dwat ki apwopriye a pou sali [ou]”? (gade vèsè 63–65).
Fè mizansèn sou resi oswa parabòl yo. Pafwa li fasil pou nou aprann nan istwa ak parabòl nan ekriti yo lè nou mete tèt nou nan plas moun yo dekri yo. Si w ap anseye Doktrin ak Alyans 101:43, 62, ou ta ka envite elèv yo pou yo jwe sèn sou parabòl la pandan ke yon moun ap li l awotvwa. Ki ide w jwenn lè w mete aksyon yo an mo?
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Liahona ak Pou Fòs Jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Jezikri kapab fè eprèv mwen yo tounen benediksyon.
-
Ou ta gendwa kòmanse yon diskisyon nan poze timoun yo kesyon sou kèk pwoblèm ke timoun nan laj yo ap rankontre. Apresa, nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 98:1, 3 epi pale sou fason Jezikri kapab fè eprèv yo vin tounen benediksyon. Ou ta ka pataje avèk timoun ou yo kèk egzanp sou fason Li te fè eprèv ou yo tounen benediksyon.
Sovè a ede m padone.
Nòt: Pandan w ap anseye timoun ou yo enpòtans padon, asire w ke yo konprann tou ke si yon moun fè yo mal, yo dwe toujou di yon granmoun yo fè konfyans sa.
-
Chapit 34 ak 35 nan Istwa Doktrin ak Alyans yo (128–34) ta ka ede w anseye sou kijan yo te trete Sen yo nan Missouri an 1833 a. Oumenm ak timoun ou yo ta ka pale sou fason Sen yo dwe te siman santi yo. Apresa, nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 98:23, 39–40 pou chèche jwenn kisa Senyè a te vle pou Sen yo te fè. Oumenm ak timoun ou yo ta ka pale sou lè kote nou te bezwen padone yon moun ak sou fason Sovè a te ede nou.
-
Ou ta ka montre timoun yo foto yon vizaj souriyan ak yon vizaj tris tou. Pale sou sitiyasyon kote yon moun pa janti, epi sigjere kijan pou yo reyaji. Ede timoun ou yo chwazi si chak repons t ap fè yo kontan oubyen tris nan montre vizaj korespondan an. Poukisa Jezi vle pou nou padone moun, menm moun ki pa janti avèk nou?
Chapter 34: God Warns the People of Zion: July–August 1833
Chapter 35: The Saints Leave Jackson County, Missouri: September–December 1833
Doktrin ak Alyans 101:16, 23–32
Jezikri ka pote lapè pou mwen.
-
Apre w fin li Doktrin ak Alyans 101:16, ede timoun yo rekonèt santiman lapè ki vini lè nou rete kalm epi nou panse a Jezi—pa egzanp, lè n ap priye oubyen lè n ap pran sentsèn. Chante ansanm yon kantik sou reverans, tankou “Humblement, calmement” oswa “Penser à Jésus” (Chants pour les enfants, 16, 17). Kijan nou ka santi lapè Li nan fwaye nou?
-
Timoun ou yo ta ka enterese nan aprann sou kisa lavi ap sanble lè Jezikri retounen ankò. Li Doktrin ak Alyans 101:23, 32 ansanm, epi pale sou sa yo jwenn nan vèsè sa yo ki ap pote lajwa pou nou lè L retounen. Poukisa li itil pou nou konnen bagay sa yo lè n ap travèse yon moman difisil?
Jezikri ap pote lapè ak lajwa lè L vini ankò.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.