“Vwa Retablisman yo: Kan Siyon, ” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Kan Siyon,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Vwa Retablisman yo
Kan Siyon
Paske Kan Siyon an pa t janm retabli Sen yo nan tè yo nan Konte Jackson nan, anpil moun te santi efò yo sete yon echèk. Sepandan, anpil moun ki te patisipe nan Kan Siyon an te fè yon koudèy annaryè sou eksperyans yo a epi yo te wè kijan Senyè a te akonpli yon pi gran objektif nan lavi yo nan wayòm ni an. Men kèk nan temwayaj yo:
Joseph Smith
Plis pase 40 an apre Kan Siyon an, Joseph Young, ki te yon manm kan an, te rapòte ke Joseph Smith te di bagay sa yo:
“Frè m yo, kèk nan nou fache kont mwen, poutèt nou pa t goumen nan Missouri; men kite m di nou, Bondye pa t vle pou nou goumen. Li pa t ap kapab òganize wayòm Li an avèk douz gason pou ouvri pòt levanjil la bay nasyon yo sou tè a, epi avèk swasanndis gason sou direksyon yo pou suiv tras yo, sof si li ta chwazi yo pami yon gwoup moun ki te ofri lavi yo, epi ki te fè yon gwo sakrifis tankou Abraram.
“Kounyea, Senyè a jwenn Douz ak Swasanndis li yo, epi pral genyen lòt kolèj Swasanndis ki pral aple, ki pral fè sakrifis, epi sa k pa t fè sakrifis yo ak ofrann yo kounyea, apral fè yo pita.”
Brigham Young
“Lè nou te rive nan Missouri, Senyè a te pale avèk sèvitè l la, Joseph epi l te di li: ‘Mwen aksepte ofrann ou an,’ epi nou te gen privilèj pou nou te retounen ankò. Lè m te retounen, anpil zanmi te mande m ki pwofi sa te bay pou yo te aple moun pou kite travay yo pou y al Missouri epi retounen apresa, san yo pa aparaman akonpli anyen. Yo te mande: ‘Ki moun sa benefisye?’ ‘Si Senyè a te kòmande pou sa fèt, ki rezon l te genyen pou fè sa?’ … Mwen te di frè m yo ke m te byen touche—touche avèk gwo enterè—wi, mamit mwen te ranpli ap debòde avèk konesans m te resevwa paske m te vwayaje avèk pwofèt la.”
Wilford Woodruff
“M te nan Kan Siyon avèk Pwofèt Bondye a. M te wè relasyon Bondye avèk li. M te wè pouvwa Bondye avèk li. M te wè li sete yon Pwofèt. Sa k te manifeste pou li atravè pouvwa Bondye nan misyon sa a te gen gwo valè pou mwen ak pou tout moun ki te resevwa enstriksyon l yo.”
“Lè manm Kan Siyon yo te aple, anpil nan nou pa t janm te konn wè figi lòt; nou te etranje youn pou lòt epi anpil nan nou pa t janm wè pwofèt la. Nou te epapiye nan peyi etranje, tankou mayi ki te vannen nan yon laye, atravè tout nasyon an. Nou sete jèn gason, ke yo te aple byen bonè nan jou maten sa a pou n te ale epi rachte Siyon, epi sa pou nou te fè a nou te dwe fè l pa lafwa. Nou te rasanble ansanm sòti nan plizyè Eta diferan nan Kirtland epi nou te ale pou rachte Siyon, pou akonpli kòmandman Bondye te ba nou an. Bondye te aksepte zèv nou yo menmjan L te aksepte zèv Abraram yo. Nou te akonpli yon gwo bagay, menmsi aposta ak enkwayan te poze kesyon sa a anpil fwa ‘kisa nou te fè?’ Nou te fè yon eksperyans nou pa t ap janm ka fè [nan] okenn lòt fason. Nou te gen privilèj pou nou te wè figi pwofèt la, epi nou te gen privilèj pou nou te vwayaje sou dèmilye kilomèt avèk li, epi nou te wè travay lespri Bondye a avèk li, ak revelasyon Jezikri te ba li ak akonplisman revelasyon sa yo. Epi l te rasanble anviwon desan èldè ki te soti atravè tout nasyon an bonè nan jou sa a epi l te voye nou ale nan tout mond la pou nou te preche levanjil Jezikri a. Si m pa t ale avèk Kan Siyon an, mwen pa t ap la a jodia [nan Salt Lake City, ap sèvi nan Kolèj Douz yo]. … Poutèt nou te ale a, yo te twouve nou diy pou yo voye nou nan jaden an pou nou preche levanjil la, epi Senyè a te aksepte travay nou. Epi nan mitan tout travay ak anba pèsekisyon nou yo, ak lavi nou ki te souvan an danje, nou te oblije travay ak viv pa lafwa.”
“Eksperyans [nou] te fè nan vwayaje al nan Kan Siyon an te gen plis valè pase lò.”