Doctrine and Covenants 2025
25–31 Out: “Resevwa Plenitid Li”: Doktrin ak Alyans 93


“25–31 Out: ‘Resevwa Plenitid Li’: Doktrin ak Alyans 93,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025, (2025)

“Doktrin ak Alyans 93,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Pè Selès la ak Jezikri

Detay ki soti nan Mwen Wè Pitit Lòm nan,, pa Walter Rane

25–31 Out: “Resevwa Plenitid Li”

Doktrin ak Alyans 93

Pwofèt Joseph Smith te anseye: “Lè n ap monte sou yon echèl, nou dwe kòmanse depi anba, epi monte mach pa mach, jiskaske nou rive anlè; e se menm bagay avèk prensip yo nan levanjil la—nou dwe kòmanse avèk premye a, epi kontinye jiskaske nou aprann tout prensip egzaltasyon yo” (Enseignements des Présidents de l’Église: Joseph Smith [2007], 268).

Pafwa echèl egzaltasyon sa a sanble l wo alenposib, men nou te fèt pou nou grenpe ale jiskanwo avèk èd konstan Sovè a. Kèlkeswa limitasyon nou ka wè nan noumenm, Pè Selès la ak Piti gason L lan wè yon bagay gloriye nan nou, yon bagay divin. Menmjan Jezikri “te la nan kòmansman an avèk Papa a,” se konsa “nou te la tou” (Doktrin ak Alyans 93:21, 23). Menmjan Li “te kontinye pran lagras sou lagras, jistan l te resevwa yon plenitid”, se konsa tou “nou pral resevwa lagras apre lagras” (vèsè,13, 20). Levanjil retabli a anseye ou konsènan vrè nati Bondye, epi konsa, li anseye ou tou konsènan vrè nati pa w ak desten w. Ou se pitit literal Bondye avèk potansyèl pou “lè tan an rive, w a va resevwa tout bagay” (vèsè 19).

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 93

Menmjan ak Jezikri, mwen kapab jwenn laglwa ak resevwa “plenitid” Bondye a.

Pwofèt Joseph Smith te anseye, “Si lèzòm pa konprann karaktè Bondye, yo pa konprann tèt yo” (Enseignements: Joseph Smith40). Pandan w ap aprann konsènan Sovè a lè w etidye Doktrin ak Alyans 93 la, chèche wè sa w aprann konsènan tèt ou tou. Paregzanp, kisa w aprann konsènan Sovè an nan vèsè 3, 12–13, 21, ak 26 yo? Ki verite parèy yo ou jwenn konsènan oumenm nan vèsè 20, 23 ak 28-29 yo? (gade tou 1 Jan 3:2; 3 Nefi 27:27). Kesyon sa yo gendwa ede w konprann ak aplike verite yo ki nan seksyon sa a:

  • Kisa ou panse sa vledi pou nou resevwa “lagras sou lagras” epi pou n kontinye “soti nan lagras ale nan lagras”? (vèsè 12–13). Si sa ede w, ou kapap li “Gras” nan Gid Ekriti yo (Bibliyotèk Levanjil la).

  • Kisa w dekouvri nan revelasyon sa a konsènan kijan Bondye ede w pwogrese ak aprann? Kouman konesans sa a afekte fason ou trete lòt moun—ak fason ou trete tèt pa w?

  • Kisa w aprann konsènan “kijan pou n adore, ak … kisa nou adore”? (vèsè 19; gade Gid Ekriti yo tou, “Adorasyon,” Bibliyotèk Levanjil la).

Doktrin ak Alyans 93:1–39

senbòl seminè
Laglwa Bondye se limyè ak verite.

Ou ka remake ke mo tankou laglwa, limyè, ak verite repete anpil nan revelayson sa a. Pandan w ap etidye vèsè 20–39 la an patikilye, kreye yon lis sou verite w aprann konsènan konsèp sa yo. Yon tablo tankou sa a ka ede w:

Vèsè

Kisa m aprann

Kesyon pou medite

Vèsè

24

Kisa m aprann

Kesyon pou medite

Genyen anpil manti nan mond lan. Kouman m ka konnen verite a? (gade Jakòb 4:13 tou).

Vèsè

28

Kisa m aprann

Kesyon pou medite

Vèsè

36

Kisa m aprann

Bondye se yon pèsonaj limyè ak verite.

Kesyon pou medite

Vèsè

37

Kisa m aprann

Kesyon pou medite

Kimoun mwen konnen ki sanble l kapab reziste kont move enfliyans? Poukisa yo kapab fè sa?

Vèsè

Kisa m aprann

Kesyon pou medite

Vèsè

Kisa m aprann

Kesyon pou medite

Vèsè

Gade tou: Doktrin ak Alyans 50:24

Kisa m aprann

Kesyon pou medite

Kisa w twouve nan vèsè sa yo ki enspire w pou w chèche plis limyè ak verite? Pou ki rezon limyè ak verite se bon tit pou Jezikri? (gade Jan 8:12; 14:6). Kijan verite sa yo ap afekte lavi ou?

Ou ta ka ekri pwomès yo ki konsène desten etènèl ou ki nan vèsè 20, 22, 28, 33-35. Ki relasyon ki genyen ant pwomès sa yo ak jwenn limyè?

Konsidere chèche “Mache nan limyè Bondye” (Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Bon Chwa, 18–21) pou w aprann kisa ou ka fè pou w jwenn limyè ak kijan Senyè a pwomèt L ap beni ou. Videyo “Light and Truth, Part 1 [Limyè ak Verite, Pati 1]” ak “Part 2 [Pati 2] yo” (Bibliyotèk Levanjil la) ka ofri ide adisyonèl.

Gade tou “Apprends-moi à Marcher dans la Clarté,” Cantiques, no. 195; Topics and Questions [Sijè ak Kesyon yo], “Sentespri,” Bibliyotèk Levanjil la.

6:40

Light and Truth, Part 1

6:52

Light and Truth, Part 2

fenèt nan tanp

“Laglwa Bondye se … limyè ak verite.”

Doktrin ak Alyans 93:40–50

“Mete pwòp kay pa w nan lòd.”

Kòmandman pou nou “mete pwòp kay pa [nou] nan lòd” la (vèsè 43pa konsène sèlman òganize plaka ak pandri men li konsène anseye—ak aprann—“limyè ak verite” (vèsè 42). Konsidere kijan w ap eseye suiv konsèy sa a. Ki defi ou rankontre? Ki verite nan Doktrin ak Alyans 93 ki kapab ede?

Ki pèspektif ou kapab jwenn nan ansèyman Eldè David A. Bednar sa yo?

“Nan biwo m gen yon bèl tablo ki reprezante yon jaden ble. Tablo a se yon gwo koleksyon kout penso endividyèl—okenn ladan yo pa twò enteresan ni enpresyonan poukont pa yo. Anfèt, si w kanpe pre tablo a, sèl sa ou kapab wè se yon mas tras penti koulè jòn, lò ak mawon ki sanble yo pa gen rapò antreyo e ki pa atiran. Sepandan, lè w elwaye w de tablo a ti kras pa ti kras, tout kout penso endividyèl yo konbine ansanm epi yo pwodui yon peyizaj mayifik pou yon jaden ble. Anpil kout penso endividyèl, òdinè travay ansanm pou kreye yon tablo kaptivan ak bèl.

“Chak priyè familyal, chak epizòd etid ekriti familyal, e chak sware familyal se yon kout penso sou tablo nanm nou an. Okenn nan bagay sa yo gen dwa pa parèt trè enpresyonan ni memorab. Men, menmjan kout penso koulè jòn ak lò ak mawon yo youn konplete lòt pou pwodui yon chedèv enpresyonan an, se konsa tou konsistans nou nan fè bagay ki sanble yo piti yo kapab mennen nou nan rezilta espirityèl siyifikatif.” “Se poutèt sa, pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay. Epi se nan ti bagay, sa ki gran soti” [Doktrin ak Alyans 64:33]. Konsistans se yon prensip kle lè n ap poze fondasyon yon travay nan lavi nou kòm moun ak lè nou vin pi dilijan ak pi sousye lakay nou” (“Pi Dilijan ak Pi Sousye Lakay Nou,” Lyawona, Nov. 2009,19–20).

Gade Henry B. Eyring tou, “Yon Fwaye Kote Lespri a Rete,“ Lyawona, Me 2019, 22–25.

fanmi k ap priye ansanm

Senyè a kòmande paran yo pou yo “leve pitit [yo] yo nan limyè ak verite.”

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona ak magazin Pou Fòs Jèn yo.

senbòl 01 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 93:2–21

Jezikri se Limyè ak Lavi Mond lan.

  • Konsidere montre yon foto Sovè a epi mande timoun ou yo poukisa li enpòtan pou nou aprann kiyès Jezikri ye ak kijan pou nou suiv Li. Apre sa ou ka li ansanm Doktrin ak Alyans 93:19 pou dekouvri yon rezon ki enpòtan.

  • Ou gendwa vle chwazi plizyè verite konsènan Kris la nan seksyon 93lan ki enspire ou epi ki ede timoun ou yo dekouvri ak konprann yo (gade “Chapit 33: Yon Revelasyon konsènan Jezikri,” nan Istwa nan Doktrin ak Alyans yo, 126-27, oubyen videyo ki koreponn avèk li nan Bibliyotèk Levanjil la). Pou chak verite ou chwazi, ou gendwa bay timoun ou yo yon mo oubyen yon fraz pou yo chèche pandan w ap li vèsè a ansanm. Pa egzanp, Jezikri:

    1:18

    Chapter 33: A Revelation about Jesus Christ: May 1833

penti Kris la

Detay ki soti nan Limyè Mond lan, pa Howard Lyon

Doktrin ak Alyans 93:23, 29, 38

M te viv nan syèl la avèk Pè Selès la anvan m te vini sou tè a.

  • Sovè a te souliye twa fwa nan seksyon 93 lan ke nou te viv avèk Bondye “nan kòmansman an” (vèsè 23, 29, 38). Pou ede timoun ou yo dekouvri sa, ou kapab envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 93:23, 29, 38 ansanm, epi envite timoun yo pou yo chèche yon verite konsènan yomenm ki repete nan vèsè sa yo. Poukisa Pè Selès la vle pou nou konnen verite sa a? Ou gendwa mande timoun ou yo kisa yo konnnen konsènan lavi nou avèk Pè Selès nou anvan nou te fèt. Pou ede yo aprann plis, li avèk yo youn oubyen plis nan pasaj ekriti sa yo: Jeremi 1:5; Doktrin ak Alyans 138:53–56; Moyiz 3:5; Abraram 3:22–26.

  • Ou kapab chante ansanm “Je suis enfant de Dieu” oswa “J’habitais dans les cieux” (Chants pour les enfants,, 2–3, 4) epi pale de verite nou aprann nan chante sa yo konsènan objektif nou sou tè a.

Doktrin ak Alyans 93:24–39

Mwen resevwa limyè ak verite lè mwen obeyi Bondye.

  • Pou ede timoun ou yo aplike bann verite konsènan obeyisans ki nan Doktrin ak Alyans 93, konsidere ekri kèk referans ekriti ki soti nan seksyon sa a sou ti moso papye. Sou ti moso papye diferan, ekri verite chak vèsè sa yo anseye. Timoun ou yo ka travay ansanm pou yo li vèsè yo epi pou yo fè verite yo koresponn avèk referans ki nan vèsè yo. Egzanp yo ka enkli:

    • Vèsè 24: Verite se konesans bagay jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye;

    • Vèsè 28: Mwen kapab resevwa limyè ak verite lè mwen kenbe kòmandman yo.

    • Vèsè 37: Lè mwen gen limyè ak verite, mwen kapab reziste kont sa ki mal.

    • Vèsè 39: Mwen pèdi limyè ak verite lè mwen dezobeyisan.

    Ou gendwa vle pataje egzanp verite ou te rive aprann konnen paske ou te kenbe kòmandman Senyè a.

Adapte w a bezwen timoun ou yo. Ou konnen bezwen ak kapasite timoun ou yo; pa ezite adapte ide aktivite sa yo pou yo pi byen koresponn ak bezwen timoun ou yo. Pa egzanp, nan aktivite sa a, si w ap anseye timoun piti, li gendwa pi bon pou w konsantre w sou verite ki soti nan seksyon 93 yo.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a sou revi Zanmi an.

tablo Kris la k ap anseye nan Torah a

Limyè ak Verite, pa Simon Dewey

paj aktivite pou timoun