“28 Jiyè 3–Out: ‘Pouvwa Divinite a’: Doktrin ak Alyans 84,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 84,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Detail soti nan Retablisman Prètriz Mèlkisedèk la, tablo Liz Lemon Swindle
28–Jiyè 3 Out: “Pouvwa Divinite a”
Doktrin ak Alyans 84
Depi prètriz la te retabli an 1829 la, pouvwa sakre Senyè a te beni premye Sen Dènye Jou yo. Yo te batize, konfime, epi aple pou sèvi pa otorite prètriz la, menmjan sa ye jodia. Men, gen aksè nan pouvwa prètriz la se pa menm bagay avèk totalman konprann ni, epi Bondye te gen plis toujou li te vle Sen l yo konprann—patikilyèman avèk retablisman òdonans tanp yo. Revelasyon 1832 a sou prètriz la, ki se Doktrin ak Alyans 84 kounyea, elaji vizyon Sen yo sou sa prètriz la reyèlman ye. E li ka fè menm bagay la pou nou jodia tou. Apretou, gen anpil pou nou aprann sou pouvwa diven ki detni “kle konesans Bondye,” ki manifeste “pouvwa divinite a,” epi ki prepare nou pou nou “wè fas Bondye, Papa a menm, epi viv” (vèsè 19–22).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
I M gen aksè a pouvwa prètriz ak benediksyon Bondye yo.
Lè w panse a mo prètrizla, kisa k vin nan lespri w? Kouman pouvwa prètriz Bondye a enfliyanse lavi ou?
Apre w fin medite sou kesyon sa yo, ou ta ka etidye Doktrin ak Alyans 84: 17–32la, epi ret tann sa Senyè a vle w konnen osijè pouvwa prètriz la. Konsidere fason ou ta ka itilize vèsè sa yo pou dekri prètriz la ak objektif li pou yon moun.
Yon bagay w ap jwenn sèke, atravè òdonans prètriz yo, “pouvwa divinite a manifeste” (gade nan vèsè 19–21). Petèt ou ta ka fè lis òdonans prètriz kote ou te patisipe (lis ki nan Manyèl Jeneral la , 18.1, 18.2, ka ede). Nan ki fason òdonans sa yo—ak alyans ki asosye yo—te pote pouvwa Bondye nan lavi ou? Kisa lavi w t ap sanble san yo?
Prezidan Russell M. Nelson te anseye: : “Chak fi ak chak gason ki fè alyans avèk Bondye epi ki kenbe alyans sa yo, epi ki patisipe diyman nan òdonans prètriz yo, gen aksè dirèk a pouvwa Bondye.”(“Trezò Espirityèl,” Lyawona, Nov. 2019, 77). Konsidere etidye mesaj Prezidan Nelson an, pou chèche mwayen ou ka “rale pouvwa Sovè a nan lavi [ou].”
Gade tou nan Doktrin ak Alyans 25:10, 13, 15; 121:34–37, 41–46; Sijè ak Kesyon, “Prètriz,” “Ansèyman Joseph Smith konsènan Prètriz, Tanp, ak Fi yo,” Biblyotèk Levanjil la; Manyèl Jeneral, 3.6, Biblyotèk Levanjil la.
Nou jwenn prèttriz la avèk yon sèman ak alyans
Sèman ak Alyans prètriz la (gade nan Doktrin ak Alyans 84:31–44) gen aplikasyon espesyal pou pitit gason Pè Selès yo ki òdone nan yon ofis nan prètriz la, men, anpil nan benediksyon yo pwomèt nou nan vèsè sa yo disponib pou tout pitit Bondye yo. Ki pwomès sa yo ye, epi kisa Bondye mande nou pou nou fè pou n resevwa yo?
Elder Paul B. Pieper te anseye: “Sa enteresan pou nou note ke nan sèman ak alyans prètriz la [gade nan Doktrin ak Alyans 84:31–44, Senyè a itilize vèb jwennak resevwayo. Li pa itilize vèb òdonea. Se nan tanp ke gason ak fi yo—ansanm—jwenn ak resevwa benediksyon ak pouvwa Prètriz Aawon ak Prètriz Mèlkisedèk yo” (“Reyalite Mòtalite ki Revele yoEnsign,Jan. 2016, 21).
Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 84:31–44, medite sou kisa sa ta ka siyifi pou “jwenn” ak “resevwa” prètriz la. Kouman sa diferan de òdone nan yon ofis nan prètriz la? Ki lòt bagay Senyè a envite w resevwa nan vèsè sa yo? Ki fason w ap fè sa?
Kisa w jwenn ki enspire w pou w pi fidèl nan resevwa Sovè a, Papa Li, sèvitè L yo, ak pouvwa Prètriz Li a?
Gade tou nan Doktrin ak Alyans 121:36–46.
Viv selon pawòl Bondye a pote limyè ak laverite nan livi mwen.
Ki verite ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 84:43-58 ki ede w konprann poukisa w bezwen etidye pawòl Bondye a konstamman? Note kontras ki egziste ant limyè ak tenèb nan vèsè sa yo; kijan “koute pawòl lavi etènèl yo avèk dilijans” ka pote limyè, verite, ak “Lespri Jezikri” nan lavi ou? (vèsè 43, 45).
Gade tou nan 2 Nefi 32:3.
Konpare prensip levanjil yo avèk bagay ki familye. Èske w ka panse a yon analoji ki ta ka ilistre verite ki nan vèsè 43–44 yo? Paregzanp, nan ki fason l suiv tout etap ki nan yon resèt, tankou viv “atravè chak pawòl … Bondye”?
Prete atansyon dilijan a pawòl lavi etènèl yo.
Senyè a ap avèk mwen lè m nan sèvis li.
Pandan w ap li vèsè sa yo, ou ta ka idantifye fason Senyè a te di l t ap sipòte sèvitè L yo. Kijan pwomès sa yo ta ka aplike pou travay li mande w pou w fè a? Paregzanp, kijan pwomès ki nan vèsè 88 la akonpli nan lavi ou?
Tout moun ka kontribye a travay Bondye a.
Kisa w aprann nan vèsè sa yo sou fason Senyè a akonpli travay Li a? Ki konsèy ak benediksyon ou jwenn? Ou ta ka panse tou sou fason ou te “edifye nan tout jantiyès” paske ou te sèvi avèk yon moun ki te “fò nan Lespri a,” ansanm avèk moun nan fanmi w.
Pou plis ide, gade nan piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawonaa ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Òdonans tanp yo ede m prepare m pou m viv avèk Pè Selès la ankò.
-
Pou ede timoun yo espere ale nan tanp, ou ta ka kreye yon puzzle avèk yon foto yon tanp. Sou do chak moso, ou ta ka ekri yon bagay nou fè nan tanp, tankou batize pou zansèt yo, sele avèk fanmi, epi fè alyans avèk Bondye. Li Doktrin ak Alyans 84:4–5 avèk timoun ou yo, epi mande yo pou yo koute sa Seyè a te kòmande Sen yo pou yo bati. Pandan oumenm ak fanmi w ap mete puzzle la ansanm, pataje yonn avèk lòt bagay nou ka fè pou prapare pou antre nan tanp la.
M ka resevwa pouvwa Pè Selès atravè òdonans prètriz yo.
-
Pou ede timoun ou yo konprann kisa yon òdonans ye, konsidere gade foto plizyè òdonans prètriz avèk yo, tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 103–8, oubyen paj aktivite semèn sa a. Mande timoun yo dekri sa k ap pase nan chak foto. Apresa, ou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 84:19–22. Poukisa Pè Selès la vle nou resevwa òdonans sa yo? Di timoun yo kouman ou santi pouvwa Bondye poutèt òdonans ou te resevwa ak alyans ou te fè yo. (Gade tou nan “Pouvwa, Otorite, ak Kle Prètriz la” nan apendiks A oubyen apendiks B.)
M se zanmi Jezikri lè m suiv Li.
-
Apre nou fin li Doktrin ak Alyans 84:77 ansanm, mande timoun ou yo kisa sa vle di pou yo yon zanmi. Ou ta ka pale konsènan bon zanmi ou genyen. Kouman Jezi montre nou Li vle nou tounen zanmi L? Kijan nou ka montre ke nou vle sa tou? Yon chante tankou “Jesus-Christ Est mon ModèleChants pour les Enfants40) ta kapab ede nan konvèsasyon sa a.
Pè Selès la ede sèvitè L yo.
-
Timoun ou yo ta ka kontan tande kouman misyonè yo te ede w, fanmi w, oubyen zansèt ou yo resevwa levanjil la. Apresa, ou ta ka li yon pwomès espesyal Seyè a te fè misyonè yo nan Doktrin ak Alyans 84:88. Petèt, timoun ou yo ta ka panse a aksyon ki mache avèk vèsè sa a. Konsidere pataje yon lè kote w t ap sèvi Senyè a epi w te santi ke li te avèk ou, jan sa dekri nan vèsè 88la. Ou ta ka ede timoun yo tou pou yo panse a fason yo ka tounen misyonè kounyea. Temwaye ke Pè Selès ede nou konnen sa pou nou di lè yonn ap pale avèk lòt konsènan Jezikri.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmian.