“11–17 Out: ‘Etabli … yon Kay Bondye’: Doktrin ak Alyans 88,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans yo 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans yo 88,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Lekòl Pwofèt yo te reyini nan chanm sa a.
11–17 Out: “Etabli … yon Kay Bondye”
Doktrin ak Alyans 88
Tanzantan, Senyè a ba nou yon ti apèsi sou “majeste ak pouvwa” san limit Li (Doktrin ak Alyans 88:47) atravè revelasyon enpresyonan. Doktrin ak Alyans 88 se yon revelasyon konsa—youn konsènan limyè ak laglwa ak wayòm ki ka fè preyokipasyon terès nou yo parèt ensiyifyan pa konparezon. Menm si nou pa ka konprann sa nèt, nou ka omwen santi ke genyen plis toujou nan letènite a ke nou te janm imajine. Natirèlman, Senyè a pa pataje gran verirte sa yo pou entimide nou ni fè nou santi nou piti. Anfèt, Li te pwomèt: “Jou a pral rive kote nou pral menm konprann Bondye” (vèsè 49, italk ajoute). Petèt se te nan bi gloriye sa a Senyè a te kòmande Sen Li yo nan Kirtland nan pou yo te fòme Lekòl pou Pwofèt yo a. Li te di: “Òganize tèt nou.” “Prepare tout bagay ki nesesè; epi etabli yon kay Bondye” (vèsè 119). Plis pase nenpòt kote, se nan mezon sakre Bondye a—ak nan fwaye nou—ke li kapab elve vizyon nou ale odela mond mòtèl sa a, pou l “devwale [nou] fas li,” ak prepare nou pou nou “demere nan yon glwa selès” (vèsè 68, 22).
Gade Les Saints, 1:164–66.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Jezikri ofri m lapè.
Jis kèlke jou apre avètisman ke lagè t ap “gaye sou tout nasyon yo” (Doktrin ak Alyans 87:2), Senyè a te bay yon revelasyon ke Joseph Smith te rele yon “fèy doliv,” ki se yon senbòl tradisyonèl lapè (Doktrin ak Alyans 88, antèt seksyon an; gade tou Jenèz 8:11). Atravè etid ou nan seksyon 88 semèn sa a, chèche jwenn mesaj lapè Senyè a genyen pou ou yo.
Limyè ak lwa ki soti nan Jezikri.
Mo limyè ak lwa yo repete plizyè fwa nan seksyon 88la. Make oswa note vèsè kote ou jwenn mo sa yo nan vèsè 6–67 yo, epi ekri kisa ou aprann konsènan limyè ak lalwa—ak konsènan Jezikri. Kisa ou santi ou enspire pou w fè pou w resevwa limyè ak viv “lwa Kris la”? (vèsè 21).
Gade tou Ezayi 60:19; Jan 1:1–9; 3 Nefi 15:9; Timothy J. Dyches, “Limyè Atache ak Limyè,” Lyawona, Me 2021, 112–15; Sharon Eubank, “Kris: Limyè Ki Briye nan Tenèb,” Lyawona, Me 2019, 73–76.
Ekriti yo genyen lwa Kris la.
“Vini pi pre mwen.”
Ki eksperyans ki te montre w ke pwomès yo ki nan vèsè sa yo verite? Kisa pwochen etap ou ye pou w “vini pi pre” Kris la? Konsidere mete kantik “Plus près de Toi, Mon Dieu” (Cantiques, no. 100) a kòm yon pati nan etid ou ak adorasyon ou.
Mwen ka vin pwòp atravè Ekspyasyon Jezikri a.
Kòmandman Senyè a pou “sanktifye tèt nou” an parèt defwa nan seksyon 88 (vèsè 68, 74) yo. Kisa w panse fraz sa a vledi? Ou gendwa repase kèk nan pasaj ki anba “Sanktifikasyon” nan Gid Ekriti yo (Bibliyotèk Levanjil la). Kijan nou vin sanktifye? Kite kesyon sa a gide etid ou nan Doktrin ak Alyans 88:67–76 la, epi anrejistre tout enspirasyon spirityèl ou jwenn.
Doktrin ak Alyans 88:77–80, 118–26
“Chèche konesans, menm nan etid epi avèk lafwa.”
Senyè a te di Sen yo pou yo etabli “lekòl pwofèt yo” nan Kirtland (Doktrin ak Alyans 88:137). Pifò nan enstriksyon ki nan seksyon 88 yo anseye yo kijan pou yo fè sa. Enstriksyon sa a ta ka ede w tou pou “etabli … yon kay aprantisaj” (vèsè 119) nan pwòp lavi ou. Anfèt, ou ta ka konsidere vèsè 77–80 ak 118–26 yo kòm plan pou“remodle fwaye ou [oswa lavi ou] pou fè l vin tounen yon sant aprantisaj levanjil” ak “yon sanktyè lafwa” (Russell M. Nelson, “Vin Sen Dènye jou Egzanplè,” Lyawona, Nov. 2018, 113). Li ta ka enteresan pou w planifye a kisa “remodle” pèsonèl ou a ta ka sanble, enkli fraz ki soti nan vèsè sa yo ke w santi ou bezwen aplike.
Sa gendwa ede tou pou w eksplore kesyon sa yo: Poukisa aprantisaj ak edikasyon enpòtan pou Senyè a? Kisa Li vle pou m etidye? Kijan Li vle pou m aprann? Chèche repons pou kesyon sa yo nan vèsè 77–80 ak nan “Verite a ap rann ou lib” (Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa yo, 30–33).
Kisa w panse sa vledi pou nou aprann “pa letid epi pa lafwa tou”? (vèsè 118 Ki ide ou jwenn an mesaj Èldè Mathias Held la “Chèche Konesans pa Lespri a”? (Lyawona, Me 2019, 31–33).
Gade tou Sijè ak Kesyon, “Chèche Verite ak Evite Twonpri,” Bibliyotèk Levanjil la; “A School and an Endowment,” nan Revelations in Context, 174–82.
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo a.
Ide pou Anseye Timoun yo
Pè Selès la ba nou bon don.
-
Ou ta ka kòmanse yon diskisyon sou Doktrin ak Alyans 88:33 a nan mande timoun ou yo pou yo pale de kado yo te resevwa—ni sa yo te resevwa ak kè kontan ni lòt ki pa t ba yo lajwa. Petèt yo ta ka jwe senaryo kote y ap resevwa yon kado avèk lajwa. Apresa ou ta ka pale de don Pè Selès la ba nou yo (tankou don Sentespri a). Kijan nou resevwa don sa yo avèk lajwa?
Si m chèche Sovè a, m ap jwenn Li.
-
Doktrin ak Alyans 88:63 genyen ladan pawòl motivasyon ki ka enspire kèk aktivite amizan pou ankouraje timoun ou yo pou chèche prezans Senyè a nan lavi yo. Pa egzanp, èske oumenm ak timoun ou yo ka panse a yon jwèt pou fè diskisyon sou fraz “chèche m avèk dilijans epi w ap jwenn mwen” an (italik ajoute) oswa “frape, epi y ap louvri pou ou” a?
Timoun yo bezwen varyete. “Pifò timoun aprann pi byen lè plizyè nan sans yo enplike. Chèche jwenn mwayen pou w ede timoun yo itilize sans vizyon, ekout, ak touche lè y ap aprann. Nan kèk sitiyasyon, ou ka menm jwenn fason pou w itilize sans odora ak gou yo tou!” (Anseye nan Fason Sovè a, 32).
-
Pou mete aksan sou envitasyon Sovè a pou “pwoche pi pre m” nan, ou ta ka mande yon timoun pou kenbe yon foto Jezi (tankou foto ki nan fen plan leson sa a ) sou yon bò nan sal la pandan lòt timoun yo kanpe sou lòt bò sal la. Pandan timoun ou yo ap reflechi sou bagay yo ka fè pou vini pi pre Sovè a, yo ka fè yon pa an avan nan direksyon foto a, epi timoun ki kenbe foto a ta ka fè yon pa nan direksyon lòt timoun yo. Pale avèk timoun yo konsènan fason ou te vin pi pre Sovè a ak fason Li vin pi pre ou. Ou ta ka chante avèk yo yon chan konsènan sijè sa a tou, tankou “Je ressens son amour” (Chants pour les Enfants, 42–43).
Doktrin ak Alyans 88:77–80, 118
Pè Selès la vle pou m aprann.
-
Mande timoun ou yo pou yo pale de sa y ap aprann nan lekòl oswa nan Primè a. Ou ta gendwa pataje kèk bagay w ap aprann tou. Apresa ou ta ka montre timoun yo mo kisa, poukisa, ak kijan yo. Ede yo chèche nan Doktrin ak Alyans 88:77–79 pou yo jwenn kisa Senyè a vle pou nou aprann sou sa. Apresa chèche ansanm nan vèsè 80 an pou nou ka jwenn poukisa Li vle nou aprann epi nan vèsè 118 la pou nou ka jwenn kijan nou ta dwe aprann.
“Chèche konesans … menm nan etid epi avèk lafwa.”
Fwaye nou ka vin sen tankou tanp lan.
-
Lè w ap li Doktrin ak Alyans 88:119 la pou timoun ou yo, yo ta ka fè yon flèch tanp lan avèk bra yo chak fwa yo tande mo “kay” la. Eksplike ke Pè Selès la te vle pou Joseph Smith avèk Sen yo te bati yon tanp, oswa yon “kay Bondye.”
-
Apresa ou ta ka mande timoun ou pou yo chwazi sèt mo ki dekri fwaye yo. Apresa ede yo jwenn, nan Doktrin ak Alyans 88:119, sèt mo ke Senyè a itilize pou dekri kay Li a. Kijan nou ka fè fwaye nou tounen yon “kay Senyè a”?
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.