“18–31Out: ‘Yon Prensip avèk Pwomès’: Doktrin ak Alyans 89– 89,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025, (2025)
“Doktrin ak Alyans 89– 89,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
18–24 Out: “Yon Prensip avèk Pwomès”
Doktrin ak Alyans 89–92
Nan Lekòl Pwofèt yo, Pwofèt Joseph Smith te anseye ansyen Izrayèl yo konsènan bati wayòm Bondye a sou tè a. Yo te diskite sou verite espirityèl yo, yo te priye ansanm, jene, epi prepare yo pou yo te preche levanjil la. Men te gen yon bagay nan atmosfè a ki ta ka parèt etranj pou nou jodia, e sa pa t sanble l te nòmal pou Emma Smith nonplis. Pandan reyinyon yo, mesye yo te konn ap fimen ak tchike tabak, sa ki pa t inabityèl nan epòk la, men sa te kite tach nwa sou planche anbwa a ak yon gwo odè nan lè a. Emma te di Joseph kijan sa pa t fè l plezi, epi Joseph te mande Senyè a. Rezilta a sete yon revelasyon ki ta pral odela lafimen ak tach tabak. Li te bay Sen yo, pou dè jenerasyon k ap vini, “yon prensip avèk yon pwomès”—pwomès sante fizik, “sajès,” ak “gwo trezò konesans” (Doktrin ak Alyans 89:3,19).
Gade Les Saints, 1:176–79tou.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Senyè a te ban mwen Pawòl Sajès la pou ede m rete an sante nan kò ak nan lespri.
Lè ansyen yo nan Lekòl Pwofèt la te tande Joseph Smith li Pawòl Sajès la pou lapremyèfwa, yo te imedyatman “voye pip yo avèk bwat tabak yo t ap tchike a nan dife” (Les Saints, 1:179). Yo te vle montre dispozisyon yo pou yo te obeyi Senyè a. Petèt ou siman deja voye sibstans Pawòl Sajès la avèti nou kont yo “jete” nan lavi ou, men ki lòt bagay ou ka aprann nan revelasyon sa a? Konsidere ide sa yo:
-
Panse a revelasyon an kòm “yon prensip avèk yon pwomès” (vèsè 3)—dè verite dirab ki gide desizyon n ap pran. Ki prensip ou wè ki ka gide desizyon ou? Ki benediksyon Senyè a pwomèt? (gade vèsè 18–21). Kouman Li te reyalize pwomès sa yo nan lavi nou?
-
Ki egzanp ou te wè kòm “mechanste ak plan … nan kè moun k ap konspire yo” ki anrapò ak Pawòl Sajes la? (vèsè 4). An plis de revelasyon sa a, kisa Senyè a te bay pou ede w evite oubyen simonte mechanste sa yo?
-
Kisa revelasyon sa a anseye w sou Senyè a? Kijan Pawòl Sajès la gen koneksyon avèk Doktrin ak Alyans 29:34–35?
-
Kijan ou jwenn enspirasyon pou w pran pi bon swen kò ou?
Ou te gendwa jwenn opòtinite pou w eksplike lòt moun poukisa ou suiv Pawòl Sajès la—e ou gendwa jwenn plis opòtinite pou w fè l nan lavni. Konsidere kijan ou gendwa itilize opòtinite sa yo pou w temwaye konsènan Sovè a, temwaye sou kijan kò nou sakre, ak lòt verite espirityèl. Pou ide, gade “Kò w se bagay ki sakre,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa, 22–29.
Gade tou 1 Korent 6:19–20; Thomas S. Monson, “Prensip ak Pwomès,” Lyawona, Nov. 2016, 78–79; Sijè ak Kesyon, “Pawòl Sajès la,” Bibliyotèk Levanjil la; “Pawòl Sajès la,” nan Révélations dans leur contexte, 183–91; “Dépendance,” “Santé Physique,” Èd Lavi, Bibliyotèk Levanjil la.
Principles and Promises
Aprann ak anseye atravè prensip. Olye pou nou kreye yon lis ki di kisa nou dwe fè ak sa nou pa dwe fè, nou ka viv atravè prensip pou nou egzèse libabit nou ak lafwa nou nan Kris la. Pa egzanp, konsidere kesyon-baze sou prensip yo tankou sa ki konsène Pawòl Sajès la: Ki prensip ki ka bay yon moun ki ap lite pou l obeyi Pawòl Sajès la ankourajman? Ki prensip ki ka rekonfòte mwen lè mwen gen pwoblèm sante malgre m ap viv Pawòl Sajès la?
Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou pran swen kò nou.
Premye Prezidans lan detni “kle wayòm” yo.
Nan seksyon 90lan, Senyè a te bay enstriksyon sou “ministè a ak prezidans lan” (vèsè 12) pou Joseph Smith, Sidney Rigdon, ak Frederick G. Williams—ki te manm sa nou rele Premye Prezidans lan jodia. Kisa w aprann apwopo Premye Prezidand lan nan vèsè 1–17yo? Konsidere repase kèk mesaj manm Premye Prezidans yo fèk bay. Kisa yo fè pou yo “mete tout zafè legliz sa a ak wayòm sa a nan lòd”? (vèsè 16). Kijan nou ka montre ke nou pa pran yo “alalejè”? (vèsè 5).
Konsidere chante ouybyen li mo ki nan chante “Viens écouter la voix de Dieu” (Cantiques, no. 21) oswa yon lòt chante konsènan pwofèt ki gen rapò ak ansèyman nan vèsè sa yo. Kijan sèvis Premye Prezidans la te ede ou konnen Pè Selès la ak Jezikri?
“Tout bagay ap travay ansanm pou byen [mwen].”
Medite sou nenpòt eksperyans ou te fè ki temwaye de pwomès Senyè a ki nan Doktrin ak Alyans 90:24 la. Konsidere ekri eksperyans ou yo epi pataje yo avèk yon manm fanmi ou oubyen yon moun ki chè pou ou—petèt yon moun ki bezwen reyasirans oswa ankourajman. Si gen benediksyon w ap tann toujou, reflechi sou sa w ka fè pou w rete fidèl pandan w ap tann pou w wè kijan “tout bagay pral travay ansanm pou byen w” la.
Kiyès Vienna Jaques te ye?
Vienna Jaques te fèt 10 Jen 1787 nan Massachussetts. Kòm yon fi plen lafwa ki te gen gwo mwayen finansye, Vienna te rankontre misyonè yo pou lapremyè fwa an 1831. Apre l te fin jwenn yon temwayaj nan men Lespri a pou di l ke mesaj la te vrè, li te vwayaje pou l t al rankontre Pwofèt la nan Kirtland, nan Ohio, kote li te batize.
Vienna te obeyi konsèy Senyè a te bay pou li nan Doktrin ak Alyans 90:28-31 an. Konsekrasyon l nan Senyè a, enkli don li te bay nan Kirtland anvan sa, te rive nan yon moman vital pou Legliz la, kote dirijan yo t ap eseye achte tè kote Tanp Kirtland nan ta pral bati a. Vienna te “fidèl, epi li pa t … parese” pandan tout lavi li e finalman li te “tabli nan lapè” (vèsè 31) nan Vale Salt Lake la, kote l te mouri nan laj 96 zan.
“Lespri a manifeste verite.”
Nou rankontre mesaj ki genyen “anpil bagay … ki se verite” ak “anpil bagay … ki se pa verite” (Doktrin ak Alyans 91:1–2). Ki konsèy ou jwenn nan seksyon 91 ki kapab ede w distenge verite ki nan mesaj ou rankontre yo? Kijan Lespri a ede ou distenge ant verite ak erè?
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak reviPou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Pawòl Sajès la ede m rete an sante nan kò ak nan lespri.
-
Pou kòmanse seksyon 89, petèt oumenm ak timoun ou yo kapab gade foto yon tanp oubyen chante yon chante sou sante fizik, tankou “Je demeure dans un temple” (Chants pour les enfants, 153), pou anseye ke kò nou se tankou yon tanp pou lespri nou. Ede timoun yo monte yon sèn sou fason yo kapab pran swen kò yo.
-
Pou aprann sa ki konsène kòmandman Senyè a nan Doktrin Alyans 89:10–17, oumenm ak timoun ou yo kapab desine oubyen montre foto bon bagay nou kapab manje oubyen bagay nou kapab fè pou n mantni kò nou an bon sante (gade foto an ak paj aktivite a ki nan fen plan leson sa a). Kisa Senyè a te avèti nou pou nou pa itilize? Poukisa Li vle pou nou pran swen kò nou?
-
Èldè Gary E. Stevenson te konseye jèn yo pou yo planifye davans kisa y ap fè lè yo anfas tantasyon pou alkòl oswa dwòg. Li te anseye: “N ap twouve ke tantasyon yo gen mwens kontwòl sou nou. N ap deja te gentan deside kijan nou pral reyaji ak kisa nou pral fè. Nou p ap bezwen deside chak fwa” (“Liv Referans Prèriz ou a,“ Lyawona, Me 2019, 48). Apre nou fin li Doktrin ak Alyans 89:4 la ansanm ak deklarasyon Èldè Stevenson lan, pale avèk timoun ou yo sou kijan yo kapab deside kounyea—pou tout rès lavi yo—pou yo viv Pawòl Sajès la. Ou kapab fè yon ti senaryo sou kijan yo ta kapab reponn si yon moun, menmi si se yon zanmi, ofri yo yon bagay ki kont Pawòl Sajès la. Kijan Senyè a beni nou lè nou obeyi Pawòl Sajès la? (Gade vèsè 18–21).
Kò nou se kado Bondye ban nou.
Bondye ban mwen pwofèt pou gide m ak pwoteje mwen.
-
Ou kapab montre foto ansyen pwofèt yo oubyen chante yon chante tankou “Suis les prophètes” (Chants pour les enfants, 58-59). Kijan Bondye beni pitit Li yo atravè pwofèt Li yo? Poukisa nou dwe koute pwofèt Bondye yo? (gade Doktrin ak Alyans 90). Apresa oumenm ak timoun ou yo kapab montre yon foto pwofèt vivan an epi pataje kèk bagay Senyè a te anseye oubyen avèti nou atravè pwofèt la. Kijan nou ka suiv pwofèt la?
Lespri a kapab ede m konnen sa ki vrè.
-
Ou kapab rezime antèt seksyon Doktrin ak Alyans 91 la pou ede timou ou yo konprann poukisa nou te resevwa revelasyon sa a. Apresa yo ta kapab panse a kèk kote, tankou nan medya yo, kote yo kapab jwenn “anpil bagay … ki vrè” ak “anpil bagay … ki pa vrè” (vèsè 1–2). Kisa vèsè 4–6 yo anseye nou konsènan Sentespri a? Kijan Sentespri a ede nou konnnen sa ki bon?
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a sou revi Zanmi an.