Doctrine and Covenants 2025
4–10 Out: “Kanpe nan Kote Ki Sen”: Doktrin ak Alyans 85–87


“4–10 Out: ‘Kanpe nan Kote Ki Sen”: Doktrin ak Alyans 85–87,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 85–87,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

fanmi k ap awoche pre yon tanp

4–10 Out: “Kanpe nan Kote Ki Sen”

Doktrin ak Alyans 85–87

Jou Nwèl se abityèlman yon moman pou nou medite sou mesaj tankou “lapè sou tè a” (gade nan Lik 2:14). Men, jou 25 Desanm 1832 a, lespri Joseph Smith te preyokipe pa menas lagè. Eta Kawolin Sid la ki nan Etazini te fèk defye gouvènman an epi yo t ap prepare pou batay. Epi, Senyè a te revele ke sa sete sèlman kòmansman an: Li te deklare “Lagè,” “pral vide sou tout nasyon.” (Doktrin ak Alyans 87:2. Sete kòmsi pwofesi sa a ta pral akonpli byenvit.

Men, sa pat fèt. Nan kèk semèn, Kawolin Sid ak gouvènman Etazini an te jwenn yon konpwomi, epi lagè a te vin sou kote. Sepandan, revelasyon yo pa toujou akonpli nan moman oubyen nan fason nou atann nan. Prèske 30 ane pita, lontan apre yo te fin matirize Joseph Smith, Caroline Sid te revòlte epi lagè Civil la te vini. Jodia, lagè atravè tout mond lan kontinye koze “latè a [an} detrèsplenyen” (Doktrin ak Alyans 87:6 Valè revelasyon sa a mwen nan predi kilè kalamite pral rive, epi l plis nan anseye kisa pou nou fè lè kalamite a rive. Konsèy la se menm an 1831, 1861, ak 2025: “Kanpe nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou” (vèsè 8

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 85:1–2

Senyè a vle m “ekri istwa m.”

Remake kisa Senyè a te vle enkli nan “istwa” ki dekri nan Doktrin ak Alyans 85:1–2 a. Poukisa ou panse Li vle Sen yo ekri istwa yo? Kisa w ta ka ekri sou “fason w viv, lafwa [ou] ak zèv ou” ki ta ka yon benediksyon pou ou ak jenerasyon fiti yo? Nan ki fason lè w ekri istwa pèsonèl ou sa ka ede w vin jwenn Kris la?

Gade tou nan “Jounal: ‘Of Far More Worth than Gold,’” Teachings of Presidents of the Church: Wilford Woodruff (2011), 125–33; “Turning Hearts” (video), ChurchofJesusChrist.org.

3:6

Turning Hearts

Doktrin ak Alyans 85:6

Lespri a pale avèk yon “ti vwa dous.”

Medite sou pawòl Joseph Smith te itilize pou dekri Lespri a nan Doktrin ak Alyans 85:6 la. Nan ki sans “vwa” Lespri a se yon “ti vwa” ki “dous”? Konsidere deskripsyon adisyonèl sa yo Joseph Smith te resevwa: Doktrin ak Alyans 6:22–24; 8:2–3; 9:7–9; 11:12–13; 128:1. Ki fason Lespri a pale avèk ou?

Gade tou nan Lik 24:32; Mozya 5:2; Alma 32:28; Elaman 5:30; Doktrin ak Alyans 6:22–23; 11:12–13.

Itilize leson objè. Moun sonje yon leson levanjil pibyen lè yo wè oubyen patisipe nan yon leson objè ki gen relasyon avèk sa y ap aprann nan. Paregzanp, lè w ap anseye konsènan ti vwa pezib Lespri a, petèt, ou ta ka jwe yon anrejistreman mizik dou ki sakre, epi klas la ta ka pale sou fason mizik la fè yo santi yo ak konbyen difisil sa t ap ye pou yo tande si ta gen bri pou distrè yo. Sa ta ka mennen nan yon diskisyon sou distraksyon nan lavi nou yo ki anpeche nou tande ti vwa dous, tou piti a.

yon jènfi k ap li ekriti yo

Ekriti yo dekri vwa Lespri a kòm yon ti vwa trankil.

Doktrin ak Alyans 86

Jis yo rasanble pou Kris nan dènye jou yo.

Doktrin ak Alyans 86 gen yon entèpretasyon parabòl ble ak move zèb la, nou jwen nan Matye 13:24–30, 37–43. Pandan w ap aprann konsènan siyifikasyon parabòl sa a, konsidere ranpli yon tab tankou sa a:

Senbòl

siyifikasyon posib

Kesyon pou medite

Senbòl

Semè a ak semans lan

siyifikasyon posib

Pwofèt ak Apot yo

Kesyon pou medite

Ki kalite “semans” pwofèt ak apot yo plante?

Senbòl

Enmi an

siyifikasyon posib

Satan

Kesyon pou medite

Kouman advèsè a eseye bloke travay Senyè a?

Senbòl

siyifikasyon posib

Kesyon pou medite

Senbòl

siyifikasyon posib

Kesyon pou medite

Men kèk kesyon pou w konsidere:

  • Apre L te fin entèprete parabòl la, Senyè a te pale sou prètriz la, retablisman an, ak sali pèp Li a (gade nan vèsè 8–11). Ki koneksyon ou wè ant tèm sa yo avèk parabòl ble ak move zèb la?

  • Ki wòl kòm yon “limyè pou Janti yo” ak “yon sovè pou pèp [Seyè] a”? (verse 11).

Doktrin ak Alyans 87

senbòl seminè
PGen lapè nan “kote ki sen yo.”

Pwofesi nan seksyon 87 la avèti kont danje fizik ki gen rapò avèk lagè nan dènye jou yo. Men, konsèy nan revelasyon sa a aplike tou a danje espirityèl. Medite sou kesyon sa swivan yo:

  • Yon pwofesi se yon revelasyon Bondye bay yon pwofèt, souvan konsènan lavni. Ki kèk egzanp pwofesi ansyen ak nouvo pwofèt yo bay? (gade nan Jan 3:14; Mozya 3:5; Elaman 14:2–6). Kouman yo te akonpli? (gade nan Lik 23:33; Maye 15:30–31; 3 Nefi 1:15–21).

  • Ki benediksyon ki genyen nan aksepte pwofesi pwofèt Bondye?

Avèk ide sa yo nan lespri w, li seksyon 87 la. (Pou kèk kontèks istorik, ou ta ka vle pou w li entwodiksyon sijè sa a tou.) Kisa w aprann konsènan pwofesi nan revalasyon sa a ak fason li te akonpli a? Kisa w ta di yon moun ki doute yon pwofesi poutèt li pa akonpli imedyatman?

Ki konsèy Senyè a bay nan vèsè 8 la? Ki kote ki “lye sen ou yo” kote w jwenn lapè ak sekirite? Kisa ki fè yon lye sen? Anplis de lye fizik, petèt gen moman sen, pratik sen, oswa panse ki sen ki ka pote lapè. Paregzanp, nan ki fason pawòl pwofèt Bondye yo yon kote ki sen pou ou? Kisa sa vledi pou nou “kanpe” epi “pa deplase” nan kote sa yo?

Gade tou nan “Kote Amou Ye,” Children’s Songbook, 138–39; Saints, 1:163–64; “Peace and War,” nan Revelations in Context, 158–64.

Pou plis ide, gade nan piblikasyon mwa sa a nan Lyawonaa ak Pou Fòs Jèn yo.

senbòl 03 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 85:6

Lespri a pale avèk yon “ti vwa dous piti.”

  • Kisa timoun ou yo t ap di si yon moun ta mande yo kouman yo te konnen Sentespri a pale avèk yo? Envite yo li youn nan fason Joseph Smith te dekri vwa Lespri a nan Doktrin ak Alyans 85:6 la. Apresa, yo ta ka pratike koute ak pale avèk yon ti vwa dou. Ou ta ka pataje eksperyans tou kote Lespri a te pale avèk ou nan yon ti vwa trankil.

  • Pou ede timoun yo konprann fraz “ti vwa trankil,” la, ou ta ka jwe yon kantik timoun trankilman, tankou “The Holy Ghost” (Children’s Songbook, 105). Mande yonn nan timoun yo pou yo devine ki kantik li ye pandan lòt timoun ap fè bri pou distrè yo. Apresa, ou ta ka repete kantik la san distraksyon. Ki distraksyon nou ka retire nan lavi nou pou santi Lespri a pi souvan?

Doktrin ak Alyans 86

Mwen ka ede rasanble pèp Bondye a.

  • Pou ede timoun yo konprann parabòl ki dekri nan seksyon 86 yo, ou ta ka prepare plizyè ti foto oubyen desen ble epi kache yo nan sal la. Eksplike timoun yo parabòl ble ak move zèb yo (gade nan Matye 13:24–30), epi li ansanm kòmantè Senyè a nan Doktrin ak Alyans 86:1–7. Apresa, timoun ou yo ta ka rasanble foto ble ki kache yo epi ekri sou yo non yon moun yo ka “rasanble” al jwenn Jezikri. Kisa rasanble moun pou Jezikri vle di? Ki fason nou kapab fè sa?

Doktrin ak Alyans 86:11

Mwen ka tankou yon limyè pou lòt moun.

  • Men kèk kesyon ou ka poze timoun ou yo pandan w ap diskite Doktrin ak Alyans 86:11: Nan ki fason limyè beni nou? Kijan sa ye lè nou pa gen limyè? Kòman nou ka yon limyè pou lòt moun? Ede timoun ou yo panse sou fason nou ka “kontinye nan bonte [Jezi] a” epi pataje l avèk lòt moun.

Doktrin ak Alyans 87:6, 8

Mwen ka “kanpe … nan kote ki sen.”

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 87:6 pou nou aprann bagay Senyè te di ki t ap rive nan dènye jou yo. Apresa, ou ta ka pale konsènan kèk nan difikilte oumenm ak timoun ou yo rankontre. Nan vèsè 8, kisa Senyè a te di nou ka fè pandan moman difisil yo?

  • Ede timoun ou yo fè yon lis sou kote ki sen, panse ki sen, ak aksyon ki sen ki ka ede yo kanpe devan danje espirityèl. Pou ide, gade video “Kanpe nan Kote ki Sen” ak “Kanpe Kote Ki Sen—Fleri Kote Ou Plante yo” (Biblyotèk Levanjil).

    5:36

    Standing in Holy Places

    4:36

    Stand Ye in Holy Places - Bloom Where You’re Planted

manman k ap montre tibebe l la yon tanp

Tanp lan se yon kote ki sakre.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

ble ki nan yon jaden

Senyè a rasanble pèp Li a tankou ble.

paj aktivite pou timoun yo