“21–27 Jiyè: “Moun ki Resevwa Anpil, Y Ap Mande Yo Anpil”: Doktrin ak Alyans 81–83” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 81–83” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Detay ki soti nan Kris la ak Jènòm Rich la, tablo Heinrich Hofmann.
21–27 Jiyè: Kote Moun Resevwa Anpil, Yo Mande yo Anpil”
Doktrin ak Alyans 81–83
An Mas 1832, Senyè a te aple Jesse Gause pou l te vin konseye Joseph Smith nan Prezidans Gran Prètriz la (ki rele Premye Prezidans kounyea) Doktrin ak Alyans 81 se yon revelasyon pou Frè Gause apwopo nouvo apèl li a. Men Jesse Gause pa t sèvi fidèlman, konsa, yo te aple Frederick G. Williams pou te ranplase li. Non Frè Williams te ranplase non Frè Gause nan revelasyon an.
Sa ka sanble se yon ti detay, men li konsène yon verite enpòtan: pifò nan revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans yo adrese adrese a dè moun espesifik, men nou ka toujou chèche fason pou nou aplike yo a noumenm (gade 1 Nefi 19:23). Lè nou li konsèy Senyè a te bay Frederick G. Williams pou l te “pote jenou ki fèb yo sekou,” nou ka panse a moun nou ta ka fòtifye (Doktrin ak Alyans 81:5). Lè nou li envitasyon Senyè a pou manm United Firm yo pou yo “lye tèt nou pa alyans sa a,” nou ka panse ak pwòp alyans pa nou yo. Epi nou ka li pwomès Li a, “Mwen menm … m anba obligasyon lè nou fè sa m di” a, kòmsi Li t ap pale avèk nou (Doktrin ak Alyans 82:10, 15.) Nou ka fè sa paske, jan Senyè a deklare a, “Sa m di yon moun m di tout moun ni” (vèsè 5).
Gade “Newel K. Whitney et la Firme Unie,” “Jesse Gause: Conseiller du Prophète,” nan Révélations dans leur contexte, 142–47, 155–57.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Doktrin ak Alyans 81:4–5; 82:18–19
“Ou pral fè pi gwo byen pou pwochen ou.”
Nan plizyè pasaj nan Doktrin ak Alyans 81–83 a, Senyè a envite nou pou nou ede moun ki nan bezwen ki bò kote nou. Panse pou w make pasaj sa yo pandan w ap jwenn yo. Youn nan egzanp ki pi deskriptif yo se nan Doktrin ak Alyans 81:4–5. Men kèk kesyon pou ede w medite sou vèsè sa yo:
-
Ki kèk fason yon moun kapab “fèb”? Kisa sa vledi pou “pote yo sekou”? Kilè sèvis kretyen anvè lòt moun te ede m lè m te santi m fèb?
-
Kisa ki ka lakoz men yon moun figirativman “pandye”? Kijan nou ka “leve” men sa yo?
-
Kisa “jenou ki fèb” vledi? Kijan yo ka fòtifye?
Kijan Sovè a fè bagay sa yo pou nou?
Petèt etidye vèsè sa yo ka fè w sonje yon moun ou ta ka “pote sekou,” “leve,” oubyen “ranfòse.” Kisa w pral fè pou w pran swen moun sa a?
Ki lòt bagay ou aprann apwopo sèvi lòt moun nan Doktrin ak Alyans 82:18–19? Ou ta ka pase videyo sou “Ansèyman Thomas S. Monson yo: Sekouri moun ki nan Bezwen” an tou (Libreri Levanjil). Kijan manm yo nan pawas evèk Monson lan se egzanp sou sa vèsè sa yo anseye?
Teachings of Thomas S. Monson: Rescuing Those in Need
Gade tou Jakòb 2:17–19; Mozya 18:8–9; “Works of God (Travay Bondye)” (video), ChurchofJesusChrist.org.
Works of God
Carl Heinrich Bloch (1834–1890), Kris la k ap Geri Malad la nan Betseda, 1883, penti sou kanva, 100 ¾ x 125 ½ pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, ki achte avèk fon ke Jack R. ak Mary Lois Wheatley bay, 2001.
Sovè a ban m anpil epi Li mande m anpil.
Lekti vèsè sa a ta ka ankouraje w pou w repase kisa Bondye ba ou—benediksyon fizik ak benediksyon espirityèl. Kenbe sa nan tèt ou pandan w ap li rès seksyon 82 a. Kisa w santi Bondye mande ou?
Gade tou: “Seigneur, j’ai tant reçu,” Cantiques, no. 139.
Kòmandman yo se prèv lanmou Bondye pou nou.
Si oumenm oubyen yon moun ou konnen konn ap mande poukisa Senyè a bay si anpil kòmandman konsa, Doktrin ak Alyans 82:8-10 la ta ka ede. Ki ide nan vèsè sa yo ki ta ka ede w eksplike yon moun poukisa w chwazi pou w suiv kòmandman Senyè a bay yo? A kisa w ta ka konpare kòmandman ki ta ka ede yo? Ou ta ka jwenn ide adisyonèl nan Doktrin ak alyans 1:37–38; 130:20–21 “Moun ki respekte kòmandman Bondye yo Beni” a nan (Bibliyotèk Levanjil). Ki eksperyans ki anseye w pou w wè kòmandman yo kòm benediksyon?
Blessed and Happy Are Those Who Keep the Commandments of God
Panse sou kòmandman Bondye ba nou yo. Kisa kòmandman sa yo anseye w apwopo Limenm ak volonte Li? (gade vèsè 8). Kijan lavi w afekte lè w respekte kòmandman sa yo?
Kisa w aprann konsènan Senyè a nan vèsè 10 la? Selon oumenm, kisa sa vledi pou Senyè a “liye“ (gade tou vèsè 15).
Kijan Senyè a kenbe pwomès Li nan lavi w? Kisa ou t ap di yon moun ki pa santi l motive pou l kenbe kòmandman yo paske l pa resevwa benediksyon li te espere yo? Èske w jwenn ide ki ap ede w nan mesaj Èldè Todd Christofferson nan “Relasyon nou Avèk Bondye” a? (Lyawona, Me 2022, 78–80).
Gade Sijè ak Kesyon tou, “Kòmandman,” Bibliyotèk Levanjil.
Senyè a beni nou nan pwòp fason mèveye Li.
Sè Virginia H. Pearce, ansyen manm nan Prezidans Jeneral Jènfi a, te pale de yon fi ki te dezespereman gen sousi pou pitit li ki t ap fè move chwa. Prèske panike, li te eseye tout sa l ta ka panse pou l te chèche benediksyon Senyè a pou yo. Anplis priyè fèvan, li te fikse bi pou l te al nan tanp pi souvan epi pou l te santi asirans ke Senyè a t ap onore sakrifis siyifikatif sa a nan chanje kè pitit li yo. Fi a te rapòte:
“Apre dizan vizit san rete nan tanp al ak priyè konstan, mwen regrèt pou m di ke chwa timoun mwen yo pa chanje. …
“Men mwen chanje. Mwen se yon fi diferan. … Kè m vin adousi. Mwen ranpli konpasyon. Mwen ka aktyèlman fè plis epi m libere anba laperèz, anksyete, kilpabilite, blam, ak krent. Mwen sispann mete tan limit pa m epi m kapab rete tan Senyè a. Epi mwen fè eksperyans anpil manifestasyon sou pouvwa Senyè a. Li voye tand mizèrikòd, ti mesaj ki demontre lanmou Li pou mwen ak pou pitit mwen yo. Sa m ap atann yo chanje. Olye ke m rete tann pou timoun mwen yo chanje, mwen tann mizerikòd sanrete sa yo epi mwen ranpli ak rekonesans pou yo. …
“Priyè mwen yo chanje. Mwen eksprime plis lanmou epi mwen pi rekonesan. … Senyè a travay nan fason mèvèye, epi mwen vrèman ranpli ak lapè ki depase tout konpreyansyon an” (nan “Priyè: Yon Bagay tou piti ak Senp,” Sou Chè a [2017], 288–89).
“Pran swen vèv yo ak òfelen yo.”
An Avril 1832, jan Senyè a te mande li, Joseph Smith te vwayaje sou prèske 800 mil kilomèt pou l t al rann Sen ki te rasanble nan Missouri yo vizit (gade Doktrin ak Alyans 78:9). Pandan l te la, li te vizite yon kominote kote plizyè vèv t ap elve timoun poukont yo. Pami yo te gen Phebe Peck ak Anna Rogers, ke Pwofèt la te konnen pèsonèlman. Nan Missouri ane 1830 yo, lwa leta yo pa t bay vèv yo anpil dwa sou pwopriyete mari ki te mouri a te posede. Kisa w aprann nan seksyon 83 a sou fason Senyè a santi l apwopo vèv yo ak òfelen yo? Èske w konn yon moun ki nan sitiyasyon sa a, ki ta ka benefisye de lanmou w ak atansyon ou? Ki kèk fason ou ka pataje sa w genyen avèk vèv, òfelen, manman selibatè, ak lòt moun ki nan bezwen?
Gade tou: Ezayi 1:17; Jak 1:27.
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Liahona a ak Pou Fòs Jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
M ka priye “byenfò epi nan kè [m].”
-
Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 81:3 a avèk timoun yo, ede yo panse sou diferan kote “piblik” ak ““prive” kote yo ka priye. Ou ta ka koute oubyen chante avèk yo yon kantik sou priyè, tankou “Secret Prayer” (Hymns, no. 144). Pataje youn ak lòt yon bagay nan kantik la ki anseye yon verite enpòtan sou lapriyè. Ou ta ka pale tou sou pale avèk reverans ak Papa nou ki nan Syèl la.
-
Pou ankouraje timoun yo priye nan kè yo, ou ta ka ba yo kè an papye epi envite yo pou yo desine oubyen ekri yon bagay yo vle priye Papa nou ki nan Syèl la pou li. Temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la konnen sa n ap panse ak sa nou santi epi Li ka tande priyè nou menmsi nou pa di yo fò. Ou ta gendwa pataje yon eksperyans avèk yo kote ou te priye nan kè w epi Papa nou ki nan Syèl la te tande ou.
Senyè a vle m ede moun ki nan bezwen.
-
Avèk timoun ou yo, desine foto men ak jenou, epi mande yo pou yo jwenn pati sa yo ki nan kò yo a nan Doktrin ak Alyans 81:5. Kisa Senyè a mande nou pou nou fè nan vèsè sa a? Ou ta ka pataje youn ak lòt kèk fason moun konn fòtifye ou lè w konn santi w “fèb” oubyen “frèl.” Video “Pass It On” nan nan (ChurchofJesusChrist.org) la ta ka bay timoun yo ide sou fason pou yo sèvi lòt moun. Ou ta ka chante ansanm, yon chan konsènan fè byen, tankou “Have I Done Any Good?” tou (Hymns, no. 223) (ansyen liv kantik la). Panse ede timoun yo fè yon plan pou yo ede omwen yon moun ki nan bezwen semèn sa a.
2:18Pass It On
-
Ou ta ka itilize foto oswa video tou pou rakonte senp istwa sou Jezikri k ap sèvi lòt moun (gade foto ki nan plan leson sa a; Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 41, 42, 46, 47, 55; oswa youn nan Video Bib nan Bibliyotèk Levanjil) yo. Kijan nou ka suiv egzanp Sovè a nan ede lòt moun?
Nou ka lonje lamen bay moun ki nan bezwen jan Sovè a te fè a.
Ede timoun yo resevwa pwòp enspirasyon pa yo. Anseye vledi plis pase jis pataje verite—li vledi ede lòt moun vin apranti endepandan. Olye ke w senpleman di timoun yo kijan yo ka sèvi lòt moun, paregzanp, ankouraje yo pou yo chèche gidans Senyè a pou yo ka konnen kimoun yo ka ede.
Papa nou ki nan Syèl la pwomèt benediksyon si {m fè efò pou m obeyi Li.
-
Oumenm ak timoun yo ta ka gade nan Doktrin ak Alyans 82:8, 10 pou repons pou kesyon “Poukisa Pè Selès la ba nou kòmandman” an. Ou ta ka ede timoun yo panse a egzanp sou kòmandman L yo (gade, paregzanp, Egzòd 20:4–17; Matye 22:37–39; Doktrin ak Alyans 89:5–17). Sa te ka ede si oumenm ak timoun ou yo ta jwenn oubyen desine foto pou reprezante kèk nan yo. Kijan kòmandman Papa nou ki nan Syèl la montre amou Li pou nou?
-
Petèt yon senp jwèt ta ka ede timoun yo wè kòmandman Bondye yo kòm benediksyon, non pa kòm fado. Yon moun ta ka bay enstriksyon pou ede yon lòt moun, ki gen zye bande, fè yon bagay tankou fè yon sandwich oubyen desine yon foto. Panse ak yon bagay ki amizan ak kreyatif! Apresa, di kijan kòmandman Bondye yo se tankou enstriksyon yo ki nan jwèt sa a.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.