“7–13 Jiyè: ‘Rekonpans Yo Pral Gran epi Laglwa Yo Pral Etènèl’: Doktrin ak Alyans 76,” Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye ak Legliz la: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 76,” Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye ak Legliz la: 2025
Refij, tablo Shaelynn Abel
7–13 Jiyè: “Rekonpans Yo Pral Gran epi Laglwa Yo Pral Etènèl”
Doktrin ak Alyans 76
“Kisa ki pral pase apre m mouri?” Preske tout moun poze kesyon sa a nan yon fason oswa yon lòt. Pandan dè syèk, anpil tradisyon Kretyèn, repoze sou ansèyman Biblik yo, te anseye sou syèl la ak lanfè, sou paradi pou moun ki jis ak touman pou moun ki mechan. Men èske tout fanmi imèn nan ka reyèlman divize osi kategorikman? An Fevriye 1832, Joseph Smith ak Sidney Rigdon t ap mande tèt yo si pa t gen plis pou yo te konnen sou sijè a (gade Doktrin ak Alyans 76, antèt seksyon an).
Sètènman te gen plis. Pandan Joseph ak Sidney t ap medite sou bagay sa yo, Senyè a te “touche je konpreyansyon [yo] epi yo te louvri” (vèsè 19). Yo te resevwa yon revelasyon si frapan, si grandyoz, e si anrichisan, ke Sen yo te tou senpleman rele l “Vizyon an.” Li te louvri fenèt syèl yo byen gran epi l te bay pitit Bondye yo yon vizyon sou letènite ki depase konpreyansyon nou. Vizyon an te revele ke syèl la pi gran ak pi majestye e pi enklizif pase anpil moun te konn sipoze anvan sa. Bondye pi mizèrikòdye e pi jis pase nou ka konprann. Epi, pitit Bondye yo gen yon destine etènèl pi gloriye pase nou ka imajine.
Gade Les Saints, 1:147–50; “La Vision,” nan Revelations dans leur Contexte, 148–54.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Sali vini atravè Jezikri, Pitit Gason Bondye a.
Seksyon 76 la revele verite enpòtan konsènan destine etènèl nou, men li t ap enkonplè pou di ke revelasyon sa a gen pou wè ak twa wayòm laglwa yo oswa menm jis konsène plan sali a. Pi presizeman, seksyon 76 la gen pou wè ak Jezikri, ki rann plan Bondye pou sali ak pwogresyon etènèl nou an posib. Lè w ap li, ou gendwa chèche jwenn mo oswa fraz yo ki dekri relasyon ant Jezikri ak moun ki eritye diferan wayòm laglwa yo. Petèt yon tablo menmjan ak sa n bay la a ta ka ede w anrejistre sa ou jwenn:
|
Wayòm laglwa |
Relasyon avèk Jezikri |
Benedikson etènèl |
|---|---|---|
Wayòm laglwa Selès (vèsè 50–70, 92–96) | Relasyon avèk Jezikri
| Benedikson etènèl
|
Wayòm laglwa Terès (vèsè 71–79, 97) | Relasyon avèk Jezikri | Benedikson etènèl |
Wayòm laglwa Telès (vèsè 81–90, 98–106, 109–12) | Relasyon avèk Jezikri | Benedikson etènèl |
Kisa ou santi w enspire pou ou fè pou ranfòse relasyon ou avèk Sovè a?
Lè Wilford Woodruff te li vizyon sa a, li te di, “Mwen te santi lanmou Sovè a pi pli pase jamè avan nan lavi m” (gade “Vwa Retablisman yo: Temwayaj sou ‘Vizyon an’”). Kisa ou aprann konsènan Jezikri apati vèsè 1–5, 20–24, 39–43, 107–8 ki koz ou renmen Li plis?
Gade tou 1 Pyè 3:18–19; 4:6; Dallin H. Oaks, “Kisa Sovè Nou an Te Fè pou Nou?,” Lyawona, Me 2021, 75–77; “Merveilleux l’Amour,” Cantiques, no. 117.
Konsantre sou Pè Selès la, sou Jezikri, ak doktrin Yo a. Nan tout sa nou ka aprann nan ekriti yo, verite ki pi enpòtan yo ede nou bati lafwa nan Pè Selès la ak Jezikri, repanti, fè ak kenbe alyans avèk Yo, epi resevwa Sentespri a. Malgre li ka pa enteresan pou konpare oswa analize atitid oswa konpòtman moun ki pral resevwa diferan wayòm laglwa yo, li enpòtan pou fokis sou Pè Selès la ak Sovè a. Tout bagay Yo fè pou prepare nou pou laglwa sa a pral atire nou sou Yo.
Nan chanm sa a, Joseph Smith te wè vizyon ki anrejistre nan Doktrin ak Alyans 76 la.
Doktrina ak Alyans 76:5–10, 114–18
Mwen ka konprann volonte Bondye “pa pouvwa Sentespri a.”
Se pa tout manm Legliz la ki te fasilman aksepte revelasyon ki nan seksyon 76la, paske l te anseye ke prèske tout moun t ap sove epi resevwa yon degre laglwa. Pa egzanp, Brigham Young te di: “Tradisyon m yo sete tankou, lè m te resevwa Vizyon an premye fwa a, li te dirèkteman kontrè e opoze a edikasyon m te genyen anvan sa. M te di, Tann yon ti moman. Mwen pa t rejte li; men mwen pa t ka konprann li.” Li te eksplike ke li te oblije “reflechi epi priye, jiskaske m te vin konnen epi konprann li totalman pou tèt pa mwen” (nan “La VIsion,” nan Revelations dans leur Contexte, 150). Kisa ou aprann apati eksperyans li a ki ka ede nou lè Bondye revele bagay ki diferan de sa nou konprann kounyea? Kisa ou aprann konsènan Bondye nan Doktrin ak Alyans 76:5–10, 114–18? Kisa vèsè sa yo anseye konsènan fason ou konprann “bon plezi nan volonte [Bondye] a”? (vèsè 7).
Doktrin ak Alyans 76:39–44, 50–70
Egzaltasyon se fòm sali ki pi elve a.
Doktrin ak Alyans 76:39–44 dekri sali an jeneral. Vèsè 50–70 dekri egzaltasyon, yon kalite sali spesifik. Kijan ou t ap eksplike diferans ant sali ak egzaltasyon an? Ki wòl Sovè a nan nan toulède? Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki enpsire ou pou w chèche egzaltasyon?
Gade tou Jan 3:16–17; Doktrin ak Alyans 132:20–25.
Doktrin ak Alyans 76:50–70, 92–95
Papa m ki nan Syèl la vle pou m resevwa lavi etènèl nan wayòm selès la.
Èske ou te janm konn mande w—oswa enkyete—konsènan si ou ka vin tounen kalite moun ki pral resevwa laglwa selès, jan li dekri nan Doktrin ak Alyans 76:50–70, 92–95la? Pandan ke l enpòtan pou nou konnen kisa Bondye atann de nou, konsidere pou w chèche nan vèsè sa yo tou pou w ka jwenn kisa Bondye te fè pou nou—ak sa L ap fè—pou ede nou vin tankou Li. Poukisa ou santi efò ou yo enpòtan pou Li?
Kijan vizyon sa a sou wayòm selès la afekte fason ou vle viv lavi kotidyèn ou?
Gade tou Moyiz 1:39; J. Devn Cornish, “Eske Mwen Bon Ase? Èske M ap Rive?,” Lyawona, Nov. 2016, 32–34
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo a.
Ide pou Anseye Timoun yo
Nou tout se pitit yon Bondye.
-
Pou ede timoun ou yo konprann potansyèl diven yo, ou ta ka montre yo foto timoun ak paran yo. Nou ta ka li apresa Doktrin ak Alyans 76:24. epi pataje youn avèk lòt poukisa nou kontan konnen ke nou tout se “pitit gason ak pitit fi Bondye.”
-
Nou ta ka chante ansanm tou “Je suis enfant de Dieu” (Chants pour les Enfants, 2–3) epi envite timoun ou yo lonje dwèt sou tèt yo lè yo chante “Je.” Apresa chante kantik la ankò, pou ranplase “Je suis” avèk “vous êtes” pandan y ap lonje dwèt sou yon lòt moun.
Doktrin ak Alyans 76:5, 41–42, 69
Jezikri se Sovè mwen.
-
Konsidere monte avèk timoun yo yon senaryo kote yon moun mande, “Kisa Jezikri te fè pou mwen?” Oumenm ak timoun ou yo ka chèche jwenn repons posib nan vèsè 5, 41–42 yo, oswa 69 nan seksyon 76 la. Chan ki sigjere: “Il envoya son Fils aimé,” Chants pour les enfants, 20–21 Kijan nou ka montre gratitid nou pou sa Sovè a fè pou nou?
Detay ki soti nan Kite Timoun Yo, tablo J. Kirk Richards
Pè Selès la vle pou m retounen viv avèk Li pou tout tan.
-
Oumenm ak timoun ou yo ta ka li oswa gade yon pati oswa tout “Chapit 26: Twa Degre Laglwa yo nan Syèl la” la (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 97–103, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la) epi pataje youn avèk lòt kisa nou renmen konsènan vizyon Joseph Smith te fè a. Kite timoun yo pataje panse yo sa yo santi konsènan kisa sa t ap sanble pou yo viv avèk Pè Selès la nan wayòm selès la.
4:7Chapter 26: The Three Kingdoms of Heaven: 16•February 1832
-
Ou ta ka li Doktrin ak Alyans 76:62 tou epi envite timoun ou yo pou yo desine foto tèt yo avèk Pè Selès la ak Jezikri nan wayòm selès la (gade paj aktivitesemèn sa a).
Doktrin ak Alyans 76:12, 15–19, 114–16
Etidye ekriti yo kapab ede nou “konprann bagay Bondye yo.”
-
Ou ta ka envite timoun ou yo pou yo li vèsè 15–19 pou jwenn kisa Joseph Smith ak Sidney Rigdon t ap fè lè yo te wè vizyon an ki nan Doktrin ak Alyans 76la. Pale timoun yo de yon lè kote w te resevwa enspirasyon pandandan w t ap li ekriti yo, epi mande timoun ou yo si yo te fè eksperyans ki similè.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.