“14–20 Jiyè: ‘IMwen Ap Dirije W’: Doktrin ak Alyans 77–80,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 77–80,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Retounen Lakay, tablo Yongsung Kim
14–20 Jiyè: “M Ap Dirije W”
Doktrin ak Alyans 77–80
Mwens pase dezan apre Legliz Jezikri a te fin retabli, li te genyen plis pase 2.000 manm epi li t ap grandi rapidman. An Mas 1832, Joseph Smith te rankontre avèk lòt dirijan Legliz yo pou “diskite sou zafè Legliz la”: nesesite pou pibliye revelasyon yo, achte tè pou yo ka rasanble, ak pran swen pòv yo (gade Doktrin ak Alyans 78, antèt seksyon an Pou jere bezwen sa yo, Senyè a te aple yon ti gwoup dirijan nan Legliz la pou yo te fòme ‘Firme Unie’ an, yon gwoup ki ta pral ini efò yo pou yo fè “avanse kòz” Senyè a (vèsè 4) nan domèn sa yo. Men, menm nan zafè administratif sa yo, Senyè a te konsantre sou bagay letènite yo. An definitif, rezondèt yon enprimri oswa yon magazen—tankou tout lòt bagay nan wayòm Bondye a—se pou prepare pitit li yo pou yo resevwa “yon plas nan mond selès la” ak “richès letènite yo” (vèsè 7, 18). Epi, si benediksyon sa yo difisil pou n konprann pou moman an, nan mitan okipasyon lavi kotidyèn nou yo, li rasire nou: “Fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou” (vèsè 18).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Bondye bay konesnas ak pèp li ki chèche sa.
Pandan Joseph Smith ak Sidney Rigdon t ap travay sou tradiksyon enspire Labib la, yo te genyen kesyon konsènan liv Revelasyon an, tankou anpil moun genyen. Epi jan Joseph te konnen byen, lè li manke sajès, li te ka mande Bondye. Enspirasyon l te resevwa yo ekri nan Doktrin ak Alyans 77. Pandan w ap li seksyon sa a, panse pou w ekri enpresyon w resevwa nan chapit apwopriye yo nan liv Revelasyon an. Kisa w aprann apati etid ou a konsènan resevwa revelasyon?
Tradiksyon Bib la, tablo Liz Lemon Swindle
Kisa ‘Firme Unie’ an te ye?
Yo te fonde ‘Firme Unie’ an pou yo te ka jere zafè piblikasyon ak komèsyal Legliz la nan Ohio ak Missouri. Moun ki te konpoze li sete Joseph Smith, Newel K. Whitney, ak lòt dirijan nan Legliz la ki te konbine resous yo pou yo te ka reponn bezwen tanporèl Legliz la ki t ap grandi a. Malerezman, Firme Unie an te tonbe nan dèt epi li te kraze an 1834 lè yo te vin pa t ka jere dèt yo.
Gade tou “Newel K. Whitney ak Firme Unie an,” nan Revelasyon nan kontèks yo, 142–47; Church History Topics, “Firme Unie (‘United Order’),” Bibliyotèk Levanjil la.
Mwen ka ede “avanse kòz” Kris la ak Legliz Li a.
Senyè a te di Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo ke jere yon magazen ak yon enprimri t ap ede “avanse kòz la, ke yo te anbrase a” (Doktrin ak Alyans 78:4). Kisa w t ap di ki se “koz” Legliz Sovè a? Medite sou sa pandan w ap li Doktrin ak Alyans 78:1-7 la. Site kèk nan diferan mwayen ou ka ede avanse kòz sa a—enkli nan fanmi ou?
Gade tou Manyèl Jeneral, 1.2.
Senyè a ap dirije mwen.
Poukisa w panse Senyè a pafwa rele disip Li yo “timoun piti”? (Doktrin ak Alyans 78:17). Kilè ou konn santi w tankou yon timoun piti, petèt akoz yon bagay ou “poko konprann” oubyen ou “pa kapab sipòte”? (vèsè 17–18). Kisa ou jwenn nan vèsè sa yo ki ka ede w “pran kouraj” (vèsè 18) nan moman sa yo? Konsidere jwenn yon foto sou oumenm lè ou te yon timoun, epi medite sou kijan ou te granddi spirityèlman depi lèsa. Oubyen panse a yon bagay ki te difisil pou ou ou te jèn men ki pi fasil kounya. Nan ki fason Pè Selès la toujou vle ou pou w tankou yon timoun? (gade Mozya 3:19). Kijan Li “[ap dirije] ou”?
Mwen ka resevwa tout bagay avèk rekonesans.
Pou prepare pou etidye Doktrin ak Alyans 78:19, ou ta ka fè yon lis bon bagay ki te rive ou jodia. Apresa fè yon lis bagay yo ki pa vrèman sanble se benediksyon pou ou. Medite sou lis sa yo pandan w ap li Doktrin ak Alyans 78:19. Ki diferans sa fè nan lavi ou si ou resevwa “tout bagay” avèk rekonesans—menm bagay yo ki gendwa pa sanble tankou benediksyon?
Pou w aprann plis konsènan kijan gratitid pou Bondye ka can enfliyanse lavi ou, eksplore ekriti sa yo epi fè yon lis sou verite ou jwenn yo: Sòm 107:8–9; Lik 17:11–19; Filipyen 4:6–7; Mozya 2:19–24; Alma 34:38; 37:37; Doktrin ak Alyans 46:32; 59:7, 15–21.
Konsidere chèche mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la “Rekonesans nan Nenpòt Sikonstans” (Lyawona, Me 2014, 70–77) pou konsèy konsènan kijan pou montre rekonesans. Ou ta ka chèche jwenn konsèy similè nan videyo “Prezidan Russell M. Nelson sou Pouvwa Gerisan Rekonesans” (Bibliyotèk Levanjil). KIjan gratitid afekte relasyon ou avèk Jezikri?
President Russell M. Nelson on the Healing Power of Gratitude
Chèche ak pataje. chèche jwenn fason pou ede moun yo chèche nan ekriti yo oswa pawòl pwofèt yo—pou kont yo oswa nan ti gwoup—epi pataje sa yo aprann. Pa egzanp, nan aktivite sa a ou ta ka bay chak moun oswa gwoup yon seksyon nan mesaj Prezidan Uchtdorf la epi mande yo pataje yon segman oswa fraz ke yo santi ki rezime sa li te anseye.
Gade tou “Compte les bienfaits,” Cantiques, no. 166; Sijè ak Kesyon yo, “Gratitid,” Bibliyotèk Levanjjl.
Apèl pou sèvi Bondye a gen plis enpòtans pase kote m ap sèvi a.
Konsènan Doktrin ak Alyans 80, Èldè David A. Bednar te anseye: “Petèt youn nan leson Sovè a ap anseye nou nan revelasyon sa a sèke li esansyèl ak enpòtan pou nou resevwa yon tach pou nou travay nan yon andwa byen espesifik men sa se yon bagay ki segondè parapò avèk apèl pou travay la” (“Aple nan Travay la,” Lyawona, Me 2017, 68). Ki eksperyans ki te ede w aprann ke pawòl Èldè Bednar yo se verite? Ki leson adisyonèl ou ka jwenn nan Doktrin ak Alyans 79:-80 ki ta ka ede yon moun ki fèk resevwa yon nouvo apèl?
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Bondye te kreye chak kreyati sou tè a.
-
Pandan timoun yo ak ou ap li Doktrin ak Alyans 77:2 ansanm, ougendwa gade imaj bèt yo, ki enkli ensèk ak zwazo yo. Timoun ou yo ta la lonje dwèt sou imaj yo ou li mo “bèt yo,” “bagay k ap ranpe yo,” ak “volay yo nan lè a.” Pataje youn avèk lòt kijan kreyasyon Bondye yo ede ou santi lanmou Li.
Bondye te kreye tout kreyati yo sou tè a.
Mwen ka ede “avanse kòz” Jezikri a.
-
Pou ede timoun ou yo reflechi konsènan wòl yo nan travay Senyè a, konsidere li avèk yo Doktrin ak Alyans 78:4 pou idantifye “kòz” la nou te anbrase a” (te akseote oswa chwazi pou sipòte) lè nou te batize. Ede yo chèche nan pasaj ekriti yo tankou sila yo pou repons posib yo: Mozya 18:8–10; Doktrin ak Alyans 20:37; Moyiz 1:39. Timoun ou yo ka pran plezi monte sèn konsènan fason yo ka ede avèk travay Senyè a. Pa egzanp, kijan sa sanble pou “pote fado youn lòt” oswa “pran sou [noumenm] non Jezikri”? Kijan mwen ka ede “avanse kòz” Kris la?
M ka pataje sa m genyen avèk lòt moun.
-
Pou anseye sa li vledi pou rete “egal nan bagay tèrès yo” (verse 6), ou ta ka bay timoun foto moun ki nan nesesite (grangou, blese, oswa frèt) ak objè ki t ap ede (tankou manje, yon badaj, oswa yon dra). Apresa timoun ou yo ta ka matche imaj yo avèk objè yo. Kisa nou ka pataje avèk moun ki nan nesesite yo?
-
Pou tabli kontèks la pou seksyon 78, li avèk timoun ou yo fraz yo ki anba de premye imaj yo nan “Chapit 28: Pwofèt Joseph Ale Missouri Ankò” (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 108, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la). Mande timoun ou yo pou yo pretann y ap ede yon moun bati yon kay, pataje manje, oswa sèvi yon lòt fason.
2:39Chapter 28: The Prophet Joseph Goes to Missouri Again: March–May 1832
Jezikri ap dirije m.
-
Li ka amizan pou timoun ou yo pale konènan kisa li vledi pou se yon dirijan epi apresa dirije yon aktivite. Apre nou fin li ansanm Doktrin ak Alyans 78:18, ou ta ka diskite moman kote nou bezwen Jezi pou dirije nou. Konsidere chante yon chan tankou “Je Marche avec Jésus” (Bibliyotèk Levanjil).
Mwen ka resevwa “tout bagay avèk rekonesans.”
-
Li avèk timoun ou yo Doktrin ak Alyans 78:19 pou dekouvri kisa Senyè a pwomèt pou moun ki rekonesan yo. Ede timoun yo konprann kisa “san fwa plis” vledi, petèt nan montre yo yon ti bagay epi apre sa 100 nan menm bagay la. Petèt yo ta ka desimen foto bagay yo te resevwa nan men Bondye “avèk rekonesans.”
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.