Doctrine and Covenants 2025
Vwa Retablisman yo: Temwayaj sou “Vizyon an”


Vwa Retablisman yo: Temwayaj sou “Vizyon an’,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Temwayaj sou “Vizyon an’,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025

senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo: Temwayaj sou “Vizyon an”

Wilford Woodruff

Portrait of Wilford Woodruff.

Wilford Woodruff te antre Legliz la an Desanm 1833, prèske dezan apre Joseph Smith ak Sidney Rigdon te resevwa vizyon ki ekri nan Doktrin ak Alyans 76 la. Li t ap viv Nouyòk nan moman an epi li te tande misyonè yo ki t ap sèvi nan zòn nan ap pale de “Vizyon an.” Dèzane apre, li te pale konsènan enpresyon li sou revelasyon sa a:

“Yo te anseye m depi nan anfans mwen ke te gen yon syèl ak yon lanfè, epi yo te di m ke tou moun ki mechan yo t ap gen pou yo resevwa yon pinisyon epi jis yo t ap resevwa yon laglwa. …

“… Lè m te li vizyon an …, li te eklere lespri m epi li te ban m gwo lajwa; sa te klè pou mwen ke Bondye sa a ki te revele lòm prensip sa a te saj, jis epi vrè, li te posede pi bon kalite yo ak bon sans ak konesans. M te santi ke li te konfòm a prensip lanmou, mizèrikòd, jistis ak jijman yo epi m te santi dezi pou m renmen Senyè a plis pase jamè anvan nan lavi m.”

“‘Vizyon’ an [se] yon revelasyon ki bay plis limyè, plis verite ak plis prensip pase nenpòt ki lòt revelasyon ki nan nenpòt lòt liv nou te janm genyen. Li eksplike klèman pou konpreyansyon nou ak kondisyon aktyèl nou, ki kote nou soti, poukisa nou isit la, ak ki kote nou prale. Tout moun kapab konnen atravè revelasyon sa a kisa l pral resevwa.“

“Anvan m te wè Joseph, mwen te di ke m sa pa t enterese m konnen ki laj li, si l te gran ase, oubyen jèn ase; aparans li pa t enterese mwen—keseswa cheve l te long oubyen kout, mesye sa a ki te avanse revelasyon sa a [vizyon ki ekri nan seksyon 76] la sete yon pwofèt Bondye. M te konnen sa pou tèt pa m.”

Phoebe Crosby Peck

Lè Phoebe te tande Joseph ak Sidney ap anseye “Vizyon an,” li t ap viv Missouri epi li t ap elve senk pitit poukont li. Vizyon an te sitèlman enpresyone li ke l te ekri sa m pral di la a pou l te pataje sa l te aprann nan avèk fanmi elaji li:

“Senyè a revele mistè wayòm ni yo pou pitit li yo. … Joseph Smith ak Sidney Rigdon te rann nou vizit nan prentan pase a, epi nou te gen anpil reyinyon jwaye pandan yo te la a, epi te gen anpil mistè devwale devan nou, ki te ban m gwo konsolasyon. Nou te ka wè kondesandans Bondye nan prepare demè lapè pou pitit li. Epi, tout moun ki pa resevwa plenitid levanjil la epi ki pa kanpe kòm sòlda vanyan nan koz Kris la, yo p ap ka demere nan prezans Papa a ak Pitit la. Men, gen yon andwa ki prepare pou tout moun ki pa resevwa li, men se yon andwa ki gen mwens laglwa pase laglwa moun ki demere nan wayòm Selès la. Mwen p ap eseye di plis konsènan bagay sa yo puiske bagay sa yo ap enprime kounyeya epi yo pral prezante yo bay mond lan. E petèt ke nou va gen opòtinite pou nou li l noumenm, e, si wi, mwen espere ke n ap li l avèk swen ak yon priyè nan kè nou, paske bagay sa yo vo lapèn pou nou remake yo. Epi, m ta renmen pou nou etidye yo, paske se sa ki mennen nan bonè nan mond sa a ak nan mond ki gen pou vini an.”

Nòt

  1. “Remak,” Deseret News, Me 27, 1857, 91.

  2. Deseret News, 3, Out 1881, 481; gade tou nan Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff2004), 120–21.

  3. “Remak,” Deseret Weekly,, 5 Sept. 1891, 322.

  4. “Lèt Phebe Crosby Peck te voye bay Anna Jones Pratt,” 10 Out 1832, Libreri Istwa Legliz la, Salt Lake City; òtograf ak ponktyasyon modènize.