Vini, Suiv Mwen
14–20 Septanm. “Bondye se Delivrans Mwen”: Ezayi 1-12


14–20 Septanm. ’Bondye se Delivrans Mwen’: Ezayi 1-12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“14–20 Septanm. ’Bondye se Delivrans Mwen,’” Vini, Suiv Mwen: Ansyen Testaman 2026

Ezayi k ap ekri sou yon pachemen

Pwofèt Ezayi Predi Nesans Kris la, Harry Anderson

14-20 Septanm: “Bondye Se Delivrans Mwen”

Ezayi 1–12

Menmsi se premye fwa w ap li liv Ezayi a, ou gendwa jwenn pasaj ki ka parèt familye pou ou. Se paske, pami tout pwofèt ansyen testaman yo, Ezayi se youn ke yo site pi souvan nan lòt liv ekriti yo, enkli Sovè a limenm. Pawòl Ezayi yo parèt souvan nan kantik ak lòt mizik sakre tou.

Poukisa yo site Ezayi souvan konsa? Asireman rezon an anpati sèke Ezayi te gen yon don pou eksprime pawòl Bondye a nan yon langaj klè, memorab. Men gen plis pase sa. Ezayi te enspire pwofèt pandan dè jenerasyon paske verite li te anseye yo te depase pwòp jenerasyon pa l la ( ant 740 ak 701 AK). Li te ekri sou gwo travay Redanmsyon Bondye a, ki pi gwo pase yon nasyon oswa yon peryòd. Nan men Ezayi, Nefi te aprann ke limenm ak pèp li a, malgre yo te separe al lwen rès Izrayèl la, te toujou fè pati pèp alyans Bondye a. Nan Ezayi, ekriven Nouvo Testaman yo te jwenn pwofesi konsènan Mesi a ki te akonpli klèman devan je yo. Epi nan Ezayi, Joseph Smith te jwenn enspirasyon pou travay rasanbleman Izrayèl nan dènye jou a ak konstriksyon Siyon. Pandan w ap li Ezayi a, kisa w pral jwenn?

Pou plis bagay konsènan Ezayi ak ekriti l yo, gade “Ezayi” nan Diksyonè Bib la. Pou plis enfòmasyon konsènan epòk Ezayi te viv la, gade 2 Wa 15–20 ak 2 Istwa 26–32.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Ezayi 1–12

Tout pawòl Ezayi yo ap akonpli.

Sovè a te ansenye ke “tout bagay [Ezayi] te pale yo te fèt, epi yo pral fèt, dapre pawòl li te pale yo” (3 Nefi 23:3). Pandan w ap etidye liv Ezayi a, konsidere fè yon tablo pwofesi avèk antèt tankou: epòk Ezayi a, ministè mòtèl Sovè a, ak Dènye jou yo. Remake byen ke anpil nan pwofesi Ezayi yo akonpli nan plis pase yon fason (gade Diksyonè Bib la, “Ezayi”).

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Liv Ezayi a gen anpil pwofesi ki sanble yo gen plizyè akonplisman. Youn sanble enplike moun nan tan Ezayi a oswa sikonstans jenerasyon k ap vini an. Yon lòt siyifikasyon, souvan senbolik, sanble fè referans ak evenman nan Meridian tan an, lè lavil Jerizalèm te detwi epi pèp li a dispèse apre Krisifiksyon Pitit Gason Bondye a. Yon lòt siyifikasyon ankò oswa akonplisman menm pwofesi a sanble gen rapò ak evenman ki ap akonpaye Dezyèm Vini Sovè a. Lefèt ke anpil nan pwofesi sa yo ka gen plizyè siyifikasyon an souliyen enpòtans pou nou chèche revelasyon nan men Sentespri a pou ede nou entèprete yo” (“Li Ekriti ak Revelasyon,” Ensign, Jan. 1995, 8).

Konprann Ezayi Sovè a te di: “Chèche bagay sa yo ak dilijans; paske pawòl Ezayi yo gran” (3 Nefi 23:1; gade tou vèsè 2–3). Men pou anpil moun, sa ka difisil pou konprann Ezayi. Ide sa yo kapab ede:

  • Medite sou senbòl ak metafò Ezayi te itilize yo.

  • Mande tèt ou: “Kisa m ap aprann osijè Jezikri?” (gade 1 Nefi 19:23).

  • Chèche sijè ke w santi ki aplikab a tan pa nou an.

  • Itilize èd pou etid, tankou yon diksyonè, referans anba paj yo, antèt chapit yo, ak Gid Ekriti yo.

Ezayi 1; 3–5

senbòl seminè
Pwofèt yo avèti sou peche epi yo pwomèt espwa atravè repantans.

Menm jan ak pwofèt nan tout tan yo, Ezayi te toujou avèti pèp la konsènan kondisyon espirityèl yo. Pandan w ap li Ezayi 1; 35, chèche fraz ki dekri kijan pèp la t ap fonksyone espirityèlman (gade, pa egzanp, Ezayi 1:2–4, 21–23; 3:9, 16–17; 5:11–12, 20–23). Ki pwoblèm similè ou wè nan epòk pa nou an? Ou ta ka chèche vèsè ki avèti sou konsekans kondisyon espirityèl Izrayelit yo (tankou Ezayi 1:7; 3:17–26; 5:5–7, 13–15).

Anplis avètisman, Ezayi te bay mesaj espwa pou redanmsyon atravè Sovè a tou (gade, pa egzanp, Ezayi 1:16–19, 25–27; 3:104). Kisa nou aprann konsènan Senyè a nan mesaj sa yo? Kijan mesaj Senyè a nan vèsè sa yo diferan de sa Satan vle nou kwè?

Menm jan ak Ezayi, pwofèt yo jodi a avèti nou konsènan peche ak konsekans li genyen, epi yo bay mesaj espwa atravè Jezikri. A ki lòt egzanp ou ka panse? Ou ta ka vle egzamine yon mesaj nan yon konferans jeneral pase, pou w ap chèche avètisman ak pwomès konsa.

Ezayi 2; 4; 11–12

Bondye pral fè yon gwo travay nan dènye jou yo.

Anpil nan pwofesi Ezayi yo gen siyifikasyon espesifik pou epòk nou an. Pou jwenn yo, chèche vèb tan-fiti yo (tankou “dwe” oswa “pral”). Pa egzanp, chèche vèb sa yo pandan w ap li Ezayi 2; 4; 11–12. Ou ta ka menm eseye ranplase yo avèk vèb tan-prezan (tankou ap pral). Kiyès nan pwofesi sa yo ki espesyalman enspiran pou ou? Kisa w aprann nan pwofesi sa yo konsènan Siyon, konstriksyon tanp, ak rasanbleman Izrayèl?

Ezayi 2:2–3 espesyalman enpòtan pou Sen Dènye Jou yo. Kijan pwofesi sa yo ap akonpli? Kisa w aprann konsènan “rason” ak “chemen” Senyè a nan kay Li a? (vèsè 3).

Gade tou Ezayi 5:26; “Tout au sommet des monts,” Cantiques, no. 4.

Ezayi 6

Se Bondye ki aple Pwofèt yo.

Nan Ezayi 6, Ezayi rakonte istwa apèl li pou l te vin yon pwofèt la. Pandan w ap li chapit sa a, kisa ki enpresyone ou nan eksperyans Ezayi te fè a? Kijan chapit sa a enfliyanse fason w panse konsènan Senyè a, pwofèt Li yo, ak travay yo resevwa apèl pou yo fè a?

Mari ki kenbe tibebe Jezi

“Nou gen yon ti pitit ki fèk fèt. Bondye ba nou yon gason” (Ezayi 9:6).

Ezayi 7–9

Bondye te pwomèt pou L te voye Jezikri pou l vin Sovè mwen.

Pandan ministè Ezayi a, Izrayèl te fòme yon alyans avèk peyi Siri pou te defann tèt li kont Asiri. Izrayèl ak Siri te vle fòse Aaz, wa Jida a, pou l te rantre nan alyans yo a. Men, Ezayi te pwofetize ke alyans lan t ap echwe epi l te konseye Aaz pou l te konfye l nan Senyè a (Ezayi 7:7–9; 8:12–13).

Pandan Ezayi t ap konseye Aaz, li te fè anpil pwofesi byen koni, tankou sa nou jwenn nan Ezayi 7:14; 8:13–14; 9:2, 6–7 yo. Kèlkeswa sa pwofesi sa yo te siyifi pou Aaz, yo te aplike klèman pou Jezikri (gade Matye 1:21–23; 4:16; 21:44; Lik 1:31–33). Poukisa “Emanyèl” se yon bon tit pou Sovè a? (gade nan Matye 1:23). Kijan Jezikri se yon “Konseye” oubyen “Prens Lapè” pou ou? (Ezayi 9:7). Ki lòt bagay ou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo?

Pou plis ide, gade nan piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak Pou fòs jèn yo.

senbòl seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Ezayi 1:2–4, 16–19

Akoz de Jezikri, mwen ka repanti epi vin pwòp.

  • Nan Ezayi 1:2–4, oumenm ak pitit ou yo te kapab jwenn rezon ki fè ke Senyè a pa t kontan ak pèp la. Remake konparezon avèk bèt la nan vèsè 3—kimoun ki se “Mèt” nou an? Kijan nou ka montre ke nou konnen Li?

  • Pou vizyalize Ezayi 1:16–18, oumenm ak pitit ou yo te kapab gade yon bagay wouj klere ak yon bagay blan pur. Oubyen petèt nou ta ka travay ansanm pou lave yon bagay. Kijan nou vin pa pwòp espirityèlman? Kijan Jezikri ede nou vin pwòp? Kisa nou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo? Pataje avèk pitit ou yo kijan ou santi w apwopo Li ak sa Li fè pou ou.

Ezayi 2: 2–4

Nan tanp lan, mwen aprann konsènan Jezikri.

  • Ezayi te predi yon epòk kote “montay kay Senyè a,” ta pral atire moun “tout nasyon” (Ezayi 2:2). Ki jan w ka ede pitit ou yo santi yo kontan pou y al nan kay Senyè a? Ou ka envite yo pou yo desine yon foto lakay yo. Apresa li ansanm Ezayi 2:2, epi envite yo pou yo desinen yon foto “kay Senyè a,” ki se yon tanp. Li Ezayi 2:3 ansanm. Envite yo pou yo ajoute anpil moun k ap vini nan tanp nan foto yo a, enkli avèk fanmi yo.

  • Nou ta ka li Ezayi 2:2–3 ansanm epi idantifye yon bagay ki enspire oumenm ak pitit ou yo pou yo ale nan tanp. Epi, apre nou fin li Ezayi 2:4 ansanm, ou ta ka diskite sou kijan tanp lan pote lapè pou yo. Chante yon chan sou tanp avèk timoun yo, tankou “Oh, j‘aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 99). Ede yo jwenn mo nan kantik la ki anseye sa tanp lan ye ak kisa nou fè ladan l.

Tanp Salt Lake la nan aswè

Tanp Salt Lake la

Ezayi 7:14; 9:6-7

Jezikri te vin sou tè a pou l te Sovè mwen.

  • Pou entwodui pwofesi Ezayi yo konsè Kris la, oumenm ak pitit ou yo te ka pale de tit moun, tankou prezidan, evèk, oswa enstriktè. Kisa tit sa yo di nou konsènan moun sa yo? Ede pitit ou yo jwenn tit sou Jezikri nan Ezayi 7:14 ak 9:6–7 (gade paj aktivite semèn sa a tou). Kisa chak nan tit sa yo anseye nou osijè Li? Ki lòt bagay nou aprann konsènan Jezikri nan vèsè sa yo?

  • Ou ta ka patajeavèk pitit ou yo “Ezayi, Pwofèt la” tou (nan Istwa Ansyen Testaman yo, 150–51). Poze tanzantan pou mande kisa Ezayi te konnen konsènan Jezikri anpil ane anvan nesans Li. Apresa, ou ka itilize Matye 1:21–23; Lik 1:31–33 pou pale sou fason pwofesi Ezayi yo nan Ezayi 7:14; 9:6–7 te akonpli.

    1:18

    Isaiah the Prophet

Pou plis ide, gade nan piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

yon zèklè nan syèl la anlè yon tanp

Ezayi te anseye ke tanp lan t ap tounen “yon lye refij” ak “yon pwoteksyon kont tanpèt ak kont lapli” (Ezayi 4:6). Tanp Idaho Falls, Idaho

paj aktivite Primè: Ezayi te pwofetize konsènan Jezikri