“Panse Nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Pwofèt ak Pwofesi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 2026)
“Pwofèt ak Pwofesi,” Vini, Suiv mwen: Ansyen Testaman 2026
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou
Pwofèt ak Pwofesi
Nan divizyon kretyen tradisyonèl Ansyen Testaman an, dènye seksyon an (soti nan Izayi pou rive nan Malachi) rele “Pwofèt yo.”. Seksyon sa a, ki anviwon yon ka nan Ansyen Testaman an, genyen ladan l pawòl sèvitè otorize Bondye ki te pale avèk Senyè a e ki te pale apre sa pou Li, kote yo te pataje mesaj Li avèk pèp la ant 900 e 500 avan Jezikri.
Pwofèt yo kominike volonte Bondye
Pwofèt ak pwofesi jwe yon gwo wòl nan tout Ansyen Testaman an. Patriyach Abraram, Izaak, ak Jakòb te fè vizyon epi yo te pale avèk mesaje selès. Moyiz te pale avèk Bondye fas a fas e Lli te kominike volonte L bay pitit Izrayèl yo. Liv 1 Wa ak 2 Wa yo rakonte travay ak mesaj memorab Pwofèt Eli ak Elize. Ansyen Testaman an pale tou de pwofèt tankou Miriam ak Deborah, ansanm ak lòt fi ki te beni avèk lespri pwofesi a, tankou Rebeka ak Ana. Epi menm si Sòm yo pa t ekri pa pwofèt ofisyèl, yo ranpli avèk lespri pwofesi tou, espesyalman pandan y ap pwente sou vini Mesi a.
Okenn nan bagay sa yo pa vini kòm yon sipriz pou manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Anfèt, levanjil retabli Jezikri a anseye nou ke pwofèt yo se pa sèlman pèsonaj istorik enteresan men yo se yon pati esansyèl nan plan Bondye a. Pandan ke kèk moun ta gen dwa panse ke pwofèt se pou Ansyen Testaman an sèlman, nou wè yo kòm yon bagay nou genyen an komen avèk epòk Ansyen Testaman an.
Men li yon chapit nan Ezayi oswa Ezekyèl ta kapab sanble l diferan de li yon mesaj konferans jeneral Prezidan aktyèl Legliz la. Pafwa li kapab difisil pou moun wè ke pwofèt tan lontan yo te gen yon bagay pou yo di nou. Apretou, mond kote nou ap viv jodia diferan anpil de mond kote yo t ap preche ak pwofetize a. Epi, lefèt ke nou gen yon pwofèt vivan an ta kapab soulve yon kesyon: Poukisa efò a vo lapèn—e sa mande efò—pou nou li pawòl pwofèt tan lontan yo?
Plenitid Tan yo, Greg Olsen
Ansyen Pwofèt Yo gen yon bagay pou yo di nou.
Pou pifò, moun jodi a yo se pa piblik prensipal pwofèt Ansyen Testaman yo. Pwofèt sa yo te gen preyokipasyon imedya yo t ap adrese nan tan ak kote pa yo a—menm jan pwofèt aktyèl nou yo adresse preyokipasyon imedyat nou jodi a.
An menm tan, pwofèt yo kapab wè pi lwen pase preyokipasyon imedya yo tou. Yo anseye verite etènèl, ki gen rapò avèk nenpòt ki lè ak nenpòt kote. Epi, kòm yo beni avèk revelasyon, yo kapab wè pi gwo imaj ak pi gwo pèspektiv travay Bondye a. Pa egzanp, Ezayi te avèti moun yo nan epòk li a kont peche yo. Li te ekri tou konsènan delivrans Izrayelit yo ki t ap gen pou yo viv 200 an nan lefiti. An menmtan tou, li te anseye konsènan delivrans ke tout pèp Bondye a ap chèche a. Epi, li te ekri pwofesi ki, menm jounnen jodia, toujou ap tann pou yo akonpli—tankou pwomès “yon nouvo tè” —l (Ezayi 65:17 ki pral “ranpli avèk konesans Senyè a” (Ezayi 11:9), kote tribi pèdi Izrayèl yo pral rasanble ak kote “nasyon yo” pa pral “aprann lagè ankò” (Ezayi 2:4). Yon pati nan lajwa ak enspirasyon ki soti nan lekti pawòl pwofèt Ansyen Testaman tankou pa Ezayi yo se reyalize ke nou jwe yon wòl nan jou gloriye yo te envizaje a.
Konsa, lè w ap li pwofesi ansyen yo, sa kapab ede pou nou aprann kontèks kote yo te ekri a—men nou ta dwe wè tèt nou nan yo tou, oubyen “konpare yo avèk [ou]” (1 Nefi 19:24; gade tou vèsè 23). Pafwa sa vle di rekonèt Babilòn kòm yon senbòl peche ak lògèy, non pa sèlman kòm yon vil tan lontan. Sa ka vle di konprann Izrayèl kòm pèp Bondye nenpòt ki lè ak nenpòt ki kote. Oubyen, sa ka vle di wè Siyon kòm koz dènye jou ke pèp Bondye a anbrase a, olye pou nou wè l kòm yon lòt mo pou Jerizalèm.
Nou ka konpare ekriti yo avèk lavi nou paske nou konprann ke yon pwofesi kapab akonpli nan anpil fason. Yon bon egzanp sou sa se pwofesi ki nan Ezayi 40:3a: “Tande vwa yon moun k ap rele byen fò nan dezè a, Prepare chemen Senyè a.” Pou Juif ki te an kaptivite nan Babilòn yo, deklarasyon sa a ta kapab fè referans a Senyè a ki ap bayo wout soti nan kaptivite epi retounen Jerizalèm. Pou Matye, Mak, ak Lik, pwofesi sa a te fè referans a Jan Batis, ki te prepare wout pou ministè Sovè a nan mòtalite a. Epi Joseph Smith te resevwa revelasyon ki di ke pwofesi sa a toutjou ap akonpli nan tan modèn nan an preparasyon pou ministè milenyòm Kris la. Nan fason ke nou ankò ap rive konprann, pwofèt tan lontan yo te pale avèk nou vre. E yo te anseye anpil verite presye ak etènèl ki konsène nou menm jan yo te konsène Izrayèl tan lontan an.
Ansyen Pwofèt yo te Temwaye konsènan Jezikri.
Sa ki petèt menm pi enpòtan pase wè tèt nou nan pwofesi Ansyen Testaman yo se wè Jezikri ladan yo. Si w chèche L, w ap jwenn Li, menm si non L pa mansyone. Sa ta kapab itil pou kenbe nan lespri w ke Bondye Ansyen Testaman an, Senyè Jewova a, se Jezikri. Nenpòt lè pwofèt yo dekri sa Senyè a ap fè oswa sa Li pral fè, yo pale de Sovè a.
Senyè a parèt devan Abraram, pa Keith Larson
W ap jwenn referans tou sou yon Moun Bondye ki Wen, yon Redanmtè, ak yon fiti Wa k ap soti nan linye David la. Tout bagay sa yo se pwofesi konsènan Jezikri. Pi jeneralman, w ap li konsènan delivrans, padon, redanmsyon, ak retablisman. Avèk Senyè a nan lespri w ak nan kè w, pwofesi sa yo ap oryante w tou natirèlman sou Pitit Gason Bondye a. Apretou, meyè fason pou konprann pwofesi se pou gen “lespri pwofesi,” ke Jan dekri pou nou kòm “temwayaj Jezi a” (Apokalips 19:10).