“25–31 Me. ‘Senyè a Voye Yon Moun pou Delivre yo: Jij 2–4; 6–8; 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“25–31 Me. ‘Senyè a Voye Yon Moun pou Delivre yo,‘” Vini, Suiv Mwen: Ansyen Testaman 2026
“Asireman M Prale Avèk Ou”—Deborah Pwofetès la, pa Des Leavitt
25 Me–31: “Senyè a Voye Yon Moun pou Delivre yo”
Jij 2–4; 6–8; 13–16
Nou tout konnen kijan sa ye lè nou peche, lè nou pa santi nou byen akozde sa, epi apresa nou repanti ak pran rezolisyon pou nou chanje fason nou. Men, twò souvan nou bliye rezolisyon nou te pran anvan an, epi, lè tantasyon vini, nou twouve nou ap komèt menm peche a. Chema sa a parèt souvan nan liv Jij yo. Enfliyanse pa kwayans ak pratik adorasyon Kananeyen yo—ke yo te sipoze chase soti nan peyi a—Izrayelit yo te kraze alyans yo avèk Senyè a epi yo te sispann adore Li. Kòm konsekans, yo te pèdi pwoteksyon Li epi yo te tonbe nan kaptivite. Men, chak fwa sa te rive, Senyè a te ba pèp alyans li a chans pou yo te repanti epi li te voye yon moun pou delivre yo, yon dirijan militè ki te rele yon “jij.” Se pa tout jij nan liv Jij yo ki te dwat, men kèk ladan yo te egzèse gwo lafwa nan delivre pitit Izrayèl yo ak retabli yo nan relasyon alyans yo a avèk Senyè a. Istwa sa yo raple nou ke kèlkeswa sa ki mennen nou lwen Jezikri, Li se Redamtè Izrayèl la epi Li toujou dispoze pou L delivre nou ak akeyi nou ankò lè nou retounen al jwenn Li.
Pou yon koudèy jeneral sou liv Jij yo, gade nan “liv, Jij yo” nan Diksyonè Bib la.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Jij 2:1–19; 3:5—12
Senyè a padone osi souvan ke m repanti.
Liv Jij yo kapab alafwa yon avètisman ak yon ankourajman. Chèche avètisman ak ankourajman sa a pandan w ap li Jij 2:1–19; 3:5–12. Kijan w santi avètisman ak ankourajman an aplike pou ou?
Pa egzanp, si Jij 2:19 te osijè oumenm ak tantasyon w yo olye l te osijè ansyen Izrayelit yo, kisa li ta ka di? Si Jij 3:9 te osijè sa Senyè a te fè pou delivre ou, kisa l ta ka di?
Konsidere li kesyon ak repons lan nan paj 9 nan Pou Fòs Jèn yo: Yon gid pou Fè Chwa. Kijan w santi sa aplike a eksperyans Izrayelit yo nan liv Jij yo? Kisa sa anseye ou konsènan Jezikri?
Jij 4:1–15
Mwen ka enspire lòt moun pou yo gen lafwa nan Senyè a.
Pafwa lafwa yon moun ka enspire lafwa nan anpil lòt moun. Nan Jij 4, moun sa a sete Debora. Li konsènan li nan Jij 4:1–15, epi note enfliyans li te genyen sou pèp ki te bò kote l la. Men kèk kesyon pou ede w egzamine kijan eksperyans li a ka aplike nan lavi ou:
-
Kijan w t ap dekri kondisyon Izrayelit yo te ye nan epòk sa a? (gade vèsè 1–3). Ki resanblans ou wè nan kondisyon ki egziste jodi a—nan moun yo ak sosyete a?
-
Ki pawòl oswa aksyon Debora ki montre w ke li te gen lafwa nan Senyè a? Kijan lafwa l te enfliyanse lòt moun? Kisa lòt bagay ki enpresyone w nan li?
-
Kisa w panse Debora te vledi nan kesyon li te poze nan vèsè 14la: “Eske Senyè a p ap mache devan w?” Kijan Senyè a ap “mache devan” nou? (gade tou Doktrin ak Alyans 84:87–88).
Medite konsènan fason lafwa w nan Jezikri te kapab beni lòt moun nan fason lafwa Debora te beni Barak ak lòt Izrayelit yo. Pou ede w reflechi konsènan sa a, ou ka etidye mesaj Èldè Neil L. Andersen nan ”Nou Pale de Kris” la (Liahona, Nov. 2020, 88–91). Chèche jwenn nan mesaj la (1) rezon pou w pale pi ouvètman sou Sovè a ak (2) fason pou w fè sa.
Apresa, ou ka fè yon lis bagay ou konnen konsènan Jezikri—nan ekriti yo, nan pawòl pwofèt vivan yo, ak nan eksperyans pèsonèl ou. Kimoun ki bezwen konnen sa a? Kijan w ap pataje l?
Gade tou Matye 5:14–16; 1 Pyè 3:15; “Each Life That Touches Ours for Good,” Hymns, no. 293.
Envite pataj. Si w te yon enstriktè—nan fwaye oswa nan legliz la—“bay moun w ap anseye yo opòtinite pou yo pataje sa y ap aprann konsènan Sovè a ak levanjil Li a youn ak lòt. Lè w fè sa, sa ap ede yo entènalize verite yo anseye yo a epi eksprime yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 26). Pa egzanp, lè w ap etidye Jij 44 ansanm, ou ka bay chak moun k ap aprann yon bagay espesifik pou yo chèche nan chapit la epi apresa envite yo pou yo pataje youn ak lòt sa yo jwenn.
Jij 6–8
Senyè a kapab fè mirak lè m mete konfyans nan fason L aji.
Pandan w ap li Jij 6–8, pran nòt sou ka kote Senyè a te mande Gideyon pou l te kwè yon bagay ki ta ka sanble l pa t fasil. Èske L janm mande w yon bagay menm jan an?
Kisa w santi Senyè a ap eseye anseye w nan istwa sa a? Kijan w wè Senyè a fè travay Li nan fason ki sanble yo pa fasil?
Jij 13–16
Bondye fòtifye m pandan m fidèl nan alyans mwen yo.
Samson te pèdi ni fòs fizik li ni fòs espirityèl li paske li te vyole alyans ke l te fè avèk Bondye yo, enkli alyans ki te aplike espesifikman a Nazarit yo (pou enfòmasyon konsènan Nazarit yo, gade nan Resansman 6:1–6; Jij 13:7). Pandan w ap li osijè Samson nan Jij 13–16la, nòt vèsè ki montre ke Senyè a te avèk Samson, osi byen ke vèsè ki montre Ke Samson pa t konplètman angaje nan Senyè a.
Ou ka reflechi sou alyans ou fè avèk Senyè a tou. Kijan alyans sa yo te mennen pouvwa Li nan lavi ou? Kisa w aprann nan eksperyans Samson yo ki enspire w pou w rete fidèl a alyans ou fè avèk Bondye yo?
Sè Ann M. Dibb te anseye: “Samson te fèt avèk gran potansyèl. Yo te pwomèt manman li, ‘Se li menm ki pral kòmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men Filisten yo’ [Jij 13:5]. Men pandan Samson t ap grandi, Li te gade nan tantasyon mond lan plis pase nan direksyon Bondye. Li te fè chwa ki ‘te fè [li] plezi‘ [Jij 14:3] olyede chwa ki te byen. Plizyè fwa ekriti yo itilize fraz ’epi li te chite’ [Jij 14:7] a lè y ap rakonte vwayaj Samson, aksyon li, ak chwa l yo. Olye pou l te leve epi briye pou l te ka akonpli gran potansyèl li a, mond lan te venk Samson, li te pèdi pouvwa Bondye te ba li a, epi li te mouri yon mò trajik byen bonè” (“Leve epi Briye,” Liahona, Me 2012, 118).
Gade tou Dallin H. Oaks, ”Alyans ak Responsablite,” Lyawona, Me 2024, 93–96; Ulisses Soares, ”Konfyans alyans atravè Jezikri,” Lyawona, Me 2024, 17–21.
Ide pou Anseye Timoun yo
Paske Dimanch sa a se premye Dimanch nan mwa a, nou ankouraje enstrikè Primè yo pou yo itilize aktivite aprantisaj ki nan “Apendis B: Prepare Timoun yo pou Tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.”
Jij 3; 7–9, 12–15
Jezikri se Liberatè mwen.
-
Jij 3 dekri yon modèl ki anseye konsènan pouvwa Sovè a pou delivre nou anba peche. Pou ede pitit ou yo idantifye modèl sa a, ou ka ekri fraz sa yo: ”te fè sa ki mal,” ”te kriye devan Senyè a,” epi ”voye yon liberatè.” Apresa, pitit ou yo te kapab chèche fraz sa yo nan Jij 3:7–9 ak Jij 3:12–15. Kisa nou aprann osijè Senyè a nan chema sa a?
-
Pou w mete aksan ke Jezikri se Liberatè nou, ou ta ka rasanble plizyè foto moun, ki gen ladan yon foto Jezi, epi mete yo fas anba. Kite timoun ou yo youn apre lòt vire foto yo. Lè yo jwenn foto Jezi, chante yon chan konsènan Li, tankou ”Li voye Pitit li” a (Chants pour les enfants, 34–35), epi pale pitit ou yo de fason Li delivre ou.
Jij 4:1–15
Mwen ka enspire lòt moun pou gen lafwa nan Senyè a.
-
Ou kapab itilize ”Debora Pwofetès la” nan Istwa Ansyen Testaman yo, 92–95, pou rakonte pitit ou istwa a nan Jij 4. Pataje youn ak lòt sa ou admire osijè Debora. Kijan lafwa li nan Senyè a te beni moun ki te bò kote li? Kisa nou ka fè pou ede lòt moun gen plis lafwa nan Jezikri?
2:9Deborah the Prophetess
Jij 7:1–21
Senyè a ka itilize ti bagay piti yo pou fè gwo travay.
-
Itilize Jij 7:4–7, paj aktivite semèn sa a, oswa ”Lame Jedeyon” an nan Istwa Ansyen Testaman yo, 96–99, pou anseye timoun ou yo konsènan fason Senyè a te fè lame Izrayèl la vin pi piti. Poukisa Senyè a te vle pou lame Jedeyon an te vin piti konsa? (gade Jij 7:2
2:37The Army of Gideon
-
Timoun ou yo ka desine foto yon epe, boukliye, twonpèt, lanp, ak po epi pale konsènan kiyès nan objè sa yo ke yo ta vle nan yon batay. Apresa, yo ta ka li Jij 7:16 pou aprann sa Senyè a te di lame Gideyon an pou yo te itilize. Pandan w ap li konsènan batay la nan Jij 7:19–21, pataje youn ak lòt sa ou aprann konsènan Senyè a nan istwa sa a.
Samson Vide Poto yo Atè, pa James Tissot ak lòt moun
Jij 13:5
Kenbe alyans yo ban m fòs.
-
Alyans Samson avèk Senyè a te ba l fòs fizik, menm jan alyans nou yo ba nou fòs spirityèl la. Timoun ou yo ta kapab kontan fè kèk egzèsis fizik epi diskite sou kijan egzèsis sa yo kapab fè kò nou solid. Kijan kenbe alyans nou yo, sa fè lespri nou solid? (gade Mozya 18:8–10; Doktrin ak Alyans 20:77, 79).
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.