Vini, Suiv Mwen
11–17 Me. “Fè Atansyon Pou W Pa Bliye Senyè a”: Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34


“11–17 Me. ‘Fè Atansyon Pou W Pa Bliye Senyè a‘: Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“11–17 Me. ‘Fè Atansyon Pou W Pa Bliye Senyè a,‘” Vini, Suiv Mwen: Ansyen Testaman 2026

Moyiz sou Mòn Nebo a

Moyiz sou mòn Nebo a, pa John Steel, © Providence Koleksyon / lisansye nan goodsalt.com

11–17 Me: “Fè Atansyon Pou W Pa Bliye Senyè a”

Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34

Ministè terès Moyiz la te kòmanse sou yon mòn, lè Bondye te pale avèk Li apati de yon touf bwa ki t ap boule (gade nan Egzòd 3:1–10). Li te fini sou yon mòn tou, plis pase 40 an apre, lè Bondye te bay Moyiz yon apèsi sou tè pwomiz la sou tèt Mòn Nebo a (gade nan Detewonòm 34:1–4). Moyiz te pase vi l ap prepare pitit Izrayèl yo pou yo antre nan tè pwomiz la, epi liv Detewonòm nan genyen dènye enstriksyon, rapèl, egzòtasyon, ak siplikasyon li pou Izrayelit yo. Lè w li pawòl li yo, sa rann klè ke vrè bi ministè Moyiz la—preparation pèp la te bezwen an—se pa t osijè siviv nan dezè a, konkeri enmi, oubyen bati yon nasyon. Se te osijè aprann renmen Bondye, obeyi Li, ak rete lwayal anvè Li. Se preparasyon nou tout bezwen pou nou ka antre nan tè pwomiz lavi etènèl la. Konsa, malgre ke Moyiz pa t janm mete pye l nan “peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo” a (Egzòd 3:8), gras ak lafwa li ak fidelite li, li te antre nan tè pwomiz Bondye prepare pou tout moun ki suiv Li yo.

Pou yon koudèy sou Detewonòm, gade “Detewonòm” nan Diksyonè Bib la.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Detewonòm 6:4–7; 8:2–5, 11–17; 29:18–20; 30:6–10, 15–20

senbòl seminè
”Renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou.”

Lwa Moyiz la te gen ladan l anpil seremoni ak rityèl ki te depase l. Jan ou pral wè nan konsèy Moyiz la nan Detewonomi an, Senyè a te konsène tou sou eta pèp li a—kondisyon espirityèl kè yo.

Nan pasaj ki anba yo, chèche mo pawòlla, epi reflechi sou sa li ta ka senbolize. Ou gendwa panse a pasaj sa yo kòm yon kalite tchèk espirityèl nan kè w. Ki dyagnostik ou ta bay tèt ou? Ki tretman w t ap preskri pou w amelyore sante espirityèl kè w? Ekri enpresyon w yo:

  • Detewonòm 6:4–7:

  • Detewonòm 8:2–5.

  • Detewonòm 3:11–17.

  • Detewonòm 29:18–20:

  • Detewonòm 30:6–10:

  • Detewonòm 30:14–20:

Yon fason pou òganize panse w se ta ka rale yon kè epi ekri andedan li bagay Senyè a di ou ta dwe genyen nan kè ou. Apresa, ou ta ka ekri andeyò li bagay ke w ta dwe kenbe soti nan kè ou.

Kijan w montre ke w renmen Bondye ak tout kè w? Pou ide, gade “Renmen Bondye, renmen pwochen w” nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa, 10–129.

Gade tou M. Russell Ballard, “Lovest Thou Me More Than These?,” Liahona, Nov. 2021, 51–53.

Chèche pwòp enpresyon espirityèl pa w. Vini, Suiv Mwen sigjere pasaj ak prensip pou w aksantye nan ekriti yo, men pa kite sa yo limite etid ou. Pandan w ap li Detewonòm nan, ou ka dekouvri yon prensip ki pa make isit la. Kite Lespri a gide w al nan sa w bezwen aprann.

Detewonòm 6:4–12, 20–25

“Fè Atansyon Pou Nou Pa bliye Senyè a.”

Anpil nan Izrayelit ki t ap antre nan tè pwomiz yo pa t ni temwen fleyo ki te pase an Ejip yo ni travèse Lamè Wouj la. Moyiz te konnen ke yomenm—ak jenerasyon apre yo—t ap bezwen sonje mirak Bondye yo ak lwa Bondye yo si yo te gen pou yo te rete pèp Bondye.

Ki konsèy ou jwenn nan Detewonòm 6:4–12, 20–25 la ki ta kapab ede w sonje gwo bagay Bondye fè pou ou? Kisa w enspire pou w fè pou pawòl Senyè a kapab rete chak jou “nan kè ou”? (vèsè 6).

Ou ka etidye mesaj frè Jan E. Newman nan tou “Konsève Vwa pèp Alyans lan nan Jenerasyon k ap Grandi a”(Liahona, Nov. 2023, 36–38) epi konsidere kijan ou pral pase lafwa ou nan Kris la bay jenerasyon k ap vini yo.

Gade tou Detewonòm 11:18–21; Dale G. Renlund, ”Konsidere bonte ak Grandè Bondye,” Liahona, Me 2020, 41–44; Diksyonè biblik, ”Bandwo oswa filaktè.”

Detewonòm 15:1–15

Ede moun ki nan nesesite mande men ki gen jenewozite ak kè ki dispoze.

Nou pako rive nan jou “kote pa gen pòv nan pami nou” an (Detewonòm 15:4) konsa, prensip sou ede pòv yo ki nan Detewonòm 15 la toujou valab, menmsi pratik patikilye konsènan yo chanje. Remake kisa vèsè 1-15 la anseye sou rezon ki fè nou ede moun ki nan bezwen ak ki atitid nou ta dwe genyen sou sa.

Kisa sa vle di pou ”ouvè men nou byen laj” bay moun ki nan bezwen? (vèsè 8, 11). Kisa ou aprann nan egzanp Senyè a konsènan ede moun ki nan bezwen? (gade vèsè 15).

Gade tou “Ai-je fait du bien?,” Cantiques, no. 194.

Detewonòm 18:15–19

Moyiz te ”tankou” Jezikri.

Pyè, Nefi, Mowoni, ak Sovè a Limenm, yo tout tout te kòmante sou pwofesi nan Detewonòm 18:15–19 la (gade nan Travay 3:20–23; 1 Nefi 22:20–21; Istwa—Joseph Smith 1:40; 3 Nefi 20:23). Kisa nou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo? Reflechi sou sa ou te li sou Moyiz nan semèn ki sot pase yo. Kijan Moyiz ”tankou” Jezikri?

Jezi ap anseye Nefit yo

Jezikri te di pèp li a nan Ansyen Amerik la: ”Mwen se moun pwofèt Moyiz te pale a” (3 Nefi 20:23).

Detewonòm 29:9; 30:15–20

Senyè a envite m pou m chwazi ant byen ak mal.

Li ta ka enteresan pou w ta konpare pawòI Moyiz yo ki nan Detewonòm nan avèk kèk nan dènye ansèyman Leyi te bay fanmi l yo nan 2 Nefi 2:26–29; 4:4 la. Kijan Leyi te bay detay sou sa Moyiz te anseye? Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki enpsire ou pou w chèche egzaltasyon? Deuteronomy 29:4

senbòl 03 nan seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Detewonòm 6:5

Mwen ka renmen Senyè a avèk tout kè mwen.

  • Pou ede pitit ou konprann Detewonòm 6:5, ou ta ka desine yon kè, kontou yon kò, ak yon bra solid. Timoun ou yo ta la lonje dwèt sou imaj yo lè w li mo “kè,” “nanm,” ak “panse” yo nan vèsè sa a. Kijan nou montre Senyè a ke nou renmen Li ak tout kè nou, nanm nou, ak tout panse nou?

Detewonòm 6:6–15

Mwen ka kenbe pawòl Bondye a nan kè m.

  • Li avèk pitit ou yo konsèy Senyè a te bay Izrayelit yo pou te mete pasaj ekriti yo nan kote yo t ap wè yo chak jou (gade Detewonòm 6:6–9). Sa ka enspire oumenm ak pitit ou yo pou nou panse a fason pou fè si ke nou pa ”bliye Senyè a” (vèsè 12) epi sonje sa Li fè pou ou.

  • Ou ta ka atire atansyon ke Detewonòm 6:13, 16 ak 8:3 te ede Sovè a pandan yon moman enpòtan nan lavi Li. Pou wè kijan, li ansanm Matye 4:1–10. Apresa, nou ta ka pataje youn ak lòt kèk pasaj ekriti ki te ede ou nan moman bezwen.

Yon jenòm k ap li ekriti yo

Detewonòm 18:15 -18

Pwofèt yo anseye nou konsènan Jezikri.

  • Pandan w ap li Detewonòm 18:18 ansanm, ede pitit ou konprann ke Pwofèt ki tankou Moyiz la nan vèsè sa a se Jezikri. Petèt ou ta ka gade foto bagay Moyiz te fè ak bagay Jezikri te fè, epi kite pitit ou yo fè yo matche (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 15, 16, 38,39). Kisa pwofèt vivan nou an te anseye konsènan Sovè a?

Detewonòm 29:12—13; 30:8–10

Gras ak alyans mwen yo, mwen fè pati pèp Bondye a.

  • Pale de Detewonòm 29:12–13 la ka bay yon opòtinite pou oumenm ak pitit ou yo pale de alyans yo pral fè oswa yo te fè avèk Pè Selès la. Kisa sa vledi pou nou se pèp Bondye? Kijan pwomès nou yo fè nou vin pèp Bondye? (gade vèsè 13; gade tou Mozya 18:8–10).

  • Si pitit ou yo bezwen èd pou yo konprann kisa yon alyans ye, sigjere ke yo jwenn yon definisyon nan ”Alyans” nan Gid Ekriti yo (Bibliyotèk Levanjil la). Ki pwomès Bondye ak Izrayelit yo te fè youn ak lòt nan Detewonòm 30:8–10? Ki pwomès nou fè avèk Bondye? (gade Doktrin ak Alyans 20:37, 77). Kijan pwomès sa yo konekte nou avèk Li? Konsidere chante ansanm yon chan sou alyans, tankou ”Kanpe sou Pwomès yo” (Bibliyotèk Levanjil la).

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

Moyiz ap gade nan direksyon tè pwomiz la.

Senyè a te Montre L Tout Peyi a, pa Walter Rane

Paj aktivite Primè: Mwen ka kenbe pawòl Bondye a nan kè m.