“16–22 Fevriye. ‘Pou Vin Yon Pi Gran Disip Lajistis”‘: Jenèz 12-17; Abraram 1–2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“16–22 Fevriye. ‘Pou Vin yon Pi Gran Disip Lajistis’,” Vini, Suiv Mwen: 2026
Mèlkisedèk Beni Abraram, tablo Walter Rane (detay)
16–22 Fevriye: “Pou Vin yon Pi Gran Disip Lajistis”
Jenèz 12–17; Abraram 1–2
Poutèt alyans Bondye te fè avèk li a, Abraram te vin rele “papa fidèl yo” (Doktrin ak Alyans 138:41) ak “Zanmi Bondye” (Jak 2:23). Dèmilyon moun jodia onore li kòm zansèt dirèk yo, epi lòt moun vin adopte kòm fanmi li atravè konvèsyon nan levanjil Jezikri a. Men, Abraram pou tèt pa li te sòti nan yon fanmi twouble—papa li, ki te abandone vrè adorasyon Bondye a, te eseye fè sakrifye Abraram bay fodye. Malgre sa, Abraram te vle “vin tounen yon pi gran disip lajistis” (Abraram 1:2), epi istwa lavi li montre ke Bondye te onore dezi l la. Lavi Abraram kanpe kòm yon temwayaj ke, kèlkeswa istwa familyal yon moun, demen ka ranpli avèk lespwa.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Bondye ap beni m pou lafwa m ak dezi jis mwen yo.
“Nou tout enfliyanse pa fanmi nou [ak] kilti nou,” Èldè Neil L. Andersen te anseye, “e ankò mwen kwè ke gen yon plas andedan nou ke nou inikman e endividyèlman kontwole ak kreye. … Evantyèlman, dezi entèn nou yo jwenn lavi epi yo wè nan chwa nou yo ak nan aksyon nou” (“Èldè Andersen Konseye, Edike Dezi Nou yo,” ChurchofJesusChrist.org). Konsidere kijan Abraram 1:1–19 demontre sa Èldè Andersen te anseye. Kesyon tankou sa yo ta ka ede:
-
Kisa Abraram te anvi? Kijan dezi li te manifeste nan aksyon li yo? Kijan Bondye te sipòte dezi li yo?
-
Ki dezi w genyen? Kijan yo manifeste nan aksyon w yo? Kijan Bondye sipòte w?
-
Ki mesaj vèsè sa yo genyen pou moun ki gen manm nan fanmi yo ki pa gen dezi lajistis?
Youn nan pi gwo dezi Abraram ak Sara te genyen—pou li te gen yon pitit—pa t akonpli pandan anpil ane (gade Jenèz 15:1–6). Kisa w aprann nan Ebre 11:8–13 konsènan fason Abraram ak Sara te fè fas ak eprèv sa a? Kijan Sovè a ede ou “anbrase” pwomès Li yo, menm si yo “byen lwen”?
Gade tou (videyo) “Delivrans Abraram”, Bibliyotèk Levanjil la.
Deliverance of Abraham
Jenèz 12:1–3; 13:15–16; 15:1–6; 17:1–8, 15–22; Abraram 2:6–11
Bondye vle pou m fè ak kenbe alyans avèk Li.
Poukisa li enpòtan pou w aprann konsènan alyans Bondye te fè avèk Abraram nan? Paske Bondye vle fè yon alyans menm jan an avèk ou. Lè Senyè a te fè alyans Li a avèk Abraram nan, Li te pwomèt alyans sa a t ap kontinye nan posterite oswa “desandan” Abraram, epi “tout moun ki resevwa Levanjil sa a pral … konte kòm desandan ou” (gade Abraram 2:10–11). Otreman di, alyans lan kontinye nan ou—lè ou batize ak pi konplètman lè nou fè alyans yo nan tanp lan (gade Galat 3:26–29; Doktrin ak Alyans 132:30–32).
Pou rezon sa a, ou ka vle etidye Abraram 2:6-11 epi fè yon lis sa, egzakteman, Bondye te pwomèt Abraram ak Sara (gade tou Jenèz 12:1-3; 13:15–16; 15:1–6; 17:1–8, 15–22). Kijan benediksyon sa yo ka aplike pou nou?
Gen kèk nan pwomès sa yo ki gen paralèl etènèl. Kijan pwomès yo tankou yon peyi eritaj oswa yon gwo posterite akonpli etènèlman? (gade Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:20–24, 28–32).
Anplis pwomès benediksyon yo, Bondye te di Abraram pou “vin yon benediksyon” (Jenèz 12:2; italik ajoute). Kisa w panse sa vledi? Kijan w pral vin yon benediksyon? (gade Abraram 2:11).
Pou anseye konsènan alyans yo, Èldè Dale G. Renlund te pale de vag mare nan Rivyè Amazon an, epi Prezidan Emily Belle Freeman te pale konsènan mache yon chemen wòch avèk yon cheviy ki kase (gade “Aksè nan Pouvwa Bondye a atravè Alyans,” Lyawona, Me 2023, 35–37; “Mache nan Relasyon Alyans avèk Kris la,” Lyawona, Nov. 2023, 76–79). Chèche nan youn oswa toude mesaj sa yo pou jwenn fraz ki ede reponn kesyon an “Poukisa Bondye vle m fè alyans avèk Li?”
Envite manm klas yo pou youn anseye lòt. Si w ap anseye fanmi ou oswa yon klas Legliz konsènan alyans, konsidere bay chak moun yon pòsyon nan mesaj Prezidan Èldè Renlund oswa Prezidan Freeman pou etidye. Apresa, yo ta ka pataje avèk rès fanmi an oswa klas la sa yo te aprann. Sa pèmèt moun yo temwaye epi aprann nan men youn ak lòt, e sa envite Lespri a. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 26.)
GadeSijè ak Kesyon tou, “Alyans Abraramik,” Bibliyotèk Levanjil; “Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Alyans La,” nan resous sa a.
Alyans Abraram nan, pa Dilleen Marsh (detay)
Jenèz 14:18–19; Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 14:25–40
“Melkisedèk se te yon nonm lafwa.”
Imajine ou t ap entwodwi Melkisedk bay yon moun ki pa t konnen l. Kisa w tap di? Chèche jwenn ide nan Joseph Smith Tradiksyon, Jenèz 14:26–27, 33–38 (nan apendis Bib la); Alma 13:13–19; Doktrin ak Alyans 107:1–4. Ki kalite Kris la ou jwenn nan deskripsyon sa yo sou Melkisedèk? Kijan etid ou sou lavi Melkisedèk ou a afekte fason ou konsidere Prètriz Mèlkisedèk la?
Jenèz 14:18–24; Joseph Smith Tradiksyon, Jenèz 14:36–40
Abraram te peye dim.
Kisa w aprann sou atitid Abraram anvè richès nan Jenèz 14:18–24 ak Joseph Smith Tradiksyon, Jenèz 14:36–40 (nan apendis Bib la)? Pa egzanp, remake repons li bay wa Sodòm nan Jenèz 14:23. Kijan obeyi lwa dim nan te afekte pwendvi w sou lajan?
Jenèz 16
Bondye tande m.
Pandan w ap li Jenèz 16, ou ka reflechi sou yon epòk kote w te santi moun te trete w enjisteman, jan Aga te santi l. Note ke “Izmayèl” vledi “Bondye tande.” Kijan Bondye montre w li tande ou?
Gade tou “Instant de Paix,” Cantiques, no. 79.
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Lyawona mwa sa a ak revi Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Jezikri ka dirije m pa lamen.
-
Pandan ou ak timoun yo ap li Abraram 1:18 ak 2:8, ou ta ka envite yo tande yon pati nan nan kò a ki mansyone nan toude vèsè sa yo. Petèt ou ta ka jwe yon jwèt kote yon timoun fèmen je li epi ou kenbe men timoun nan pou mennen l yon kote. Apresa, ou ta ka pale konsènan kijan li t ap santi l si Jezikri te pran men li pou mennen l oswa pwoteje l.
Jenèz 13:5–12
Mwen ka yon patizan lapè.
-
Timoun ou yo ka renmen monte senaryo ki soti nan Jenèz 13:5–12, nan pretann yo se Abraram, Lòt, ak bèje yo. Kijan nou ka suiv egzanp Abraram nan pou nou atizan lapè avèk fanmi nou oswa zanmi nou? Eseye jwe-wòl sou repons yo.
Chwa Lot, pa William Fredericks © Collection/licensed from goodsalt.com
Jenèz 13:16; Jenèz 15:1–6; 17:1–8; Abraram 2:9–11
Bondye vle pou m fè alyans avèk Li.
-
Konsidere montre timoun ou yo yon veso sab, zetwal yo nan syèl la lannwit, oswa foto yo ki nan fen prezantasyon sa a. Sa ka ede yo konprann pwomès Bondye yo nan Jenèz 13:16; 15:1–6. Pale konsènan fason ou te aprann mete konfyans ou nan pwomès Bondye yo, menm lè yo te sanble enposib.
-
Pou anseye timoun ou yo konsènan alyans, mande yo pou yo pale nou de yon tan lè yo te fè yon pwomès oswa yon moun te fè yon pwomès pou yo. Si li itil, pataje kèk egzanp pa ou—enkli alyans ou te fè avèk Bondye yo nan batèm oswa nan nan tanp lan. Kijan alyans ou yo te afekte relasyon w avèk Bondye? Chwazi kèk fraz apati Jenèz 15:1–6; 17:1–8; Abraram 2:9–11 pou pataje kèk nan benediksyon yo Bondye te pwomèt Abraram ak Sara.
-
Pou ede timoun ou yo prepare yo pou fè yon alyans avèk Bondye lè yo batize, ou ka itilize kèk nan ide aktivite yo sijere nan apendis A oswa apendis B.
Abraram 1:12–17; Jenèz 16:7–11
Bondye tande m.
-
Lè lavi Abraram te an danje, li te rele Bondye. Lè Aga te poukont li nan dezè a, li te aprann ke Bondye te tande l. Konsidere pataje de istwa sa yo ak timoun ou yo: ”Abraram e Sarah” ak “Aga” nan Istwa Ansyen Testaman, 28–31, 32–33. Kisa nou aprann osijè Bondye nan vèsè sa yo? Apresa, ou ka pataje youn ak lòt eksperyans lè w te santi Bondye tande w. Yon chan tankou ”La Prière d’un Enfant” (Chants pour les Enfants, 6) te kapab ranfòse prensip sa a.
Abraham and Sarah
Hagar
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.