“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Alyans La,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“Alyans La,” Vini non, Suiv mwen: 2026
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou
Alyans La
Atravè tout Ansyen Testaman an, ou pral tanzantan li mo alyans. Jodia nou dabitid panse a alyans kòm pwomès sakre avèk Bondye, men nan ansyen mond lan, alyans yo sete yon pati enpòtan nan entèaksyon moun yo youn ak lòt. Pou sekirite ak sivi yo, moun yo te bezwen pou yo fè youn lòt konfyans, epi alyans yo sete yon mwayen pou sekirize konfyans sa a.
Konsa lè Bondye te pale avèk Enòk, Noe, Moyiz ak lòt yo konsènan alyans yo, Li t ap envite yo pou yo antre nan yon relasyon konfyans avèk Li. Nou rele alyans sa a nouvo ak alyans etènèl oswa alyans Abraram nan—yon referans ak alyans Bondye te fè avèk Abraram ak Sara epi apresa ki te renouvle avèk desandan yo Izarak ak Jakòb (ki rele Izrayèl tou). Nan Ansyen Testaman an, yo te rekonèt li tou senpleman kòm ”alyans la.” Ou pral wè ke Ansyen Testaman an se fondamantalman istwa moun ki te konsidere tèt yo kòm eritye alyans sa a—pèp alyans la.
Alyans Abraram lan kontinye rete enpòtan jodia, espesyalman pou Sen Dènye Jou yo. Poukisa? Paske nou se pèp alyans la tou, kit nou se desandan dirèk Abraram, Izarak, ak Jakòb ou pa. Pou rezon sa a, li enpòtan pou nou konprann kisa alyans Abraram la ye ak kijan li aplike avèk nou jodia.
Kisa alyans Abraram la ye?
Abraram te vle “pou li tounen yon pi gran disip lajistis” (Abraram 1:2), konsa Bondye te envite l antre nan yon relasyon alyans. Abraram se pa t premye moun ki te gen dezi sa a, epi li se pa t premye moun ki te resevwa yon alyans. Se te, apre tout, yon alyans etènèl. Li te chèche “benediksyon zansèt li yo” (Abraram 1:2)—benediksyon ki te ofri atravè alyans avèk Adan ak Èv epi apresa a moun ki te chèche jwenn benediksyon sa yo avèk dilijans.
Alyans Bondye avèk Abraram nan te gen pwomès benediksyon mèveye: yon peyi pou eritaj, yon gran posterite, aksè a òdonans prètriz yo, ak yon non ki t ap onore nan jenerasyon apre yo. Men alyans sa a pa t sèlman fokis sou benediksyon Abraram ak fanmi li ta pral resevwa yo men sou benediksyon yo ta pral ye pou rès pitit Bondye yo tou. Bondye te deklare: “Ou pral yon benediksyon,” “epi granmesi ou, tout fanmi sou tè a va jwenn benediksyon” (Jenèz 12:2–3).
Èske alyans sa a te bay Abraram, Sara, ak desandan yo yon pozisyon privilejye nan pami pitit Bondye yo? Sèlman nan sans ke l se yon privilèj pou beni lòt moun. Fanmi Abraram te gen pou yo te “pote ministè sa a ak Prètriz la bay tout nasyon,” pou yo te pataje “benediksyon levanjil yo, ki se benediksyon sali, sa ki vledi benediksyon lavi etènèl” (Abraram 2:9, 11). Etandone pèp alyans Bondye a pa t vledi yo te pi bon pase lòt moun; sa te vledi yo te gen yon devwa pou ede lòt moun vin pi bon.
Alyans sa a sete benediksyon Abraram t ap chèche a. Apre l te fin resevwa li, Abraram te di nan kè l: “Sèvitè w la te chèche ou avèk senserite; kounyeya m jwenn ou” (Abraram 2:12).
Sa a te pase depi dè milye ane, men, alyans sa a te retabli nan epòk pa nou an. Epi aktyèlman l ap akonpli nan lavi pèp Bondye a. Anfèt, akonplisman alyans la ap pran plis fòs nan dènye jou yo pandan travay Bondye a ap pwogrese, ap beni fanmi yo atravè tout mond lan. Epi tout moun ki, tankou Abraram, vle pou vin yon pi gran disip lajistis, tout moun ki chèche Senyè a sensèman—kapab vin fè pati li.
Kisa Alyans Abraamik la Vledi pou Mwen?
Ou se yon pitit nan alyans lan. Ou fè yon alyans avèk Bondye lè ou batize ak lè ou pran sentsèn nan. Epi nou resevwa plenitid alyans lan avèk òdonans sakre tanp yo.
Atravè alyans ak òdonans sa yo, nou vin pèp Bondye. Nou mare avè l ”avèk lyen etènèl.” ”Yon fwa nou fè yon alyans avèk Bondye,” Prezidan Russell M. Nelson te anseye: ”Nou kite teritwa enpasyal pou tout tan. Bondye p ap abandone relasyon Li avèk moun ki fòje yon lyen konsa avèk Li. Anfèt, tout moun ki te fè alyans avèk Bondye gen aksè nan yon kalite lanmou ak mizerikòd espesyal. Akòzde alyans nou avèk Bondye a, Li p ap janm fatige nan efò Li yo pou ede nou, epi nou p ap janm epuize pasyans plen mizerikòd Li genyen pou nou an.” Ou pral wè sa nan istwa pèp alyans Bondye a nan Ansyen Testaman an, epi ou pral wè li nan pwòp lavi pa nou antanke youn nan pitit alyans Li yo.
Ou Pa Bezwen Pè, tablo Michael Malm
Sa se konpreyansyon presye nou resevwa gras ak Retablisman alyans Abraamik la atravè Pwofèt Joseph Smith. Konsa lè w ap li konsènan alyans nan Ansyen Testaman an, pa jis panse a relasyon Bondye avèk Abraram, Izaak, ak Jakòb. Panse a relasyon Li avèk ou tou. Lè w li konsènan pwomès posterite san limit la, pa jis panse konsènan dèmilyon moun ki jodia rele Abraram papa yo. Fè yon ti reflechi tou sou pwomès Bondye fè nou pou fanmi etènèl yo ak pwogresyon etènèl. Lè w li konsènan pwomès pou yon peyi kòm eritaj la, pa jis panse a peyi yo te pwomèt Abraram nan. Reflechi tou sou destine selès latè a limenm—yon eritaj te pwomèt pou “moun enb” ki “rete tann Senyè a” (Matye 5:5; Sòm 37:9, 11). Epi lè nou li konsènan pwomès ke pèp Bondye a pral beni ”tout fanmi yo sou tè a” (Abraram 2:11), pa panse sèlman konsènan ministè Abraram oswa pwofèt ki te desann soti de li yo. Panse konsènan sa ou ka fè tou—kòm yon disip alyans Jezikri a—pou w vin yon benediksyon pou fanmi ki bò kote w yo.