“2–8 Fevriye. ‘Senyè a Te Rele Pèp Li a Siyon’: Moyiz 7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“2–8 Fevriye. ‘Senyè a Te Rele Pèp Li a Siyon’,” Vini, Suiv Mwen: 2026
Enòk wè Meridyen Tan an, pa Jennifer Paget
2–8 Fevriye: “Senyè a Te Rele Pèp Li a Siyon”
Moyiz 7
Atravè tout listwa, moun te eseye akonpli sa Enòk ak pèp li a te akonpli a: bati yon sosyete ideyal kote pa gen okenn povrete ni vyolans. Antanke pèp Bondye, nou pataje dezi sa a. Nou rele li bati Siyon, epi sa enkli—an plis pou pran swen pòv yo ak ankouraje lapè—fè alyans, demere ansanm nan lajistis, epi vin fè youn avèk lòt epi avèk Jezikri, “Wa Siyon an” (Moyiz 7:53). Si mond lan, kominote ou, oswa fanmi ou pa jan ou ta vle li ye a, li itil pou w mande, Kijan Enòk ak pèp li a fè li? Kijan yo te fè vin “gen yon sèl kè ak yon sèl panse” (Moyiz 7:18) malgre kontansyon ki te antoure yo a? Pami anpil detay Moyiz 7 la ba nou konsènan Siyon yo, youn ki patikilyèman gen valè pou Sen Dènye jou yo se kapab sila a: Siyon se pa jis yon vil—se yon kondisyon nan kè ak lespri. Siyon, jan Senyè a te anseye, se “moun ki gen kè pur” (Doktrin ak Alyans 97:21). Donk petèt meyè fason pou bati Siyon se kòmanse nan pwòp kè nou ak fwaye nou.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Mwen ka ede bati Siyon.
Lè Pwofèt Joseph Smith te premye fwa aprann konsènan Enòk ak vil Sentete li a, li te enspire. Li te “konnen jou a te vini kote Senyè a ta pral etabli Siyon sou tè a” (Les Saints, 1:108–9), epi li te kòmanse yon rechèch tout yon lavi pou l te bati Siyon. Lekti Moyiz 7 la kapab enspire w pou w kontinye fè efò sa a jodi a.
Ou ta ka kòmanse pa eksplore kesyon ki di “Kisa Siyon ye?” ak “Kijan li diferan de rès mond lan?” Konsidere lis repons ou resevwa yo pandan w ap etidye Moyiz 7la, an patikilye vèsè 16–21, 27, 53, 62–69.
Repons ou pou kesyon sa yo ka fè l klè ke nou ankò gen anpil travay pou nou fè pou bati Siyon. Kijan nou ka fè sa? Li ta ka itil pou ou panse sou moman kote ou te santi ou te “gen yon sèl kè ak yon sèl lespri” avèk yon moun (Moyiz 7:18). Petèt sete nan yon pawas, nan fanmi w, oswa nan yon gwoup nan travay ou oswa nan lekòl ou. Kisa moun yo te fè pou yo te kreye bon inite?
Men kèk lòt resous ke ou ta ka eksplore pou jwenn ide ak enspirasyon. Chwazi youn oswa plis pou w etidye, epi apresa ekri sa ou santi w enspire pou w fè pou bati Siyon:
-
Filipyen 2:1–4; 4 Nefi 1:15-18; Doktrin ak Alyans 97:21; 105:5.
-
Ulisses Soares, “Frè ak Sè nan Kris la,” Liahona, Nov. 2023, 70–73.
-
D. Todd Christofferson, “Youn nan Kris la,” Liahona, Me 2023, 77–80.
Bondye vle pèp Li a genyen “yon sèl kè ak yon sèl panse” (Moyiz 7:18).
Jezikri se “Wa Siyon an.”
Kisa sa vle di pou w gen Jezikri kòm Wa ou? Remake lòt tit Jezikri yo nan vèsè sa a. Kisa vèsè sa yo anseye w konsènan Li? Kisa ou panse sa vle di pou nou vini “nan pòtay la epi [monte] al jwenn [Li]”?
Gade tou “O Viens, toi Roi des rois,” Cantiques, no. 29.
Bondye kriye—epi rejwi—pou pitit Li yo.
Kèk moun konsidere Bondye kòm yon èt distan ki pa emosyonèlman afekte pa sa k rive nou. Enòk te vin gen yon pwendvi diferan sou Bondye nan vizyon nou jwenn nan Moyiz 7 la. Kisa li te aprann apwopo Bondye — e ki sa ou aprann—nan vèsè 28–40yo? Poukisa ou panse Enòk te sezi wè Bondye kriye? Poukisa li enpòtan pou w konnen ke Li kriye?
Pandan vizyon an te kontinye, Enòk te kriye tou. Men, Bondye te pataje avèk li rezon pou l rejwi tou. Chèche yo nan Moyiz 7:41–69. Kisa ou aprann nan vizyon Enòk la ki ka ede w “leve kè ou, epi kontan,” malgre ”amètim” nan lavi ou (vèsè 44)?
Gade tou Jeffrey R. Holland, “Grandè Bondye,” Liahona, Nov. 2003, 70–73.
Jezikri ap retounen ankò nan dènye jou yo.
Vizyon Enòk la, espesyalman sa ki ekri nan Moyiz 7:59–67la, se youn nan premye pwofesi listwa konsènan Dezyèm Vini Sovè a. Ki sa ki enpresyone w sou fason vèsè sa yo dekri dènye jou yo? Pa egzanp, konsidere kijan w santi ke pwofesi nan vèsè 62 yo ap akonpli. Kisa fraz sa yo anseye w sou travay Bondye a nan dènye jou yo?
Gade tou Henry B. Eyring, “Sè nan Siyon,” Liahona, Nov. 2020, 67–69.
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak Pou fòs jèn yo
Ide pou Anseye Timoun yo
Bondye vle nou gen “yon sèl kè ak yon sèl panse.”
-
Pou ede pitit ou yo aprann sou Enòk ak Siyon, ou ka itilize “Enòk, Pwofèt la” nan Istwa Ansyen Testaman yo (19–21) oswa dezyèm vèsè “Suivez le prophète” (Chants pour les enfants, 110–11). Apre sa, ou ka mande pitit ou yo pou ede w rakonte istwa a nan pwòp mo pa yo. Foto Enòk yo nan plan leson sa a ta ka ede.
-
Men yon fason pou ede pitit ou yo konprann kisa sa vle di pou yon moun “yon sèl kè ak yon sèl lespri” (Moyiz 7:18): Fè yon kè papye epi koupe l an ti moso, ase pou chak timoun gen youn. Fè yo ekri non yo sou ti moso yo a epi travay ansanm pou yo mete kè a ansanm. Pandan y ap fè sa, ou gen dwa pale de sa ou renmen nan chak timoun yo.
-
Mande pitit ou yo pou yo konte konbyen fwa mo “Siyon” an parèt nan Moyiz 7:18–21, 62–63, 68–69. Chak fwa yo jwenn mo a, ede yo dekouvri kisa vèsè a di apwopo Siyon (gade tou Gid Ekriti yo, “Siyon,” Bibliyotèk Levanjil la). Kijan nou w ka vin plis sanble avèk moun yo dekri nan vèsè sa yo?
Ankouraje etid ekriti pèsonèl. Kit w ap anseye fanmi ou lakay ou oswa yon klas nan Dimanch, youn nan pi bon fason ou ka ede lòt moun bati lafwa dirab nan Jezikri se ede yo etabli yon abitid pou chèche fè eksperyans pèsonèl avèk ekriti yo. Pataje eksperyans w ap fè avèk ekriti yo, epi ankouraje fanmi oswa manm klas yo pataje eksperyans pa yo. Lè nou tande pale de fason lekti ekriti yo ap beni lòt moun, nou souvan enspire pou nou chèche menm benediksyon sa yo nan men Senyè a tou. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 25.)
Pè Selès la vle m chwazi pou m suiv Li.
-
Pou entwodui Moyiz 7:32–33 a bay pitit ou yo, ou ka pale avèk yo sou yon chwa yo te dwe fè dènyèman. Apresa, ou ta ka li vèsè yo ansanm pou chèche konnen ki sa Papa nou ki nan Syèl la vle nou chwazi. Ki chwa nou ka fè pou montre ke nou chwazi Li? Petèt pitit ou yo ta pran tou pou jwe wòl sou youn nan chwa sa yo pandan ke lòt yo ap devine kisa aksyon an reprezante.
Jezi ap retounen sou tè a ankò
-
Nan Moyiz 7:59, Enòk poze Senyè a yon kesyon. Envite pitit ou pou yo chèche jwenn li, epi mande yo pou yo chèche repons la nan vèsè 60 la. Ou ka pale avèk yo tou konsènan yon epòk kote yo t ap tann yon moun pou l retounen lakay li. Mande yo kijan yo te santi yo ak sa yo te fè pou yo te pare. Kijan nou ka prepare nou pou Jezi retounen?
-
Montre foto sou epòk kote Sovè a te parèt devan moun (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 60, 82, 83, ak 84). Kisa moun yo ap fè nan foto yo? Kijan moun yo dwe te santi yo lè yo te rankontre Jezi? Ou ta gen dwa chante yon kantik sou Dezyèm Vini Sovè a, tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants, 46–47), epi mande timoun yo pou yo di kijan yo imajine sa pral ye lè Jezi retounen. Kite timoun yo di kijan yo santi yo apwopo ide pou yo wè Jezi lè L retounen ankò a.
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.