“26 Janvye–1 Fevriye. ‘Anseye Timoun Ou yo Bagay Sa Yo San Kontrent’: Jenèz 5; Moyiz 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“26 Janvye–1 Fevriye. ‘Anseye Timoun Ou yo Bagay Sa Yo San Kontrent’,” Vini, Suiv mwen: 2026
Pi Bon pase Paradi, pa Kendal Ray Johnson
26 Janvye–1 Fevriye: “Anseye timoun ou yo bagay sa yo san kontrent”
Jenèz 5; Moyiz 6
Majorite Jenèz 5 la se yon lis sou jenerasyon ki ant Adan ak Èv ak Noe. Nou li yon pakèt non, men, nou pa aprann anpil bagay konsènan yo. Apresa nou li yon fraz entrigan men ki san eksplikasyon, li di: “Epi Enòk te mache avèk Bondye. …l te disparèt, paske Bondye te pran l avè l” (Jenèz 5:24). Asireman, gen yon istwa dèyè vèsè sa a. Men san okenn lòt eksplikasyon, lis jenerasyon yo kontinye.
Erezman, Moyiz 6 revele detay sou istwa Enòk la—epi se yon gwo istwa. Nou aprann konsènan imilite Enòk, ensekirite li, potansyèl Bondye te wè nan li, ak gran travay li te akonpli antanke pwofèt Bondye. Konsa tou, nou jwenn yon ide pi klè sou fanmi Adan ak Èv la ak jan l te pwogrese atravè jenerasyon yo. Nou li konsènan “anpil dominasyon” Satan an, men konsa tou nou li de paran ki te anseye timoun yo “tout chemen Bondye yo” (Moyiz 6:15, 21). Sa ki espesyalman presye a se sa nou aprann konsènan doktrin paran ak enstriktè sa yo te anseye yo: lafwa nan Jezikri, repantans, batèm, ak resevwa Sentespri a (gade nan Moyiz 6:50–52). Doktrin sa a, tankou pretriz ki akonpaye l la, “te nan kòmansman an, [epi] l pral nan finisman mond lan tou” (Moyiz 6:7).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Peche limite kapasite mwen pou m wè, santi, ak tande bagay Bondye yo.
Pandan w ap etidye Moyiz 6:26–36, kisa w aprann konsènan efè peche genyen? Kijan ou te fè eksperyans ak efè sa yo? Ki atribi Enòk te genyen ki te ede l simonte efè sa yo? Kijan Bondye te beni l kòm rezilta?
Bondye rele m pou m fè travay Li malgre feblès mwen.
Si ou janm santi ou akable avèk sa Senyè a te rele w fè, ou pa poukont ou. Menm Enòk te santi l konsa lè Senyè a te aple l pou l te vin yon pwofèt. Pandan w ap li Moyiz 6:26–36la, chèche rezon k te fè Enòk te santi l akable epi kisa Senyè a te di pou ba l kouraj.
Nan vèsè 37–47la, chèche fason Senyè a te sipòte Enòk ak ba l pouvwa pou l fè travay Li a (gade nan Moyiz 7:13tou). Ou ta ka konpare eksperyans Enòk la avèk eksperyans lòt pwofèt ki te santi yo te akable tou, tankou Moyiz (gade nan Egzòd 4:10–16), Jeremi (gade nan Jeremi 1:4–10), Nefi (gade nan 2 Nefi 33:1–4), ak Mowoni (gade nan Etè 12:23–29). Kisa w santi Bondye vle w aprann nan ekriti sa yo konsènan travay Li ba w pou w fè a?
Yon vwayan Senyè a leve moute (Moyiz 6:36), pa Eva Timothy
Anpil apot ak pwofèt tan modèn yo konn eksprime santiman ki te sanble ak pa Enòk yo lè yo konn dekri jan yo te santi yo konsènan apèl yo te resevwa. Pa egzanp, gade temwayaj Èldè Ulisses Soares nan “Pwofèt yo pale pa pouvwa Sentespri a” (Lyawona, Me 2018, 98–99).
Ki sa n ka aprann nan men pwofèt ak apot sa yo konsènan lè nou santi nou akable? Ki lè ou te santi Sovè a ede ou lè Li te mande w pou w fè bagay ki difisil? Konsidere ekri kèk eksperyans nan lavni ou kote w ap bezwen konte sou èd Sovè a. Kijan w ap kapab afwonte evènman sa yo avèk lafwa nan Jezikri?
Gade tou David A. Bednar, “Rete nan Mwen, e Mwen nan Ou; Se Poutèt sa Mache avèk Mwen,” Lyawona, Me 2023, 123–25; “J’irai où tu veux,” Cantiques, no. 174.
Levanjil Jezikri a te preche depi nan kòmansman an.
Paske nou gen liv Moyiz la, nou konnen Bondye te toujou ap anseye pitit Li yo kijan pou yo jwenn edanmsyon depi nan tan Adan ak Èv. Pandan w ap etidye Moyiz 6:48–68, chèche sa nou dwe konnen ak fè pou nou ka rachte. Remake kesyon Adan an nan vèsè 53a. Èske w pa t jann poze tèt ou kesyon sou sa? Kisa w aprann nan repons Senyè a ki nan vèsè 53–65yo? Ou gendwa panse vèsè sa yo se tankou mesaj Senyè a nan sèvis batèm Adan an. Kisa w aprann konsènan batèm nan mesaj Li a? Poukisa ou panse Li te konpare batèm ak kondisyon kote nou “fèt ankò”? (vèsè 59). Kisa nou kapab fè pou nou kontinye “fèt ankò” atravè tout lavi nou?
Chèche senbòl. Nan ekriti yo, objè oswa evènman yo ka souvan reprezante oswa senbolize verite espirityèl, espesyalman verite sou Sovè a (gade Ansèyman nan Fason Sovè a, 7). Senbòl sa yo ka anrichi konpreyansyon w sou Li ak doktrin Li an. Pa egzanp, kisa nou aprann nan senbòl kè ak zòrèy yo nan Moyiz 6:27, je ak ajil/tè krich nan Moyiz 6:35, oswa dlo nan Moyiz 6:59–60?
“Anseye pitit ou yo bagay sa yo san kontrent.”
Apre l te fin anseye verite Adan yo konsènan levanjil Jezikri yo, nan Moyiz 6:51–63, Senyè a te di Adan pou l anseye jenerasyon kap vini yo. Konsidere pou w fè yon lis verite sa yo. (Li ta ka ede pou w divize pasaj la nan gwoup vèsè ki pi piti, tankou vèsè 51–52, 53–57, 58–60, 61–63). Poukisa verite sa yo enpòtan pou jenerasyon ki ap grandi jodi a? Ki lòt bagay nou kapab aprann nan enstriksyon Senyè a bay paran yo nan Mozya 4:14–15 ak Doktrin ak Alyans 68:25–28; 93:40–50?
Lè nou li konsènan “liv souvni” fanmi Adan ak Èv te genyen an, sa ka enspire fanmi w pou nou yo fè pwòp liv souvni pa nou. Kisa ou santi Senyè a ta vle ou enkli? Konsidere sovgade enfòmasyon ki nan liv souvni w lan sou FamilySearch.org
Gade Dieter F. Uchtdorf tou, “Jezikri se Fòs Paran yo,” Lyawona, Me 2023, 55–59; “Parenting: Touching the Hearts of Our Youth [Paran: Touche Kè Jèn Nou Yo],” “But Why? [Men poukisa?” (videyo), Libreri Levanjil la.
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Lyawona mwa sa a ak Pou Fòs Jèn yo .
Ide pou Anseye Timoun yo
Bondye kapab ede m fè bagay ki difisil yo.
-
Lè Enòk te resevwa apèl pou l preche levanjil la, li te pè pou l pa t echwe. Men, Bondye te ede l. Li istwa sa a ansanm nan Moyiz 6:26–34 (gade tou “Enòk, Pwofèt la” nan Istwa Ansyen Testaman yoan, 19–21). Poukisa Enòk te santi l pa t ka preche levanjil la? (gade nan Moyiz 6:31). Kijan Bondye te ede Enòk (gade nan Moyiz 6:32–34; 7:13).
-
Timoun ou yo ka renmen pataje oswa rekreye lòt egzanp kote Bondye te ede moun fè bagay ki difisil—pa egzanp, Noe, David, Amon, oswa Samyèl Lamanit la (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos 7, 19, 78,81). Ou te gendwa pataje yon eksperyans ou te fè tou epi kite pitit ou pale sou fason Bondye ede yo fè bagay ki difisil.
Lafwa nan Jezikri, repantans, batèm, ak resevwa Sentespri a prepare m pou m retounen al jwenn Bondye.
-
Bondye te anseye Adan kisa nou bezwen fè pou nou retounen al jwenn Li—gen lafwa nan Jezikri, repanti, batize, epi resevwa don Sentespri a. Ede timoun ou yo jwenn prensip sa yo nan Moyiz 6:52, 57. Lè sa a, ou ta kapab ede yo ekri yon ti diskou konsènan youn nan prensip yo. Chak diskou ta kapab gen ladan l yon ekriti Moyiz 6, yon eksperyans, ak yon temwayaj. Kite yo pataje diskou yo youn ak lòt.
-
Ou kapab montre yo foto ki reprezante premye prensip levanjil yo (gade katriyèm atik lafwaa). Mete foto yo sou yon liy ki mennen nan yon foto Jezikri. Pandan w ap li Moyiz 6:52, timoun ou yo te ka kanpe bò kote foto ki kòrèk la lè yo tande pawòl foto a reprezante.
-
Timoun ou yo kapab jwi chante chan ki anseye prensip ki nan Moyiz 6:52, tankou “La foi,” “Le jour de mon baptême,” ak “Le Saint-Esprit” (Chants pour les enfants, 50–51, 53, 56). Ede yo jwenn prensip sa yo nan Moyiz 6:52.
Papa nou ki nan Syèl la vle pou paran yo anseye pitit yo.
-
Pou ankouraje timoun ou yo sipòte paran yo nan wòl yo kòm enstriktè levanjil yo, konsidere mande yon timoun pou l li Moyiz 6:58 epi idantifye kòmandman Bondye te bay paran yo. Lè sa a, ou ka montre yon foto Adan ak Èv k ap anseye pitit yo (tankou sa ki nan lafen chema sa a) epi kite pitit ou pale sou sa yo wè nan foto a. Timoun ou yo te ka desine foto fanmi yo k ap li ekriti yo ansanm, k ap priye ansanm oswa jwe ansanm.
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.