Vini, Suiv Mwen
19–25 Janvye. Chit Adan ak Èv la: Jenèz 3–4; Moyiz 4–5


“19–25 Janvye. Chit Adan ak Èv la: Jenèz 3–4; Moyiz 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“19–25 Janvye. Chit Adan ak Èv la,” Vini, Suiv mwen: 2026

Adan ak Èv

Adan ak Èv, pa Douglas M. Fryer

Chapit 6: Chit Adan ak Èv la

Jenèz 3–4; Moyiz 4–5

Toudabò, istwa Chit Adan ak Èv la gen dwa sanble yon trajedi. Adan ak Èv te chase soti pou yo kite bèl Jaden Eden nan. Yo te presipite nan yon mond kote toujou gen lapèn, tristès, ak lanmò (gade Jenèz 3:16–19). Epi yo te separe de Pè Selès yo a. Men verite ki retabli atravè Pwofèt Joseph Smith nan liv Moyiz la ban nou yon pèspektiv san parèy sou Chit la.

Wi, Jaden Edèn an te bèl. Men Adan ak Èv te bezwen plis pase bèl bagay ki te antoure yo. Yo te bezwen—epi nou tout bezwen—yon opòtinite pou yo pwogrese. Kite Jaden Edèn an sete premye etap nesesè sou wout pou retounen jwenn Bondye epi finalman vin tankou L. Sa te vledi fè fas ak opozisyon, fè chwa, fè erè, aprann repanti, epi mete konfyans nou sou Sovè a, ke Ekspyasyon L lan rann posib pwogresyon ak “lajwa redanmsyon nou” an (Moyiz 5:11). Donk, lè w ap li konsènan Chit Adan ak Èv la, pa rete konsantre sou trajedi ki aparan an men sou posiblite yo—non pa sou paradi Adan ak Èv te pèdi a men sou laglwa chwa yo pèmèt nou resevwa a.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Jenèz 3; Moyiz 4

Chit Adan an te fè pati plan Bondye a.

Se vre chwa Adan ak Èv la te mennen nan anpil difikilte nou sibi nan mòtalite a. Men, sa pa vle di nou regrèt chwa yo te fè an. Pandan w ap li Jenèz 3 ak Moyiz 4, ou ka mande tèt ou, poukisa Chit la te enpòtan pou plan Bondye a?

Selon Moyiz 5:9–12, kijan Adan ak Èv te santi yo konsènan Chit la? Kijan w ka aplike pawòl yo sou eksperyans ou nan monn pèdi sa a? Ki lòt bagay ou aprann nan 2 Nefi 2:19–25?

Gade Mozya 3:19; Alma 12:21–37; ak Doktrin ak Alyans 29:39–43.

Èv k ap kenbe yon pòm

Ap Kite Edenn, pa Annie Henrie Nader

Jenèz 3:1–7; Moyiz 4:22–31; 5:4–15

Jezikri ofri nou lespwa ak redanmsyon.

Istwa Adan ak Èv la se youn nan espwa ak redanmsyon atravè Jezikri. Pou wè poukisa, ou ka kòmanse chèche rezilta Chit la nan Jenèz 3:1–7; Moyiz 4:22–31 epi make oswa fè yon lis sa ou jwenn. Ki efè rezilta sa yo gen sou ou? Lè sa a, ou kapab fè rechèch Moyiz 5:4–15, pou chèche plan Bondye pou rachte nou anba efè sa yo. Poukisa Adan ak Èv te “kontan” apre zanj lan te vizite yo? Kisa yo aprann ou konsènan plan Pè Selès la?

Gade tou nan “Because of Him” (videyo), Libreri Levanjil.

2:44

Because of Him

Jenèz 3:16; Moyiz 4:22

Kisa sa vledi Adan te dwe “dirije” Èv?

Pasaj ekriti sa a pafwa mal entèprete tankou l vledi ke yon mari jwenn jistifikasyon pou l trete madanm ni san jantiyès. Nan epòk pa nou an, pwofèt Senyè a te anseye ke yon mari ak madanm ta dwe wè youn ak lòt kòm patnè egal nan akonpli responsablite divin yo nan fanmi an (gade “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan” [Libreri Levanjil]). Èldè Dale G. Renlund ak Sè Ruth Lybbert Renlund te eksplike ke yon mari jis “ap chèche pou l sèvi, l ap rekonèt erè epi chèche padon; l ap vit pou ofri louwanj; l ap gen konsiderasyon pou preferans manm fanmi li; l ap santi gwo pwa responsablite pou founi ‘bagay ki nesesè pou lavi ak pwoteksyon’ pou fanmi li; l ap trete madanm ni avèk pi gran respè ak deferans posib. … L ap beni fanmi li” (Prètriz Melkisedèk la: Konprann Doktrin nan, Viv Prensip yo [2018], 23).

Moyiz 4:1–4

senbòl seminè
Mwen bezwen libabalit ak opozisyon pou m grandi.

Èldè DaleG. Renlund te anseye, “Objektif Papa nou ki nan Syèl la antanke paran se pa pou fè pitit Li yo sa ki jis; men se pou fè pitit Li yo chwazi pou yo fè sa ki jis epi finalman pou yo vin tankou L” (“Chwazi Jodi A Menm,” Lyawona, Nov. 2018, 104). Poukisa li tèlman enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou chwazi fè sa ki dwat?

Pandan n ap li Moyiz 4:1–4, chèche sa Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te fè pou pwoteje dwa nou genyen pou nou chwazi—libabit nou. Kijan w ka aksede pouvwa pwoteksyon yo? Pou jwenn ide, konsidere etidye seksyon “Fè chwa enspire” an nan Pou fòs jèn yo: Yon gid pou fè Chwa (4-5).

Konsidere yon lekti sou sa Leyi te anseye konsènan libabit lan nan 2 Nefi 2:11–20, 25–30. Poukisa opozisyon nesesè pou libabit? Ki jan w ka montre rekonesans ou pou Jezikri poutèt ou “lib pou w chwazi”? (2 Nefi 2:27).

Gade tou Dallin H. Oaks, “Opozisyon nan tout bagay,” Lyawona, Me 2016, 114–17; Sijè ak Kesyon, “Libabit,” Bibliyotèk Levanjil; “Bien Choisir,” Cantiques, non. 154.

Ogmante patisipasyon. Anpil aktivite aprantisaj kapab fèt antanke endividi, an fanmi, oswa an klas; nan ti gwoup, oubyen de pa de. Itilize yon varyete metòd pou pèmèt patisipasyon moun ki ta gen dwa pa gen yon chans otreman. Pou aktivite sa a, ou ta ka envite yon moun oswa yon gwoup pou yo li Moyiz 4 ak Gid Pou Fòs Jèn Yo yo pandan yon lòt gwoup ap etidye vèsè ki nan 2 Nefi 2yo. Apre sa, yo te ka anseye youn lòt sa yo te aprann nan seksyon respektif yo a.

Moyiz 4:4–12; 5:13–33

Satan ap chèche “twonpe ak avegle” nou.

Pandan w ap li Moyiz 4:4–12; 5:13–33, konsidere fè yon lis fason Satan te eseye tante Adan ak Èv ak pitit yo. Kijan li eseye fè menm bagay sa yo jodi a? Kijan Pè Selès la ede nou reziste anba twonpri Satan?

Moyiz 4:13–69, 27

“Mwen menm Senyè Bondye a … m te abiye yo.”

Apre Adan ak Èv te fin pran fwi Bondye te entèdi a, Adan ak Èv li te eseye kouvri pwòp toutouni pa yo. Annapre, Senyè a te ofri yo pou l abiye yo. Pandan w ap li Moyiz 4:13–16, 27, konsidere bagay sa yo:

  • Reflechi sou kisa toutouni ak kisa abiman ka reprezante nan ekriti yo (gade, pa egzanp, Revelasyon 7:9, 13–15; 2 Nefi 9:14; Doktrin ak Alyans 109:22–26, 76). Ki sa w aprann apati eksperyans Adan ak Èv nan konsènan toutouni ak abiman?

  • Si w te dote nan tanp lan, konsidere kisa Adan ak Èv ta ka di w konsènan siyifikasyon gaman tanp ou ak sa li reprezante.

Gade tou “Sacred Temple Clothing” [Rad Sakre Tanp lan] (videyo), Libreri Levanjil la.

4:12

Sacred Temple Clothing

Moyiz 5:4–9, 16–26

Bondye ap aksepte sakrifis mwen yo si m ofri yo avèk yon kè byen dispoze ak obeyisan.

Pandan w ap etidye Moyiz 5:4–9, 16–26la, konsidere diferan atitid Adan ak Èv ak de pitit gason yo, Kayen ak Abèl, anvè sakrifis. Poukisa Senyè a te aksepte sakrifis Abèl la men pa pa Kayen an?

Kisa Senyè a mande w pou sakrifye? Èske gen yon bagay nan vèsè sa yo ki bay jan w panse konsènan sakrifis sa yo fòm?

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Lyawona mwa sa a ak Pou fòs jèn yo .

senbòl 01 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Jenèz 3; Moyiz 4; 5:8–15

Jezikri te rachte nou anba Chit la.

  • Pou ede pitit ou yo pi byen konprann Chit Adan ak Èv la, ou te ka kopye foto yo nan “Adan ak Èv” (nan Istwa Ansyen Testaman, 13–16) epi koupe yo. Apresa ou ta ka travay ansanm pou mete foto yo nan lòd pandan w ap diskite sou eksperyans Adan ak Èv la. Pandan w ap fè sa, pale sou rezon ki fè li te enpòtan, nan plan Papa nou ki nan Syèl la, pou Adan ak Èv kite Jaden Edèn nan.

  • Timoun ou yo ka santi rekonesans pou Ekspyasyon Jezikri a pandan y ap konprann ki jan Li simonte efè Chit la. Pandan w ap li ansanm Moyiz 4:25; 6:48; Women 5:12; 2 Nefi 2:22–23, ede timoun ou yo jwenn fason pou yo fini fraz sa a: “Akoz Chit la, mwen …” Lè sa a, pandan n ap li Moyiz 5:8–11, 14–15; 6:59; Alma 11:42, yo te kapab fini fraz sa a: “Gras ak Jezikri, mwen …” Pataje youn ak lòt rekonesans nou pou Jezikri.

Moyiz 4:1–4

M ka chwazi bon bagay.

  • Panse a yon leson pratik senp pou ilistre enpòtans prensip libabit la: envite timoun yo pou yo kolorye paj aktivite semèn sa a, men ba yo yon yonsèl koulè pou yo itilize. Poukisa li t ap pi bon pou nou gen chwa? Lè sa a, nou ta ka li ansanm Moyiz 4:1–4 epi pale sou rezon ki fè Bondye vle pou nou kapab chwazi ant sa ki byen ak sa ki mal. Kijan Pè Selès la ak Jezikri ede nou fè bon chwa?

  • Ede timoun yo panse oubyen desine konsènan bon chwa yo kapab fè pou yo suiv Jezikri. Oubyen ou kapab chante ansanm yon kantik sou bon chwa, tankou “Choisir Le Bien” (Chants pour les enfants, 160-61). Ou gendwa pale youn ak lòt konsènan yon tan kote ou te fè yon bon chwa epi dekri kijan ou te santi w apre sa.

Adan ak Èv

Chit la, pa Robert T. Barrett

Moyiz 5:4, 8

M ka priye Papa nou ki nan Syèl la.

  • Lè Adan ak Èv te oblije kite Jaden Edèn nan, yo pa t ka avèk Papa nou ki nan Syèl la ankò. Li Moyiz 5:4, 8 avèk timoun ou yo, epi ede yo jwenn sa Adan ak Èv te fè pou santi yo toupre Li epi tande L. Ki bagay nou ka mande Pè Selès la nan priyè nou yo?

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a sou revi Zanmi an.

Adan ak Èv gen yon ti mouton sakrifis sou yon lotèl

Nan Similitid Sakrifis Sèl Pitit Byenemen Papa a, pa Mike Malm (gade Moyiz 5:5–9)

Paj aktivite Primè: Chit Adan ak Èv la