“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Pandan Lekti Ansyen Testaman an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“Lekti Ansyen Testaman an,” Vini, Suiv Mwen: 2026
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou
Lekti Ansyen Testaman an
Lè Nefi te vle enspire frè l yo pou yo mete konfyans yo nan Senyè a, li te pataje istwa sou Moyiz ak ansèyman Izayi yo. Lè Apot Pòl te vle ankouraje premye kretyen yo pou yo gen lafwa nan pwomès Bondye yo, li te fè yo sonje konsènan lafwa Noe, Abraram, Sara, Rarab ak lòt moun ankò. Epi lè Jezikri te di dirijan Juif yo pou yo “sonde ekriti yo,” pandan Li t ap eksplike yo ke yo “temwaye de mwen” (Jan 5:39) an, ekriti Li t ap pale yo se liv nou rele Ansyen Testaman an.
Nan lòt mo, lè nou li Ansyen Testaman an, n ap li mo ki te enspire, rekonfòte, ak ankouraje pèp Bondye a pou literalman dè milye ane.
Men, èske yon bagay ki te ekri sa gen tèlman lontan konsa kapab ede nou jwenn solisyon pou pwoblèm ki egziste yo jodi a? Wi, li kapab! Espesyalman si nou sonje kimoun Ansyen Testaman an vrèman konsène.
Yon Temwayaj Konsènan Jezikri
Kèlkeswa difikilte ou menm ak fanmi w ka fè fas, repons lan se toujou Jezikri. Se konsa, pou n jwenn repons nan Ansyen Testaman an, chèche Li. Li pa p toujou fasil. Ou ka bezwen reflechi ak pasyans epi chèche direksyon espirityèl. Pafwa referans a Limenm sanble yo trè dirèk, tankou nan deklarasyon Ezayi a “Nou gen yon ti pitit ki fèk fèt, Bondye ba nou yon gason: … ya rele l : …Wa k ap bay kè poze” (Ezayi 9:6). Gen lòt kote, Sovè a reprezante pi sibtilman, atravè senbòl ak similarite—pa egzanp, atravè deskripsyon sou sakrifis zannimo yo oubyen nan istwa Jozèf k ap padone frè l yo epi sove yo anba grangou.
Light of the World [Limyè Mond lan], pa Howard Lyon
Si w ap chèche pi gwo lafwa nan Sovè a pandan w ap etidye Ansyen Testaman an, w ap jwenn ni. Petèt sa ta ka tounen objektif etid ou ane sa a. Priye pou Lespri a ka gide w pou w jwenn ak rete konsantre sou pasaj, istwa, ak pwofesi ki ap mennen w pi pwòch Jezikri.
Divinman Prezève
Pa atann pou AnsyenTestaman an prezante yon istwa konplè ak presi sou istwa limanite. Se pa sa otè ak konpilatè orijinal yo t ap eseye kreye. Pi gwo sousi yo sete pou anseye yon bagay konsènan Bondye—konsènan plan Li pou pitit Li yo, konsènan kisa sa vledi pou nou pèp alyans Li, ak fason pou nou jwenn redanmsyon lè nou pa akonpli devwa nou. Pafwa yo te fè sa nan rakonte evènman istorik yo jan yo te konprann yo—san wete istwa nan lavi gran pwofèt yo. Jenèz se yon egzanp sou sa a, menmjan ak liv Jozye a , liv Jij la, ak 1ye ak 2yèm Wa. Men gen lòt ekriven Ansyen Testaman an ki pa t janm vize aspè istorik la ditou. Olyesa, yo te anseye atravè bagay atistik tankou pwezi ak literati. Sòm yo ak Pwovèb yo tonbe nan kategori sa a. Epi apresa nou jwenn pawòl presye pwofèt yo, soti nan Ezayi rive nan Malachi, ki te pale pawòl Bondye te di ansyen Izrayèl la—epi, atravè mirak Bib la, yo kontinye ap pale avèk nou jodi a.
Èske tout pwofèt, powèt, ak konpilatè sa yo te konnen ke moun tout kote nan mond lan ta pral li pawòl yo dèmilye ane apre? Nou pa konnen. Men nou emèveye dèske se egzakteman sa k rive. Nasyon te monte epi tonbe, vil te konkeri, wa te viv epi mouri; men Ansyen Testaman an te viv pi lontan pase yo tout, de jenerasyon an jenerasyon, de yon ekriven ak yon lòt ekriven, yon tradiksyon rive nan yon lòt tradiksyon. Evidamman kèk bagay te pèdi oubyen modifye, e poutan gen anpil bagay ki te prezève mirakilezman.
Pwofèt Ansyen Testaman, pa Judith A. Mehr (detay)
Sa yo se jis kèk bagay pou w kenbe nan lespri w pandan w ap li Ansyen Testaman an ane sa a. Petèt Bondye te prezève ansyen ekriti sa yo paske L konnen w ak sa w ap travèse. Li te prepare yon mesaj espirityèl pou ou nan pawòl sa yo, sa ki pral rapwoche w pi pre Li epi bati lafwa w nan plan L lan ak nan Pitit gason Byenneme L la. Petèt Li pral dirije w nan yon pasaj oubyen yon ide ki pral beni yon moun ou konnen—yon mesaj ou ka pataje avèk yon zanmi, yon fanmi, oubyen yon lòt Sen. Gen si tèlman anpil posiblite. Èske sa pa ranpli w ak emosyon lè w panse a sa?
Nefi te di: “Nanm mwen pran plèzi nan ekriti yo,” (2 Nefi 4:15). Petèt ou pral santi w menm jan lè w li anpil nan menm mo Nefi te li yo—sa nou kounyea rele Ansyen Testaman an.
Liv yo nan Ansyen Testaman an
Nan pifò vèsyon Kretyèn yo sou Ansyen Testaman an, liv yo te òganize diferaman pase jan li te ye premye fwa yo te konpile yo nan yon sèl koleksyon an. Donk, pandan ke Bib Ebre a gwoupe liv yo an twa kategori—lalwa, pwofèt yo, ak ekriti yo—pifò Bib Kretyen yo ranje liv yo an kat kategori: lalwa (Jenèz–Detewonòm); istwa (Jozye–Estè), liv powetik (Job–Chan Salomon an), ak pwofèt (Ezayi–Malachi).
Poukisa kategori sa yo enpòtan? Paske lè w konn ki kalite liv w ap etidye, sa kapab ede w konprann kijan pou w etidye li.
Men yon bagay pou w kenbe nan lespri w lè w ap kòmanse li “lalwa a,” oubyen senk premye liv nan Ansyen Testaman an. Liv sa yo, sa ki tradisyonèlman nou te atribye yo ak Moyiz, pwobableman te pase nan men anpil ekriven ak konpilatè atravè tan yo. Epi nou konnen ke, sou syèk yo, “anpil pati ki te klè, e ki te pi presye” yo te wete nan Bib la (gade 1 Nefi 13:23–26). Malgre sa, liv Moyiz yo se pawòl Bondye te enspire, malgre ke—menmjan ak tout pawòl Bondye te transmèt atravè moun mòtèl—yo sijè anba enpèfeksyon lòm (gade Moyiz 1:41; Atik Lafwa yo1:8). Pawòl Mowoni yo, an referans a rejis sakre Liv Mòmon an ke l te ede konpile a, kapab itil la a: “Si gen fòt se erè lèzòm yo ye; se poutèt sa, pa kondane bagay Bondye” (paj tit nan Liv Mòmon an). Otremandi, yon liv ekriti pa bezwen san erè imèn pou l ka konsidere kòm pawòl Bondye.