Vini, Suiv Mwen
5–11 Janvye. “Sa Se Travay Mwen ak Laglwa Mwen”: Moyiz 1; Abraram 3


“5–11 Janvye. ‘Sa se Travay Mwen ak Laglwa Mwen’: Moyiz 1; Abraram 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“5–11 Janvye. ‘Sa se Travay Mwen ak Laglwa Mwen’,” Vini, Suiv Mwen: 2026

zetwal ak nebula nan espas eksteryè

5–11 Janvye: “Sa se Travay Mwen ak Laglwa Mwen”

Moyiz 1; Abraram 3

Bib la kòmanse avèk pawòl: “nan kòmansman,Bondye te kreye syèl la ak latè a” (Jenèz 1:1). Men, kisa ki te la anvan “kòmansman” sa a? Epi poukisa Bondye te kreye tout bagay sa yo? Palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith, Senyè a te bay klarifikasyon sou kesyon sa yo.

Paregzanp, Li te ban nou resi sou vizyon kote Abraram te wè egzistans nou kòm espri “anvan mond lan te egziste” a (gade nan Abraram 3:22–28). Senyè a te ba nou yon tradiksyon oubyen revizyon enspire sou sis premye chapit Jenèz yo tou, ki rele liv Moyiz la—ki pa kòmanse avèk mo “nan kòmansman an .” Okontrè, li kòmanse avèk yon eksperyans Moyiz te fè ki ofri nou plis kontèks pou istwa Kreyasyon an. Ansanm, ekriti dènye jou sa yo se yon bon kote pou nou kòmanse etid nou sou Ansyen Testaman an, paske yo adrese kèk kesyon fondamantal ki ka ankadre lekti nou: Kiyès Bondye ye? Kiyès nou ye? Kisa travay Bondye a ye, epi ki plas nou genyen ladan l? Nou ta ka konsidere chapit ki nan kòmansman Jenèz yo kòm repons Senyè a pou demand Moyiz la: “Gen mizèrikòd pou sèvitè w la, O Bondye, epi pale m konsènan tè sa a, ak abitan ki sou li yo, ak syèl yo” (Moyiz 1:36).

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Moyiz 1

senbòl seminè
Antanke yon pitit Bondye, m gen yon destine divin.

“Si Senyè a t ap pale avèk ou dirèkteman,” Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Premye bagay li ta asire w ke ou konprann se vrè idantite ou” (“Choices for Eternity [Chwa pou Letènite]” [devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Me 2022], Libreri Levanjil la). Li nòmal pou Satan ta eseye konfonn nou nan menm pwen sa a. Chèche modèl sa a nan mesaj Bondye bay Moyiz nan Moyiz 1:4, 6 ak nan mesaj Satan yo nan Moyiz 1:12. Kisa w aprann nan vèsè sa yo konsènan diferans ki genyen ant Bondye ak Satan?

Prezidan Nelson te anseye tou: “Fason ou panse osijè de ki moun ou reyèlman ye afekte prèske chak desizyon ou pral janm fè” (“Chwa pou Letènite”). Konsidere fè yon lis chwa ou fè paske idantite w antanke pitit Bondye vini anvan lòt etikèt.

Ki lòt vèsè oswa fraz nan Moyiz 1 ede w konprann valè divin ou? Ou ka li plis nan mesaj Prezidan Nelson nan nan seksyon “Chwa pou Letènite” ki rele “Premyèman: Konnen laverite sou kimoun ou ye.” Kisa ou santi w enspire fè pou idantite w antanke pitit Bondye kapab sa ki idantifye w plis pase tout lòt bagay?

Gade tou “Je suis enfant de Dieu,” Cantiques (1985), non. 3; “Our True Identity [Vrè Idantite nou]” (videyo), Libreri Levanjil; Sujets de L’Évangile, “Enfants de Dieu” Bibliothèques de L’Évangile.

3:39

Our True Identity

manman, papa, ak tibebe k ap souri

Moyiz 1:12–26

Avèk èd Senyè a, mwen ka reziste tantasyon Satan.

Menm jan Moyiz 1 montre byen klè, eksperyans espirityèl pwisan pa vle di nou pap janm tante ankò. Anfèt, youn nan taktik Satan yo se tante nou pou nou gen dout sou eksperyans sa yo. Pandan w ap li repons Moyiz te bay Satan nan vèsè 12–26yo, kisa w aprann ki ka ede w rete fidèl nan temwayaj ou te resevwa a? Kisa ki te finalman ede Moyiz venk Satan?

Yon lòt leson ki soti nan eksperyans Moyiz la sèke Satan tante nou avèk imitasyon verite ak pouvwa Bondye. Panse sou vèsyon kèk bagay ki se imitasyon, tankou yon plant atifisyèl oswa yon ti poupe. Kijan ou ka konnen se imitasyon yo ye? Apre sa, ann egzamine imitasyon Satan itilize jodi a pou l tante w. Kisa ou aprann nan Moyiz 1:13–18 sou kijan pou nou rekonèt epi rejte imitasyon l yo? Kijan Senyè a kapab ede ou? (gade Moyiz 1:24–26).

Gade tou nan Matye 4:1–11; Gary E. Stevenson, “Pa Twonpe Mwen,” Lyawona, Nov. 2019, 93–96; “I Am a Song of God [M se Pitit Gason Bondye]” (videyo), Libreri Levanjil

6:31

I Am a Son of God

Aprantisaj nan Fwaye Ka Planifye men Li Ka Spontane Tou “Opòtinite ansèyman nan fanmi an souvan rive enfòmèl, moman chak jou—pandan y ap manje yon repa, fè travay, jwe jwèt, [oswa] vwayaje” (Ansèyman nan Fason Sovè a, 31). Pa egzanp, anplis de lekti konsènan kijan Moyiz te reziste kont Satan nan Moyiz 1, ou gendwa pase kèk moman lè n ap soupe ansanm pou pale antanke fanmi sou fason w te reziste kont enfliyans advèsè a.

Moyiz 1:27–39; Abraram 3

Travay Bondye ak laglwa Li se pou L ede m gen lavi etènèl.

Apre l te fin fè vizyon sou kreyasyon Bondye yo, Moyiz te mande Senyè a: “Di mwen … poukisa bagay sa yo konsa” (Moyiz 1:30). Kisa ki enpresyone ou nan repons Senyè a nan Moyiz 1:31–39 la? Ki diferans ki genyen ant imòtalite ak lavi etènèl? (gade Sujets et questions, “La vie eternelle,” Bibliothèques de L’Évangile). Ki jan Jezi Kris ede nou akonpli toulède? Abraram te fè yon vizyon tou, li nan Abraram 3. Kisa w jwenn nan vèsè 24–26 yo ki ta ka ede reponn kesyon Moyiz la?

Abraram 3:22–28

Mwen te viv antanke espri anvan m te fèt sou tè a.

Nou konnen anpil bagay sou lavi premòtèl nou an. Men, anpil nan sa nou konnen soti nan vizyon Abraram nan Abraram 3:22–28. Pandan w ap li vèsè sa yo, fè yon lis verite nou jwenn—sa ki gen ladan verite konsènan tèt ou ak sou Jezikri. Poukisa verite sa yo enpòtan pou ou? Ki diferans yo fè nan lavi ou?

Gade Sujets et questions tou, “Vie prémortelle,” Bibliothèques de L’Évangile.

Pou plis ide, gade revi Lyawona mwa sa a ak Pou fòs jèn yo .

senbòl 01 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Moyiz 1:1–4, 6, 12

M se yon Pitit Bondye.

  • Apre nou fin li ansanm mesaj Bondye ta bay Moyiz nan Moyiz 1:4, konsidere kite timoun ou yo gade refleksyon yo nan yon glas epi bay tèt yo yon mesaj ki menm jan an: “M se yon pitit Bondye.” Lè sa a, yo te kapab bay youn lòt menm mesaj la: “Ou se yon pitit Bondye.” Ou ta ka menm jwenn foto yon varyete moun epi envite timoun ou yo pou lonje dwèt yo sou chak moun epi di, “Sa a se yon pitit Bondye.” Pataje youn ak lòt poukisa ou kontan konnen ou se pitit Bondye. Ki jan konesans sa a chanje fason ou trete tèt nou ak lòt moun?

  • Oumenm ak timoun ou yo ta kapab konpare mesaj Bondye te bay Moyiz nan Moyiz 1:4 avèk mesaj Satan an nan vèsè 12. Ki jan w ka ede timoun ou fè distenksyon ant mesaj Bondye yo ak mesaj Satan yo?

Jewova parèt devan Moyiz.

Moyiz wè Jewova, pa Joseph Brickey (detay)

Moyiz 1:6, 39

Papa nou ki nan Syèl la gen yon travay pou m fè.

  • Pandan w ap li Moyiz 1:6 avèk timoun ou yo, ou ka pale sou “travay” Bondye te gen pou Moyiz. Konsidere sèvi avèk Liv Ilistrasyon Levanjilla, nos. 13–16, oswa Istwa Ansyen Testaman yo, paj 64–84, pou ede pitit ou yo wè sa Moyiz te akonpli avèk èd Papa nou ki nan Syèl la. Ki travay Bondye gen pou nou fè? (gade, pa egzanp, Doktrin ak Alyans 11:20).

Moyiz 1:12–26

Mwen ka reziste anba tantasyon Satan yo.

  • Pandan w ap etidye Moyiz 1:12–26 avèk timoun ou yo, ede yo dekouvri sa Moyiz te fè pou reziste kont Satan (gade vèsè 13, 15, 18, 20–22, 26). Li ta ka amizan pou yo rekreye bagay yo ka fè pou reziste anba tantasyon (tankou lapriyè, mache lwen, oswa mande èd).

Abraram 3:22–28

Mwen te viv antanke espri anvan m te fèt sou tè a.

  • Lè nou konnen nou te gen yon lavi premòtèl sa ka enspire nou pou nou fè chwa ki baze sou verite etènèl. Pou ede yo aprann sou li, ou ta ka ba yo kèk mo kle ak fraz pou jwenn nan Abraram 3:22–28, tankou “anvan mond lan te egziste,” “lespri,” “fè yon tè,” ak “eprèv.” Kisa vèsè sa yo anseye nou sou rezon ki fè Papa nou ki nan Syèl la te voye nou sou tè a?

  • Yon chan tankou “Je veux suivre le plan de Dieu” (Chants pour les enfants, 86–87) te kapab ranfòse sa Abraram 3 anseye. Petèt ou te gendwa envite timoun yo fè desen ki ale avèk pawòl sa yo.

  • Ede pitit ou yo panse ak sitiyasyon kote yo dwe chwazi si wi ou non yo dwe fè sa Bondye mande yo (gade Abraram 3:25; gade tou Pou fòs jèn yo: Yon gid pou fè Chwa). Kite yo pratike oubyen diskite sou kèk repons ki posib pou sitiyasyon sa yo. Kijan Sovè a ka ede nou lè nou fè yon move chwa?

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a sou revi Zanmi an.

Moyiz k ap chase Satan

Moyiz Gen Viktwa Sou Satan, pa Joseph Brickey

Paj aktivite Primè: M se pitit Bondye