“29 Desanm–4 Janvye. Premye Testaman konsènan Jezikri: Entwodiksyon nan Ansyen Testaman an,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“Entwodiksyon nan Ansyen Testaman an,” Vini, Suiv mwen: 2026
29 Desanm–4 Janvye: Premye Testaman konsènan Jezikri
Entwodiksyon nan Ansyen Testaman an
Lè w ap konsidere pou w etidye Ansyen Testaman an ane sa a, kijan w santi w? Antouzyas? Ensèten? Enkyè? Tout emosyon sa yo konpreyansib. Ansyen Testaman an se youn nan pi ansyen koleksyon ekriti nan mond lan, epi sa ka fè li alafwa pasyonan ak entimidan. Ekriti sa yo soti nan yon kilti ansyen ki ka sanble etranj ak dwòl pafwa oubyen menm enkonfòtab. Men nan ekri sa yo, nou wè moun ki gen eksperyans ki sanble yo familye pou nou. Nou rekonèt tèm levanjil ki temwaye de divinite Jezikri ak levanjil Li a. Wi, moun tankou Abraram, Sara, Ann, ak Danyèl te viv lavi ki, nan yon sètèn fason, te trè diferan de lavi pa nou. Men yo te fè eksperyans lajwa familyal ak diskòd familyal, moman lafwa ak moman ensètitid, moman siksè ak echèk tou—tankou nou tout. Sa k pi enpòtan, yo te egzèse lafwa, yo te repanti, fè alyans, fè eksperyans spirityèl, epi yo pa t janm sispann fè efò pou yo te obeyi Bondye. Pandan n ap aprann kijan Bondye t ap travay nan lavi yo, nou menm tou nou wè Li nan lavi pa nou, epi nou di avèk salmis la: “Pawòl ou se yon lanp pou pye m, ak yon limyè pou chemen m. … Se poutèt sa, sèvitè ou renmen l” (Sòm 119:105, 140).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Ansyen Testaman an temwaye de Jezikri.
Yon fason pou nou jwenn bèl nourisman espirityèl nan ansyen Testaman an se chèche Pen lavi a, Jezikri (gade Jan 6:48). Pa egzanp, kijan w wè Sovè a nan bagay sa yo?
-
Lamàn (Egzòd 16:4, 11–15; Jan 6:35)
-
Ti mouton sakrifis la (Egzòd 12:3–5; Jan 1:29)
-
Sèpan eren an (Resansman 21:4–10; Jan 3:14)
-
Jonas (Jan 1:4–17; Matye 12:38–41)
Kisa egzanp sa yo anseye sou Li? Ak ki lòt referans sou Jezikri nan Ansyen Testaman an ou deja abitye?
Nan mesaj li a “Jezikri se Trezò a,” Èldè Dale G. Renlund te ankouraje nou pou nou “sonje ak toujou konsantre sou Jezikri” (Lyawona, Nov. 2023, 98). Konsidere li mesaj li a, epi chèche bagay ou ka fè pou w jwenn Jezikri non sèlman nan Ansyen Testaman an, men nan lavi ou tou.
Gade tou “Tip oswa senbòl sou Kris la” nan Gid pou Ekriti yo, “Jezikri,” Libreri Levanjil la; “Sans tarder, je recherche mon Sauveur,” Chants pour les enfants, 67.
Chèche Senbòl Ki Temwaye Konsènan Jezikri. Senyè a te anseye Adan: “Tout bagay gen resanblans yo, e tout bagay te kreye epi yo te fèt pou rann temwayaj konsènan mwen” (Moyiz 6:63). Kit w ap etidye oswa w ap anseye, konsantre sou Jezikri ka ede w jwenn siyifikasyon nan ekriti yo epi ogmante lanmou ou ak lafwa ou nan Li. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 7.)
Jezikri se Jewova nan Ansyen Testaman an.
Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Papa a te prezante sèl Pitit Gason Literal Li a, Jezikri, kòm Sovè nou ak Redanmtè nou epi Li te ba nou kòmandman pou nou “tande Li.’ Apati direksyon sa a nou reyalize ke rejis espirityèl yo se pawòl ki soti nan bouch ‘Bondye’ oubyen “Senyè a’ ki se prèske toujou pawòl Jewova, Senyè resisite nou an, Jezikri” (“Ansèyman Jezikri yo,” Lyawona, Me 2023, 102).
Ansèyman Jezikri yo
Lè dirijan Jwif yo te defye Jezi konsènan idantite Li, Li te deklare: “Abraram pa t ko fèt, mwen menm, mwen te la deja.” Pawòl sa yo te choke moun ki te tande Jezi yo, epi yo te pare pou yo te voye wòch sou Li (gade Jan 8:58–59). Konsidere pou w li Egzòd 3:13–15; 6:3–5 pou w wè poukisa kèk Juif te sitèlman fache kont sa Jezi te di yo.
Poukisa li enpòtan pou w konnen ke Jezikri se Jewova?
Senyè a te retabli anpil “bagay klè ak presye” atravè Joseph Smith.
Nan yon vizyon, Senyè a te montre Nefi parisyon Bib la, li te eksplike ke yo ta pral retire “anpil bagay klè ak presye” ladann. Konsidere pou w li 1 Nefi 13:21–29, 38–42, pou chèche kijan Senyè a te planifye pou “fè konnen bagay klè ak presye yo.” Selon 2 Nefi 3:12, kijan Bib la ak Liv Mòmon an travay ansanm?
Pandan w ap etidye Ansyen Testaman an ane sa a, ou pral etidye kèk nan “lòt liv” Nefi te predi yo. Yo enkli:
-
Liv Moyiz la, ki fè pati tradiksyon enspire Joseph Smith te fè sou Bib la. Li retabli verite ak resi ke nou pa jwenn nan tèks aktyèl ki nan Jenèz 1-6 yo.
-
Liv Abraram nan, ki te revele bay Joseph Smith pandan li t ap egzamine ansyen papiris Ejipsyen an (gade Sijè ak kesyon, “Liv Abraram,” Bibliyotèk Levanjil la).
-
Plizyè pasaj nan Tradiksyon Joseph Smith la, kèk nan yo ki parèt nan nòt anba paj yo, nan apendis Bib la, ak Gid Ekriti yo.
Men kèk egzanp sou istwa Ansyen Testaman yo ki te retabli pa Joseph Smith: Vil Siyon Enòk la (Moyiz 7:18–19), vizyon Abraram nan sou konsèy nan syèl la (Abraram 3:22–28), ak ministè Mekisedèk (Tradiskyon Joseph Smith, Jenèz 14:25–40). Poukisa resi sa yo “klè ak presye” pou ou?
Adan ak Èv ki ap ofri sakrifis, pa Keith Larson (detay)
Ansyen Testaman an ede m konprann relasyon alyans mwen avèk Bondye.
Ansyen Testaman an se istwa Bondye k ap chèche fè nou vin “trezò espesyal” Li pa alyans (Egzòd 19:5). Pou rezon sa a, yon bon fason pou prepare w pou w li Ansyen Testaman an se aprann sou alyans—espesyalman alyans etènèl Bondye te ofri bay pwofèt ansyen yo tankou Abraram, Izarak, Jakòb, ak posterite yo. Epi yon bon fason pou nou aprann sou alyans se nan etidye mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Alyans Etènèl la” (Liahona, Oktòb 2022, 4–11).
Pandan w ap li a, mande tèt ou: Poukisa alyans enpòtan pou mwen? Ki “kalite lanmou ak mizèrikòd espesyal” mwen resevwa nan men Bondye pandan m ap kenbe alyans mwen avèk Li? Pandan w ap li Ansyen Testaman an ane sa a, veye pou bagay Bondye vle anseye ou sou relasyon alyans ou avèk Li.
Gade Jeremi 31:31–34 tou.
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak Pou fòs jèn yo .
Ide pou Anseye Timoun yo
Mwen ka aprann sou Jezikri nan Ansyen Testaman an.
-
Mo ak kilti Ansyen Testaman an ka difisil pou timoun yo konprann, men ou ka ede yo wè Jezikri nan senbòl yo ak istwa yo. Petèt oumenm ak timoun ou yo te ka gade imaj ki anba la a, Pwofèt Ezayi Predi Nesans Kris la. Kite timoun ou yo montre w detay yo wè yo. Atire atansyon yo, an patikilye, sou ti bebe Jezi. Apresa, ou ta ka li avèk yo sa Ezayi te ekri konsènan nesans Sovè a nan Ezayi 7:14; 9:6. Pataje avèk timoun ou yo kijan ou santi w konsènan chèche Sovè a nan Ansyen Testaman an ane sa a.
Ezayi ekri sou Nesans Kris la (Pwofèt Ezayi Predi Nesans Kris la), pa Harry Anderson
-
Oumenm ak timoun ou yo te kapab li Sòm 23 oswa Ezayi 53:3–9 ak jwenn mo ki raple ou Jezikri. Kisa pawòl sa yo anseye nou sou lavi Li ak Ekspyasyon L la?
Papa nou ki nan Syèl la vle fè alyans avèk mwen.
-
Alyans yo se yon gwo tèm nan Ansyen Testaman an. Pou entwodui tèm sa a bay pitit ou yo, ou ka pale avèk yo sou pwomès yo fè ak kenbe avèk fanmi yo oswa zanmi yo ak poukisa kenbe pwomès sa yo enpòtan. Apresa, ou ta ka gade foto yon batèm epi pale sou pwomès, oswa alyans, nou fè avèk Bondye lè nou batize (gade Mozya 18:10, 13). Ou kapab montre yon foto tanp epi pataje sa w santi konsènan alyans nou fè nan tanp yo.
-
Paj aktivite semèn sa a ka ede timoun ou yo vin pi kontan pou yo fè ak kenbe alyans avèk Papa nou ki nan Syèl la. Ou kapab chante yon chan konsènan alyans tou, tankou “Le jour de mon baptême” (Chants pour les enfants, 53).
Jezikri se Jewova nan Ansyen Testaman an.
-
Èske timoun ou yo konnen yon moun ki gen non ki diferan nan diferan sitiyasyon? Petèt yo adrese yon paran oubyen yon pwofesè yon fason diferan nan travay, nan kay, ak nan legliz la. Pale sou non sa yo; apresa li Egzòd 6:3 ansanm epi envite timoun ou yo pou yo chèche jwenn tout non yo itilize pou Jezikri anvan Li te fèt yo (gade Tradiksyon Joseph Smith nan referansc).
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi an mwa sa a.