Doctrine and Covenants 2025
30 Jen–6 Jiyè: “Pa Gen Okenn Zam ki Fòme Kont Nou K Ap Pwospere”


“30 Jen–6 Jiyè: ‘Pa Gen Okenn Zam ki Fòme Kont Nou K Ap Pwospere’: Doktrin ak Alyans 71–75,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 71–75,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025

misyonè k ap mache atravè jaden

M ap Sonje Alyans lan, tablo Enrique Manuel Garcia

“Pa gen okenn zam ki fòme kont nou k ap pwospere”

Doktrin ak Alyans 71–75

Depi lè l te yon tigason, Joseph Smith te toujou anba kritik—enmi menm—pandan l t ap eseye fè travay Bondye a. Men sa dwe te patikilyèman dechiran pou li lè, nan fen ane 1831 an, Ezra Booth te kòmanse piblikman atake Legliz la, paske nan ka sa a, kritik la sete yon ansyen kwayan. Ezra te wè Joseph itilize pouvwa Bondye pou l te geri yon madanm. Yo te envite l pou l te akonpaye Joseph nan premye enspeksyon yo t al fè nan tè Siyon an nan Missouri. Men, li te vin pèdi lafwa apresa, epi, nan entansyon pou l te jete diskredi sou Pwofèt la, li te pibliye yon seri lèt nan yon jounal nan Ohio. Epi, efò l yo sanble yo t ap mache, paske“santiman negatif … te devlope kont Legliz la” nan zòn nan (Doktrin ak Alyans 71,, seksyon antèt). Kisa pou kwayan yo te fè nan yon ka konsa? Byenke pa gen yon sèl bon repons pou chak sitiyasyon, sanble ke, trè souvan—enkli nan ka sa a an 1831 an—yon pati nan repons Senyè a se pou defann laverite ak korije mansonj nan “pwoklame levanjil la” (vèsè 1). Wi, travay Senyè a toujou anba kritik, men, alafen, “Pa gen okenn zàm ki fòme kont [li] k ap pwospere” (vèsè 9).

Gade “Ezra Booth et Isaac Morley,” nan Révélations dans leur contexte, 134.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 71

senbòl seminè
Lespri a ap gide m lè m ap pwoklame levanjil Sovè a.

Sa ka twoublan lè moun kritike oswa ridikilize lafwa ou nan Sovè a, nan levanjil Li a, ak Legliz Li a. Lè sa rive, kisa w ap fè? Yon bagay konsa te rive nan Ohio an 1831 (gade antèt seksyon Doktrin ak Alyans 71) la. Kisa Senyè a te di Joseph Smith ak Sidney Rigdon pou yo te fè apwopo sa nan Doktrin ak Alyans 71 la? Petèt ou ta ka fè lis enstriksyon Senyè a te bay yo ak benediksyon Li te pwomèt yo.

Anplis etidye seksyon 71la, ou ta ka eksplore kijan Sovè a te reyaji devan kritik Li yo pandan ministè L nan mòtalite a. Men kèk egzanp: Matye 22:15–22; 26:59–64; Jan 10:37–38. Kisa w aprann nan men L? Ki ide adisyonèl ou jwenn nan Matye 18:15; Efezyen 4:31–32; 2 Timote 3:12; Jak 1:19?

Ki fason konsèy Li a ta ka aplike a sitiyasyon w ap fè fas jodia? Ou ta gen dwa panse sou fason pou w pezibleman korije mansonj yo nan pwòp tèm pa ou. Paregzanp, ou ta gen dwa kòmanse pa eksprime respè pou pwendvi lòt moun nan, epi apresa ou ta ka pataje nan yon fason enb ak janti, sa ou kwè apwopo Jezikri ak ansèyman L yo. Pou prepare pou okazyon sa yo, petèt ou ta ka pratike apwòch sa a avèk zanmi ak manm fanmi ou.

Gade tou Sijè ak Kesyon, “Ede Lòt avèk Kesyon yo,” Libreri Levanjil; Dallin H. Oaks, “Renmen Lòt ak Viv avèk Diferans yo,” Liahona, Nov. 2014, 25–28; Jörg Klebingat, “Disip Vanyan nan Dènye Jou yo,” Liahona, Me 2022, 107–10.

Doktrin ak Alyans 72

Senyè a beni m atravè ministè dirijan tankou evèk yo.

Lè Newel K. Whitney te resevwa apèl pou l te sèvi kòm dezyèm evèk Legliz la, devwa li te yon tijan diferan avèk devwa evèk jodia yo. Pa egzanp, Evèk Whitney te sipèvize konsekrasyon byen yo ak pèmisyon pou yo te enstale nan tè Siyon an nan Missouri. Men, pandan w ap li sou apèl ak devwa li nan Doktrin ak Alyans 72 la, ou gen dwa remake kèk koneksyon avèk sa evèk yo ap fè jodia—omwen nan lespri, si se pa nan detay, sou devwa yo.

Paregzanp egzanp, nan ki fason ou “rann kont” bay evèk ou? (vèsè 5). Nan epòk pa nou an, “magazen Senyè a” kapab enkli don, sèvis, ak talan manm pawas yo (gade vèsè 10, 12). Kijan w ka kontribye nan magazen sa a?

Kijan Senyè a beni oumenm ak fanmi w atravè sèvis yon evèk?

Gade tou Quentin L. Cook, “Evèk yo—Bèje sou Twoupo Senyè a,” Liahona, Me 2021, 56–60.

Doktrin ak Alyans 73

Mwen ka chèche opòtinite pou m pataje levanjil Sovè a.

Lè Joseph Smith ak Sidney Rigdon te retounen soti nan tach misyonè yo (gade Doktrin ak Alyans 71), Senyè a te di yo pou yo te kontinye tradiksyon sou Bib la (gade Gid Ekriti yo, “Tradiksyon Joseph Smith (TJS),” Bibliyotèk Levanjil). Men sa pa t vledi ke L te vle yo sispann pataje levanjil la. Apretou, sa fè pati lavi yon disip.

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 73, konsidere kijan w ka fè preche levanjil la vin yon bagay pèmanan, “posib” (vèsè 4—oubyen reyèl—nan lavi w pami tout lòt responsablite w genyen yo.

zanmi k ap pale de levanjil la

Pataje levanjil Jezikri a kapab vin nòmal ak natirèl.

Doktrin ak Alyans 75:1–16.

“Travay ak tout fòs ou … pou pwoklame verite a.”

Revelasyon nan seksyon 75 la te adrese a moun ki te “bay non [yo] pou ale pwoklame levanjil [Sovè a]” (vèsè 2). Yon fason pou etidye revelasyon sa a se fè de lis: (1) kijan pou pataje levanjil la efikasman epi (2) kijan Senyè a beni ak sipòte nou pandan n ap fè sa.

Yo ta ka diskite tou kisa sa vledi pou “pran tan” oswa “fè parese” nan pataje levanjil la. Kisa w panse “travay ak tout fòs ou” (vèsè 3) a vledi?

Gade tou “I’ll Go Where You Want Me to Go,” Hymns, no. 270.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yoa.

senbòl 02 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 71

Mwen kapab defann laverite nan pataje temwayaj mwen.

  • Itilize antèt seksyon Doktrin ak Alyans 71 la oubyen “Chapit 25: Joseph Smith ak Sidney Rigdon Al Fè Yon Misyon” an nan (Doktrin ak Alyans, 96, oubyen video korespondan an nan Libreri Levanjil) pou anseye timoun yo konsènan sikonstans ki te enspire seksyon 71 la. Apresa ede yo dekouvri nan vèsè 1 an kisa Senyè a te vle Joseph ak Sidney fè osijè “santiman ” ki pa amikal yo te genyen anvè Legliz la. Kijan L te di L t ap ede yo? Kijan nou ka tankou Joseph ak Sidney?

    0:45

    Chapter 25: Joseph Smith and Sidney Rigdon Go on a Mission: December 1831–January 1832

  • Ou ta ka chante yon kantik ki enspire timoun ou yo pou yo fidèl anvè Sovè a tou, tankou “Défends le bien” (Chants pour les enfants, 159). Ede timoun yo pratike fason pou yo pataje sa yo konnen osijè Jezikri.

Doktrin ak Alyans 72:2

Senyè a aple yon evèk pou ede m.

  • Li Doktrin ak Alyans 72:2 ansanm ta ka kreye yon opòtinite pou diskite sou rezon k fè Senyè a ba nou evèk (gade tou “Chapit 17: Premye Evèk Legliz la,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 64–66, oswa videyo korespondan an nan Libreri Levanjil). Oumenm ak timoun ou yo ta ka jwenn foto oubyen objè ki reprezante responsablite yon evèk. Foto ak paj aktivite ki nan fen plan leson sa a bay kèk ide. Apresa nou ta ka pale ansanm sou kèk evèk ou konnen ak sou fason Senyè a beni fanmi w atravè sèvis yo.

    1:45

    Chapter 17: The First Bishops of the Church: February and December 1831

Toujou anseye konsènan Jezikri. “Kèlkeswa sa w ap anseye, sonje ke w ap reyèlman anseye osijè Jezikri ak sou fason pou nou vin tankou Li” (Anseye nan Fason Sovè a, 6). Paregzanp, lè w ap anseye timoun ou yo osijè evèk, mete aksan sou lefèt ke yo se reprezantan Jezikri, ke Li aple pou fè travay Li (gade 1 Pyè 2:25).

manje ak atik nan magazen Senyè a

Senyè a mande evèk yo pou yo pran swen moun ki nan bezwen.

Doktrin ak Alyans 75:3

Mwen kapab bay Senyè a meyè efò mwen.

  • Pou pale sou diferans ant “parese” ak “travay ak tout fòs [nou],” petèt ou ta ka chwazi kèk zak sèvis oswa tach nan kay la epi envite timoun yo pou yo demontre ke y ap fè yo avèk parès epi apresa ak tout fòs yo. Pandan w ap li “ni fè parès” la nan Doktrin ak Alyans 75:3 a, timoun yo ta ka montre kijan yo t ap fè travay yo ak parès. Lè w ap li “men travay ak tout fòs ou” a, yo ta ka montre kijan yo travay di. Poukisa li enpòtan pou nou fè tout sa nou kapab lè n ap sèvi Senyè a?

  • Nan mesaj li a “De Prensip pou Tout Ekonomi” an (Liahona, Nov. 2009, 55–58), Prezidan Dieter F. Uchtdorf te rakonte de istwa apwopo travay. Petèt ou ta ka pataje yo avèk timoun yo epi di yo kijan sa ye pou nou konnen nou travay di epi fè pi byen nou kapab.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

evèk k ap konseye yon jènjan

Rekonèt Tand Mizèrikòd yo nan Lavi Nou, tablo Keith Larson

paj aktivite pou timoun yo