Doctrine and Covenants 2025
23–29 Jen: “Vo … Richès Tout Tè a”: Doktrin ak Alyans 67–70


“23–29 Jen: ‘Vo … Richè Tout Tè a’: Doktrin ak Alyans 67–70,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 67–70,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

maniskri Liv Kòmandman yo

23–29 Jen: “Vo … Tout Richès Tè a”

Doktrin ak Alyans 67–70

Soti 1820 rive 1831, Pwofèt Joseph Smith te resevwa anpil revelasyon nan men Senyè a, enkli konsèy diven pou moun yo, enstriksyon pou gouvène Legliz la, vizyon sou dènye jou yo, ak anpil verite enspiran sou letènite yo. Men anpil nan Sen yo pa t li yo. Revelasyon yo potko pibliye, e kèk grenn kopi ki te disponib yo te ekri alamen sou fèy papye ki t ap sikile nan pami manm yo epi ke misyonè yo t ap pwopaje tout kote.

Apresa, an Novanm 1831, Joseph te aple yon konsèy dirijan Legliz la pou yo te diskite sou piblikasyon revelasyon yo. Apre yo te fin chèche jwenn volonte Senyè a, dirijan sa yo te fè plan pou yo te pibliye Liv Kòmandman yo—antesedan Doktrin ak Alyans yo jodia. Byenvit tout moun t ap vin kapab li pawòl Bondye te revele atravè yon pwofèt vivan, evidans vivid ke “yo te retounen konfye lòm kle mistè wayòm Sovè nou an.” Pou rezon sa yo ak anpil lòt, Sen yo nan epòk la ak kounyea konsidere ke revelasyon yo “vo … tout richès tè a” (Doktrin ak Alyans 70, antèt seksyon an

Gade Les Saints, 1:140–43

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 67:1–9; 68:3–6

Sèvitè Senyè a eksprime volonte Li yo anba enfliyans Sentespri a.

Desizyon Joseph Smith te pran pou l te pibliye revelasyon li te resevwa yo sanble tankou youn ki fasil, men, kèk nan premye dirijan yo nan Legliz la pa te sèten sete yon bon ide. Youn nan preyokipasyon yo te gen pou wè avèk enpèfeksyon nan fason Joseph Smith te ekri revelasyon yo. Revelasyon nan seksyon 67 la te vini kòm repons pou preyokipasyon sa a. Kisa w aprann osijè pwofèt Senyè a ak revelasyon nan vèsè 1–9? Ki ide adisyonèl ou jwenn nan 68:3–6?

Kijan ou te vin konnen pou oumenm ke revelasyon Bondye bay sèvitè Li yo vrè? Ou gendwa medite tou sou eksperyans yo kote ou te santi Senyè a t ap pale ak ou atravè youn nan sèvitè Li yo (gade Doktrin ak Alyans 68:4). Kilè ou te santi “enfliyans Sentespri a nan ou” (vèsè 3) pou di yon bagay? Kijan Senyè a te “kanpe avèk ou”? (vèsè 6).

Anvan yo te enprime Liv Kòmandman an, plizyè dirijan nan Legliz la te siyen yon temwayaj ekri pou yo te fè konnen ke revelasyon yo nan liv la te vrè. Pou wè yon kopi temwayaj yo a, gade “Testimony, circa 2 Novanm 1831,” Revelation Book 1, 121, josephsmithpapers.org.

Doktrin ak Alyans 67:10–14

“Kontinye avèk pasyans.”

Kijan jalouzi, krent, ak ògèy ka anpeche nou vin pi pre Senyè a? Kijan nou ka simonte “lòm natirèl” la oswa “espri chanèl” yon fason pou nou ka “wè [Li] epi konen ke [Li egziste]”? (vèsè 12; gade tou Mozya 3:19). Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki enspire nou pou ou “kontinye avèk pasyans jiskaske nou vin pafè”? (vèsè 13).

Doktrin ak Alyans 68:25–31

senbòl seminè
Mwen ka ede santre fwaye mwen sou Jezikri.

Pawòl Senyè a nan Doktrin ak Alyans 68:25–31 fè referans spesifikman ak paran yo, men kit ou se yon paran ou pa, ou kapab itilize konsèy Li pou pati pa w pou santre fwaye ou sou doktrin Jezikri a. Pi ba a genyen lis sou kèk nan prensip Senyè a di ki ta dwe anseye nan fwaye a. Konsidere kijan ou ka fè chak nan yo vin fè pati fondasyon yon fwaye ki santre sou Kris la—fwaye kote w ap viv kounyea oswa fwaye ou alavni. Resous ak kesyon yo bay yo kapab ede.

  • Repantans: Etidye Alma 36:17–20, epi note kijan Alma te beni nan yon moman kritik paske papa li te anseye li konsènan misyon ekspyatwa Sovè a. Kijan ou ka ede enspire fanmi ou pou tounen jwenn Jezikri epi repanti? (gade tou 2 Nefi 25:26).

  • Lafw nan Kris la: Li senk sigjesyon Prezidan Russell M. Nelson yo pou devlope lafwa nan “Kris la Resisite; Lafwa nan Li Pral Deplase Montay” (Lyawona, Me 2021, 103). Medite kijan sigjesyon sa yo ta ka kreye yon kilti lafwa nan fwaye ou.

  • Batèm: Repase alyans batèm nan jan l dekri nan Mozya 18:8–10, 13. KIjan efò ou yo pou kenbe alyans sa a fòtifye fanmi ou?

  • Don Sentespri a: Etidye envitasyon ki nan paj 17–19 nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa yo. Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka envite enfliyans Sentespri a nan fwaye ou?

  • Priyè: Kisa ou aprann konsènan pouvwa lapriyè nan fwaye a nan “Love Is Spoken Here”? (Chants pour les Enfants, 190–91). Ki benediksyon a pwomèt nan 3 Nefi 18:15–21?

  • Lòt prensip nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 68:25–31 yo:

Ki konsèy ou t ap bay yon moun ke manm fanmi li pa sipòte efò yo pou bati lafwa nan Kris la?

Gade tou “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil la; ak Kesyon yo, “Paran,” Bibliyotèk Levanjil la; Dieter F. Uchtdorf, “Jezikri Se Fòs Paran yo,” Lyawona, Me 2023, 55–59.

fanmi ki ap etidye ansanm

Doktrin ak Alyans 69:1

Zanmi “sensè ak fidèl” ede m suiv Jezikri.

Poukisa ou panse li te “saj nan [Senyè a]” pou yon moun “sensè ak fidèl” te akonpaye Oliver Cowdery nan tach ki dekri nan vèsè sa a ? Kijan prensip sa a aplike avèk ou?

Ede manm klas yo pou youn sipòte lòt. Chak moun nan klas ou a se yon sous temwayaj, ide, ak eksperyans rich nan viv levanjil la. Envite yo pou youn pataje avèk lòt ak pou youn edifye lòt.

Doktrin ak Alyans 70:1–4

Mwen gen pou m rann kont pou revelasyon Senyè a bay yo.

Senyè a te bay kèk nan ansyen yo responsablite pou yo te sipèvize piblikasyon revelasyon yo. Byenke nou pa gen responsablite espesifik sa a jodia, kisa entandsans oswa responsablite nou “sou revelasyon ak kòmandman yo ”? ye (vèsè 3).

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn a.

senbòl 01 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 67

Doktrin ak Alyans yo anseye mwen konsènan Jezikri.

  • Rakonte timoun yo kijan revelasyon Joseph Smith yo te rive enprime nan yon liv (gade “Chapit 23: Doktrin ak Alyans,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 90–92, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la). Ede yo sonje kèk nan bagay yo ou aprann konsènan Jezikri nan Doktrin ak Alyans yo rive moman sa nan ane a. Nou youn gen dwa pataje avèk lòt kèk nan vèsè favori nou yo nan Doktrin ak Alyans yo.

    2:2

    Chapter 23: The Doctrine and Covenants: August–November 1831

  • Ou ta ka montre timoun ou yo Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans yo, ak Pèl Gran Pri a tou epi pale avèk yo konsènan fason yo diferan ak kijan yo similè (gade deskripsyon liv sa yo nan Gid pou EKriti yo). Kijan nou ka konnen ke ekriti yo vrè? Kisa nou aprann nan Doktrin ak Alyans 67:49 yo konsènan revelasyon Senyè a te bay Joseph Smith yo?

timoun k ap li ekriti yo

Doktrin ak Alyans 68:25–31

Mwen kapab batize lè m gen uitan.

  • Nan Doktrin ak Alyans 68:27, Senyè a te presize ki laj yon moun dwe genyen pou li ka batize. Ede timoun ou yo dekouvri kisa Li te di. Poukisa Jezi vle pou nou resevwa batèm? Yon chan tankou “Batèm” (Chant pour les Enfants, 100–101) ka ede. Pandan w ap itilize imaj oswa vèsè 25–31 (oswa toulede), ede timoun ou yo dekouvri kisa Senyè a vle timoun yo aprann.

  • Li avèk timoun ou yo tach Senyè te bay Oliver Cowdery nan antèt seksyon Doktrin ak Alyans 69 la. Ki konsèy Senyè a te bay nan vèsè 1an? Poukisa li enpòtan pou nou avèk moun “ki sensè ak fidèl”? Petèt timoun ou yo ta ka pale konsènan yon moun yo konnen ki “sensè ak fidèl.” Chante ansanm yon kantik ki ankouraje timoun yo pou yo sensè ak fidèl menmjan ak Sovè a, tankou “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pou les Enfants, 40–41). Kijan nou ka asire nou ke nou vrè fidèl devan Senyè a? Kijan Li ka itilize nou pou beni lòt moun lè nou sensè ak fidèl?

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

près enprimri

Liv Kòmandman an, ki te anvan Doktrin ak Alyans yo, te enprime nan yon enprimri ki parèy avèk sa a.

paj aktivite pou timoun yo