Doctrine and Covenants 2025
16–22 Jen: “Senyè a Vle yon Kè ak yon Panse ki Gen Bon Volonte”: Doktrin ak Alyans 64–66


“16–22 Jen: ‘Senyè a Vle yon Kè ak yon Panse ki Gen Bon Volonte’: Doktrin ak Alyans 64–66” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 64–66” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Daviess County, Missouri

Daviess County, Missouri

16–22 Jen: “Senyè a Vle yon Kè ak yon Panse ki Gen Bon Volonte”

Doktrin ak Alyans 64–66

Nan gwo chalè mwa Out 1831 an, plizyè nan ansyen yo te retounen Kirtland apre yo te fin egzamine peyi Siyon an nan Missouri jan Senyè a te kòmande yo a. Vwayajè yo te santi yo cho epi yo te fatige, epi tansyon an te vit vin tounen kerèl. Sete kòmsi bati Siyon, yon vil lanmou, inite ak lapè sa a, ta pral pran yon bon kantite tan.

Erezman, bati Siyon—nan Missouri an 1831 an oubyen nan kè, nan fanmi nou ak nan pawas nou yo jodia—pa mande pou nou pafè. Olyesa, Senyè a di: “se yon egzijans pou nou padone tout moun” (Doktrin ak Alyans 64:10). Li mande “yon kè ak yon panse ki gen bon volonte” (vèsè 34). Epi Li mande pasyans ak dilijans, paske Siyon dwe bati sou fondasyon “ti bagay,” ki akonpli pa moun ki pa p “sispann fè byen” (vèsè 33).

Gade tou: Les Saints, 1:133–34, 136–37.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 64:1–11

senbòl seminè
“Se pou youn padone lòt.”

Konsidere sa a pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 64:1–11 la:

  • Panse a yon lè kote Senyè a te padone ou. Kijan w te santi w?

  • Èske gen yon moun ou bezwen padone? Poukisa padone lòt moun ka si difisil konsa? Kisa ki ede w simonte difikilte sa yo?

  • Ki verite sou padon nan Doktrin ak Alyans 64:1, 11 la ki parèt enpòtan pou ou? Poukisa ou panse Senyè a kòmande nou pou nou “padone tout moun”? (vèsè 10

Si w ap lite pou w padone, konsidere etidye mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan “Ministè Rekonsilyasyon an” (Liahona, Nov. 2018, 77–79) oubyen mesaj Kristin M. Yee a “Bote pou Sann: Chemen Gerizon Padon an” (Liahona, Nov. 2022, 36–38). Kisa w aprann sou fason Kris la kapab ede w padone?

Relasyon familyal kapab bay anpil opòtinite pou padone. Panse ak manm fanmi ou. Kiyès ou bezwen padone? Nan ki fason nou “aflije” (vèsè 8) lè nou pa youn pa padone lòt? Kijan padon ta ka afekte relasyon familyal ou?

Gade tou Sijè ak Kesyon, “Padon,” Bibliyotèk Levanjil: “Padon: Fado M yo Te Vin Lejè” (video), Bibliyotèk Levanjil.

8:24

Forgiveness: My Burden Was Made Light

papa ak pitit gason k ap bay akolad

“Se pou youn padone lòt” (Doktrin ak Alyans 64:9).

Doktrin ak Alyans 64:31–34

Senyè a mande m pou m gen yon “kè nou ak yon lespri byen dispoze.”

Èske w janm konn santi w “bouke” avèk tout “byen” w ap eseye fè yo? Chèche ki mesaj Senyè a genyen pou ou nan Doktrin ak Alyans 64:31–34 la. Kisa Senyè a vle fanmi w fè pou akonpli “gran travay” Li a?

Panse a yon leson objè ki t ap ilistre vèsè 33 a—yon bagay gran ki fèt apati ti bagay, tankou yon batiman an mozayik oswa an brik. Ki “ti bagay” ou ka fè chak jou pou “[poze] fondasyon” gwo travay Bondye a? Ki kèk egzanp sou “gwo travay” Senyè a ba nou?

Doktrin ak Alyans 64:31–34

“Kè ak yon lespri byen dispoze.”

Èldè Donald L. Hallstrom te sigjere siyifikasyon posib sa a pou fraz yon “kè ak yon lespri byen dispoze” a:

“Kè a se senbòl lanmou ak angajman. Nou fè sakrifis epi nou pote fado pou moun nou renmen yo ke nou pa t ap andire pou okenn lòt rezon. Si lanmou pa egziste, angajman nou ka febli. …

“Genyen ‘yon lespri byen dispoze’ enplike ke nou bay pi plis efò ak dispozisyon ki pi sensè nou epi chèche sajès Bondye. Li sigjere ke etid ki pi devwe nou pandan tout lavi nou ta dwe etid sou bagay ki etènèl nan nati yo. Sa vledi dwe gen yon relasyon serekole ant tande pawòl Bondye ak obeyi li” (“Yon Kè ak yon Lespri byen Dispoze,” Ensign, Jen 2011, 31–32).

Doktrin ak Alyans 64:41–43

Siyon ap “yon banyè pou nasyon yo.”

Yon banyè se “yon drapo oswa yon etanda ki sèvi pou rasanble moun bò kote l nan yon menm bi oswa yon menm idantite” (Gid Ekriti yo, “Banyè,” Bibliyotèk Levanjil) Ki fason Siyon—oswa Legliz Senyè a—se tankou yon banyè pou ou? Konsidere lòt egzanp sa yo sou bagay yo leve anlè, tankou yon banyè, pou beni moun: Kantite 21:6–9; Matye 5:14–16; Alma 46:11–20. Chèche lòt fason Senyè a dekri Siyon nan Doktrin ak Alyans 64:41–43 yo.

Gade tou “Let Zion in Her Beauty Rise,” Hymns, no. 41.

Doktrin ak Alyans 65

Wayòm Bondye a sou tè a ap prepare mond lan pou retou Sovè a.

Doktrin ak Alyans 65 bay yon deskripsyon enspiran sou misyon Legliz Senyè a nan dènye jou yo. Panse pou w fouye seksyon sa a, ap chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kisa Senyè a vle wayòm Li a akonpli sou tè a? Kisa li vle m fè pou mwen ka ede?

Gade tou “Prepare pou Dezyèm Vini” (video}, ChurchofJesusChrist.org.

1:7

Prepare Today for the Second Coming

Doktrin ak Alyans 66

Senyè a konnn panse ki nan kè mwen.

Tousuit apre l te fin antre Legliz la, William E. McLellin te mande Joseph Smith pou l te revele l volonte Bondye konsènan li. Joseph pa t konnen men, William te gen senk kesyon pèsonèl li te espere Senyè a tapral reponn palentèmedyè Pwofèt Li a. Nou pa konn kisa kesyon yo te ye, men nou konnen ke revelasyon yo te bay pou li a, ki kounyea se Doktrin ak Alyans 66 jodia, te reponn tout kesyon William yo pou “satisfaksyon total li” (“Les cinq questions de William McLellin,” nan Révélations dans leur contexte, 138).

Pandan w ap li seksyon 66 la, panse a kisa Senyè a te konnen osijè William McLellin ak sou preyokipasyon ak entansyon ki te nan kè li. Ki fason Senyè a revele w ke l konnen ou? Si w gen benediksyon patriyakal ou, panse pou w li li. Pandan w ap fè sa, kisa Sentespri a ede w konprann sou volonte Bondye pou ou?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Liahona ak Pou Fòs Jèn yo

senbòl 03 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 64:7–10

Jezikri vle pou m padone tout moun.

Nòt: Pandan w ap anseye timoun ou yo sou kòmandman Senyè a “pou padone tout moun” nan, ou ta gen dwa vle klarifye ke padon pa vledi kite moun blese nou. Ankouraje yo pou yo pale avèk yon adilt yo fè konfyans si yon moun blese yo oswa touche yo nan fason ki pa apwopriye.

  • Apre w fin li Doktrin ak Alyans 64:10 avèk timoun yo, pale avèk yo sou kisa sa vledi pou padone yon moun. Ou ta gendwa pataje kèk egzanp senp. Petèt yo ta ka jwe senaryo sou egzanp sa yo pou yo pratike padone.

  • Ou ta gendwa mande timoun yo planifye kijan yo t ap anseye yon moun—tankou yon jèn frè oswa sè yo—sou padone lòt moun. Ede yo jwenn fraz nan Doktrin ak Alyans 64:7, 10 ke yo ta ka itilize pandan y ap anseye a.

  • Chante yon kantik sou padon, tankou “Aide-moi, Père” (Chants pour les enfants, 99). Kisa kantik sa a anseye nou sou padone lòt moun?

Doktrin ak Alyans 64:33.

“Gwo travay” Bondye a bati sou “ti bagay.”

  • Montre timoun yo kèk bagay ki ka fèt avèk anpil ti pyès, tankou yon kastèt oswa yon tapi. Apre sa, li ansanm Doktrin ak Alyans 64:33. Kisa “gwo travay” Bondye a ye? Ki “ti bagay” nou kapab fè ki ka ede?

Doktrin ak Alyans 64:34

Mwen ka suiv Jezi avèk kè m ak lespri m.

  • Pandan w ap li pou timoun yo nan Doktrin ak Alyans 64:34 la, ou ta ka montre kè ou ak tèt ou lè w ap li “kè” ak “lespri” a, epi envite timoun yo fè sa avèk ou tou. Kijan nou kapab bay Sovè a (dezi) ki nan kè nou ak (panse) ki nan lespri nou?

Mete aksan sou egzanp Jezikri a. Panse sou fason w ka mete aksan sou egzanp Sovè a lè w ap etidye oswa anseye. Paregzanp, lè w ap anseye sou Doktrin ak Alyans 64:34 la, ou ta ka pale timoun yo de fason Sovè a te bay Papa nou ki nan Syèl la (dezi) kè Li ak (panse) nan lespri Li. (Gade Anseye nan Fason Sovè a,, 6.)

Doktrin ak Alyans 66

Senyè a konnen kimoun mwen ye e li renmen m.

  • Ede timoun ou yo konprann ke William E. McLellin te gen senk kesyon pou Senyè a. Joseph Smith te resevwa repons pou kesyon sa yo malgre ke li pa t konnen kisa kesyon William yo te ye. Pale timoun yo de yon fwa kote Senyè a te montre w sa L te vle w fè, epi pale de benediksyon ki te soti nan suiv direksyon Li. Apresa ou ta ka li Doktrin ak Alyans 66:4 la ansanm epi envite timoun yo chèche opòtinite pou yo konprann sa Senyè a vle yo fè.

    Dezyèm Vini Sovè a

    Detay soti nan Dezyèm Vini an, tablo Kevin Keele

Doktrin ak Alyans 65

Mwen kapab ede mond lan prepare l pou l resevwa Jezikri.

  • Pandan timoun ou yo ap gade foto Dezyèm Vini Sovè a, mande yo dekri sa yo wè oubyen sa yo konnen apwopo evenman sa a. Ou ta gen dwa bay timoun yo mo ak fraz sou Dezyèm Vini an pou yo jwenn nan Doktrin ak Alyans 65 tou. Kisa mo ak fraz sa yo anseye nou? Kijan nou ka prepare pou retou Sovè a?

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Sovè a k ap padone yon fi

Padone, tablo Greg Olsen.

paj aktivite pou timoun yo