Doctrine and Covenants 2025
26 Me–1 Jen: “Yon Entandan Fidèl, ki Jis epi ki Saj”: Doktrin ak Alyans 51–57


“May 26–June 1: ‘Yon Entandan Fidèl, ki Jis epi ki Saj’: Doktrin ak Alyans 51–57,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 51–57,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

gason k ap kiltive latè

Premye Kanal, tablo James Taylor Harwood

26 Me–1 Jen: “Yon Entandan Fidèl, ki Jis epi ki Saj”

Doktrin ak Alyans 51–57

Pou manm Legliz an 1830 yo, rasanbleman Sen yo ak bati vil Siyon an sete travay espirityèl ak tanporèl alafwa, avèk anpil aspè pratik pou yo te adrese: yon moun te dwe achte ak distribye tè kote Sen yo ta ka enstale yo. Yon moun te dwe enprime liv ak lòt bagay pou pibliye. Epi, Yon moun te dweouvri yon magazen pou l te ka founi atik pou moun nan Siyon yo. Nan revelasyon ki te anrejistre nan Doktrin ak Alyans 51–57, Seyè a te nonmen yon pèp enstwi pou jere devwa sa yo.

Men, pandan ke talan sa yo nesesè nan Siyon an, revelasyon sa yo anseye tou ke Senyè a vle pou Sen L yo vin pi espirityèlman diy pou L aple yo pèp Siyon—pèp Li. Li mande nou chak pou nou se yon “responsab ki fidèl, ki jis, epi ki saj,” ki gen yon lespri kontri, ki “dwe kanpe tennfas” nan responsablite yo ba li yo (gade Doktrin ak Alyans 51:1952:1554:2 Si nou ka fè sa—kèlkeswa talan tanporèl nou—Senyè a ka itilize nou pou bati Siyon.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 51

Senyè a vle pou m se yon entandan fidèl, ki jis, epi ki saj.

Si w te yon manm Legliz la nan ane 1831, yo ta ka envite w pou w viv lwa konsekrasyon an kote w t ap siyen yon papye bay evèk la pou w transfere pwopriyete ou bay Legliz la. Lè sa a, nan pifò ka, li t ap remèt ou sa w te bay la, pafwa avèk yon bagay anplis. Men, se pa t ap byen pa w ankò l t ap ye—li t ap jis sou responsablite w.

Jodia pwosede yo diferan, men prensip konsekrasyon ak entandans lan toujou vital nan travay Senyè a. Pandan w ap li seksyon 51 an, panse sou sa Bondye ba w responsab. Kisa mo “entandan” (vèsè 19 ak “konsakre” (vèsè 5 yo vledi, epi kisa yo enplike konsènan sa Bondye ap tann nan men nou?

Prezidan Spencer W. Kimball te eksplike: “Nan legliz la yon entandans se yon responsablite espirityèl oswa tanporèl sakre ke yon moun dwe rann kont pou li. Paske tout bagay se pou Senyè a, nou se entandan kò nou, panse nou, fanmi nou, ak byen nou. (Gade Doktrin ak Alyans 104:11–15.) Yon entandan fidèl se yon moun ki egzèse dominasyon ki jis, ki pran swen moun li responsab yo, epi ki chèche pote sekou pou pòv ak moun ki nan bezwen” (“Sèvis Antrèd yo: Levanjil la an AksyonEnsign,Nov. 1977, 78).

Gade tou nan “The Rafiner Fire (Dife Rafinè a)videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

5:1

The Law of Consecration

Doktrin ak Alyans 52:9–11, 22–27

M ka envite lòt moun vin jwenn Kris la nenpòt kote m ale.

Lè Senyè a te voye plizyè dirijan legliz la nan Missouri, li te di yo pou yo itilize tan yo fè ap vwayaje a pou yo te “preche sou wout la” (vèsè 25–27 Kouman w ka pataje levanjil la “an pasan,” oubyen pandan evenman nòmal lavi w yo?

Doktrin ak Alyans 52:14–19

senbòl seminè
Senyè a ede m evite desepsyon.

Avèk anpil moun ki t ap deklare ke yo te resevwa manifestasyon espirityèl, premye Sen yo te pè pou yo pa t twonpe. Ki avètisman Senyè a te ba yo nan Doktrin ak Alyans 52:14? Ki solisyon Li te bay? (gade nan vèsè 14–19).

Yon modèl se yon bagay ki repete nan yon fason regilye, ki prediktib. Nan pami egzanp yo genyen konte avèk nimewo egzat oubyen solèy la k ap leve ak kouche chak jou. A ki lòt egzanp ou ka panse? Pandan w ap chèche nan Doktrin ak Alyans 52:14–19, idantifye modèl Senyè a pou evite desepsyon. Sa ta ka ede pou nou note ke “kontri” enplike yon santiman imilite ak repantans; “dou” sigjere jantiyès ak kontwòl-pèsonèl; epi “edifye” siyifi enstwi, amelyore, oubyen bati. Poukisa ou santi ke modèl Senyè a enkli kalite sa yo, osi byen ke obeyisans? Kouman ou ka aplike modèl sa a pou evite desepsyon?

Defini mo difisil yo. Nan app Biblyotèk Levanjil la, ou ka tape ak rete sou yon mo epi apresa seleksyone “Defini.” Lè sa a, ou pral tonbe sou yon definisyon mo sa a. Eseye bagay sa a lè w tonbe sou mo ki pa familye—oubyen mo ki sanble yo familye ke ou ta vle pibyen konprann.

Ki kèk egzanp desepsyon nan epòk nou an? Kouman nou ka konnen lè moun ap twonpe nou?

Paregzanp, ou ta ka konsidere evalye chwa ou konsènan sinema, mizik, ak media sosyal baze sou modèl ki nan “Mache nan limyè Bondye” a nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa, 16–21 an.

Gade tou nan Gary E. Stevenson, “Pa Desevwa M,” Lyawona, Nov. 2019, 93–96; “Gude Me to Thee (Gide M Vin Jwenn Ou),” Hymns, no. 101; Sijè ak Kesyon, “Chèche Laverite epi Evite Mansonj,” Bibliyotèk Levanjil.

Doktrin ak Alyans 54

Mwen kapab ale kot Senyè a lè m blese pa chwa lòt moun.

Èske ou pa janm soufri dezapwentman lè yon moun ou depann de li pa kenbe angajman li? Sa te rive Sen ki soti Colesville, Nouyòk yo, ki te gen espwa ke yo ta pral etabli yo sou teren Leman Copley a nan Ohio. Pou w aprann sou eksperyans sa a, panse pou w revize antèt seksyon 54la (gade tou nan Les Saints,1:125–28Un évêque pour l’EgliseRevelations dans leur contexte,78–79). Si w te gen zanmi nan pami Sen Colesville yo, ki konsèy ou ta ka jwenn nan seksyon 54 pou pataje avèk yo?

Fèrm Leman Copley a

Fèrm Leman Copley a

Doktrin ak Alyans 56:14-20

Benediksyon pou moun ki gen kè pi.

Nan vèsè sa yo, Senyè a te pale avèk ni rich ni pòv; sa ta ka enteresan pou w ta konpare konsèy li a avèk de gwoup sa yo. Kisa nan vèsè sa yo ou santi ki konsène w pèsonèlman?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawonaa ak Pou fòs jèn yo

senbòl 01 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 51:9

Mwen ka onèt.

  • Pou ede timoun yo aprann kisa sa vle di pou yo onèt, nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 51:9 epi pataje istwa timoun yo ki fè fas devan desizyon pou yo onèt. Ou ta ka itilize foto, maryonèt an chosèt, poupe an papye pou rann istwa yo pi enteresan. Kouman Senyè a beni nou lè n ap fè efò pou nou onèt?

  • Konsidere pou jwe jwèt avèk timoun yo. Apresa, diskite fason jwèt la ta ka diferan si yon moun te fè koken. Poukisa li enpòtan pou nou youn “aji avèk onètete” avèk lòt?

Doktrin ak Alyans 52:1053:355:1

M resevwa don Sentespri a pa enpozisyon dèmen.

  • Resevwa Sentespri pa enpozisyon dèmen mansyone plizyè fwa nan Doktrin ak Alyans 51–57 la. Sa ta kapab yon bon opòtinite pou anseye timoun ou yo konsènan òdonans sa a. Paregzanp, yo ta ka gade yon foto yon timoun k ap resevwa konfifasyon epi pou yo dekri sa k ap pase nan foto a. Mande yo pou yo bat bravo lè yo tande “pa enpozisyon dèmen” oubyen “enpozisyon dèmen” pandan w ap li Doktrin ak Alyans 52:1 053:355:1 yo.

  • Nou ta ka chante tou “Le Saint-Esprit,” Chants pour Les Enfants,, 56) oubyen yon chante ki sanble avèk li. Ede timoun ou yo jwenn mo ak fraz nan chan an ki anseye konsènan don Sentespri a.

    yon tigason k ap resevwa konfimasyon

Doktrin ak Alyans 52:14–19

Bondye gen yon modèl pou ede m pou Satan pa twonpe m.

  • Pou anseye konsènan modèl Senyè a pou evite desepsyon, ou ta ka kòmanse ede timoun yo chèche egzanp modèl—nan lanati, nan dra kolore ak rad, oubyen nan lavi kotidyen. Ede yo jwenn modèl Senyè a bay nan Dktrin ak Alyans 52:14–15 yo. Asire w ke yo konprann nenpòt mo ki pa familye nan vèsè sa yo. Kouman nou ka itilize modèl sa a pou rekonèt laverite?

Doktrin ak Alyans 54:4–6

Mwen dwe toujou respekte alyans mwen yo.

  • Avèk mo pa w, pataje avèk timoun ou yo kisa k te pase Sen yo ki te vin abite sou tè Leman Copley a (gade nan antèt section 54) la. Timoun ou yo ta ka pretann yo se manm Legliz la ki te rive nan Ohio. Kouman yo t ap santi yo apre Leman te kraze alyans li a? Kisa sa anseye nou sou kenbe alyans oubyen pwomès nou yo? Li ansanm Doktrin ak Alyans 54:6 pou dekouvri benediksyon pou moun ki kenbe alyans yo.

Doktrin ak Alyans 55:1–4.

Mwen ka itilize benediksyon Bondye ban mwen yo pou m beni lòt moun.

  • Pou entwodui seksyon 55 la, ou ka vle eksplike ke William W. Phelps sete piblikatè yon jounal ki te aprann sou levanjil la epi ki te vin manm Legliz la. Li avèk timoun ou yo Doktrin ak Alyans 55:1–4, epi ede yo dekouvri kisa Bondye te vle William fè. Kouman L te planifye pou l te itilize talan William yo? Sa ta ka mennen nan yon diskisyon sou fason Bondye ta ka envite nou pou nou itilize talan nou pou beni pitit Li yo.

Pou plis ide, gade nan piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Sen yo k ap konsakre byen yo.

L’évêque Partridge reçoit des biens consacrés, tablo Albin Veselka

paj aktivite pou timoun yo