Chapit 36
Jezi rakonte twa parabòl
Yon jou Jezi t ap manje ak pale avèk moun ke anpil moun te panse ki te pechè. Gen kèk Farizyen ki te wè li.
Lik 15:1–2
Farizyen yo te kwè ke bon moun pa ta dwe pale avèk pechè. Yo te panse ke Jezi pa t yon bon moun paske li t ap pale avèk move moun.
Lik 15:2
Sovè a te vle ede Farizyen yo konprann poukisa li te avèk pechè yo. Li te rakonte yo twa parabòl. Premye a sete osijè yon brebi pèdi.
Lik 15:3; Ansèyman Pwofèt Joseph Smith, 277