Chapit 15
Fi bò pi a
Jezi te kite Jerizalèm pou l ale nan Galile. Li te vwayaje atravè Samari epi li te rive bò yon pi.
Jan 4:3–6
Li te fatige, epi li te chita sou rebò pi a. Yon Samaritèn te vin tire dlo. Jezi te mande l yon ti dlo pou l te bwè
Jan 4:6–7
Fi a te etone, paske Jwuif yo pa t konn pale avèk Samariten yo.
Jan 4:9
Jezi te di fi a ke li te ka ba li yon kalite dlo ki t ap fè l pa janm swaf ankò. Li te eksplike ke li sete Sovè a. Dlo li te ka ba li a sete “dlo vivan” lavi etènèl la.
Jan 4:10, 13–15, 25–26
Fi a te ale nan vil la pou l te pale anpil moun de Jezi. Yo te ale nan pi a pou yo menm tou yo te koute Jezi. Anpil nan yo te kwè pawòl li yo.
Jan 4:28–30, 39–42