Vini, Suiv Mwen
12–18 Oktòb. “Redanmtè a Pral Vini nan Siyon”: Ezayi 58–66


“12–18 Oktòb. ‘Redanmtè a Pral Vini nan Siyon’: Ezayi 58–66,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“12–18 Oktòb. ’Redanmtè a Pral Vini nan Siyon,’” Vini, Suiv mwen: Ansyen Testaman 2026

Jezi k ap li yon woulo pou moun ki nan yon sinagòg.

Jezi nan Sinagòg la nan Nazarèt, pa Greg Olsen.

12–18 Oktòb: “Redanmtè a Pral Vini nan Siyon”

Ezayi 58–66

Byen bonè nan ministè Li, Jezikri te vizite yon sinagòg nan Nazarèt, vil kote Li te grandi a. Li te kanpe la pou L te li nan ekriti yo, li te ouvri liv Ezayi a, epi Li te li sa nou konnen kounyea kòm Ezayi 61:1–2 la. Apresa li te anonse, “Jodia menm ekriti sa a akonpli nan zòrèy nou.” Sa sete youn nan deklarasyon pi dirèk Sovè a pou L te di ke Li sete Moun ki Wen an, ki t ap “geri kè brize” epi “preche delivrans pou kaptif yo” (gade Lik 4:16–21). Ekriti sa a te anfèt akonpli nan jou sa a. Epi, tankou anpil lòt pwofesi Ezayi yo, li kontinye akonpli toujou nan epòk nou an. Sovè a kontinye geri tout moun kè brize ki vin jwenn Li. Toujou genyen anpil kaptif ki bezwen delivrans. Epi genyen yon avni gloriye pou prepare pou—yon moman kote Senyè a pral “kreye nouvo syèl ak yon tè nouvo” (Ezayi 65:17) epi “va delivre epi tout nasyon va fè lwanj li” (Ezayi 61:11). Yon lekti nan Ezayi ap louvri je nou sou sa Senyè a deja fè, sa L ap fè, ak sa Li pral fè pou pèp Li a.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Ezayi 58:3–12

senbòl seminè
Jèn bati pouvwa espirityèl epi beni moun ki nan bezwen.

Poukisa pou yon moun ta volontèman rete san manje lè manje disponib? Pandan w ap etidye Ezayi 58:3–12 la, ou ka panse a rezon ki fè ou jene—osi byen ke rezon Senyè a genyen pou L bay lwa sa a. Men kèk lòt kesyon pou w medite:

  • Poukisa moun ka pafwa panse ke jene se plis yon fado ke yon benediksyon? (gade Ezayi 58:3–5). Kijan ansèyman Senyè a nan chapit sa a chanje pèsepsyon sa a pou ou?

  • Kisa sa ta ka vledi pou “demare kòd mechanste” ak “kraze tout jouk”? (Ezayi 58:6). Kijan jene ka beni lòt moun? (gade vèsè 7).

  • Kijan jene te pote benediksyon yo dekri nan Ezayi 58:8–12 yo?

Nan mesaj li a “Èske Sa A Se Pa Jèn M Te Chwazi a?” (Liahona, Me 2015, 22–25), Prezidan Henry B. Eyring pataje plizyè egzanp sou fason moun beni pa jèn ak ofrann jèn. Kilè w konn wè menm benediksyon sa yo nan lavi ou?

Gade tou “Bless Our Fast, We Pray,” Hymns, no. 138; Sijè ak Kesyon, “Jèn ak Ofrann Jèn,” Bibliyotèk Levanjil la.

Aprann konnen moun w ap anseye yo. “Vin yon enstriktè tankou Kris la enkli aprann konnen moun w ap anseye yo epi fè efò pou w konprann sa ki nan kè yo. … Ou ka chèche konnen kijan yo aprann pi byen. Ou ka poze kesyon, koute atantivman, epi obsève. Anvan tout bagay, priye pou w ka jwenn konpreyansyon ke sèl Lespri a kapab bay. Pi byen w konnen yon moun, se pi byen w ap kapab ede l jwenn sans pèsonèl ak pouvwa nan levanjil Jezikri a. Yon fwa w fin konprann swaf yon moun, Lespri a ka anseye w kijan pou w ede l pase swaf sa a avèk dlo vivan Sovè a.” (Anseye nan Fason Sovè a13).

Ezayi 58:13–14

Onore Senyè a nan jou Saba a pote lajwa.

Èske jou Saba a se “yon delis” pou ou? Pandan w ap etidye Ezayi 58:13–14 la, konsidere kijan ou ta ka jwenn plis delis nan jou Senyè a. Pa egzanp, kisa sa ka vledi pou ou sispann “fè tèt ou plezi nan jou sakre [Li] a”? Ki diferans ki genyen ant “[rejwi] tèt ou nan Senyè a” ak “regle pwòp zafè pa ou”?

Gade tou Russell M. Nelson, “Saba a se yon Delis,” Lyawona, Me 2015, 129–32.

Ezayi 59:9–21; 61:1–3; 63:7–9

Jezikri se Sovè ak Redanmtè mwen.

Ezayi 58–66 genyen anpil referans sou misyon ekspyatwa Jezikri a. Chèche jwenn yo pandan w ap etidye a. An patikilye, note tit ak mo yo itilize pou dekri Sovè a. Pa egzanp:

  • Kisa ki enpresyone w nan deskripsyon sou “entèsesyon” an nan Ezayi 59:16–21 la? Kijan Sovè a simonte kondisyon yo dekri nan vèsè 9–15o yo?

  • Lè Jezikri te anonse pèp Nazarèt la ke Li sete Mesi a, Li te site Ezayi 61:1–3 (gade Lik 4:16–21; gade tou videyo “Jezi Deklare Li se Mesi a,” Bibliyotèk Levanjil). Kijan Jezikri beni oumenm ak lòt yo nan fason yo nan vèsè sa yo? Kijan Li ba ou bote nan plas sann?

    3:24

    Jesus Declares He Is the Messiah

  • Ki “bonte Senyè a” ou ka “mansyone”? (gade Ezayi 63:7–9).

  • Ki lòt referans a Sovè a ou jwenn nan Ezayi 58–66?

Gade tou Mozya 3:7; Doktrin ak Alyans 133:46–53.

men yon gason ki lonje avèk yon lanp aluil pou l limen lanp yon fi

Yon Kado Limyè, pa Eva Timothy

Ezayi 60; 62

“Senyè a pral tounen yon limyè etènèl pou ou.”

Ezayi 60 ak 62 pale de limyè ak fènwa, de gade ak wè pou anseye konsènan fason levanjil Jezikri a pral beni mond lan nan dènye jou yo. Chèche jwenn konsèp sa yo nan Ezayi 60:1–5, 19–20; 62:1–2 Pandan w ap li vèsè sa yo, medite sou fason Bondye ap rasanble pitit li yo soti nan fènwa rive nan limyè Li. Ki wòl ou nan travay sa a?

Gade tou 1 Nefi 22:3–12; 3 Nefi 18:24; Doktrin ak Alyans 14:9; Bonnie H. Cordon, “Pou Yo Ka Wè,” Lyawona, Me 2020, 78–80.

Ezayi 64:1–5; 65:17–2566

Kris la pral reye sou tè a pandan Milenyòm nan.

Ezayi te pale de yon jou kote “nou bliye pwoblèm lontan yo” (Ezayi 65:16). Pandan ke pwofesi sa a gen plizyè akonplisman, nan tout sans li, jou sa a poko rive—lè Jezikri ap retounen an. Ezayi te dekri jou jou fiti sa a nan Ezayi 64:1–5;65:17–2566. Remake konbyen fwa li te itilize pawòl tankou “rejwi” ak “rejwisans.” Poukisa retou Sovè a pral tounen yon jou rejwisans pou ou? Kisa w ka fè pou prepare pou vini Li?

Gade tou Atik Lafwa 1:10; Russell M. Nelson, “Fiti Legliz la: Prepare Mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a,” Ensign, Avr. 2020, 13–17.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Lyawona mwa sa a ak revi Pou Fòs Jèn yo.

senbòl seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Ezayi 58:6–11

Jene beni mwen ak lòt moun ki nan bezwen.

  • Petèt pi bon fason pou ankouraje pitit ou yo pou yo jene—lè yo pare—se nan ede yo konprann objektif Senyè a pou lwa sa a. Konsidere li ansanm Ezayi 58:6–11 pou jwenn repons pou kesyon sa yo: Poukisa nou jene? Kijan nou jene? Ou ta ka gade tou nan “Jene, Jèn” nan Gid Ekriti yo.

  • Si w te fè yon eksperyans siyifikatif avèk jèn, pataje l avèk timoun ou yo. Ou kapab mande yo tou kijan yo t ap esplike yon zanmi poukisa Senyè a te ban nou lwa sa a.

Ezayi 58:13–14

Saba a kapab yon delis pou mwen.

  • Apre w fin li Ezayi 58:13–14, ou ta ka atire atansyon sou jou yo nan semèn nan yon kalandriye epi envite timoun ou yo pou yo repete jou yo avèk ou. Lè nou rive sou Saba a, mande yo pou yo rele jou sa a “yon delis.” Di yo poukisa Saba a se yon delis pou ou.

  • Pataje youn ak lòt fason ou ka “rejwi tèt ou nan Senyè a” nan Saba a. Petèt timoun ou yo te kapab trase ide yo epi mete yo nan yon “bwat delis Saba a.” Apresa, lè yo bezwen ide sou bagay pou yo fè nan Saba a, yo te ka rale yon ide soti nan bwat la.

yon pòtrè Jezi

Limyè nou, pa Dan Wilson

Ezayi 60: 1–3

Sovè a se tankou yon limyè pou mwen.

  • Envite timoun yo fèmen je yo pandan w ap li Ezayi 60:1-3. Mande yo pou yo ouvri je yo lè yo tande mo “limyè” a epi fèmen je yo lè yo tande mo “tenèb” la. Eksplike ke Jezikri ak levanjil Li a se tankou yon limyè ki ede nou wè wout pou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Ezayi 65: 17–25

Lè Jezi vini ankò, L ap pote lapè ak lajwa.

  • Ezayi 65:17-25 dekri kijan tè a pral ye lè Sovè a vini ankò. Pandan w ap li vèsè sa yo avèk timoun ou yo, ede yo chèche fason lavi a pral diferan nan “nouvo tè” Ezayi dekri a. Poukisa se pral yon tan pou nou “kontan e rejwi pou tout tan”? (vèsè 18).

  • Nou ta ka chante yon kantik sou Dezyèm Vini an ansanm tou, tankou “Quand Jesus Reviendra” (Bibliyotèk Levanjil). Pataje youn ak lòt sa w ap tann de retou Sovè a. Kisa nou ka fè pou n prepare pou jou sa a?

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

Jezikri nan syèl la, ap pwojte limyè

“Leve, briye; paske limyè ou vini, epi laglwa Senyè a leve sou ou” (Ezayi 60:1). Limyè ak Lavi,, pa Mark Mabry

Paj aktivite prensipal: Saba a kapab yon delis pou mwen