“6–12 Jiyè. ’Gen yon Pwofèt nan Izrayèl’: 2 Wa 2-7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“6–12 Jiyè. ’Gen yon Pwofèt nan Izrayèl,’” Vini, Suiv Mwen: Ansyen Testaman 2026
Nan Rivyè Edge, pa Annie Henrie Nader
Jiyè 6–12: ”Gen yon pwofèt nan Izrayèl”
2 Wa 2–7
Misyon prensipal yon pwofèt se pou ansenye ak temwaye de Sovè a, Jezikri. Sepandan rejis nou genyen sou pwofèt Elize yo pa gen anpil nan ansèyman li oubyen temwayaj li. Sa rejis la genyen pito se mirak Elize te fè yo, ki enkli leve yon timoun ki te mouri (gade 2 Wa 4:18–), nouri yon pakèt moun avèk yon ti kras manje (gade 2 Wa 4:42–44), epi geri yon lepre (gade 2 Wa–5:1–14). Konsa, pandan ke nou pa gen pawòl Elize konsènan Kris la, nou gen ministè ak mirak Elize yo, ki temwaye de Kris la. Yo se manifestasyon puisan sou pouvwa Senyè a pou bay lavi, nouri, ak geri a. Mirak yo rive pi souvan nan lavi nou ke nou pafwa reyalize. Pou wè yo, nou bezwen chèche lafwa Elize te genyen lè l t ap priye pou jèn sèvitè krentif li a. “Senyè, tanpri louvri je l pou l ka wè” (2 Wa 6:17).
Pou plis enfòmasyon konsènan 2 Wa, gade “Liv, Wa yo” nan Diksyonè Bib la.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
2 Wa 2–6
Bondye kapab fè mirak nan lavi mwen.
Mirak yo montre nou puisans Bondye. Yo ka ede nou simonte difikilte mòtalite yo—tankou yon peyi dezè ki bezwen dlo pur (gade 2 Wa 2:19–22) oswa yon aks pèdi ki bezwen refè (gade 2 Wa 6:4–7). Men, sa ki pi enpòtan, mirak yo ka fè nou vire al jwenn Senyè a. Pandan w ap li 2 Wa 2–6la, panse pou w fè yon lis mirak ou jwenn yo, epi medite sou leson espirityèl ou aprann nan yo chak.
Ou ta gendwa tou konpare mirak Elize te fè yo avèk mirak Jezikri te fè yo (gade 2 Wa 4:8–37 avèk Lik 7:11–16; 2 Wa 4:42–44 avèk Jan 6:1–13; 2 Wa 5:1–15 avèk Lik 17:11–19). Kisa mirak sa yo anseye ou konsènan Sovè a ak pwofèt Li yo?
Gade tou 2 Nefi 26:12–13; 27:23; Mowoni 7:35–37; seksyon ”Chèche ak Atann Mirak” nan Russell M. Nelson, ”Pouvwa Elan Spirityèl la,” Lyawona, Me 2022, 99–100.
Elize Leve Pitit Gason Chounamit la, pa Frederic Leighton
2 Wa 4:8–17; 7:1–16
Senyè a ap akonpli pawòl Li yo atravè pwofèt Li yo.
Senyè a te enspire Elize pou l te pwofetize sou bagay ki te gen pou vini yo—abityèlman, bagay ki te sanble yo pa fasil pou rive. Pandan w ap li 2 Wa 4:8–17; 7:1–16, reflechi konsènan fason ou reponn a pawòl Senyè a atravè pwofèt Li yo jodi a. Ki ansèyman, pwofesi, oubyen pwomès ou te tande nan men pwofèt vivan yo. Kisa w ap fè pou w aji ak lafwa nan pawòl sa yo?
Gade tou 3 Nefi 29:6; Doktrin ak Alyans 1:37–38; ”Ansèyman Prezidan yo” koleksyon, Bibliyotèk Levanjil la.
2 Wa 5
Lè mwen enb ak obeyisan, Jezikri kapab geri mwen.
Pandan w ap li 2 Wa 5, konsidere maladi lèp Naaman an avèk yon pwoblèm spirityèl w ap fè fas.
Èske gen yon moun tankou ”ti sèvant la” nan lavi ou, k ap ankouraje w pou w chèche gidans pou pwoblèm ou a nan men pwofèt Senyè a? (gade vèsè 2–3, 13).
Kisa Senyè a envite w pou w fè ki ta ka sanble twò senp—tankou ”lave w, epi vin pwòp”? (vèsè 13). Kisa ki ta ka anpeche w aksepte envitasyon senp Li yo?
Kijan w ka demontre imilite menm jan Naaman te fè l?
Note fason eksperyans Naaman an te afekte lafwa li nan Bondye Izrayèl la (gade vèsè 15 Kisa w ka aprann apati sa a?
Gade tou Lik 4:27; 1–Pyè 5:5–7; Alma 37:3–7; Etè 12:27; L.Whitney Clayton, “Kèlkeswa sa Li Di W Fè, Fè Li,” Liahona, Me 2017, 97–99; “Naaman ak Elize” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la
Naaman and Elisha
Konpare ekriti yo avèk lavi ou. Pafwa li pi fasil pou nou jwen siyifikasyon pèsonèl nan ekriti yo lè nou konpare bagay fizik ki nan istwa yo avèk bagay espirityèl nan lavi nou yo. Pa egzanp, pandan w ap etidye 2 Wa 2-7 la, ou ka konpare sitiyasyon yo nan lavi w avèk bagay tankou maladi lèp, yon aks ou prete, Rivyè Jouden an, oswa yon gwo lame k ap anvayi. Ki leson Senyè a gendwa te genyen pou ou nan istwa sa yo?
2 Wa 6:8–23
“Moun ki avèk nou yo pi plis pase moun yo genyen avèk yo a.”
Pandan w ap eseye suiv Kris la, èske w te janm santi w tankou jèn sèvitè Elize a—pi piti epi ki pè? Imajine ou te nan plas li pandan w ap li 2 Wa 6:8–23. Kijan istwa sa a chanje fason w panse ak fason w santi w konsènan eprèv, responsablite, oubyen efò w yo pou w viv levanjil la?
Pandan w ap medite, konsidere pawòl Prezidan Henry B. Eyring yo: “Tankou sèvitè Elize sa a, gen plis avèk ou pase sa w wè ki kont ou yo. Gen kèk ki avèk ou ki ap envizib pou je mòtèl ou. Senyè a ap soutni ou e pafwa L ap fè sa nan rele lòt moun pou vin kanpe avèk ou” (“O Oumenm ki Anbake,” Lyawona, Nov. 2008, 58).
Konsidere fè yon lis sou ”sa ki avèk [ou] yo” (vèsè 16)—moun Bondye mete nan lavi w pou sipòte ou. Ou ta ka mande L pou ede w idantifye yo nan ouvri je espirityèl ou. Li pwobableman mete ou nan lavi lòt moun pou ede yo. Kijan w ka jwenn fòs ak sipò nan men youn lòt?
Kilè ou te santi sipò Senyè a dekri nan Doktrin ak Alyans 84:88la?
Ou gendwa etidye mesaj Sè Michelle D. Craig la tou ”Je pou Wè” (Lyawona, Nov. 2020, 15–17). Mande tèt ou: “Kisa Bondye vle m wè?”
An referans a istwa ki nan 2 Wa 6:8–23 a, Èldè Ronald A. Rasband te di: “Nou ka genyen oubyen pa gen charyo dife yo voye pou elimine laperèz nou ak konkeri move lespri nou yo, men leson an klè. Senyè a avèk nou, Li sousye pou nou, epi L ap beni nou nan fason Limenm sèl ka fè. Lapriyè ka rale fòs ak revelasyon nou bezwen an desann sou nou, pou santre panse nou sou Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la. Senyè a te konnen nou t ap pè pafwa. Mwen pase ladan l e nou menm tou. … Nan Legliz sa a, nou ka pa anpil nan fason mond lan mezire enfliyans, men lè nou ouvri je espirityèl nou, ‘moun ki avèk nou yo pi plis pase moun ki avèk yo a‘ [2 Wa 6:16]” (“Se Pou nou Pa Twouble,” Liahona, Nov. 2018, 18–19). Kijan w t ap itilize pawòl sa yo pou w ede yon moun ki santi l ap bay tèt li pwoblèm oubyen ki pè?
Gade tou: “Chers Enfants, sur vous Dieu veille,” Cantiques, no. 96.
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak Pou Fòs Jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
2 Wa 4
Bondye kapab fè mirak nan lavi mwen.
-
Apre w fin ede timoun ou yo konprann kisa yon mirak ye, envite yo pou yo mete yo nan yon lis avèk otan egzanp sou mirak ke yo kapab. Foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oswa Vini, Suiv Mwen yo ka ede. Apresa, yo ta kapab chèche mirak nan 2 Wa 4:1–7, 14–17, 32–35, 38–44. Kisa mirak sa yo anseye sou Papa nou ki nan Syèl la?
-
Oumenm ak timoun ou yo ta kapab pale konsènan fason Bondye montre lanmou Li atravè mirak. Ou ta ka chante ansanm yon chan tankou “Lanmou Bondye“ (Bibliyotèk Levanjil la).
Kanpe kòm yon Temwen, pa Kwani Povi Winder
2 Wa 5:1–15
Mwen ka chwazi fè sa Bondye kòmande atravè pwofèt Li a.
-
Ede timoun ou yo aprann istwa a nan 2 Wa 5:1–3, 9–14la. Konsidere itilize “Elize Geri Naaman“ (nan Istwa Ansyen Testaman yo, 134–37) oswa foto Naaman an nan plan leson semèn sa a. Poukisa Naaman pa t vle al lave kò li nan Rivyè Jouden an, malgre Elize te di l sa t ap geri maladi l la. Kijan Naaman te jwenn benediksyon lè l te suiv enstriksyon Elize yo? Nou ta ka pataje youn ak lòt eksperyans kote ou te obeyi Senyè a, menm lè ou pa t sèten sa w te vle.
1:52Elisha Heals Naaman
-
Ou ta ka mete aksan tou sou 2 Wa 5:13, kote sèvitè Naamàn yo te ede l deside pou l obeyi pwofèt Elize. Apresa ede timoun ou yo ta ka pale konsènan fason yo ta ka ede zanmi yo oubyen manm fanmi yo tande ak obeyi pwofèt la.
2 Wa 6:8–17
Mwen pa poukont mwen.
-
Oumenm ak timoun ou yo ta kapab imajine ke nou antoure avèk yon lame ak epe, cheval, ak charyo. Kijan w t ap santi w? Kisa w t ap fè? Mande yo pou yo fèmen je yo pandan w ap li 2 Wa 6:16–17 pou yo. (Gade tou “Elize ak Lame Senyè a,“ nan Istwa Ansyen Testaman yo, 138–39, oswa foto ki nan fen plan leson sa a.) Lè w rive nan mo “ouvri je l” yo (vèsè 17), mande yo pou yo ouvri je yo. Pale konsènan sa sèvitè a te wè. Pataje avèk timoun ou yo fason ou te santi Senyè a te avèk ou pandan difikilte w yo, menm lè sa te sanble ke w te poukont ou.
1:9Elisha and the Lord’s Army
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi an mwa sa a.