Vini, Suiv Mwen
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: “Jezi Pral di Tout Izrayèl la, ‘Vini Lakay Ou’”


“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: ‘Jezi Pral Di Tout Izrayèl la, “Vini Lakay Ou,”’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: ‘Jezi Pral Di Tout Izrayèl la “Vini Lakay Ou,”’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2026

senbòl panse

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

“Jezi Pral di Tout Izrayèl, ‘Vini Lakay Ou’”

Nan dezè Sinayi a, Moyiz te rasanble pitit Izrayèl yo nan pye yon mòn. Kote sa a Senyè a te deklare ke Li te vle chanje gwoup esklav ki te fèk libere sa yo pou fè yo vin yon pèp puisan. Li te di, ”Yon pèp k ap viv apa pou mwen,” ”yon nasyon k ap sèvi m tankou prèt, ak yon nasyon sen” (Egzòd 19:6). Li te pwomèt ke yo ta pral fleri epi pwospere, menm lè yo te antoure avèk lenmi pi plis ak pi puisan pase yo.

Tout bagay sa yo pa t ap rive paske Izrayelit yo te anpil, oswa puisan oswa abil. Senyè a te eksplike ke sa t ap rive, “si yo koute vwa [Li} vrèman, epi kenbe alyans [li] a” (Egzòd 19:5). Sete pouvwa Bondye, non pa pouvwa pa yo, ki t ap fè yo puisan.

Men, Izrayelit yo pa t toujou obeyi vwa Bondye, epi avèk letan yo te sispann kenbe alyans Li a. Anpil te kòmanse adore lòt bondye e yo te kòmanse adopte pratik kilti ki te antoure yo. Yo te rejte menm bagay ki te fè yo vin yon nasyon distenk—relasyon alyans yo avèk Senyè a. San puisans Bondye pou pwoteje yo, pa t gen anyen pou yo kanpe lènmi yo.

Dispèsyon an

Plizyè fwa ant anviwon 735 ak 720 AK, Asiryen yo te anvayi Wayòm Nò Izrayèl la, ki sete fwaye dis nan douz tribi Izrayèl yo, epi yo te mennen dè milye Izrayelit ale an kaptivite nan diferant pati nan Anpi Asiri a. Yo te vin rele Izrayelit sa yo “tribi pèdi yo,” an pati paske yo te retire yo soti nan peyi yo epi dispèse yo pami lòt nasyon. Men yo te pèdi nan yon sans ki pi pwofon tou:avèk letan, yo te pèdi sans idantite yo kòm pèp alyans Bondye a.

Finalman, anpil moun nan Wayòm Sid Jida a te vire do bay Seyè a tou. Asiryen yo te atake epi yo te konkeri pi fò nan wayòm sa a tou; Se sèl Jerizalèm ki te prezève pa mirak. Apresa, ant 597 ak 580 BC, Babilonyen yo te detwi Jerizalèm, ki enkli tanp lan, e yo te pran anpil moun kòm prizonye. Apeprè 70 ane apre, yo te pèmèt yon ti rès nan Jida retounen Jerizalèm pou yo te rebati tanp lan. Men, anpil, te rete Babylòn.

Jerizalèm konsonmen anba dife

Destriksyon Jerizalèm pa Nebuzar-adan, pa William Brassey Hole, © Providence Collection/licensed from goodsalt.com

Amezi tan t ap pase, Izrayelit nan tout tribi yo te vin “dispèse … tankou yon toubiyon nan mitan yon bann nasyon yo pa t konnen” (Zakari 7:14). Gen kèk Senyè a te mennen lwen nan lòt peyi. Gen lòt ki te kite Izrayèl pou yo chape anba kaptivite oswa pou rezon politik oswa ekonomik.

Nou rele tout evenman sa yo dispèsyon Izrayèl. Epi li enpòtan pou nou aprann sou dispèsyon Izrayèl la pou plizyè rezon. Premyèman, li se yon sijè enpòtan nan Ansyen Testaman an—anpil pwofèt Ansyen Testaman an te temwen dekadans espirityèl ki te mennen nan dispèsyon an. Yo te prevwa sa e yo te avèti li sou sa. Gen kèk nan yo ki te viv tan sa. Li itil pou w sonje lè w ap li liv Ezayi, Jeremi, Amòs, ak lòt pwofèt nan yo nan dènye pati Ansyen Testaman an. Avèk kontèks sa a nan lespri ou, lè w li pwofesi sou Asiri ak Babilòn, sou idolatri ak kaptivite, sou destriksyon ak evantyèl retablisman an, ou pral konnen de kisa y ap pale.

Konprann dispèsyon Izrayèl la pral ede w konprann Liv Mòmon an pi byen tou, paske Liv Mòmon an se yon rejis yon branch nan Izrayèl dispèse a. Rejis sa a kòmanse avèk fanmi Leyi k ap kouri kite Jerizalèm apeprè 600 AK, jis anvan Babilonyen yo te atake. Leyi sete youn nan pwofèt sa yo ki te pwofetize konsènan dispèsyon Izrayèl la. Epi fanmi li te ede akonpli pwofesi sa a, nan pran branch pa yo nan kay Izrayèl la epi plante l sou lòt bò mond lan, nan Amerik yo.

Rasanbleman An

Toutfwa, dispèsyon Izrayèl la se sèlman mwatye nan istwa a. Senyè a pa bliye pèp Li a, ni Li pa abandone yo, menm lè yo te abandone Li. Tout pwofesi yo ke Bondye ta pral dispèse Izrayèl la te akonpaye pa anpil pwomès ke Li ta pral rasanble yo yon jou.

Jou sa a se jodia—epòk nou an. Rasanbleman an deja kòmanse. An 1836, dè milye ane apre Moyiz te fin rasanble pitit Izrayèl yo nan pye mòn Sinayi a, li te parèt nan Tanp Kirtland nan pou remèt Joseph Smith “kle rasanbleman Izrayèl nan kat kwen tè a” (Doktrin ak Alyans 110:11). Kounyeya, sou direksyon moun ki detni kle sa yo, tribi Izrayèl yo ap rasanble nan chak nasyon kote sèvitè Senyè yo kapab ale.

Moyiz parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan Tanp Kirtland nan.

Moyiz, Eli, ak Elyas parèt nan Tanp Kirtland nan, pa Gary E. Smith

Prezidan Russell M. Nellson rele rasanbleman sa a “bagay pi enpòtan k ap fèt sou latè jodia. Okenn lòt bagay pa konparab ak grandè li, okenn lòt bagay pa konparab ak enpòtans li, okenn lòt bagay pa konparab ak majeste li. Epi si nou chwazi, si nou vle, nou kapab jwe yon gwo wòl ladan l.”

Kijan nou ka ede? Kisa sa vledi pou rasanble Izrayèl? Èske sa vledi retabli douz tribi yo nan peyi kote yo te abite avansa? Anfèt, sa vledi yon bagay ki pi gran, ki pi etènèl toujou. Jan Prezidan Nelson te eksplike:

“Lè nou pale de rasanbleman an, nou tou senpleman eksprime verite fondamantal sa a: Chak grenn pitit Papa nou ki nan Syèl la, sou toulède bò vwal la, merite pou yo tande mesaj levanjil retabli Jezikri a. …

Chak fwa ou fè nenpòt bagay ki ede nenpòt moun—sou nenpòt bò nan vwal la—fè yon pa nan direksyon pou l fè alyans avèk Bondye epi resevwa òdonans esansyèl batèm ak tanp yo, w ap ede rasanble Izrayèl. Li osi senp ke sa.”

Sa rive, jan Ezayi te di a, “youn pa youn” (Ezayi 27:12) oubyen, jan Jeremi te predi a, “yon moun nan chak vil, de moun nan chak fanmi” (Jeremi 3:14).

Rasanble Izrayèl vledi mennen pitit Bondye yo tounen vin jwenn Li. Li vledi retabli relasyon alyans yo avèk Li. Li vledi reetabli “nasyon sen” Li te pwopoze pou etabli sa gen anpil tan an (Egzòd 19:6).

Vini Lakay Ou

Kòm yon moun ki te fè yon alyans avèk Bondye, ou fè pati kay Izrayèl la. Ou te rasanble, epi ou se yon rasanblè. Istwa ekstraòdinè pandan anpil syèk sou pèp alyans lan ap atenn pi wo nivo li, epi ou se yon eleman kle. Kounyeya se moman kote “Jezi pral di tout Izrayèl, ‘Vini lakay ou.’”

Sa se mesaj rasanblè yo: Vini lakay nan alyans lan. Vini lakay nan Siyon. Vini lakay kote Jezikri, Sèl Sen Izrayèl la, epi Li pral mennen ou lakay kote Bondye, Papa ou.

Nòt

  1. Gade Detewonòm 28:1–14.

  2. Gade 2 Wa 17:6–7; 2 Kwonik 36:12–20.

  3. Gade 2 Wa 17:1–7. Dis tribi Asiri yo k e yo te mennen an kaptivite yo sete, Reuben, Simeyon, Isakar, Zabilon, Dan, Naftali, Gad, Achèr, Efrayim, ak Manase. Manm Tribi Levi yo te epapiye nan tout teritwa lòt tribi yo pou yo te kapab akonpli responsablite yo kòm prèt la.

  4. Gade 2 Wa 19; Ezayi 10:12–13.

  5. Gade 2 Wa 24–25; 2 Kwonik 36; Jeremi 39; 52.

  6. Gade Ezra 17; Neyemi 2.

  7. Gade 2 Nefi 1:1–5; Omni 1:15–16.

  8. Gade 2 Wa 25:22–26; Jeremi 42:13–19; 43:1–7.

  9. 70 AK, Jerizalèm ak tanp li a te detwi ankò, pa Women yo fwa sa, epi rès Juif yo te dispèse atravè anpil nasyon sou tè a.

  10. Gade Jeremi 29:18; Ezekyèl 22:15; Oze 9:17; Amòs 9:9; 1 Nefi 1:13.

  11. Gade 1 Nefi 15:12.

  12. Gade 1 Nefi 1:13, 18–20; 10:12–14.

  13. Gade Ezayi 5:26; 27:12; 54; Jeremi 16:14–15; 29:14; 31:10; Ezekyèl 11:17; 34:12; 37:21–28; Zakari 10:8; 1 Nefi 10:14; 22:25; 3 Nefi 16:1–5; 17:4.

  14. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen, 2018), Bibliyotèk Levanjil.

  15. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl

  16. Gade 2 Nefi 30:2.

  17. “Vivons ce bonheur,”; Cantiques, no. 3.