“24–30 Novanm: ‘Li “Sele Misyon ak Travay Li avèk Pwòp San Pa Li’”: Doktrin ak Alyans 135–136,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 135–136,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Prizon Carthage
24–30 Novanm: Li “Sele Misyon ak Travay Li avèk Pwòp San Pa Li”
Doktrin ak Alyans 135-136
Nan aprèmidi 27 Jen 1844 la, Joseph ak Hyrum Smith te nan prizon yon fwa ankò, akonpaye pa John Taylor ak Willard Richards. Yo te konnen yo te inosan, yo pa t komèt onkenn krim, men, yo te soumèt yo anba arestasyon, avèk espwa pou yo te kenbe Sen nan Nauvoo yo an sekirite. Se pa t premye fwa enmi Legliz yo te mete Pwofèt Joseph Smith nan prizon, men fwa sa a sanble l te konnen li pa t ap retounen vivan. Pou yo te eseye rekonfòte youn lòt, limenm ak zanmi l yo te li Liv Mòmon an epi yo te chante kantik. Epi yo te tande bal t ap tire, epi nan lespas kèlke minit lavi mòtèl Joseph Smith ak Hyrum te fini.
Men, malge sa, se pa t lafen koz divin yo te anbrase a. Epi, se pa t fen Retablisman levanjil Jezikri a. Te gen plis travay pou fè ak plis revelasyon ki ta pral gide Legliz la pou l avanse. Fen lavi pwofèt la pat fen travay Bondye a.
Gade nan Saints, 1:140–43.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Doktrin ak Alyans 135; 136:37–39
Joseph ak Hyrum Smith te sele temwayaj yo avèk san yo.
Imajine kòman w ta ka santi w si w t ap viv nan Novou lè yo te touye Joseph ak Hyrum Smith la (gade nan Les Saints, 1:554–55). Kouman w t ap eseye konprann evenman trajik sa a? Doktrin ak Alyans 135, ki te pibliye twa mwa pita, te ka ede. Pandan w ap etidye seksyon sa a, konsidere kisa ki ta ka pote konpreyansyo ak asirans pou ou. Kisa w t ap di yon moun ki mande: “Poukisa Bondye kite yo touye Pwofèt Li a?” (gade nan Doktrin ak Alyans 136:37–39).
Ou ta kapab fouye seksyon 135 tou pou mo ak fraz ki enspire w pou w fidèl a Kris la jiskalafen, jan Joseph ak Hyrum te ye a.
Gade tou nan Doktrin ak Alyans 5:21–22; “Remembering the Martyrdom,” nan Révélations dans leur contexte, 299–306; Enseignements des présidents de l église: Joseph Smith (2011), 522–23, 529–40; “Temwayaj Liv Mòmon an” (video), Biblyotèk Levanjil la.
Testimony of the Book of Mormon
Joseph Smith se yon pwofèt ak yon temwen Jezikri
Doktrin ak Alyans 135:3 site kèk nan bagay Joseph Smith te akonpli “nan ti espas kout vennkat ane yo. Kijan bagay sa yo afekte oumenm ak relasyon w avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri? Konsidere fason ou ta ka konplete yon fraz tankou sa a: Poutèt sa Seyè a te fè atravè Joseph Smith, I … Ou ta ka anrejistre ak pataje temwayaj ou tou konsènan Pwofèt Joseph Smith ak lòt moun.
Yon lòt fason pou aprann konsènan misyon Joseph la se eseye ekri yon epitaf oubyen anons fineray pou li. Kisa w ta di pou bati lafwa nan Kris ak levanjil retabli Li a? Ou ta ka vle enkli evènman epòtan oubyen akonplisman ki nan Doktrin ak Alyans 135 oubyen sa ki mansyone nan resous anba yo.
Jezikri te revele anpil verite konsènan Tèt pa Li ak Sakrifis Ekspyatwa Li a atravè Joseph Smith. Konsidere medite sou eksperyans ou te fè pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans ane sa a. Ki verite ki te frapan pou ou? Ou ta ka vle pataje sa yo avèk fanmi w, klas oubyen manm kowòm ou yo, oubyen lòt moun pandan w ao etidye semèn sa a. Kijan verite sa yo ede ou konprann ak vin pi pre Sovè a?
Gade tou nan “Joseph Smith: Pwofèt Retablisman an” (video), Biblyotèk Levanjil; Tad R. Callister, “Joseph Smith—Pwofèt Retablisman an,” Lyawona, Nov. 2009, 35–37; “Au grand prophète,” Cantiques, no. 17; Sijè ak Kesyon, “Joseph Smith,” Bibliyotèk Levanjil.
Joseph Smith: The Prophet of the Restoration
Mizik ki anrapò
Chante kantik sa yo oswa gade videyo yo ta kapab envite Sentespri a oubyen enspire yon diskisyon sou travay Pwofèt Joseph Smith la ak sakrifis Sen ki te kontinye apre l yo.
“Je rencontrais sur mon chemin” (Cantiques, no. 17). Pandan l te nan Prizon Carthage la, John Taylor te chante kantik sa a.
“Au grand prophète” (Cantiques, no. 17; gade tou video). Yo te ekri tèks kantik sa a kòm yon omaj pou Joseph Smith.
Praise to the Man – The Tabernacle Choir at Temple Square
“Venez, venez, Sans craindre le devoir” (Cantiques, no. 18; gade tou video).
Come, Come, Ye Saints - Mormon Tabernacle Choir
“Faith in Every Footstep (Lafwa nan chak pa)” (gade video).
Faith in Every Footstep - Mormon Tabernacle Choir
M kapab akonpli volonte Senyè a lè m suiv konsèy li.
Apre Joseph Smith te mouri, yo te mete Sen yo deyò nan Nauvoo. Kounyea, yo te gen yon vwayaj 1,300-mile (2,100 km) devan yo nan yon dezè brital. Brigham Young, Prezidan Kolèj Douz Apot yo, te enkyete konsènan fason Sen yo te siviv vyayaj la. Nan yon etablisman tanporè ki te rele Winter Quarters, li te sipliye pou direksyon. Repons Senyè a ekri nan seksyon 136. Nan ede Sen yo sonje ke kondwit yo nan vwayaj la la te osi enpòtan ke destinasyon yo, revelasyon yo te ede yo transfòme deplasman yo al nan lwès la, soti nan yon nesesite difisil pou ki vin tounen yon eksperyans espirityèl yo pataje” (“Ce sera là notre alliance,” nan Révélations dans leur contexte, 308).
Kenbe sa nan panse w pandan w ap etidye seksyon 136. Ki konsèy ou jwenn ki ta ka ede ou fè yon eprèv difisil nan lavi ou vin “tounen yon … eksperyans spirityèl ki enpòtan”? Ou ta ka medite sou fason konsèy sa a ka ede w akonpli volonte Senyè a nan lavi ou, jan l te ede premye Sen yo fè vwayaj difisil al nan Lwès la.
Gade tou nan “This Shall Be Our Covenant,” nan Revelations in Context, 307–14; “Venez, venez,” Cantiques, no. 30; Sujets de l histoire de l église, “Succession à la tête de l église,” Biblyotèk Levanjil la.
Detay ki soti nan Winter Quarters, Greg Olsen
Ide pou Anseye Timoun yo
(Doktrin ak Alyans 135:1–2, 4–5
Joseph ak Hyrum Smith te bay lavi yo pou Jezikri ak levanjil Li a.
-
Rezime pou timoun ou yo Doktrin ak Alyans 135:1 oubyen pataje “Chapit 57: Yo Touye Pwofèt la” (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 201–5, oubyen video korespondan ki nan Biblyotèk Levanjil la). Sa ta ka yon bon opòtinite pou ou ak timoun ou yo pou pataje santiman ou yo konsènan sakrifis Joseph ak Hyrum te fè pou Sovè a ak Levanjil Li a.
3:21Chapter 57: The Prophet Is Killed: June 1844
-
Doktrin ak Alyans 135:4–5 deklare ke Hyrum Smith te li yon pasaj nan Liv Mòmon an anvan l te ale nan Prizon Carthage la. Ou menm ak timoun ou yo ta ka li pasaj sa a ansanm (gade nan Etè 12:36–38). Kouman vèsè sa yo te ka rekonfòte Hyrum? Ou ta ka pataje ekriti ki pote rekonfò pou ou tou lè ou enkyete oubyen tris.
-
Ou menm ak timoun ou yo ta ka gade foto pwofèt (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil, nos. 7, 14, 67) ak diskou konsènan kèk bagay Bondye mande pwofèt yo fè. Kisa pwofèt sa yo sakrifye pou Sovè a?
Nan fwaye a, aprann ak viv se bagay ki enseparab. “la pran yon siyifikasyon imedyat nan fwaye a. Nan fwaye a, moun w ap aprann levanjil la avèk yo a se moun w ap viv avèk yo—chak jou. An reyalite, pi souvan, lè nou viv levanjil la se fason nou aprann levanjil la” (Anseye nan Fason Sovè a, 31).
Joseph Smith te yon pwofèt ak yon temwen Jezikri.
-
Pou ede timoun ou yo sonje ak apresye fason Seyè a beni nou atravè misyon Joseph Smith, ou ta ka egzibe objè ki reprezante bagay Joseph te akonpli, tankou Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans, oubyen yon foto yon tanp (gade tou nan paj aktivite). Apresa, timoun ou yo ta ka gade nan Doktrin ak Alyans 135:3 pou kèk bagay Joseph Smith te fè pou ede nou vin pipre Pè Selès ak Jezikri. Envite timoun ou yo pou pataje poukisa yo rekonesan pou bagay sa yo.
Pwofèt Ameriken, Del Parson
Senyè a ka beni m lè m gen difikilte.
-
Konsidere plase yon foto Tanp Nauvoo a nan yon bòkote yon sal epi kreye yon abri senp sou lòt kote a. Envite timoun ou yo pou yo rasanble pre foto a, epi pale yo konsènan Sen yo ki te oblije kite Nauvoo apre Joseph Smith te mouri (gade nan chapit 58, 60, ak 62 nan Doktrin ak Alyans, 206–8, 211–16, 222–24, oubyen video korespondan an nan Biblyotèk Legliz la). Souliye lafwa Sen sa yo te gen nan Jezikri, epi envite timoun ou yo pou yo mache al nan abri a pou reprezante vwayaj pou al nan Winter Quarters la. Yo ta ka chante yon kantik tankou “Pour être un pionnier” a (Chants pour les enfants, 218–19) pandan y ap mache a.
1:31Chapter 58: A New Leader for the Church: July–August 1844
3:51Chapter 60: The Saints Leave Nauvoo: September 1845–September 1846
2:29Chapter 62: The Saints Establish Winter Quarters: 1846–1847
-
Eksplike yo ke nan Doktrin ak Alyans 136, Senyè a te bay konsèy pou ede Sen yo nan vwayaj yo a pou yo ale nan Vale Salt Lake la. Ede timoun ou yo chèche yon bagay nan revelasyon an ki ta ka ba yo kouraj pou vwayaj sa a (gade nan vèsè 4, 10–11, 18–30). Nan ki fason konsèy sa a ka ede nouavèk tribilasyon nou rankontre jodia?
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.