“17–23 Novanm: ‘Prepare Nou pou Vini Mesye Marye a’: Doktrin ak Alyans 133–134,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 133–134,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Dis Vyèj yo, pa Jorge Cocco
Doktrin ak Alyans 133–134: “Prepare Nou Pou Vini Mesye Marye a”
Doktrin ak Alyans 133–134
An 1833, foul moun te atake epi detwi mezon enprimri Legliz la. Pami travay enpresyon ki te an pwogrè nan moman sa a te genyen Liv Kòmandman yo—premye tantativ Legliz la pou konpile revelasyon Bondye yo nan dènye jou yo an yon sèl volim. Foul la te gaye paj ki te dekole yo, epi malgre kèk Sen kouraje te prezève kèk nan yo, okenn kopi konplè Liv Kòmandman an pa sanble yo te siviv.
Sa nou konnen kòm seksyon 133 nan Doktrin ak Alyans la te sipoze vin yon apendis pou Liv Kòmandman yo, tankou yon pwen desklamasyon nan fen revelasyon Senyè a ki te pibliye yo. Li avèti sou yon jou jisman k ap vivi epi repete apèl nou jwenn atravè revelasyon modèn yo: Rete lwen byen mond lan, jan Babilòn enbolize sa. Bati relasyon. Preparasyon pou Dezyèm Vini an. Epi pwopaje mesaj sa a “nan tout nasyyon, ak fanmi, ak lang, ak pèp” (vèsè 37). Plan orijinal pou Liv Kòmandman an pa te abouti, men revelasyon sa a se yon rapèl ak yon temwayaj ke travay Senyè a pral kontiney avanse, “paske li pral leve bra sakre li … , epi tout kwen tè a pral wè sali Bondye yo a” (vèsè 3
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Jezikri mande m pou rejte Babilòn epi vini nan Siyon.
Opoze spirityèl pou Siyon se Babilòn—yon ansyen vil ki atravète senbolize mechanste ak eskalvaj spirityèl. Pandna w ap li Doktrin ak Alyans 133:4–14, medite sou fason Sovè a ap rele ou pou “soti … kite Babilòn dèyè” (vèsè 5) epi “machego … pou ale nan … Siyon” (vèsè 9). Kijan w ap reponn apèl Li a? Ki lòt bagay ou aprann konsènan Siyon apati mesaj Eldè D. Todd Christofferson nan “Vini nan Siyon”? Lyawona, Nov. 2021, 37–40).
Doktrin ak Alyans 133:1–19, 37–39
Mwen ka prepare kounya pou Dezyèm Vini Sovè a.
Ni seksyon 1an, prefas Senyè a pou Doktrin ak Alyans yo, ni seksyon 133a, apendis orijinal pou Liv Kòmandman yo, kòmanse avèk menm siplikasyon an Senyè a fè: “Koute, O noumenm pèp legliz mwen an” (Doktrin ak Alyan 1:1; 133:1). Petèt ou ta ka etidye Doktrin ak Alyans 133:1–19, 37–39 epi drese lis mesaj yo Senyè a envite ou pou “louvri zòrèy” pou (tande ak obeyi) pandan w ap prepare pou Dezyèm Vini Li an. An patikilye, ou gendwa drese lis bagay Li vle pou ou fè pou (1) prepare tèt ou epi (2) ede prepare mond lan pou retou Li. Kisa w aprann nan lis sa yo?
Prezidan Russell M. Nelson te pataje verite enpòtan konsènan sa mond lan pral sanble lè Sovè a retounen—ak kijan pou prepare. Chèche jwenn verite sa yo nan mesaj li a “Avni Legliz la: Prepare Mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a” (Liyawna, Avr. 2020, 6–11). Kisa ou santi w enspire pou fè—oswa kontinye fè—pou “prepare mond lan pou retou Sovè a”? (“Tèm Kolèj Prètriz Aawon an,” Bibliyotèk Levanjil la).
Gade tou Matye 25:1–13; Russell M. Nelson, “Anbrase Lavni avèk Lafwa,” Liahona, Nov. 2020, 73–76; “Vrais disciples du Seigneur,” Cantiques, no. 27; Sijè ak Kesyon yo, “Second Coming of Jesus Christ,” Bibliyotèk Levanjil la.
Dezyèm Vini an pral pote anpil lajwa pou moun jis yo.
Pandan w ap li deskripsyon sou retou Sovè a nan vèsè 32–56, kisa ki fè w vrèman anvi pou gran jou sa a rive? Ki mo oubyen fraz ki dekri lanmou Sovè a pou pèp Li a? Panse pou w ekri eksperyans pèsonèl ou avèk “bon jantiyès Sovè [w] la, ak tout sa li te devèse sou [ou] akoz bonte li” (vèsè 52).
Detay ki soti nan Gerisè, pa Kelsy ak Jesse Lightweave
“Bondye te etabli gouvènman yo pou benefis lòm.”
Relasyon premye Sen yo avèk gouvènman an te konplèks. Lè yo te fòse Sen yo kite Konte Jackson, Missouri, an 1833 la, yo te mande sipò nan men gouvènman lokal ak gouvènman nasyonal men yo pat resevwa anyen. Nan menm moman sa a, kèk moun andeyò Legliz la te entèprete ansèyman sou Siyon yo kòm yon bagay ki vledi ke Sen yo te rejte otorite gouvènman terès yo Doktrin ak Alyans 134 te ekri, an pati, pou klarifye pozisyon legliz la sou gouvènman. Kisa vèsè sa a sigjere konsènan fason Sen Senyèa yo ta dwe santi yo konsènan gouvènman?
Pandan w ap etidye seksyon 134, konsidere chèche jwenn prensip sou gouvènman yo ak responsablite sitwayen yo. Kijan ide sa yo gendwa te itil pou premye Sen yo? Kòman yo aplike kote w ap viv la?
GAde tou Atik Lafwa 1:11–12; Sijè ak Kesyon yo, “Libète Relijye,” Bibliyotèk Levanjil.
Ide pou Anseye Timoun yo
Senyè a vle pou mwen rete lwen mechanste mond lan.
-
OU ak timoun ou yo ta ka drese lis kèk kote ak sitiyasyon Senyè a vle pou nou rete lwen yo. Apresa nou ta ka konpare pals sa yo ak sitiyasyon sa yo ak definisyon “Babèl, Babilòn” nan GId Ekriti yo (Bibliyotèk Levanjil). Yo ta ka li apresa Doktrin Ak Alyans 133:4–5, 14. KIsa sa vledi pou “wete … kò w nan Babilòn”? (vèsè 5). Ou ta ka fè yon li similè sou plas ak sitiyasyon Senyèa envite nou ale epi konpare lis sa a ak definisyon “Siyon” nan Gid Ekriti yo.
Doktrin ak Alyans 133:19–21, 25
Jezikri ap vini ankò avan lontan.
-
Timoun ou yo gendwa kontan fè mizansèn sou sa li sanble pou prepare pou yon bagay, tankou yon tounwa spòtif, yon vizitè enpòtan, ak yon jou konje prefere. Poukisa preparasyon enpòtan? Nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 133:17–19, 21 epi envite timoun ou yo pou chèche jwenn ki bagay Senyè a envite nou fè pou prepare pou li. Ou ta ka apresa montre yo foto a nan plan pou semèn sa a epi mande timoun ou yo kisa yo konnen konsènan Dezyèm Vini Jezikri a. Ki lòt bagay nou aprann apati vèsè 19–25, 46–52? Kisa nou ka fè kounya pou prepare pou bèl evenman sa a?
-
Ou ta ka kache foto oswa objè ki dekri bagay nou ka fè pou prepare nou pou Dezyèm Vini Jezikri a (tankou li ekriti yo, pataje levanjil la, oubyen sèvi fanmi nou yo). Kite timoun yo chèche foto oswa objè yo epi pale konsènan kijan fè bagay sa yo ede nou prepare pou nou rankontre Sovè a lè L retounen.
-
Nou ta kachante tou yon kantik sou Dezyèm Vini an ansanm tou, tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants, 46–47). Pataje youn ak lòt lanmou nou pou Sovè a ak sa n santi osijè retou Li.
Jezikri eman ak janti.
-
Ou ak timoun ou yo ta ka gade foto ki montre ke Jezi janti ak eman. (Pa egzanp, gade Liv Atistik Levanjil la, nos. 42, 47.) Ki lòt bagay Jezi te fè pou l te montre lanmou ak jantiyès LI? Li ansanm Doktrin ak Alyans 133:52, epi ede timoun ou yo reflechi sou fason yo ka “mansyone ak jantiyès eman Senyè yo a” bay lòt moun.
Detay apati Nan Limyè Li, pa Greg Olsen
Anseye doktrin senp ak klè. Senyè a anseye levanjil Li a nan “klate ak senplisite”(Doktrin ak Alyans 133:57). Kisa mo sa yo sigjere pou ou konsènan anseye levanjil la pou fanmi oswa klas ou?
Senyè a vle pou m obeyi lalwa.
-
Envite timoun yo pou yo fè lis règ oswa lwa yo obeyi. Kijan lavi a tap ye si okenn moun pa t obeyi lwa sa yo? Apresa ou ta ka li Doktrin ak Alyans 134:1-2 avèk yo, pandan w ap ede yo konprann tout mo ak ekspresyon yo ka pa konprann yo. Poukisa Senyè a vle pou nou obeyi lalwa? (gade tou Atik Lafwa yo 1:12).
Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazin Zanmi an.