“Vwa Retablisman yo: Sosyete Sekou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025(2025)
“Sosyete Sekou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Vwa Retablisman yo
Sosyete Sekou
An 1842, apre Sosyete Sekou te fin òganize nan Nauvoo, Illinois, Pwofèt Joseph Smith te di: “Legliz la pa t janm te fin pafètman òganize jiskaske medam yo te vin òganize konsa.” Se konsa tou, yon etid sou Retablisman Legliz Senyè a ak Prètriz Li a (gade Doktrin ak Alyans 107pa p konplè si l pa enkli yon etid sou Sosyete Sekou, ki limenm se “retablisman yon modèl ansyen” pou fi ki disip Jezikri yo.
Eliza R. Snow te jwe yon wòl enpòtan nan Retablisman sa a. Li te prezan lè Sosyete Sekou te òganize pou lapremyè fwa a epi, kòm sekretè sosyete a, li te pran nòt pandan reyinyon l yo. Li se temwen dirèk ki ka temwaye ke Sosyete Sekou te òganize “selon modèl prètriz la.” Pi ba la a n ap jwenn pawòl li, ke l te ekri pandan li t ap sèvi kòm Prezidant Jeneral Sosyete Sekou, pou ede sè l yo konprann travay diven ki sou responsablite pitit fi alyans Bondye yo.
Pou aprann plis konsènan fason Sosyete Sekou te òganize, gade nan Filles dans mon royaume: l‘histoire et l‘oeuvre de la Société de Secours (2017), 1–25; Premye Senkant Ane Sosyete Sekou yo (2016), 3–175.
Tablo sou òganizasyon Sosyete Sekou a pa Paul Mann
Eliza R. Snow
“Menmsi non [Sosyete Sekou] a kapab modèn nan epòk nou an, enstitisyon an gen orijin ansyen. [Joseph Smith] te di nou, ke menm òganizasyon an te egziste nan legliz tan ansyen an, an referans ak sa ki te fèt nan kèk nan epit yo nan Nouvo Testaman an, ki te itilize tit tankou, ‘dam chwazi’ [gade nan 2 Jan 1:1; Doktrin ak Alyans 25:3].
“Sa se yon òganizasyon ki pa ka egziste san Prètriz la, paske l tire tout otorite ak enfliyans li nan sous sa a. Lè Prètriz la te soti sou tè a, enstitisyon sa a osibyen ke tout lòt bagay ki apatni a vrè lòd legliz Jezikri a sou tè a, te vin elimine. …
“Paske mwen te prezan nan moman òganizasyon ‘Sosyete Sekou Fi yo nan Nauvoo,’ … epitou paske mwen te fè eksperyans konsiderab nan asosyasyon sa a, petèt mwen ka kominike kèk ide ki pral ede pitit fi Siyon yo pou yo avanse nan opòtinite trè enpòtan sa a, ki ranpli ak anpil nouvo responsablite. Si nenpòt nan pitit fi ak manman nan Izrayèl yo ta santi ke yo gen limitasyon nan pozisyon yo nan moman an, yo pral kounyeya devlope plis opòtinite pou jwenn tout pouvwa ak kapatite pou fè byen ke yo resevwa abondaman kòm dotasyon an. …
Sosyete Sekou a te òganize nan chanm aletaj nan Magazen an Brik Wouj la.
“Si kesyon sa a ta vini nan panse nou, tankou, Ki objektif Sosyete Sekou Fi a genyen? M ta reponn—pou fè byen—pou ede devlope tout kapasite nou posede pou fè byen yo, pa sèlman pou sekouri pòv men pou sove nanm tou. Efò ini nou ap grandman akonpli plis pase sa ki te ka akonpli pa pifò enèji endividyèl ki te pi efikas yo. …
“Nan pran swen pòv yo, Sosyete Sekou Fi yo gen lòt responsablite pou l akonpli pase jis soulaje dezi kò a. Povrete nan lespri ak maladi nan kè mande anpil atansyon tou; epi anpil fwa yon ekspresyon jantiyès—kèk pawòl konsèy, oubyen menm bay yon moun yon bon lanmen plen afeksyon ap fè plis byen epi jwenn plis apresyasyon pase yon bous ranpli ak lò. …
“Lè Sen yo rasanble soti tout kote, epi yo se etranje pou tout moun, ki gen dwa dewoute pa moun ki chita ap tann pou twonpe moun yo, Sosyete [Sekou] ta dwe rapidman chèche jwenn [yo], epi entwodui yo nan sosyete a ki pral rafine ak elve yo, epi sa ki pi enpòtan, fòtifye yo nan lafwa nan Levanjil la, epi lè yo fè sa, y ap vin tounen enstriman pou sove anpil moun.
“Sa t ap mande anpil liv si pou nou ta defini devwa, privilèj, ak tach ki sou responsablite Sosyete yo. … Angaje nou ladan l ( sou direksyon evèk nou) byen deside, volontèman, ak anpil enèji, nan inite ak lapriyè, epi Bondye ap kouwone efò nou yo avèk siksè.”