Doctrine and Covenants 2025
10–16 novanm: “M Wè Sakrifis ou Yo”: Doktrin ak Alyans 129–132


“10–16 Novanm: ‘M Wè Sakrifis ou Yo nan Obeyisans‘: Doktrin ak Alyans 129-132,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 129–132,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Joseph Smith ki ap anseye

Detay dapre Joseph Smith nan Nauvoo, 1840, pa Theodore Gorka

10–16 Novanm: “M Wè Sakrifis ou Yo nan Obeyisans”

Doktrin ak Alyans 129–132

Atravè Pwofèt Joseph Smith, Senyè a te retire kèk mistè soti nan etènite. Grandè Bondye, laglwa syèl la, ak imansite etènite a gendwa parèt preske komen nan limyè levanjil retabli a, menm pou kapasite limite tankou pa nou yo. Revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 129–32 yo se yon bon egzanp. Kijan Bondye sanble? Li “genyen yon kò … moun ka touche menm jan avèk pa lòm nan.” A kisa syèl la sanble? “Menm relasyon sosyal ki egziste pami nou isit la pral egziste pami nou lòtbò a” (Doktrin al Alyans 130:22, 2). Efektivman, youn nan verite ki fè syèl la pote plis lajwa se jan li kapab genyen relasyon familyal nou apresye yo ladann, si yo sele pa yon otorite ki apwopriye. Verite tankou sa yo kapab fè nou santi syèl la pi pre—gloriye, men, aksesib.

Men apresa, kèkfwa Bondye gendwa mande nou fè bagay ki sanble yo enkonfòtab ak inaksesib. Pou anpil nan premye Sen yo, maryaj pliral sete youn nan kòmandman sa yo. Sete yon gwo eprèv lafwa pou Joseph Smith, pou madanm ni Emma, ak prèske tout moun ki te resevwa li. Pou yo te ka pase anba eprèv sa a, yo te bezwen gen plis pase senp santiman favorab pou levanjil retabli a; yo te bezwen yon lafwa nan Bondye ki te pi pwofon pase sa. Kòmandman sa a pa la ankò jodia, men egzanp fidèl moun ki te suiv li yo toujou la. Epi egzanp sa a enspire nou lè yo mande nou pou nou fè pwòp “sakrifis nan obeyisans” pa nou (Doktrin ak Alyans 132:50).

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 130-132

Bondye vle egzalte pitit Li yo.

Gen anpil bagay nou pa konnen konsènan egzaltasyon oubyen lavi nan pi wo degre wayòm selès la—kalite lavi Bondye viv la. Anpil ladan yo kapab depase kapasite aktyèl nou pou nou konprann. Men Bondye te revele kèk endis presye, e nou jwenn anpil ladan yo nan Doktrin ak Alyans 130–32a. Ou ka li yo avèk kesyon tankou sa yo nan lespri ou: Kisa m aprann osijè Bondye? Kisa m aprann konsènan lavi apre mòtalite a? Kijan enfòmasyon sa a konsènan lavi etènèl beni lavi mwen kounyea?

Gade tou “Nous nous réjouissons de l‘entendre parler,” nan Révélations dans leur contexte, 277–80.

Doktrin ak Alyans 130:20–21; 132:5

Bondye beni moun ki obeyi lwa Li yo.

Nan pwòp pawòl pa w, kijan ou ta dekri sa Senyè a anseye nan Doktrin ak Alyans 130:20-21 ak 132:5yo? Reflechi sou kijan prensip sa a te manifeste nan lavi ou.

Gendefwa, menm lè nou obeyisan anvè Bondye, benediksyon nou ap atann yo pa vini tousuit. Kijan nou mantni lafwa nou ak espwa nou lè sa rive? Chèche enspirasyon nan mesaj Eldè D. Todd Christofferson la “Relasyon Nou Avèk Bondye” (Lyawona, Me 2022, 78–80).

Gade tou 1 Nefi 17:35; Doktrin ak Alyans 82:10.

Doktrin ak Alyans 132:13-21

senbòl seminè
Papa Nou ki nan Syèl la rann li posib pou fanmi yo ka etènèl.

Atravè Pwofèt la Joseph Smith, Senyè a te retabli verite konsènan kijan maryaj ak reslasyon familyal yo kapab etènèl. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 132:13–21an, chèche fraz ki ede w konprann ki diferans ki genyen ant sa ki ap “rete” etènèl ak sa ki pral detwi. Kisa w panse sa vle di pou yon relasyon maryaj “fèt pa [Bondye]”? (vèsè 14).

Nan mesaj li a “Louanj pou moun ki sove lòt,” Prezidan Dieter F. Uchtdorf konpare relasyon yon maryaj etènèl avèk bagay ki “jetab” (Liahona, Me 2016, 77-78). Kisa diferans sa a anseye ou sou kijan pou n nouri—oubyen prepare pou—yon relasyon maryaj? Reflechi sou relasyon ou genyen ak fanmi ou—kounyea ak nan lavni—pandan w ap li mesaj Eldè Uchtdorf la. Kisa w jwenn ki ba w espwa nan Senyè a pou relasyon familyal ou yo?

Prezidan Henry B. Eyring te pataje konsèy sa a li te resevwa lè li te enkyete pou sitiyasyon pwòp fanmi pa l: “Sèlman viv diy pou wayòm selès la, epi aranjman familyal yo pral pi mèvèye pase sa w ta ka imajine” (nan “Yon Fwaye Kote Lespri Senyè a Abite,” Lyawona, Me 2019, 25). Kijan konsèy sa a ta ka ede w oubyen ede yon moun ou konnen?

Gade tou “Ensemble à tou jamais,“ Cantiques, no. 192; Sijè ak Kesyon, “Mariage,” Bibliyotèk Levanjil.

gason ak fi nan lakou yon tanp

Nou kapab sele yon maryaj pou tan ak etènite nan kay Senyè a.

Doktrin ak Alyans 132:1–2, 29–40

Maryaj pliral akseptab devan Bondye sèlman lè se Li ki kòmande l.

Anpil moun ki li Ansyen Testaman an poze tèt yo kesyon sou Abraram, Jakòb, ak Moyiz, ak lòt moun ki te marye avèk plizyè madanm. Eske sèvitè Senyè sa yo t ap komèt adiltè? Èske Bondye te apwouve aksyon yo? Joseph Smith te gen menm kesyon sa yo. Chèche repons Bondye te bay nan Doktrin ak Alyans 132:1–2, 29–40.

Maryaj ant yon gason ak yon fi se modèl Bondye bay pou maryaj (gade antèt seksyon Deklarasyon Ofisyèl 1; Jakòb 2:27, 30). Sepandan, te gen peryòd kote Bondye te kòmande pitit Li yo pou yo pratike maryaj pliral.

Premye ane yo nan Legliz retabli a sete youn nan peryòd eksepsyon sa yo. Si ou vle aprann plis konsènan maryaj pliral pami premye Sen yo, gade “Mercy Thompson et la révélation sur le mariage” (nan Révélations dans leur contexte, 281-93); Les saints, 1:290-92, 432-35, 482-92, 502-4; Sujets et questions, “Le mariage plural dans l’Église de Jésus-Christ des Saints des Derniers Jours,” Bibliyotèk Levanjil la; “Why Was it Necessary for Joseph Smith and Others to Practice Polygamy (Poukisa L te Nesesè pou Joseph Smith ak Lòt te Pratike Poligami)?” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

10:8

Why was it necessary for Joseph Smith and others to practice polygamy?

senbòl 03 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 130:2, 18-19; 132:13, 19

Pè Selès la vle m konsantre m sou bagay ki etènèl.

Doktrin ak Alyans 130:20–21132:5, 21–23

Bondye beni mwen lè m obeyi lwa Li yo.

  • Petèt yon senp konparezon ta kapab anseye pitit ou konsènan obeyisans anvè kòmandman Bondye yo. Pa egzanp, ou gendwa mande yo pou yo ba ou direksyon pou w mache ale yon kote, tankou yon lekòl oubyen yon Legliz. Kisa k rive lè nou pa suiv direksyon yo? Apresa, ou kapab li Doktrin ak Alyans 130:21 an epi konpare direksyon sa yo konsènan kòmandman Bondye te bannou yo.

  • Ou gendwa chante ansanm yon chan sou obeyisans tou, tankou “Pour trouver la paix” (Chants pour les enfants, 68-69), epi chèche mo nan Doktrin ak Alyans 130:20-21 ak 132:5 yo ki sanble ak mo ki nan chante a. Kijan Bondye beni nou lè nou fè efò pou n kenbe kòmandman Li yo?

Doktrin ak Alyans 130:22

Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri gen kò fizik imòtèl.

  • Apre nou fin li Doktrin ak Alyans 130:22 ansanm, oumenm ak pitit ou kapab gade yon foto Jezikri epi pwente sou je Li, bouch Li, ak lòt pati sou kò Li. Apre sa yo ta kapab pwente sou menm pati nan pwòp kò pa yo. Di yo poukisa li enpòtan pou ou pou w konnen ke kò nou sanble ak kò Papa nou ki nan Syèl la ak Jezi.

yon fi ak yon jèn tifi nan lakou yon tanp

Akozde òdonans yo nan kay Senyè a, tout fanmi kapab etènèl.

Doktrin ak Alyans 132:19

Pè Selès la rann li posib pou fanmi yo ka ansanm pou tout tan.

  • Ede timoun yo jwenn egzanp kèk bagay ki pa dire pou tout tan—tankou manje ki gate, flè ki fane, elatriye. Apresa, gade nan Doktrin ak Alyans 132:19 ansanm epi jwenn fraz kle tankou “alyans etènèl,” “sele,” “nan tout letènite,” ak “pou toujou ajamè.” (Gade “Chapit 55:Yon Revelasyon sou Maryaj,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 198, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil.) Ou gendwa gade foto fanmi ou yo tou epi rann temwayaj ke Senyè a te fè l posib, atravè òdonans yo ak alyans tanp la, pou fanmi yo ka pou toujou ajamè.

0:42

Chapter 55: A Revelation about Marriage: July 1843

Se pou n sansib a sitiyasyon familyal yo. “Jodia timoun yo twouve y ap viv nan anpil kalite sitiyasyon familyal diferan e konplèks. … [Nou] bezwen lonje lamen bay [sa] ki santi yo poukont yo, sa ki santi yo kite yo dèyè, oubyen ki santi yo izole yo” (Neil L. Andersen, “Moun ki Resevwa yo, yo Resevwa Mwen,” Lyawona, Me 2016, 49, 52).

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Sal sèlman

Yon sal sèlman nan Tanp Pari a an Frans

paj aktivite pou timoun