Doctrine and Covenants 2025
1-7 Desanm: “Revelasyon Redanmsyon Mò yo”: Doktrin ak Alyans 137-138


“1–7 Desanm: ‘Vizyon sou Redanmsyon Mò yo’: Doktrin ak Alyans 137-138,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 137–138,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Jezikri k ap preche nan mond dèzespri a

Detay ki soti nan Kris la ki ap Preche nan Mond Dèzespri a, pa Robert T. Barrett

1-7 Desanm: “Vizyon sou Redanmsyon Mò yo”

Doktrin ak Alyans 137-138

Revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 137 ak 138 yo separe de plis pase 80 ane ak plis pase 2.400 kilomèt distans. Pwofèt Joseph Smith te resevwa Seksyon 137 la an 1836 nan Tanp Kirtland nan pandan l te an konstriksyon, epi Joseph F. Smith, sizyèm Prezidan Legliz la, te resevwa seksyon 138 la an 1918 nan Salt Lake City. Men, an tèm doktrin, de vizyon sa yo kanpe kòtakòt. Toulède reponn kesyon ke anpil moun—enkli pwofèt Bondye yo—genyen konsènan lavi apre lanmò. Joseph Smith te poze tèt li kesyon konsènan frè li, Alvin, ki te mouri anvan l te batize. Joseph F. Smith, ki te pèdi toulède paran li yo ansanm ak 13 pitit li yo ki te mouri prekòs, te souvan panse sou mond dèzespri epi te poze tèt li kesyon sou anseyman levanjil la ki ap fèt ladann.

Seksyon 137 la pote kèk limyè sou desten pitit Bondye yo nan lavi ki ap vini an, epi seksyon138 la ouvri rido a pi laj toujou. Ansanm, toulède revelasyon yo temwaye sou “gran amou mèveye Papa a ak Pitit Gason an te manifeste” (Doktrin ak Alyans 138:3).

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 137; 138:30–37, 57–60

senbòl seminè
Tout pitit Papa nou ki nan Syèl la ap gen chans pou yo chwazi lavi etènèl.

Alvin Smith, frè byeneme Pwofèt Joseph la, te mouri 6 zan anvan Bondye to retabli otorite pou fè batèm. Sa tout Kretyen te konprann an 1836 sete ke si yon moun te mouri san l pa t batize, moun sa a pa t ap ka ale nan syèl. Pou anpil ane, Joseph te poze tèt li kesyon konsènan sali etènèl Alvin—jiskaske li te resevwa revelasyoon ki nan Doktrin ak Alyans 137la.

Anpil moun jodia gen menm kesyon sa yo. Poukisa Bondye mande òdonans ak alyans lè gen anpil moun ki pa janm jwenn opòtinite pou yo resevwa yo? Kisa w t ap di yon moun ki ap poze kesyon sa yo? Kijan w ta ede yo bati lafwa yo nan Bondye ak sa Li mande pou sali a? Chèche verite ke w ta kapab jwenn nan seksyon 137 ak nan seksyon 138:30–37, 57–60. Ou gendwa chèche verite sa yo ki eksprime nan kantik “La lumière glorieuse de l évangile a brillé” (Cantiques, no. 183) ak nan mesaj Prezidan Henry B. Eyring nan “Ransanble fanmi Bondye a” (Liahona, Me 2017, 19-22).

Pandan w ap etidye ak medite, ou gendwa ekri enpresyon ou yo lè w konplete fraz sa yo:

  • Akozde revelasyon sa yo, mwen konnen Papa nou ki nan Syèl la .

  • Akozde revelasyon sa yo, mwen konnen ke plan sali Papa an .

  • Akozde revelasyon sa yo, mwen vle .

Gade tou Les Saints, 1:232–35.

Doktrin ak Alyans 138:1–11, 25–30

Li ak medite sou ekriti yo prepare m pou m resevwa revelasyon.

Kèk fwa, revelasyon vini menm lè nou pa chèche l. Men, pi souvan, li vini paske nou chèche l avèk dilijans epi nou prepare n pou li. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 138:1–11, 25–30la, note kisa Prezidan Joseph F. Smith t ap medite lè “je konpreyansyon [l] te ouvri”. Ou kapab konpare eksperyans li tou ak 1 Nefi 11:1–6; ak Istwa—Joseph Smith 1:12–19. Apresa, konsidere kijan w ka suiv egzanp Prezidan Smith la. Pa egzanp, ki chanjman ou santi w enspire pou w fè sou etid ekriti w yo pou w ka resevwa plis revelasyon?

Nan mesaj li a “Vizyon sou Redanmsyon Mò yo” (Lyawona, Nov. 2018, 71–74), Prezidan M. Russell Ballard te sigjere lòt fason Prezidan Smith te prepare pou l te resevwa revelasyon sa a. Kisa w aprann apati de eksperyans li an? Konsidere kijan Bondye te prepare w pou eksperyans w ap fè yo—epi kijan Li gendwa ap prepare ou pou eksperyans ou pral fè alavni yo.

Gade tou Les saints, 3:202–5; “Ministère de Joseph F. Smith: Une vision de la rédemption des morts” (videyo), Libreri Levanjil la.

3:6

Ministry of Joseph F. Smith: A Vision of the Redemption of the Dead

Prezidan Joseph F. Smith

Joseph F. Smith, pa Albert E. Salzbrenner

Envite Lespri a. “Kisa ou te obsève ki kontribye pou yon anviwònman espirityèl pou aprann levanjil la? Kisa ki retire ladan? (Anseye nan Fason Sovè a, 18). Pandan w ap etidye eksperyans Prezidan Joseph F. Smith la ki nan Doktrin ak Alyans 138:1, 11, konsidere kijan ou kapab ankouraje meditasyon ak envite enpresyon espirityèl pou tèt pa ou ak, si ou se yon enstriktè, pou moun w ap anseye yo.

Doktrin ak Alyans 138: 25–60

Travay Sovè a kontinye nan lòtbò vwal la.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Mesaj nou pou mond la senp ak sensè: nou envite pitit Bondye yo sou toulède bò vwal la pou yo vin jwenn Sovè a, pou yo resevwa benediksyon tanp sakre yo, pou gen lajwa dirab, epi pou yo kalifye pou lavi etènèl” (“An Nou Tout Avanse,” Lyawona, Me 2018, 118–19). Medite sou deklarasyon sa a pandan w ap li Doktrin ak Alyans 138:25–60. Ou ta ka konsidere kesyon sa yo tou:

  • Kisa w aprann nan vèsè sa yo sou fason travay Sovè a ap akonpli nan mond dèzespri a? Poukisa li enpòtan pou w konnen ke travay sa a ap fèt?

  • Kisa ki enpresyone w sou mesaje Senyè a nan mond dèzespri a?

  • Kijan revelasyon sa a fòtifye lafwa ou nan plan redanmsyon Bondye a?

Si ou ta renmen aprann plis konsènan mond dèzespri a, ou gendwa konsidere etidye mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Fè Senyè a Konfyans” (Lyawona, Nov 2019).

Gade tou “Susa Young Gates et la vision de la rédemption des morts,” nan Révélations dans leur contexte, 315-22: “La visite d’un père” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

3:20

A Visit from Father

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak revi Pou fòs jèn yo.

senbòl 03 nan seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 137:5–10; 138:18–35

Tout pitit Papa nou ki nan Syèl la ap gen chans pou yo tande levanjil la.

  • Pou aprann sou siyifikasyon sa te genyen pou Joseph Smith lè l te wè plizyè manm nan fanmi li ansanm nan wayòm selès la, pitit ou gendwa gade videyo “Ministry of Joseph Smith: Temples” (Libreri Levanjil la), oubyen ou gendwa pataje Istwa Doktrin ak Alyans yo, 152–53 (oubyen videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la). Petèt ou ta ka pale de yon moun ou konnen ki te mouri san l pa t gen chans pou l te batize. Kisa Doktrin ak Alayns 137:5–10 anseye nou konsènan moun sa a?

    2:20

    Ministry of Joseph Smith: Temples

    2:17

    Chapter 39: The Kirtland Temple Is Dedicated: January–March 1836

  • Konsidere itilize yon foto tonbo Senyè a (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 58, oubyen Foto Bib la, no. 14) epi foto ki nan lafen chema a pou w anseye timoun yo ki kote lespri Jezi te ale le kò li te nan tonbo a. Apresa, ou kapab li ansanm Doktrin ak Alyans 138:18– 19, 23-24, 27-30 pou w aprann konsènan kisa Jezi te fè pandan Li te nan mond dèzespri a. Kiyès Li te vizite? Kisa Li te mande yo fè? Poukisa Li te fè sa?

    The body of the crucified Christ being wrapped in white burial cloth (presumably by Joseph of Arimathaea and Nicodemus) in preparation for entombment. Several men and women are gathered around the crucified body. They are mourning the crucifixion.
  • Ou gendwa sèvi ak paj aktive semèn sa a pou w ede timoun ou yo konpare kisa misyonè yo anseye nan bò vwal sa a (gade, pa egzanp, Atik Lafwa yo 1:4) avèk sa misyonè yo anseye nan mond dèzespri an (gade Doktrin ak Alyans 138:33). Ki resanblans ki genyen nan vèsè sa yo, e kisa ki diferan? Kisa sa anseye nou konsènan Pè Selès la ak plan L lan?

yon timoun k ap li ekriti yo

Sonde ekriti yo envite enspirasyon ki soti nan Sentespri a.

Doktrin ak Alyans 138:1–11

Lè m medite sou ekriti yo, Sentespri a ka ede m konprann yo.

  • Pandan oumenm ak timoun ou yo ap li Doktrin ak Alyans 138:1-11 ansanm, ou te gendwa envite yo pou yo pretann ke yo se Prezidan Joseph F. Smith epi pou yo fè jès ki mache avèk mo yo nan vèsè 6 ak 11. Ou gendwa montre yo tou yon foto Prezidan Smith (gen youn nan chema sa a) epi eksplike yo ke li te sizyèm Prezidan Legliz la. Ou gendwa pale de yon tan tou kote w te medite sou yon bagay nan ekriti yo epi Sentespri a te ede w konprann li.

  • Konsidere chante ansanm yon kantik sou etid ekriti, tankou “Quand je lis l écriture sainte” (Chants pour les enfants,, 66). Kisa kantik sa a di nou ta dwe fè pou nou konprann ekriti yo?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Zanmi an.

Jezikri nan mond dèzespri a

Mandatè a, pa Harold I. Hopkinson

paj aktivite pou timoun