Doctrine and Covenants 2025
15–21 Desanm: “Fanmi Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a”: Fanmi an: Yon Pwoklamasyon Pou Mond lan


“15–21 Desanm: “Fanmi Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a”: Fanmi an: Yon Pwoklamasyon Pou Mond lan,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” Vini, Suiv Mwen—Pou Laky ak Legliz: 2025

yon fanmi

15–21 Desanm: “Fanmi Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a”

Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan

Menm anvan nou te fèt, nou te fè pati nan yon fanmi—fanmi Paran Selès nou yo. Modèl la kontinye sou tè a. Fanmi yo isit la, lè yo pi bon, yo la pou yo fè eko modèl pafè ki nan syèl la.

Natirèlman, Pa gen okenn garanti ke fanmi terès yo pral ideyal oubyen menm fonksyonèl. Men, jan Prezidan Henry B. Eyring te anseye a, fanmi yo “bay pitit Bondye yo pi bon chans pou akeyi yo nan mond lan avèk sèl lanmou sou tè a ki ka pi pre sa nou te santi nan syèl la—lanmou paran nou” (“Rasanble Fanmi Bondye a,” Ensign, oubyen Lyawona,Me 2017, 20). Konesan ke fanmi yo enpafè epi yo ka sibi atak advèsè a, Bondye te voye sèl Piti Gason Literal li a pou rachte nou ak geri fanmi nou. Epi Li te voye yon pwoklamasyon bay pwofèt nan dènye jou yo pou defann ak fòtifye fanmi yo. Si nou suiv pwofèt yo epi nou mete lafwa nou nan Sovè a, menmsi fanmi nan mòtalite yo pa ka atenn ideyal diven an, gen espwa pou fanmi yo—sou tè a ak nan syèl la.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

senbòl seminè
“Fanmi se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a.”

Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” klèman konsène fanmi yo. Men li egalman konsène plan sali Bondye a tou. Yon fason pou etidye pwoklamasyon an se pou ekri fraz lavi premòtèl, lavi mòtèl, ak lavi apre mòtalite sou yon moso papye epi fè lis bagay pwoklamasyon an anseye konsènan chak nan sijè sa yo. Kisa w aprann lè w etidye pwoklamasyon an nan fason sa a? Kijan sa ede w konprann poukisa maryaj ak fanmi esansyèl nan plan Bondye a? Nan ki fason verite ki nan pwoklamasyon yo enfliyanse chwa w yo?

Gen anpil moun ki, pou pou yon varyete rezon, ta ka pè maryaj oubyen elve timoun. Si yon zanmi ta di w, “M pa janm vle marye oubyen kreye yon fanmi,” kisa w t ap di? Petèt, ou ta ka chèche nan pwoklamasyon an pou w jwenn yon bagay ki ta ka ede zanmi w nan gen esperans nan plan Bondye a.

Yon lòt kesyon yo ta ka mande w—oubyen ou ta ka mande tèt ou—se yonn konsa: “kisa k ap pase si fanmi m nan pa tankou sa ki dekri nan pwoklamasyon fanmi an?” Men de kote ou ta ka chèche konsèy pwofetik: seksyon “Yon Gran Chanjman” nan mesaj Elder Dieter F. Uchtdorf la “Jezikri Se Fòs Paran yo” (Lyawona, Me 2023, 55–59) ak dènye kat paragraf mesaj Elder D. Todd Christofferson nan “Poukisa Maryaj, Poukisa Fanmi” (Lyawona, Me 2015, 52).

Kisa w santi w enspire pou w fè akoz sa w te etidye yo?

Gade tou nan Dallin H. Oaks, “Plan an ak Pwoklamasyon an,” Lyawona, Nov. 2017, 28–31; Sijè ak Kesyon, “Fanmi,” Biblyotèk Levanjil la.

“Chak [moun] se yon pitit gason oubyen fi paran selès.”

Nou panse de pwoklamasyon fanmi an kòm yon gid pou lavi familyal. Men, li anseye nou verite ki enpòtan tou konsènan paran selès nou ak idantite etènèl nou. Poukisa li enpòtan pou w konnen ke nou tout fè pati nan fanmi sa a? Kouman laverite sa a enfliyanse chwa ou fè?

Gade nan “Je Suis Enfant de Dieu,” Cantiques, no. 193.

“Bonè nan lavi familyal kapab akonpli pi souvan lè l fonde sou ansèyman Senyè Jezikri yo.”

Panse sou paragraf 6 and 7 nan pwoklamasyon fanmi an kòm yon modèl pou “bonè nan lavi familyal.” Pandan w ap li paragraf sa yo, idantifye prensip pou “ maryaj ak fanmi ki gen siksè” yo. Ou ta ka panse sou egzanp prensip sa yo ke ou wè nan fanmi pa w oubyen lòt fanmi. Kouman prensip sa yo ede pou fè Jezikri tounen fondasyon lavi familyal?

Apresa panse a yon relasyon familyal ou ta renmen ranfòse. Fè plan, avèk èd Sovè a, pou w aji sou enpresyon ou resevwa.

Gade tou nan L. Whitney Clayton, “Pi Bon Fwaye yo,” Lyawona, Me 2020, 107–9.

yon papa k ap li pou pitit li yo

Paran yo dwe elve pitit yo nan lanmou ak lajistis.

“Nou rele sitwayen ki responsab yo … pou yo mantni ak ranfòse fanmi an.”

Dènye paragraf nan pwoklamasyon fanmi an gen yon demand pou fè aksyon. Pandan w ap konsidere kijan pou w reponn a apèl sa a, sa ta ka ede pou w etidye tit pwoklamasyon an. Paregzanp, kisa pwoklamasyon an ye? Kisa mo sa vle di pou ou konsènan mesaj dokiman sa a? Kisa k te kalifye Premye Prezidans lan ak Konsèy Douz Apot yo pou yo te pibliye yon pwoklamasyon pou mond lan konsènan fanmi yo? Ou ta ka fè yon lis bagay ou konsidere tou kòm mesaj santral pwoklamasyon an. Kouman ou ka pwomouvwa mesaj sa yo nan lavi ou, nan fwaye ou, ak nan kominote ou?

Gade tou nan Bonnie L. Oscarson, “Defansè Pwoklamasyon fanmi an,” Lyawona, Me 2015, 14–17; “Defansè Lafwa a” (video), Biblyotèk Levanjil la.

6:56

Defenders of the Faith

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.

seksyon senbòl pou timoun yo 02

Ide pou Anseye Timoun yo

Fanmi yo enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la

  • Ede timoun ou yo panse a kèk bagay ki tèlman enpòtan ke yo ta vle pale tout moun de yo. Montre timoun yo yon kopi “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lanepi eksplike ke pwofèt yo ak apot yo te ekri l pou yo di nou tout kijan fanmi yo enpòtan pou Papa nou ki nan Syèl la. Poukisa fanmi si enpòtan pou Li? (gade video “Ki Objektif Fanmi?” [ChurchofJesusChrist.org]).

    1:19

    What Is the Purpose of Family?

  • Pataje avèk timoun ou yo yon bagay nan pwoklamasyon an ou santi nou tout bezwen aprann. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan verite sa yo. Nan ki fason lavi nou t ap diferan si nou pa t konn bagay sa yo? Nou ta ka chante ansanm yon kantik ki gen relasyon avèk verite ki fonde sou pwoklamasyon an, tankou “I Will Follow God’s Plan” (Children’s Songbook, 164–65).

  • Nan seksyon IV mesaj li a “Plan ak Pwoklamasyon an” (Lyawona, Nov. 2017, 30), President Dallin H. Oaks te dekri fason pwoklamasyon fanmi an te ekri. Petèt oumen ak timoun ou yo ta ka revize deskripsyon li a ansanm epi pale sou rezon ou rekonesan Seyè a te enspire sèvitè Li yo pou anseye verite sa yo konsènan fanmi.

  • Ou ta ka montre timoun yo foto tou (oubyen envite yo mande yo pou yo desine) foto ki reprezante kèk verite nou jwenn nan pwoklamasyon sou fanmi an. Foto sa yo ta kapab foto yon tanp, yon fanmi k ap priye oubyen jwe ansanm, oubyen yon koup ki ap marye. Ou ta ka Envite timoun yo pou yo chèche fraz nan pwoklamasyon sou fanmi an ki an rapò avèk foto yo. Kisa Seyè a anseye nou konsènan bagay sa yonan pwoklamasyon an?

yon fi avèk timoun

Pè Selès la vle pou fanmi yo kontan.

Se pou w gen tak. Pandan w ap anseye verite yo ki anseye nan pwoklamasyon sou fanmi antanpri panse a timoun k ap elve nan fanmi ki pa koresponn a ideyal ki dekri nan pwoklamasyon an. Konsidere fason ou ka ankouraje ak enspire yo.

M se yon “se yon pitit lespri gason oubyen fi byeneme ki soti nan paran selès.”

  • Pandan n ap chante ansan “I Am a Child of God” (Children’s Songbook, 2–3), ou ta ka pase yon balon bay yon timoun pandan w ap di, “M konnen yon pitit Bondye ki rele [non timoun nan].” Apresa, timoun sa a ta ka pase yon lòt bagay bay yon lòt timoun, pandan l ap di menm pawòl yo epi site non moun sa a. Ede timoun ou yo konprann fraz “piti gason ak pitit fi espri byenneme ki se pitit paran selès” nan pwoklamasyon fanmi an, epi rann temwayaj ou konsènan verite sa a.

Fanmi yo gen plis kè kontan lè yo suiv Jezikri.

  • Pou kòmanse yon konvèsasyon sou ranfòse fanmi ou, ou ak timoun ou yo ta ka pale sou sa nou fè pou fè lòt bagay vin fò—tankou dan timoun nou yo, kò nou, oubyen yon kay. Apresa, ou ta ka konpare sa avèk bati yon fanmi solid. Ede timoun ou yo jwenn presenp Kris yo ki mennen nan kè kontan, ki nan paragraf 7 nan pwoklamasyon pou fanmi an (gade tou nan paj aktivite semèn sa a).

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.