“Desanm 8–14: “Nou Kwè”: Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Atik Lafwa ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Detay nan Pou Tout Manm Gason ki Diy, dapre Emma Allebes
8–14 Desanm: “Nou Kwè”
Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo
Depi apre Premye Vizyon Joseph Smith la, Bondye te kontinye gide Legliz Li a atravè revelasyon. Nan kèk ka, revelasyon sa a gen chanjman nan règleman ak pratik Legliz yo. Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo reprezante kalite revelasyon sa a—youn te mennen nan fini pratik maryaj pliral la, epi lòt la te rann benediksyon prètriz yo, enkli benediksyon tanp yo, disponib pou moun nan tout ras. Chanjman tankou sa yo yo fè pati de sa ki vledi nou gen yon “legliz vrè ak vivan” (Doktrin ak Alyans 1:30), )avèk yon vrè pwofèt vivan ke yon vrè Bondye vivan ap dirije.
Men, laverite etènèl pa chanje, byen ke fason nou konprann li a chanje. Epi kèkfwa, revelasyon voye kimyè adisyonèl sou laverite. Atik Lafwa yo sèvi nan objektif pou klarifye sa. Legliz la fonde solidman sou laverite etènèl, sepandan li ka chanje ak grandi “dapre volonte Seyè a, pou akonpli mizèrikòd li, dapre kondisyon pitit lèzòm” (Doktrin ak Alyans 46:15). Otremandi, “Nou kwè tout bagay Bondye te revele, tout bagay li revele kounyeya, epi nou kwè li pral revele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a” (Atik Lafwa yo 1:9).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Atik Lafwa yo gen verite fondamantal konsènan levanjil retabli a.
Konsidere apwòch sa a pou etidye Atik Lafwa yo: Pou chak atik lafwa, fè yon “ti-leson” pou eksplike sa ou kwè. Ti-leson ou yo ta dwe gen yon ekriti, foto, kantik oubyen chan pou timoun, oubyen yon eksperyans pèsonèl sou yon verite vivan ki gen relasyon avèk sa atik lafwa a anseye.
Ki diferans verite sa yo fè nan relasyon nou avèk Pè Selès ak Jezikri? Nan ki fason Atik Lafwa yo amelyore etid ou nan levanjil la oubyen ede w pataje levanjil la avèk lòt moun?
Gade nan Gid pou Ekriti yo, “Atik Lafwa,” Biblyotèk Levanjil; L Tom Perry, “Les Doctrines et Principes Contenus dans les Articles de Foi},”Lyawona, Nov. 2013, 46–48; “Chapit 38: Lèt Wentworth la,” nan Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith, (2011) 435–47.
Atik Lafwa 1:9; ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2
Legliz Jezikri a gide pa revelasyon.
“Nou kwè [Bondye] pral revele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a ” (Atik Lafwa 1:9). Avèk prensip sa a nan lespri w, repase Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo, epi chèche mo ak fraz ki fòtifye lafwa ou nan revelasyon kontinyèl. Kijan revelasyon sa yo afekte lavi ou? Kijan yo ede travay wayòm Pè Selès la pwogrese?
Ki evidans ou wè ke “enspirasyon Bondye Toupwisan an” ap dirije Legliz la jodia? (Deklarasyon Ofisyèl 1). Petèt ou ta kapab revize yonn oubyen plis nan mesaj resan konferans jeneral yo, pou w wè fason Seyè aap gide Legliz Li a—ak lavi ou. Mesaj ki pi resan Prezidan Legliz la ka yon bon kote pou kòmanse.
Kisa ou ka fè si oumenm oubyen yon moun ou renmenap lite pou konprann oubyen aksepte sa Seyè a anseye atravè pwofèt Li yo? Poukisa w rekonesan pou yon pwofèt?
Gade tou nan Amòs 3:7; 2 Nefi 28:30; Allen D. Haynie, “Yon Pwofèt Vivan pou Dènye Jou yo,” Lyawona, Me 2023, 25–28; Sijè ak Kesyon, “Pwofèt yo,” Biblyotèk Levanjil la; “Seigneur, merci pour le prophèt,” cantiques, no. 10.
Travay Bondye a dwe avanse.
Nan “Ekstrè yo ki soti nan Twa Diskou Prezidan Wilford Woodruff konsènan Manifès la” (nan fen Deklarasyon Ofisyèl 1) la, ki rezon pwofèt la te bay pou Senyè a te mete fen a pratik maryaj pliral la? Kisa sa a anseye w konsènan travay Bondye a?
Pou plis enfòmasyon konsènan kontèks istorik Deklarasyon Ofisyèl 1la, gade 2:602–15; “Le Mesajer et le Manifeste,” nan Revelations dans leur contexte, 323–31;ak “Marriage Plural et les Premières Familles en Utah,” Biblyotèk Levanjil la.
Wilford Woodruff, H.E. Peterson.
M ka mete konfyans nan Senyè a, menm lè nou pa gen yon konpreyansyon pafè.
Nou pa konnen poukisa òdonasyon prètriz ak òdonans tanp pat disponib pou manm Legliz ki gen desandans Afriken pou yon tan. Menm lè nou fè fas a kesyon difisil san repons konsènan règleman sa a, anpil Sen Dènye-jou ki nwa te konfye Seyè a (gade nan Pwovèb 3:5) epi yo te rete fidèl a Li atravè lavi yo. Aprann konsènan lafwa ak eksperyans yo ta ka enspiran pou ou. Men kèk nan istwa yo, ki disponib nan history.ChurchofJesusChrist.org:
-
“Nan Kay Papa m nan gen anpil Chato” (istwa sou Green Flake)
-
“You Have Come at Last (Ou vini finalman)” (istwa sou Anthony Obinna)
-
“Break the Soil of Bitterness (Kase Sòl Amètim nan)” (istwa sou Julia Mavimbela)
-
“I Will Take It in Faith (M ap Pran l ak Lafwa)” (istwa sou George Rickford)
-
“Long-Promised Day” (istwa of Joseph W. B. Johnson)
Pandan w ap li Deklarasyon Ofisyèl 2, kisa w aprann konsènan pwosesis Seyè a pou gide règleman Legliz Li a? Medite sou fason ou aprann konfye Seyè a menm lè ou pa gen yon konpreyansyon pafè.
Gade tou nan 2 Nephi 26:33; “Témoin de la Fidélité,” nan Révélations dans leur contexte,, 332–41; Sijè ak kesyon, “Race et la Prêtrise,” Bibliyotèk Levanjil la; Ahmad Corbitt, “A Personal Essay on Race and the Priesthood,” pati 1–4,history.ChurchofJesusChrist.org; BeOne.ChurchofJesusChrist.org.
Li OKE pou w di “Mwen pa konnen.” Pandan ke ou dwe eseye fè sa w kapab pou ede moun w ap anseye yo reponn kesyon yo genyen sou levanjil la, Senyè a pa atann ke w konn tout bagay. Lè w pa konn kijan pou reponn yon bagay, admèt sa. Apre sa, dirije etidyan yo sou doktrin revele a, epi rann temwayaj sensè sou sa ou konnen.
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Mwen kwè nan levanjil Jezikri a.
-
Konsidere chèche epi chante kantik oubyen chan pou timoun ki ka ede timoun yo konprann youn oubyen plis nan Atik Lafwa yo. Petèt, yo ka ede w chwazi kantik ak chan yo. Ede timoun ou yo wè kouman chan yo gen relasyon avèk Atik Lafwa yo.
-
Oumenm ak timoun ou yo ta ka travay ansanm pou ekri kesyon moun ta ka genyen konsènan levanjil Jezikri oubyen Legliz Li a. Apresa, nou ta ka travay ansanm pou reponn kesyon sa yo, itilize Atik Lafwa. Ki lòt kote nou ka ale lè nou gen kesyon konsènan levanjil la
Atik Lafwa 1:9; Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2
Senyè a gide Legliz Li a atravè pwofèt Li a.
-
Pou ede timoun ou yo konprann nevyèm atik lafwa a, petèt ou ta ka ba yo ekriti yo ak yon foto pwofèt vivan an (oubyen yon revi konferans resan Lyawona a). Mande yo pou yo leve ekriti yo anlè pandan w ap li pawòl “tout sa Bondye revele oubyen revi a pandan w ap li “tout sa Li revele kounyea” (Atik Lafwa 1:9). Poukisa nou bezwen ni ansyen pwofèt ak modèrn yo?
-
Timoun ou yo ta ka aprann fason pawòl pwofèt yo gide nou lè nou swiv enstriksyon pou fè yon bagay, tankou manje ak jwèt. Ou ta ka konpare sa avèk enstriksyon Jezikri te ban nou atravè pwofèt la. Ki kèk bagay Seyè a anseye nou atravè pwofèt vivan Li a jodia?
Bondye aple Pwofèt pou dirije Legliz Li a.
Pwofèt yo ede nou konnen volonte Papa nou ki nan Syèl la.
-
Petèt, lè yo wè kouman ansyen ekriti yo gen relasyon avèk revelasyon modèn yo, sa ta ka ede timoun konprann Deklarasyon Ofisyèl yo. Ou ta ka mande yo li Travay 10:34–35 ak Jakòb 2:27–30 epi envite yo detèmine ki ekriti ki gen relasyon avèk Deklarasyon Ofisyèl 1 (ki te mennen nan sispann maryaj pliryèl) epi ki gen relasyon avèk Deklarasyon Ofisyèl 2 (ki te anonse ke òdonasyon prètriz ak òdonans tanp disponib pou moun nan tout ras). Rann temwayaj ou ke Senyè a revele volonte l bay pwofèt tan lontan ak pwofèt modèn.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.