“27 Oktòb–2 Novanm: “Yon Kay nan Non Mwen”: Doktrin ak Alyans 124,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 124,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Bèl Nauvoo, tablo Larry Winborg Dwadotè 2023
27 Oktòb–2 Novanm: “Yon Kay nan Non Mwen“
Doktrin ak Alyans yo 124
Malgre dènye sis ane yo te difisil pou Sen yo, bagay yo te kòmanse amelyore nan prentan 1839 la: Sen refijye yo te jwenn konpasyon nan pami sitwayen nan Quincy, Illinois yo. Gad yo te pèmèt Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo chape soti anba kaptivite nan Missouri a. Epi Legliz la te fèk achte yon teren nan Illinois kote Sen yo ta ka rasanble ankò. Wi, sete yon marekaj, yon teren enfeste avèk moustik, men konpare ak pwoblèm Sen yo te deja rankontre, kote sa a te sanble l t ap pi fasil pou jere. Donk yo te seche dlo marekaj la epi yo te trase plan pou yon vil tou nèf, ke yo te rele Nauvoo. Li vledi “bèl” nan Ebre, malgre li te plis yon ekspresyon lafwa pase yon deskripsyon presi, omwen nan kòmansman. Antretan, Senyè a te pèmèt pwofèt Li a santi yon sansasyon ijans. Li te gen plis verite ak òdonans pou l retabli, epi L te bezwen yon tanp ki sen kote L te kapab “kouwone [Sen Li yo] avèk onè, imòtalite, ak lavi etènèl” (Doktrin ak Alyans 124:55). Nan anpil fason, menm santiman lafwa ak ijans sa yo evidan nan travay Senyè a jodia.
Gade nan Les Saints, 1:399-427; “Organisation de l‘Eglise à Nauvoo,” nan Révélations dans leur contexte,, 264-71.
Aprann plis konsènan sit istorik Legliz la nan Illinois.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
M ka envite lòt moun vin jwenn Kris la?
Seyè a te di Pwofèt Joseph Smith pou l “fè yon pwoklamasyon sou levanjil [Li] a” devan “tout wa nan mond la” (gade nan Doktrin ak Alyans 124:2–11). Si w te resevwa tach sa a, kisa pwoklamasyon w nan t ap di konsènan Jezikri ak levanjil retabli Li a? Epi tou, medite sou fason ou ka pataje temwayaj ou nòmalman ak natirèlman avèk moun ou kontakte chak jou.
Gade tou nan “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantnè pou Mond lan,” Biblyotèk Levanjil la.
Mwen ka yon disip Senyè a fè konfyans.
Konsidere pataje avèk lòt moun, jan Sovè a te fè nan Doktrin ak Alyans 124:12–21, atribi diven ou wè nan yo. Kouman L eksprime amou ak konfyans Li pou ou?
Gade tou nan Richard J. Maynes, “Earning the Trust of the Lord and Your Family,” Liahona, Nov. 2017, 75–77.
Doktrin ak Alyans 124:22–24, 60–61
Senyè a vle pou m akeyi ak aksepte lòt moun.
Pandan w ap medite sou enstriksyon Seyè a nan Doktrin ak Alyans 124:22–24, 60–61, panse sou fason ou ka fè fwaye ou ak pawas ou tounen yon kote ki tankou sa Seyè a te vizyone pou Nauvoo.
ChurchofJesusChrist.orgGade tou nan “Yon Zanmi pou Tout mounl” (video),.
A Friend to All
Detay nan Joseph Smith nan Tanp Nauvoo a, tablo Gary E. Smith
Doktrin ak Alyans 124:25-45, 55
Nou bati tanp yo pou Seyè a pou nou resevwa òdonans sakre.
Poukisa ou santi Seyè a “toujou kòmande” pèp Li a “pou yo bati [tanp] nan non sen [Li] a”? Konsidere pou w fè yon lis rezon ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 124:25–45, 55. Ou ta ka jwenn lòt nan kantik tankou “We Love Thy House, O God” (Hymns, no. 247) or the video “What Is a Temple?” Medyatèk (Libreri) Levanjil la Nan ki fason bati tanp se yon siy amou Seyè a pou ou?
What Is a Temple?
Depi apre tanp Nauvoo a te fin bati an 1840 yo, gen plis pase 300 tanp ki bati oubyen ke yo anonse. Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Nou konnen tan nou pase nan tanp la esansyèl pou sali ak egzaltasyon nou ak pou fanmi nou. … Atak advèsè a ap ogmante rapidman, nan entansite ak nan varyete. Nesesite pou nou ale nan tanp regilyèman pa t janm osi gran.” (“Vin tounen Sen Dènye Jou Egzanplè,” Liahona, Nov. 2018, 114). Kouman tanp lan ede w reziste devan “atak advèsè a”? Kisa w santi w enspire pou w fè pou suiv konsèy Prezidan Nelson an?
Gade tou nan “Why Latter-day Saints Build Temples,” temples.ChurchofJesusChrist.org.
Senyè a beni moun ki fè efò pou yo obeyi kòmandman L yo.
Sen yo te resevwa kòmandman pou yo bati yon tanp nan Jackson County men “ènmi yo te anpeche” sa fèt (Doktrin ak Alyans 124:51). Vèsè 49–55 yo genyen yon mesaj rasiran pou moun ki vle obeyi kòmandman Bondye yo men ki jwenn anpèchman pou yo fè sa akozde fanmi yo oubyen lòt sikonstans. Ki konsèy nou jwenn nan vèsè sa yo ki ta kapab ede yon moun ki nan yon sitiyasyon konsa?
Senyè a kapab gide nou atravè benediksyon patriyakal nou.
Yon tit tan apre papa Pwofèt la, Joseph Smith Sr., te mouri, Seyè a te aple Hyrum Smith nan apèl papa l te genyen an—Patriyach Legliz la. Ou ka li sou sa nan Doktrin ak Alyans 124:91–92.
Pou aprann plis konsènan istwa patriyach yo ak benediksyon patriyakal, klike la a.
Kouman ou ta ka dekri yon benediksyon patriyakal bay yon moun ki pat janm tande bagay sa? Kisa ou ta ka di pou ankouraje yon moun ki resevwa yonn? Chèche repons pou kesyon sa yo nan mesaj Elder Randall K. Bennett la “Benediksyon Patriyakal Ou a—Direksyon Enspire nan men Pè Selès” (Lyawona, Me 2023, 42–43) oubyen Sijè ak Kesyon, “Benediksyon Patriyakal” (Biblyotèk Levanjil).
Baze sou sa w etidye ak eksperimante, konsidere fason ou ta ka konplete fraz sa a: “Yon benediksyon patriyakal tankou .” Poukisa Pè Selès vle pitit Li yo resevwa yon benediksyon patriyakal?
Si w pat ko resevwa yon benediksyon patriyakal, kisa w ka fè pou prepare w pou resevwa yonn? Si w te resevwa yon benediksyon patriyakal, ki fason ou ka montre Bondye don sa a se yon trezò?
Gade tou nan Kazuhiko Yamashita, “Kilè pou w Resevwa Benediksyon Patriyakal Ou,” Lyawona, Me 2023, 88–90; Manyèl Jeneral, 18.17, Biblyotèk Levanjil la.
Anseye nan kè nou. Ansèyman pi siyifikatif lè l gen eksperyans ak temwayaj pèsonèl. Paregzanp, si w te resevwa yon benediksyon patriyakal, revize l pandan w ap prepare pou anseye konsènan benediksyon espesyal sa yo. Poukisa w rekonesan pou benediksyon patriyakal ou a? Kouman w pral enspire lòt moun pou yo prepare pou resevwa pa yo oubyen etidye benediksyon patriyakal pi souvan?
Ide pou Anseye Timoun yo
Jezikri renmen entegrite.
-
Pou ede timoun ou yo sonje sa aprann nan Doktrin al Alyans 124:15, 20, Ou ta ka ede yo desine epi koupe kè an papye. Sou kè yo, ou ta ka ede yo ekri fraz kle ki nan vèsè sa yo. Yon chante tankou “Défends le BienChants pour les enfants81) te kapab ranfòse pawòl Seyè yo.
-
Apre nou fin li ansanm Doktrin ak Alyans 124:15, 20, petèt ou ta ka ede timoun ou yo chèche konnen kisa sa vle di pou yo viv avèk entegrite nan paj 31 ki nan Pou Fòs Jèn Yo: Yon Gid pou Fè Chwa. Kisa Seyè a te di presizeman konsènan about George Miller nan vèsè 20 “poutèt entegrite kè [George]”? Ou ta ka pataje egzanp timoun k ap demontre entegrite nan pwòp eksperyans pa w oubyen tou nan revi Zanmi Envite timoun ou yo tabli objektif pou yo montre entegrite semèn sa a epi pou yo di w kijan yo santi yo lè yo fè sa.
Doktrin ak Alyans 124:28–29, 39
Jezi kòmande pèp Li a pou yo bati tanp.
-
Timoun ou yo ta ka kontan gade foto tanp, ansanm avèk yon ansyen tanp ak yon tanp ki pre kote y ap viv la (gade nan ChurchofJesusChrist.org/temples/list). Ou ta ka itilize foto sa yo ak Doktrin ak Alyans 124:39 pou eksplike ke Jezikri toujou kòmande pèp Li a pou yo bati tanp—nan ansyen tan ak nan epòk nou an (gade tou nan paj aktivite semèn sa a).
-
Si w abite ase pre yon tanp, konsidere mennen timoun ou yo kote sa a epi mache avèk reverans sou teren tanp la. Envite yo chèche pawòl “Sentete pou Seyè a—Kay Seyè a” ki sou deyò tanp la. Pale avèk timoun yo konsènan kisa pawòl sa yo vle di.
-
Konsidere pou w itilize ide nan “Batize ak Konfime pou Zansèt yo” ki nan apendix A pou ede timoun ou yo ret tann pou jou yo ka antre nan tanp la (gade tou nan “Tanp la ak Plan Kèkontan an” nan apendix B).
Tanp Salomon an, Sam Lawlor
Seyè a ap beni m atravè yon benediksyon patriyakal.
-
Pandan w ap li ansanm Doktrin ak Alyans 124:91–92, ede timoun ou yo jwenn sa Seyè a te aple Hyrum Smith pou l fè. Pale sou sa yon benediksyon patriyakal ye: yon benediksyon espesyal kote Seyè a anseye nou konsènan sa Li vle nou fè ak vin tounen. Konsidere itilize seksyon “Resevwa yon Benediksyon Patriyakal” nan apendix A pou ede timoun ou yo prepare pou resevwa yon benediksyon patriyakal.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.