Doctrine and Covenants 2025
Vwa Retablisman yo: Prizon Libète a


“Vwa Retablisman an: Prizon Libète,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Prizon Libète,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Prizon Liberty

Pandan li te nan prizon Liberty a, nan Missouri, Joseph Smith te resevwa lèt ki te enfòme li sou sitiyasyon danjere Sen Dènye Jou yo ki te oblije kite eta a apre gouvènè a te pase lòd la. Madanm ni Emma te ekri l yon lèt trè touchan. Pawòl li yo, ak lèt Joseph te voye kòm repons yo, eksprime alafwa soufrans yo ak lafwa yo pandan moman difisil sa nan istwa legliz la.

Prizon Liberty

Joseph Smith ansanm ak lòt moun te fèmen nan prizon sa a nan tan frèt ane 1838-39.

Lèt Emma Smith te voye bay Joseph Smith, 7 Mas 1839

Mari Cheri m nan

Etandone m jwenn yon opòtinite pou m voye l pa yon zanmi, m fè tantativ pou m ekri w lèt sa a, men m p ap eseye ekri sa m santi, paske nan sitiyasyon ou ye a, mi yo, bafè yo, ak boulon yo, rivyè k ap koule, flèv k ap desann, mòn k ap monte, plèn k ap anfonse ak pil preri ki separe nou yo, ak enjistis kriyèl ki lage w nan prizon toudabò epi ki toujou kenbe w la, ansanm avèk anpil lòt konsiderasyon, fè m epwouve santiman ki depase deskripsyon.

Si m pa t konsyan de inosans mwen, e si se pa t pou entèvansyon dirèk mizerikòd divin, mwen sèten ke m pa t ap kapab jwenn kapasite pou m andire sèn soufrans mwen travèse yo … ; men mwen toujou vivan epi mwen ankò dispoze pou m soufri plis si se volonte bon Syèl la pou m ta fè sa pou ou.

Nou tout byen pou kounyea, eksepte Fredrick ki vreman malad.

Ti Alexander ki nan bra mwen kounyea se youn nan pi bon timoun ou te janm wè nan lavi ou. Li tèlman gen fòs ke avèk asistans yon chèz l ap kouri nan tout kay la. …

Pèsòn sinon Bondye pa konnen refleksyon ki nan panse m ak santiman ki nan kè m lè m te kite kay ak fwaye nou an, ak prèske tout sa nou posede eksepte timoun piti nou yo, epi m te pran wout pou m te kite Eta Missouri a, pandan w fèmen nan prizon sa a poukont ou. Men souvni yo plis pase sa nou ta dwe sipòte kòm imen. …

… Mwen espere ap gen pi bon jou k ap tann nou pi devan. … [Mwen] toujou rete pa w, avèk afeksyon.

Emma Smith

Lèt Joseph Smith te voye bay Emma Smith, 4 Avril 1839

Madanm cheri—plen—afeksyon m nan.

Jedi swa mwen te chita jis nan moman solèy la t ap kouche, pandan nou t ap fè yon ti koudèy atravè griyaj yo nan prizon solitè sa a, pou m te ekri ou, pou m ka fè w konnen sitiyasyon mwen. Mwen kwè sa fè apeprè senk mwa ak sis jou depi mwen anba kontwòl yon gad lajounen kou lannuit, epi andedan miray, griyaj, ak pòt anfè ka p fè bri nan yon prizon sal, fènwa, ak izole. Se avèk emosyon Bondye sèlman konnen m ap ekri w lèt sa a. Refleksyon ki nan panse m nan sikonstans sa yo pa ka jwenn ni plim, ni lang, oubyen Zanj yo, pou dekri yo, oubyen desine yo, pou yon èt imen ki pa janm fè eksperyans n ap fè la a. … Nou konte sou bra Jewova, e okenn lòt moun, pou delivrans nou, epi si li pa fè sa, sa pa p fèt, mwen ba w garanti, paske anpil moun anvi bwè san nou nan eta sa a; non pa paske nou koupab pou yon bagay. … Chè Emma mwen, m panse avèk ou ak timoun yo san rete. … Mwen anvi wè ti Frederick, Joseph, Julia, Alexander, Joana, ak vye majò [chyen fanmi an]. … Ak kè kontan mwen ta mache soti la a pou vin jwenn ou pye atè, ak tèt san kouvri, prèske toutouni, pou m ka wè w, e m t ap panse sa t ap yon gran plezi pou mwen, epi m pa t ap konsidere sa kòm yon fado. … Mwen sipòte tout opresyon m nan avèk kouraj, menmjan ak tout moun ki avèk mwen yo; nou youn poko flechi. Mwen vle [pou] w pa kite [pitit nou yo] bliye m. Di yo Papa yo renmen yo avèk yon lanmou pafè, epi l ap fè tout sa l konnen pou l soti anba grif bandi yo pou l ka vin jwenn yo. … Di yo Papa yo di yo dwe rete bon timoun, epi pran swen manman yo. …

“Moun pa w la,

Joseph Smith, Jinyò

Remak

  1. Lèt Emma Smith Ekri, 7 Mas 1839,” Letterbook 2, 37, josephsmithpapers.org; spelling, punctuation, and grammar standardized.

  2. Lèt Pou Emma Smith, 4 Avril 1839,” 1–3, josephsmithpapers.org; òtograf, ponktyasyon, ak gramè modènize.

  3. Yo te arete Joseph ak konpayon l yo jou 31 Oktòb 1838 la, epi yo te mete anpil gad pou veye yo lajounen kou lannuit. Aprè yon pwosè preliminè nan Richmond, Missouri, yo te mennen yo nan Prizon Liberty a jou 1e Desanm.