Doctrine and Covenants 2025
Vwa Retablisman yo: Manifestasyon Spirityèl ak Tanp Kirtland nan


“Vwa Retablisman yo: Manifestasyon Espirityèl nan Tanp Kirtland nan,” Vini, Jwenn Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Manifestasyon Espirityèl nan Tanp Kirtland nan,” Vini, Jwenn Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025

senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Manifestasyon Espirityèl ak tanp Kirtland nan

Tablo penti Tanp Kirtland nan

Pi ba a genyen pawòl kèk Sen Dènye Jou ki te la nan tanp Kirtland nan pandan konsekrasyon l lan ak nan lòt reyinyon ki te apre yo. Anpil moun te konpare eksperyans yo a avèk sa ansyen Sen yo te fè eksperyans lè yo te “dote avèk pouvwa ki soti anwo” nan jou Pannkot la (Lik 24:49; gade tou nan Travay 2:1–4; Doktrin ak Alyans 109:36–37).

Eliza R. Snow

Portrait photograph of Eliza R. Snow seated in a chair.

“Seremoni konsekrasyon sa a gen dwa repete ankò, men okenn lang mòtèl pa ka dekri manifestasyon selès yo nan jou memorab sa a. Zanj te parèt devan kèk moun, pandan ke tout moun ki te prezan yo te santi yon prezans divin, epi chak kè te ranpli avèk ‘lajwa ineksprimab epi chaje ak laglwa.’”

Sylvia Cutler Webb

“Youn nan premye souvni mwen sete konsekrasyon tanp lan. Papa m te mete nou sou janm ni epi li te di nou poukisa nou ta prale ak kisa konsekrasyon yon kay pou Bondye te vledi. Epi malgre m te piti anpil nan moman sa a, mwen sonje okazyon sa a klèman. M ka voye je gade dèyè apre anpil ane ki pase yo epi wè jan m te wè pwofèt Joseph Smith lèsa a, kanpe avèk men li leve nan direksyon syèl la, figi li blanch tankou sann, dlo ap koule desann sou figi li pandan l t ap pale nan jou memorab sa a. Prèske tout moun te sanble yo t ap kriye. Kay la te tèlman boure ke timoun yo te oblije chita sou janm granmoun yo; sè m nan te chita sou papa m, mwen te chita sou manman m. M menm ka sonje ki rad nou te mete. Espri m te twò jèn nan moman sa a pou m te ka konprann siyifikasyon tout sa k te pase yo, men amezi tan t ap pase, yo te vin pi evidan pou mwen, epi mwen vrèman rekonesan dèske m te gen privilèj pou m te la.”

Oliver Cowdery

Head and shoulder portrait of Oliver Cowdery in suit and tie.

“Nan aswè mwen te rankontre avèk ofisye legliz yo nan kay Senyè a. Lespri a te devèse an abondans—mwen te wè laglwa Bondye, tankou yon gwo nyaj, desann epi repoze sou kay la, epi ranpli li tankou yon van puisan k ap soufle. Mwen te wè lang ki te delye, kòmsi sete dife ki te desann sou anpil moun, … pandan yo t ap pale lòt lang epi pwofetize.”

Benjamin Brown

“Moun [te] wè anpil vizyon. Yon moun te wè yon kolòn nyaj desann poze sou kay la, klere tankou lè solèy la klere sou yon nyaj tankou lò. De lòt moun te wè twa pèsonaj ki t ap flote nan sal la avèk kle briyan nan men yo, ansanm avèk yon chenn briyan nan men yo tou.”

Orson Pratt

Portrait engraving of Orson Pratt

“Bondye te la, zanj li yo te la, Sentespri a te la nan mitan pèp la … epi yo te kouvri soti nan kràn tèt yo rive jis anba pye yo avèk pouvwa ak enspirasyon Sentespri a.”

Nancy Naomi Alexander Tracy

“[Lè] Tanp lan te fini epi konsakre … jou sa yo sete de jou m te pi kontan nan lavi m. Kantik apwopriye yo te konpoze pou okazyon an sete ‘L’Esprit du Dieu Saint Brule comme une flamme.’ Sete reyèlman yon verite ke enfliyans selès te desann poze sou kay sa a. … Mwen te santi syèl la te desann sou tè a.”

Nòt

  1. Nan Edward W. Tullidge, The Women of Mormondom (1877), 95.

  2. Nan Karl Ricks Anderson, Joseph Smith nan Kirtland: Resi Temwen yo (1996), 182–83.

  3. Jounal Oliver Cowdery, 27 Mas. 1836, Bibliothèque de l’Histoire de l’Eglise, Salt Lake City.

  4. Lèt Benjamin Brown te voye bay madanm ni, Sarah, circa Avril 1836, koleksyon fanmi Benjamin Brown, Bibliothèque de l’Histoire de l’Eglise, Salt Lake City; ponktyasyon ak kapitalizasyon modènize.

  5. “Remak,” Orson Pratt, Deseret News,, 12 Jan 1876,788.

  6. Nan edisyon E. Turley Jr. ak Brittany A. Chapman, eds,. Les Femmes de Foi dans les Derniers Jours (2011), 1:442.