Doctrine and Covenants 2025
10–16 Mas: “Nesans Legliz Kris la”: Doktrin ak Alyans 20–22


“10–16 Mas: Nesans Legliz Kris la”: Doktrin ak Alyans 20–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 20–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Joseph Smith ki ap preche nan yon sal plen moun

10–16 Mas: “Nesans Legliz Kris la”

Doktrin ak Alyans 20–22

Travay Sovè a nan aparisyon Liv Mòmon an te fini kounyeya. Men travay Retablisman L lan te fèk kòmanse. Anplis retablisman doktrin ak otorite prètriz la, Senyè a te rann klè atravè premye revelasyon yo ke Li te vle retabli tou yon òganizasyon fòmèl —Legliz Li a (gade nan Doktrin ak Alyans 10:53; 18:5). Konsa, le 6 Avril 1830, plis pase 40 kwayan te andedan kay an bwa won fanmi Whitmer a nan Fayette, Nouyòk pou yo te temwen òganizasyon Legliz Jezikri a.

Kèk moun t ap mande poukisa yon Legliz òganize nesesè. Nou ka jwenn repons lan, omwen yon pati ladan l, nan revelasyon ki an rapò avèk premye reyinyon sa a Legliz la te genyen an 1830 lan. Yo te dekri benediksyon ki pa tap posib si vrè Legliz Jezikri a pa t “byen òganize ak byen etabli” nan dènye jou yo (Doktrin ak Alyans 20:1).

Gade tou Les Saints, 1:84–86; “Bati Legliz Mwen an,” nan Révélations dans leur contexte, 29–32.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 20–21

Jezikri retabli Legliz Li a.

Poukisa nou gen yon Legliz òganize? Petèt pi bon repons lan se “Paske Jezikri te òganize youn.” Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 20–21, ou ta gen dwa remake resanblans ki genyen ant Legliz Li te etabli nan tan lontan an ak sa Li retabli jodi a. Itilize vèsè sa yo pou w aprann enfòmasyon Legliz Sovè a nan tan lontan: Matye 16:15–19; Jan 7:16–17; Efezyen 2:19–22; 3 Nefi 11:23–26; Mowoni 4–5 Itilize vèsè sa yo pou aprann enfòmasyon sou Legliz retabli a: Doktrin ak Alyans 20:17–25, 60, 72–79; 21:1–2. Petèt ou ta kapab ekri sa w jwenn yo nan yon tablo tankou sa a:

Doktrin

Òdonans

Otorite Prètriz.

Pwofèt

Legliz Tan Lontan Kris la

Doktrin

Òdonans

Otorite Prètriz.

Pwofèt

Legliz retabli Kris la

Doktrin

Òdonans

Otorite Prètriz.

Pwofèt

Kisa w aprann nan aktivite sa a konsènan rezon ki fè Jezikri te etabli—ak retabli—Legliz Li a?

Gade tou Dallin H. Oaks, “Nesesite pou yon Legliz,” Lyawona, Nov. 2021, 24–26.

Envite pataj. Lè w envite moun yo pataje sa yo ap aprann pou kont yo, y ap santi yo ankouraje pou yo kontinye avèk etid pèsonèl yo. Kisa w ta kapab envite yo pataje?

Doktrin ak Alyans 20:37, 75–7922

Òdonans sakre yo ede m vin tankou Sovè a.

Lè Legliz la te òganize, Senyè a te anseye Sen yo sou òdonans sakre yo, sa enkli batèm ak sentsèn. Pandan w ap li osijè òdonans sa yo, medite sou fason yo ede w santi w konekte avèk Sovè a. Pa egzanp, kijan òdonans sa yo ede w mentni “detèminasyon pou w sèvi [Jezikri] jiskalafen”? (vèsè 37). Ou ta gen dwa li tou priyè sentsèn yo (vèsè 77, 79) epi imajine ke w ap tande yo pou lapremyè fwa. Ki lòt ide ou resevwa?

Gade tou D. Todd Christofferson, “Rezondèt Chemen Alyans lan,” Lyawona, Me 2021, 116–19.

yon jènjan ki ap distribiye sentsèn

Doktrin ak Alyans 20:38–60

Sèvis Prètriz beni manm Legliz la ak fanmi yo.

Èske w janm panse a rezon ki fè li te enpòtan pou Sovè a retabli prètriz la nan Legliz Li a? Li sa L mande detantè prètriz yo pou yo fè nan Doktrin ak Alyans 20:38–60 ta ka ba w kèk ide. Kijan Sovè a beni oumenm ak fanmi w atravè travay yo dekri nan vèsè sa yo?

Anplis moun ki òdone nan prètriz la, fi yo mete apa pou sèvi nan Legliz la egzèse otorite Bondye tou lè yo patisipe nan travay Li. Pou w aprann kijan, gade mesaj Dallin H. Oaks la “Kle ak Otorite Prètriz la” (Lyawona, Me 2014, 49–52).

Gade tou Sijè ak Kesyon, “Ansèyman Joseph Smith sou Prètriz la, Tanp, ak Fi yo,” Libreri Levanjil.

Doktrin ak Alyans 21

senbòl seminè
Obeyi pawòl Bondye bay atravè pwofèt Li yo ap ban m pwoteksyon divin.

Doktrin ak Alyans 21:4–9 genyen ladan l envitasyon pou suiv pwofèt Senyè a ak pwomès puisan pou moun ki fè sa yo. Ide sa yo kapab ede w medite sou vèsè sa yo:

  • Ki pawòl nan vèsè 4–5 yo ki dekri sa Sovè a vle w fè avèk pawòl pwofèt vivan L yo? Poukisa w santi “pasyans ak lafwa” nesesè pou w fè sa?

  • Medite sou imaj Sovè a itilize nan vèsè 6 la pou dekri benediksyon ki genyen nan suiv pwofèt Li a. Kisa w panse l vle di lè l pale de “pòt lanfè” a? Kijan Senyè a “dispèse pouvwa tenèb yo” pou ou? Kisa fè syèl yo sekwe pou byen nou”?

  • Kisa Senyè a mande w pou w fè palentèmedyè Prezidan aktyèl Legliz la? Kijan Senyè a akonpli pwomès Li lè w suiv konsèy Li?

Fè lis ede adisyonèl ou jwenn nan seksyon sa a nan mesaj Neil L. Andersen nan “Pwofèt Bondye a” (Liahona, Me 2018, 24–27):

  • Poukisa Nou Suiv Pwofèt la:

  • Yon Santinèl sou Tou a:

  • Pa Etone:

Gade tou (videyo) “Watchman on the Tower,” ChurchofJesusChrist.org; Sijè ak Kesyon, “Pwofèt,” Libreri Levanjil; “We Listen to a Prophet’s Voice,” Hymns, no. 22.

4:17

Watchman on the Tower

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.

senbòl 02 seksyon pou timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 20–21

Legliz Jezikri a te retabli.

  • Anvizaje itilize antèt seksyon an pou Doktrin ak Alyans 21, chaptit 9 nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, oswa videyo “Òganizasyon Legliz la” (ChurchofJesusChrist.org pou ede timoun nou yo konprann kisa ki te rive jou Legliz la te òganize a.

    2:37

    The Church of Jesus Christ Is Organized: A joyful Church meeting

  • Petèt timoun ou yo ta kapab fè foto Jezikri yo matche, yon moun ki ap sèvi, yon batèm, ak sentsèn avèk vèsè ki nan seksyon 20 yo (gade vèsè 21–23, 47, 72–74, 75–79). Itilize foto ak vèsè sa yo pou diskite sou benediksyon nou genyen paske Jezikri te retabli Legliz Li a.

Doktrin ak Alyans 20:37, 41, 71–74

Lè m te batize, m te pwomèt pou m suiv Jezikri.

  • Timoun yo ta gen dwa remen gade yon foto yon timoun ki ap batize ak konfime. Yo ka montre kijan l matche avèk enstriksyon ki nan Doktrin ak Alyans 20:41, 71–74 yo. Kisa nou aprann nan Doktrin ak Alyans 20:37 konsènan moun ki vle batize? Ou ta kapab chante “Quand je me fais baptiser” ansanm (Chants pour les enfants, 103) oubyen gade videyo “Le baptême de Jésus” a nan (Libreri Levanjil).

    3:10

    The Baptism of Jesus

    yon tifi ki ap batize ak yon tifi ki ap konfime
  • Si timoun ou yo deja batize ak konfime, mande yo pale de eksperyans yo. Èske yo gen foto yo ta kapab pataje? Pale avèk yo sou sa y ap fè pou yo suiv Jezikri ak jan L ap beni yo.

Doktrin ak Alyans 20:75–79

Mwen ka pran non Jezi sou tèt mwen epi toujou sonje Li.

  • Timoun ou yo ta ka chèche mo “vle” a nan Doktrin ak Alyans 20:37 (osijè batèm) ak nan vèsè 77 (priyè sentsèn nan). Kisa Jezikri vle nou dispoze pou nou fè? Petèt timoun yo ta ka gade yon bagay ki gen yon non sou li (tankou yon mak oubyen yon non pèsonèl). Kisa non an di nou konsènan bagay la? Kisa sa vledi pran non Jezikri sou tèt nou?

  • Panse pou nou li ansanm Doktrin ak Alyans 20:77 epi mande timoun yo pou yo idantifye pwomès nou fè pandan sentsèn nan. Petèt yo chak ta ka pran tou pa yo pou yo jwe wòl sou yon bagay yo kapab fè pou “toujou sonje” Sovè a epi devine kisa aksyon yo chak ye. Selon vèsè 77 la, kijan nou beni lè nou toujou sonje Sovè a?

Doktrin ak Alyans 21:4–6

Jezi beni m lè m suiv pwofèt Li a

  • Apre yo fin dekouvri envitasyon ak pwomès ki nan Doktrin ak Alyans 21:4–6 yo, timoun ou yo ta kapab gade foto pwofèt aktyèl la epi pataje yon bagay yo aprann nan men l oubyen yo te tande l di. Fè youn pataje ak lòt fason Jezikri beni w paske w suiv pwofèt Li a.

Prezidan Nelson

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazin Zanmi an.

Joseph Smith ki ap pran mizapa nan men Oliver Cowdery

Oliver Cowdery Òdone Joseph Smith, pa Walter Rane

paj aktivite pou timoun yo