Doctrine and Covenants 2025
3–9 Mas: “Aprann nan men m”: Doktrin ak Alyans 19


“3–9 March , ‘Aprann nan men m,’ Doktrin ak Alyans 19,” Vini Suiv Mwen—Pou Fwaye ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Jezi mache sou chemen pre pyebwa a

Detay nan Chemen Jetsemani an, tablo Steve McGinty

3–9 Mas: “Aprann nan men m”

Doktrin ak Alyans 19

Sa te pran Martin ak Lucy Harris anpil ane pou yo gen yonn nan pi bèl fèm nan Palmira, Nouyòk. Men, an 1829, sa te vin klè ke Liv Mòmon an te ka pibliye sèlman si Martin te ipoteke fèm ni an pou yo te ka peye enprimè a. Martin te gen yon temwayaj de Liv Mòmon an, men Lucy pa t genyen l. Si Martin te aksepte pran ipotèk la epi moun pa achte ase Liv Mòmon, li t ap pèdi fèm nan, li t ap mete maryaj li andanje, epi l t ap andomaje repitasyon l nan kominote a. Malgre sikonstans nou diferan pase pa Martin an, yon lè, nou pral fè fas devan kesyon ki difisil tankou pa l yo: Kisa levanjil Jezikri a vo pou mwen? Kisa m dispoze pou m sakrifye pou m ka ede bati wayòm Bondye a? Martin Harris te deside alafen li t ap ipoteke fèrm li a pou premye 5,000 kopi Liv Mòmon yo ka enprime. Men, menm sakrifis sa a—ak nenpòt sakrifis nou ta ka fè—piti an konparezon avèk sakrifis Jezikri a, “pi gran pase tout” (Doktrin ak Alyans 19:18), ki te blese nan chak pòr pou sove repantan yo.

Pou plis enfòmasyon sou piblikasyon Liv Mòmon an, gade nan Les Saints, 1:76–84.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 19:1–12

“Mwen menm, Bondye, M enfini.”

Joseph Smith te eksplike ke revelasyon nan seksyon 19 la se “yon kòmandman … pou Martin Harris, ke moun ki Etènèl la ba li” (antèt seksyon an). Chèche nan vèsè 1–12 kote Senyè a fè anfaz sou nati etènèl Li. Poukisa ou panse li te enpòtan pou Martin Harris konnen bagay sa a konsènan Seyè a? Poukisa li enpòtan pou ou konnen sa a?

Poukisa ou panse Jezikri rele “kòmansman ak lafen”? (vèsè 1).

Doktrin ak Alyans 19:15–20

senbòl seminè
Jezikri te soufri pou m ka repanti epi vin jwenn Li.

Nouvo Testaman an dekri soufrans Sovè a nan Jetsemane, nan pwendvi moun ki te obsève l yo. Nan Doktrin ak Alyans 19:15-20, Jezikri te pale nou de soufrans Li nan pwendvi pa L Pandan w ap li istwa pèsonèl sa a, chèche fason Sovè a dekri soufrans Li. Reflechi sou kisa chak mo oswa chak fraz anseye w. Poukisa Sovè a te dispoze pou l te soufri? Ou ka dekouvri plis nan Jan 15:13; Mozya 3:7; Alma 7:11–12; Doktrin ak Alyans 18:10–13.

Santiman ou genyen pandan w ap etidye soufrans Sovè a ka enspire kesyon tankou: Poukisa Sovè a te dwe soufri pou peche m? Poukisa m bezwen repanti pou m resevwa totalite benediksyon sakrifis Li yo? Ou ka jwenn pèsepsyon sou kesyon sa yo ak lòt nan mesaj Elder Ulisses Soares’s la “Jezikri: Moun ki Pran Swen Nanm Nou yo” (Lyawona, Me 2021, 82–84). Pandan w ap etidye, ki enpresyon ki vini nan pase w? Panse pou w ekri sa w santi sou Jezikri ak sakrifis li pou ou a.

Kòm yon pati nan etid ak adorasyon ou, ou ta ka chèche kantik ou ka koute oubyen ou ka chante ki eksprime gratitid ou pou Sovè a pou soufrans Li an favè ou. “I Merveilleux l amour” (Cantiques, no. 117) is a good example.

Kisa w santi Pè Selès ak Jezikri ta vle w fè kòm rezilta pou sa w santi ak sa w etidye?

Gade tou nan “Jezikri pral ede ou,” Pou Fòs Jèn Moun yo: Yon Gid Pou w Fè Chwa (2022), 6–9; Sijè ak Kesyon, “Ekspyasyon Jezikri,” “Repantans,” Libreri Levanjil la; D. Todd Christofferson, “Don Diven Repantans la,” Lyawona, Nov. 2011, 38–41; “Jezi soufri nan Jetsemane” (video), Libreri Levanjil la.

8:48

The Savior Suffers in Gethsemane

Doktrin ak Alyans 19:23

Lapè vini nan aprann sou Jezikri ak nan suiv li.

Konsedere envitasyon Sovè a: “Aprann nan men m”. Kisa w aprann sou Jezikri nan Doktrin ak Alyans, 19 la? Ekri panse w, epi medite sou fason verite sa yo sou Sovè a ede w jwenn lapè. Kisa savle di pou ou pou w “mache nan jantiyès Lespri [li]”?

Gade tou nan Henry B. Eyring, “Jwenn Lapè Pèsonèl,” Lyawona, Me 2023, 29–31; “Lapè nan Kris” (video), Biblyotèk Levanjil la.

4:10

Peace in Christ

Doktrin ak Alyans 19:26–41

Benediksyon Bondye yo pi gran pase tout trezò latè.

Moun pat achte anpil Liv Mòmon nan Palmyra. Kòm rezilta, Martin Harris te vin oblije vann yon gran pòsyon nan fèrm li a pou l peye debt yo dwe enprimè a (gade nan “Kontribisyon Martin Harris,” nan Révélations dans leur contexte, 7–8). Medite sou sakrifis Martin—ak benediksyon ou resevwa akoz li—pandan w ap li Doktrin ak Alyans 19:26–41. Ou gen dwa panse a sa Senyè a mande w pou w sakrifye tou. Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki enspire w pou w fè sakrifis sa yo avèk “kè kontan” ak “lajwa”? (gade vèsè 15–20 tou).

Tablo fèrm Palmyra

Detay soti nan Jaden Marten Harris, tablo Al Rounds

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.

senbòl 01 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 19:16–19

Jezikri te soufri pou mwen.

  • Ou ka ede timoun ou yo santi reverans ak gratitid pou Sovè a, lè n ap li ansanm Doktrin ak Alyans 19:16–19 oubyen “Chapit 51: Jezi te Soufri nan Jaden Jetsemane a,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 129–32, oubyen video korespondan an nan Libreri Legliz la. Konsidere poze pou w asire w ke timoun yo konprann epi kite yo eksprime santiman yo. Pa egzanp, nan vèsè 16 la, Kisa “bagay sa yo” Jezi te soufri pou nou yo ye? (gade Mozya 3:7; Alma 7:11–12). Kisa nou aprann nan deskripsyon L konsènan soufrans Li yo? Kijan nou ka montre gratitid nou pou sa Sovè a fè pou nou?

1:47

Chapter 51: Jesus Suffers in the Garden of Gethsemane

Ede timoun yo aprann nan ekriti yo. Gen kèk timoun ki gen difikilte lè y ap li ekriti yo. Konsantre sou yon sèl vèsè oubyen yon sèl fraz kapab ede yo.

  • Oumenm avèk timoun ou yo ta ka gade nan Cantiques oubyen nan Chants pour les enfants pou yo ka jwenn chante ki ede yo eksprime santiman yo konsènan Jezikri (gade nan endèks sijè ki nan liv sa yo).

Jezi ki ap priye nan Jetsemane

Doktrin ak Alyans 19:18–19, 24

Jezikri te obeyi Papa nou ki nan Syèl la menm lè sa te difisil.

  • Soufri pou peche nou yo te difisil anpil, men, Jezikri te vle fè sa pou L obeyi Papa L epi pou L montre amou L pou Li ak pou nou. Nou ta ka gade ansanm yon foto soufrans Jezikri nan Jetsemane a (tankou sa ki nan antèt sa a) epi mande timoun ou yo pou yo rakonte sa yo konnen sou sa k ap pase nan foto a. Nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 19:18–19, 24 pou fè anfaz ke soufrans pou peche nou yo te bagay ki pi rèd ke nenpòt moun ta ka fè, men, poutèt Jezi te renmen Papa L ak nou menm, Li te obeyi volonte Bondye (gade tou nan Mozya 3:7). Ki bagay difisil Bondye mande pou nou fè? Kòman pou nou jwenn kouraj pou obeyi L?

Doktrin ak Alyans 19:23

“Aprann nan men m, epi koute pawòl mwen yo.”

  • Ou ta ka ede timoun yo panse sou aksyon ki senp ki ale avèk fraz nan Doktrin ak Alyans 19:23 yo. Li vèsè a plizyè fwa pandan y ap fè aksyon yo. Ki kèk fason nou ka aprann konsènan Kris la ak koute pawòl Li yo?

Doktrin ak Alyans 19:38

Benediksyon Bondye yo pi gran pase trezò latè yo.

  • Oumenm ak timoun ou yo ta ka pran tou pa nou pou kenbe yon Liv Mòmon epi pataje sa nou renmen konsènan li. Brèfman, pale yo de sakrifis Martin Harris la pou Liv Mòmon an te ka enprime a (gade nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 33). Kisa Senyè a te di Martin nan Doktrin ak Alyans 19:38 ki te ka ede l rete fidèl ak obeyisan? Ede timoun ou yo reflechi sou yon bagay yo ka sakrifye pou yo obeyi Bondye ak ede nan travay Li a.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

tablo Jezi nan Jetsemane

Kris la k ap priye nan Jaden Jetsemane an, tablo Hermann Clementz

paj aktivite pou timoun